“Kiyès ki pou Jewova?”
“Nou dwe gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an. Se li menm pou nou sèvi, se pou nou rete atache avè l.” — DET. 10:20.
1, 2. a) Poukisa l saj pou n pran pozisyon pou Jewova? b) Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?
SA FÈ sans pou yon moun ret atache ak Jewova. Pa gen pèsonn ki gen plis pisans, plis sajès oswa plis lanmou pase Bondye nou an! Kiyès nan nou ki pa ta renmen pran pozisyon pou li (Sòm 96:4-6)? Aktout sa, gen kèk nan moun k ap adore Bondye yo ki konn anbalan lè yo nan yon sitiyasyon ki mande pou yo pran pozisyon pou Jewova.
2 Nan atik sa a, nou pral pale sou egzanp kèk moun ki te fè konnen yo pran pozisyon pou Jewova toutpandan yo t ap aji yon fason ki pa fè l plezi. Istwa sa yo gen yon seri leson enpòtan ki ka ede n kontinye ret fidèl ak Jewova ak tout kè n.
JEWOVA WÈ SA K NAN KÈ A
3. Poukisa Jewova te chèche ede Kayen, e ki sa Jewova te di l?
3 Ann pran egzanp Kayen. Li pa t fè konnen l ap adore lòt dye apa Jewova. Sepandan, adorasyon Kayen an pa t akseptab nan je Bondye. Semans mechanste te kòmanse fè rasin byen fon nan kè l (1 Jan 3:12). Jewova te chèche ede Kayen, e l te di l: “Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. Men, èske w ap rive gen kontwòl li?” (Jen. 4:6, 7). Anfèt, se kòmsi Jewova te di Kayen: “Si w repanti epi w pran pozisyon pou mwen, mwen menm tou m ap pran pozisyon pou ou.”
4. Ki sa Kayen te fè lè l te jwenn okazyon pou l pran pozisyon pou Jewova?
4 Si Kayen te annik korije fason l panse a, Jewova t ap fè l favè ankò. Men, Kayen pa t koute konsèy la. Vye panse ak dezi egoyis li te genyen yo te pouse l fè move aksyon (Jak 1:14, 15). Lè Kayen te timoun, petèt li pa t janm panse l t apral kanpe kont Jewova. Sepandan, rive yon lè, li te fè yon bagay li pa t ap janm imajine: li te rebele kont Bondye e l te touye pwòp frè l!
5. Ki kalite panse ki ka lakòz nou pèdi favè Jewova?
5 Menm jan ak Kayen, jodi a, yon kretyen kapab ap suiv yon move wout toutpandan l pretann l ap adore Jewova (Jid 11). Pa egzanp, yon moun ka toujou ap panse ak bagay ki imoral, li ka gen anbisyon oswa l ka rayi yon kretyen parèy li (1 Jan 2:15-17; 3:15). Panse sa yo ka pouse l fè peche. Toutpandan l konsa, li gendwa aktif nan travay predikasyon an e l gendwa asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman. Lòt moun gendwa pa wè panse nou ak konduit nou, men, Jewova wè tout bagay e l konnen si n pran pozisyon pou li ak tout kè n. — Li Jeremi 17:9, 10.
6. Lè n pran yon pozisyon fèm pou Jewova, ki fason l ede n “rive gen kontwòl” tandans nou genyen pou n fè peche a?
6 Aktout sa, Jewova pap kouri vire do ban nou. Lè aksyon yon moun pouse l vire do bay Bondye, men ki ankourajman Jewova ba li: “Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn [ou].” (Mal. 3:7). Se sitou lè n ap goumen ak feblès nou yo Jewova vle n lite pou n pa fè sa ki mal (Eza. 55:7). Si n fè sa, l ap montre l avèk nou lè l fè n jwenn fòs nou bezwen nan domèn espirityèl, mantal ak fizik pou n ka “rive gen kontwòl” tandans nou genyen pou n fè peche a. — Jen. 4:7.
“PINGA NOU TWONPE TÈT NOU”
7. Ki fason Salomon te rive pèdi bon repitasyon l te gen devan Jewova a?
7 Nou ka aprann plis bagay nan egzanp wa Salomon. Lè Salomon te jèn, li te chèche jwenn konsèy nan men Jewova. Bondye te ba l yon kokennchenn sajès e l te ba l privilèj pou l konstwi yon bèl tanp nan Jerizalèm. Men, Salomon te pèdi relasyon l te gen ak Jewova a (1 Wa 3:12; 11:1, 2). Yon fason klè, Lwa Bondye a te entèdi yon wa ebre gen “anpil madanm, pou sa pa detounen l”. (Det. 17:17.) Salomon pa t obeyi lwa sa a, e rive yon lè, li te vin gen 700 madan marye. Anplis de sa, li te gen 300 madanm sou kote ki te abite lakay li (1 Wa 11:3). Anpil nan madanm li yo pa t Izrayelit e yo t ap adore fo dye. Konsa, Salomon te dezobeyi lwa Bondye te bay pou moun pa marye ak fi ki etranje. — Det. 7:3, 4.
8. Jis nan ki pwen Salomon te ofanse Jewova?
8 Piske Salomon te dezobeyi lòd Jewova yo tikras pa tikras, sa te vin lakòz li fè peche ki grav anpil. Salomon te konstwi yon lotèl pou yon zidòl yo te konn adore kòm dye ki rele Achtorèt, e l te konstwi omwen yon lotèl pou fo dye ki rele Kemòch la. Konsa, li t al jwenn madanm li yo nan fo adorasyon. Li te bati lotèl sa yo ak tout kote pou moun adore yo sou tèt yon mòn ki te dirèkteman anfas Jerizalèm kote l te bati tanp Jewova a (1 Wa 11:5-8; 2 Wa 23:13)! Petèt Salomon te twonpe tèt li lè l te panse Jewova t ap fèmen je l sou dezobeyisans li an depi l kontinye ofri sakrifis nan tanp lan.
9. Ki sa k te rive lè Salomon pa t koute avètisman Bondye te ba l?
9 Men, Jewova pa janm fèmen je l sou move bagay moun fè. Men sa Bib la fè konnen: “Jewova te fache anpil kont Salomon, paske li te vire do bay Jewova [...], ki te fè l wè l nan rèv pandan de fwa e ki te avèti l pou l pa al sèvi lòt dye. Men, li pa t obeyi lòd Jewova te ba l la.” Kòm konsekans, li te pèdi apwobasyon Bondye e Bondye pa t kontinye ede l. Desandan Salomon yo te pèdi wayòm Izrayèl la ki te ini e yo te soufri akoz anpil kalamite yo te jwenn pandan plizyè jenerasyon annapre. —10. Ki sa k ka reprezante yon danje pou bon repitasyon nou gen devan Jewova a?
10 Menm jan sa te rive Salomon, youn nan bagay ki reprezante yon gwo danje pou relasyon nou ak Jewova se lè n fè zanmi ak moun ki pa konprann prensip Jewova yo e ki pa respekte yo. Kèk nan moun sa yo gendwa nan kongregasyon an, men, yo ka fèb nan domèn espirityèl. Gen kèk lòt ki gendwa se fanmi nou, vwazen nou, kòlèg travay nou oswa kondisip nou ki pap adore Jewova. Kèlkeswa jan sa ye, si moun ki bon zanmi nou yo pa montre yon gwo respè pou prensip Jewova yo, rive yon lè, yo ka fè n pèdi bon repitasyon nou gen devan Bondye a.
11. Ki sa k ka ede n wè ak ki kalite moun nou pa dwe fè zanmi?
11 Li 1 Korentyen 15:33. Pifò moun gen kèk bon kalite lakay yo, e gen anpil moun ki pap sèvi Jewova ki pa lage kò yo nan konduit ki chokan. Si se konsa moun ou konnen yo ye, èske w ka di yo se bon zanmi? Mande tèt ou ki efè sa ap gen sou relasyon w gen ak Jewova a si w fè zanmi ak yo. Èske y ap fè relasyon sa a vin pi sere? Ki sa yo gen nan kè yo? Pa egzanp, èske konvèsasyon yo toujou santre sou kesyon mòd, lajan, gadjèt, detant oswa lòt bagay materyèl? Èske byen souvan yo di pawòl k ap denigre moun oswa yo bay blag betiz? Men ki avètisman Jezi te bay byen klè: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” (Mat. 12:34). Si w rann ou kont moun ki zanmi w yo se yon danje pou bon repitasyon w gen devan Jewova a, aji byen vit pou w met yon limit nan zanmitay sa yo, e si sa nesesè, kraze yo nèt. — Pwo. 13:20.
JEWOVA MANDE POU MOUN ATACHE AVÈ L SÈLMAN
12. a) Ki sa Jewova te fè Izrayelit yo konnen byen klè yon ti tan apre yo te fin kite peyi Ejip? b) Ki repons Izrayelit yo te bay lè Bondye te mande pou yo atache avè l sèlman?
12 Nou ka aprann kèk lòt leson nan sa k te pase yon ti tan apre Izrayelit yo Egz. 19:16-19). Se nan kontèks sa a Jewova te fè Izrayelit yo konnen byen klè li se “yon Bondye ki mande pou moun atache avè [l] sèlman”. Li te ba yo asirans l ap ret fidèl ak moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo. (Li Egzòd 20:1-6.) Anfèt, se kòmsi Jewova te di pèp li a: “Si w pran pozisyon pou mwen, m ap pran pozisyon pou ou.” Ki jan w t ap reponn si Jewova Dye ta fè w yon pwomès konsa pou l ret fidèl avè w? Se sèten ou t ap reponn menm jan ak Izrayelit yo. Yo tout te “reponn ansanm: ‘Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè.’” (Egz. 24:3). Men, byen vit, gen yon bagay Izrayelit yo pa t atann ki te vin pase fidelite yo anba eprèv.
te fin libere nan esklavaj nan peyi Ejip. Pèp la te rasanble devan Mòn Sinayi. Pandan yo la, Jewova te montre prezans li yon fason klè. Grasa yon mirak, te vin gen yon nyaj tou nwa ki te vin fòme. Jewova te fè gen loray, zèklè, lafimen ak yon gwo bri ki tankou bri yon kòn ki te kontinye ap sonnen byen fò (13. Ki sitiyasyon ki te pase fidelite Izrayelit yo anba eprèv?
13 Izrayelit yo te pran tranble lè yo te wè nyaj tou nwa a, kout zèklè yo ansanm ak lòt mirak estrawòdinè Bondye te fè yo. Jan yo te mande sa, Moyiz te dakò sèvi kòm pòtpawòl yo pou tout sa yo te gen pou yo di Jewova sou Mòn Sinayi (Egz. 20:18-21). Moyiz te fè anpil tan sou mòn nan. Kounye a, èske Izrayelit yo te santi yo lage poukont yo nan dezè a san chèf yo te fè konfyans lan? Sanble lafwa pèp la te depann twòp de prezans Moyiz. Yo te vin ap enkyete e yo te di Arawon: “Fè yon dye pou dirije nou, paske, kanta pou nonm yo rele Moyiz la, ki te fè nou soti nan peyi Ejip la, nou pa konn sa k rive l.” — Egz. 32:1, 2.
14. Ki jan Izrayelit yo te twonpe tèt yo, e ki jan Jewova te reyaji?
14 Pèp la te konnen Jewova konsidere idolatri kòm yon peche ki grav (Egz. 20:3-5). Men, byen vit, yo te vin ap adore yon ti bèf annò! Malgre Izrayelit yo te dezobeyi Jewova yon fason klè, yo te twonpe tèt yo lè yo te panse yo toujou pran pozisyon pou Jewova. Anfèt, Arawon te menm di adorasyon yo t ap bay ti bèf la se te “yon fèt pou Jewova”! Ki jan Jewova te reyaji? Li te santi yo trayi l. Jewova te fè Moyiz konnen pèp la “ap mal aji” e yo “dezobeyi lòd [Li] te ba yo a”. Piske Jewova te “fache anpil”, li te menm anvi detwi nasyon Izrayèl la ki te fèk fòme. — Egz. 32:5-10.
15, 16. Ki jan Moyiz ak Arawon te montre yo pran pozisyon fèm pou Jewova? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
15 Jewova pa t deside detwi Izrayelit yo. Piske l te demontre mizèrikòd, sa te bay adoratè ki te fidèl yo okazyon pou yo pran pozisyon fèm pou li (Egz. 32:14). Apre Moyiz te fin wè jan pèp la t ap aji san kontwòl, pa egzanp yo t ap rele byen fò, yo t ap chante e yo t ap danse devan yon zidòl, Moyiz te kraze ti bèf annò a, li te fè l tounen poud. Apre sa, Moyiz di: “Kiyès ki pou Jewova? Se pou tout moun ki pou li yo vin jwenn mwen.” Lè sa a, “tout Levit yo al jwenn” Moyiz. — Egz. 32:17-20, 26.
16 Byenke Arawon te patisipe nan fè zidòl la okòmansman, li te vin repanti e li menm ak rès Levit yo te pran pozisyon pou Jewova. Nonsèlman mesye sa yo ki te fidèl te pran pozisyon pou Jewova, anmenmtan tou, yo te retire kò yo nan mitan moun ki t ap fè sa k mal yo. Yo te montre yo saj lè yo te fè sa, paske jou sa a, gen plizyè milye moun ki te mouri akoz yo te lage kò yo nan idolatri. Sepandan, Egz. 32:27-29.
Jewova te pwomèt l ap beni moun ki te pran pozisyon pou li yo. —17. Ki leson n aprann nan pawòl Pòl te di konsènan istwa ti bèf annò a?
17 Apot Pòl te atire atansyon sou istwa ti bèf annò a, e men avètisman l te bay: “Bagay sa yo sèvi nou egzanp, pou nou pa [...] sèvi zidòl, menm jan kèk nan yo te konn fè sa. Bagay sa yo ki te rive yo a se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman. Kidonk, se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” (1 Kor. 10:6, 7, 11, 12). Jan Pòl montre sa, menm vrè adoratè yo ka vin tonbe nan fè sa k mal. Moun ki tonbe anba tantasyon yo ka panse yo toujou gen yon bon repitasyon devan Jewova. Men, lè yon moun annik vle vin zanmi Jewova oswa l fè konnen l fidèl ak Jewova, sa pa toujou vle di Jewova apwouve moun sa a. — 1 Kor. 10:1-5.
18. Ki sa k ka lakòz nou vire do bay Jewova, e ki konsekans sa ap genyen?
18 Menm jan Izrayelit yo te vin ap enkyete yo lè yo te wè Moyiz fè twòp tan sou Mòn Sinayi, konsa tou jodi a, kretyen yo ka vin ap bay tèt yo anpil pwoblèm lè yo wè jou jijman Jewova a ak monn nouvo a sanble pran twòp tan pou yo rive. Pwomès sa yo ka sanble pran twòp tan pou yo reyalize oswa yo ka parèt twò bèl pou yo se laverite. Si n pa fè atansyon, yon panse konsa ka fè n met dezi lachè anvan volonte Jewova. Rive yon lè, nou ka vire do bay Jewova, e finalman, nou ka tonbe nan fè yon seri bagay nou pa t ap janm fè lè n te gen bon relasyon avè l.
19. Ki verite fondamantal nou pa dwe janm bliye, e poukisa?
19 Nou pa dwe janm bliye Jewova mande pou n obeyi l ak tout kè n e pou n ret atache avè l sèlman (Egz. 20:5). Nenpòt ti bagay nou ta fè ki pa ann amoni ak adorasyon n ap bay Jewova a t ap montre n ap fè volonte Satan, e se sèlman nan katastwòf sa t ap mennen nou. Pou rezon sa a, men ki sa Pòl fè n sonje: “Nou pa ka ap bwè nan koup Jewova epi pou n ap bwè nan koup demon. Nou pa ka ap manje sou ‘tab Jewova’, epi pou n ap manje sou tab demon.” — 1 Kor. 10:21.
RET ATACHE AK JEWOVA!
20. Menm apre n fin fè yon fo pa, ki jan Jewova kapab ede n?
20 Istwa Bib la rakonte konsènan Kayen, Salomon ak Izrayelit ki te devan Mòn Sinayi yo gen menm pwen enpòtan an nan yo chak. Chak moun sa yo te gen opòtinite pou yo “repanti, [e pou yo] kase tèt tounen”. (Tra. 3:19.) Sa klè, Jewova pap kouri abandone moun ki fè yon fo pa. Nan ka Arawon, Jewova te padone l. Jodi a, nou ka jwenn avètisman Jewova bay pa mwayen istwa ki nan Bib la, piblikasyon ki baze sou Bib la oswa bonjan konsèy yon kretyen parèy nou ban nou. Lè n koute avètisman sa yo, nou gen asirans Jewova ap fè n mizèrikòd.
21. Ki sa n ta dwe detèmine pou n fè lè fidelite n anvè Jewova ap pase anba eprèv?
21 Favè san parèy Jewova fè nou an gen yon objektif (2 Kor. 6:1). Grasa favè sa a, nou gen posiblite pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye [ak] dezi ki nan monn nan”. (Li Tit 2:11-14.) Toutotan n ap viv “nan sistèm sa a”, n ap gen pou n fè fas ak sitiyasyon k ap pase atachman nou gen pou Jewova sèlman an anba eprèv. Kidonk, se pou n toujou pare pou n pran pozisyon fèm pou Jewova, paske se pou ‘Jewova, Bondye nou an, nou dwe gen lakrentif. Se li menm pou nou sèvi, e se avè l nou dwe ret atache’! — Det. 10:20.