Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Demontre konpasyon pou “tout kalite moun”

Demontre konpasyon pou “tout kalite moun”

LÈ Jezi t ap anseye disip li yo fason pou yo preche bon nouvèl la, li te fè yo konnen moun yo pa t ap toujou byen akeyi mesaj Wayòm nan (Lik 10:3, 5, 6). Nan travay predikasyon an, nou ka rankontre kèk moun ki mal reyaji oswa ki ka menm atake nou. Sa klè, fason sa yo moun yo reyaji a ka fè l difisil pou n kontinye demontre konpasyon pou moun n ap preche yo.

Yon moun ki gen konpasyon se yon moun ki wè bezwen ak pwoblèm lòt moun, ki gen pitye pou yo e ki vle ede yo. Men, si n kòmanse santi n pa gen konpasyon pou moun nou rankontre nan travay predikasyon an, nou ka vin pa chofe nan travay la e n ka vin pa efikas ladan l. Yon lòt bò, lè n demontre konpasyon, se kòmsi n t ap ajoute chabon oswa bwa nan yon dife, sa vle di n ap vin pi chofe nan travay predikasyon an! — 1 Tes. 5:19.

Ki jan n ka demontre konpasyon menm lè l difisil pou n fè sa? Ann konsidere twa egzanp ki merite pou n imite: egzanp Jewova, Jezi ak apot Pòl.

DEMONTRE KONPASYON MENM JAN AK JEWOVA

Jewova gen plizyè milye ane depi l ap andire akoz moun k ap sal non l. Aktout sa, li kontinye montre l “bon ni ak moun ki engra, ni ak moun ki mechan”. (Lik 6:35.) Bonte l genyen an parèt nan fason l aji avèk pasyans. Jewova vle pou “tout kalite moun sove”. (1 Tim. 2:3, 4.) Byenke Bondye rayi mechanste, li bay lèzòm anpil valè e l pa ta renmen pou okenn moun pèdi lavi l. — 2 Pyè 3:9.

Jewova konnen jan Satan maton nan bouche lespri moun ki pa kwayan yo (2 Kor. 4:3, 4). Gen anpil moun, se depi yo toupiti y ap anseye yo yon seri move kwayans e y ap ankouraje yo gen move konduit, sa ki fè l difisil pou yo aksepte laverite. Jewova vrèman vle ede moun sa yo. Ki jan n fè konnen?

Ann wè ki jan Jewova te wè moun ki te nan vil Niniv tan lontan an. Aktout moun sa yo te vyolan anpil, men sa Jewova te di Jonas: “Èske mwen menm tou, mwen pa ta dwe gen pitye pou Niniv, gwo vil la, yon vil ki gen plis pase 120 000 moun ladan l ki pa menm konn sa ki byen ak sa ki mal?” (Jon. 4:11). Jewova te konprann moun Niniv yo pa t konn anyen nan domèn espirityèl, e piske l gen mizèrikòd, li te voye Jonas al avèti yo.

Menm jan ak Jewova, nou bay moun yo anpil valè. Nou kapab imite Jewova lè n chofe pou n eseye ede nenpòt moun ki dispoze koute n, menmsi sa ta sanble yo pap aksepte laverite.

DEMONTRE KONPASYON MENM JAN AK JEZI

Menm jan ak Papa l, Jezi te gen pitye pou moun ki te gen bezwen nan domèn espirityèl yo. “Lè l wè foul moun yo, li gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje.” (Mat. 9:36). Jezi te wè pi lwen pase sa k parèt devan je l. Li te konnen moun ki te vin tande l k ap pale yo se moun chèf relijye yo te konn anseye yon pakèt manti e yo te konn maltrete yo. Aktout Jezi te konnen gen anpil nan yo ki t ap kite pakèt pwoblèm yo t ap rankontre yo anpeche yo byen reyaji, li te kòmanse “anseye yo anpil bagay”. — Mak 4:1-9.

Pinga w kontrarye si yon moun pa montre l enterese okòmansman.

Menm jan sikonstans lavi a konn chanje, konsa tou, yon moun ka chanje atitid parapò ak laverite.

Lè moun yo pa byen reyaji devan mesaj nou an, nou bezwen wè pi lwen pase sa k parèt devan je n epi n dwe mande tèt nou poukisa yo reyaji konsa. Gen kèk moun ki ka mal wè Bib la oswa Krisyanis la akoz move egzanp moun ki di yo se kretyen yo bay. Petèt gen lòt moun yo bay manti sou kwayans nou. Gen lòt ankò, moun nan zòn kote y ap viv la oswa moun nan fanmi yo ka pase yo nan rizib si yo byen akeyi nou.

Gen kèk moun nou rankontre nan travay predikasyon an ki ka mal reyaji akoz move eksperyans yo te fè ki lakòz y ap soufri nan domèn afektif. Men sa yon misyonè ki rele Kim fè konnen: “Nan yon zòn nan tèritwa nou an, gen anpil moun ki viktim akoz yon gè ki te fè yo pèdi tout sa yo posede. Yo pa gen okenn espwa pou lavni. Yo vin an kòlè e yo pa fè okenn moun konfyans. Nan zòn sa a, souvan nou rankontre moun ki opoze ak mesaj nou an. Gen yon lè, yo te atake m pandan m t ap preche.”

Ki jan sè Kim te kontinye demontre konpasyon malgre sa l te sibi yo? Men sa l di: “Lè yo mal aji avè m, mwen fè efò pou m sonje pawòl nan Pwovèb 19:11 lan ki di: ‘Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l.’ Lè m sonje sa moun nan tèritwa nou an te viv, sa ede m demontre konpasyon pou yo. Epitou, se pa tout moun nou rankontre ki mal reyaji. Nan menm zòn sa a, nou konn fè kèk bèl vizit.”

Nou ka mande tèt nou: ‘Ki jan m t ap reyaji devan mesaj Wayòm nan si m te nan plas moun m ap preche yo?’ Pa egzanp, ki sa n t ap fè si yo te plede ban nou manti sou Temwen Jewova yo? Nan sikonstans sa yo, petèt nou menm tou nou t ap mal reyaji e n t ap bezwen yo demontre konpasyon pou nou. Lè n sonje lòd Jezi te bay pou n trete lòt moun jan nou ta renmen yo trete nou, sa ap pouse n mete n nan plas moun yo menmsi l difisil pou n fè sa. — Mat. 7:12.

DEMONTRE KONPASYON MENM JAN AK PÒL

Apot Pòl te demontre konpasyon menm pou yon seri opozan ki vyolan. Poukisa? Se paske l pa t bliye ki jan l te ye anvan. Men sa l te di: “Lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan. Sepandan, yo fè m mizèrikòd, paske mwen te nan inyorans e mwen t ap aji san lafwa.” (1 Tim. 1:13). Li te rekonèt Jewova ak Jezi te fè l anpil mizèrikòd. Konsa, li te kapab wè kèk nan moun li t ap preche yo te gen ansyen pèsonalite l te genyen an.

Pafwa, Pòl te konn rankontre yon seri moun ki te byen anrasinen nan fo ansèyman. Ki jan l te reyaji? Travay 17:16 fè konnen pandan Pòl te nan vil Atèn, “lespri l te vin boulvèse lè l wè jan vil la chaje ak zidòl”. Aktout sa, Pòl te sèvi ak vrè rezon ki te fè l vin boulvèse a pou l te bay yon bon temwayaj (Tra. 17:22, 23). Li te adapte fason l te konn preche a ak sitiyasyon tout kalite moun li t ap preche yo yon fason pou l te “ka fè tout sa k posib pou [l] sove kèk nan yo”. — 1 Kor. 9:20-23.

Nou kapab imite Pòl lè n chèche konn rezon ki fè moun yo mal reyaji ak lè n idantifye fo kwayans yo genyen yo, epi apre sa, nou ba yo “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon an” yon fason ki efikas (Eza. 52:7). Men sa yon sè ki rele Dorothy fè konnen: “Nan tèritwa nou an, yo fè anpil moun konnen Bondye pa nan jwèt ak moun e l jije moun pou ti krik ti krak. Mwen konn felisite moun sa yo pou kwayans solid yo gen nan Bondye epi, apre sa, m atire atansyon yo sou sa Bib la di sou lanmou Jewova gen lakay li ak sou pwomès li fè pou lavni yo.”

“KONTINYE POT LAVIKTWA SOU SA KI MAL LÈ W FÈ SA KI BYEN”

Tank n ap antre pi fon nan “dènye jou yo”, nou kapab atann pou atitid kèk nan moun n ap preche yo “vin pi mal toujou”. (2 Tim. 3:1, 13.) Men, nou pa dwe kite move fason moun yo reyaji fè n sispann demontre konpasyon oswa fè n pèdi jwa nou. Jewova ka ban nou fòs pou n “kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè [n] fè sa ki byen”. (Wom. 12:21.) Men sa yon pyonye ki rele Jessica fè konnen: “Byen souvan, m konn rankontre yon seri moun ki pa gen imilite, e ki konn meprize nou menm ak mesaj nou an. Sa ka parèt annuiyan. Lè m ap kòmanse yon konvèsasyon, m priye Jewova an silans e m mande l pou l ede m wè moun nan jan li menm li wè l la. Sa ede m pa ret konsantre sou sa m santi, e sa fè m reflechi ak fason pou m ede moun nan.”

Nou kontinye chèche moun ki nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an.

Gen kèk moun ki byen reyaji devan efò nou fè avèk pasyans pou n ede yo nan domèn espirityèl.

Konsa tou, nou dwe chèche jwenn fason pou n ankouraje konpayon travay nou yo. Men sa Jessica di: “Si youn nan nou te fè yon move eksperyans, m fè efò pou m pa ret ap reflechi sou sa. Olye de sa, m vire konvèsasyon an sou sijè ki pozitif tankou bon rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an malgre gen kèk moun ki mal reyaji.”

Jewova byen konnen tout difikilte n ap rankontre nan travay predikasyon an. Se pa ti kontan l dwe kontan lè n demontre mizèrikòd menm jan avè l (Lik 6:36)! Nòmalman, Jewova pap kontinye demontre konpasyon nètale. Nou kapab gen konfyans li konnen egzakteman ki lè ki pi bon pou l detwi sistèm sa a. Annatandan, travay predikasyon an se yon travay ki ijan (2 Tim. 4:2). Kidonk, ann kontinye montre nou chofe nan travay sa a toutpandan n ap demontre bonjan konpasyon pou “tout kalite moun”.