Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan

Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan

“Yon moun [...] kontan lè l bay.” — TRA. 20:35.

KANTIK: 76, 110

1. Ki jan kreyasyon an montre Jewova renmen bay?

MENM lè Jewova te poukont li anvan l te kòmanse kreye, li pa t panse ak tèt li sèlman. Okontrè, li te bay kreyati ki gen entèlijans yo, anpalan de zanj yo ak lèzòm, lavi kòm kado. Antanke “Bondye ki gen kè kontan an”, Jewova renmen bay bon bagay (1 Tim. 1:11; Jak 1:17). E piske l vle nou gen kè kontan tou, li anseye nou pou n renmen bay. — Wom. 1:20.

2, 3. a) Poukisa lè nou bay sa fè kè n kontan? b) Ki sa nou pral egzamine?

2 Bondye te fè lòm pòtre avè l (Jen. 1:27). Sa vle di, li te kreye n pou n demontre menm pèsonalite avè l. Pou n ka jwenn kè kontan ak satisfaksyon, nou bezwen suiv egzanp Jewova bay lè n montre n enterese nan lòt moun e lè n renmen bay (Flp. 2:3, 4; Jak 1:5). Poukisa? Yon fason senp, se paske, avèk lanmou, Jewova te kreye lòm fason sa a. Malgre nou enpafè, nou ka rive imite Jewova lè n renmen bay.

3 Bib la aprann nou fason pou n vin moun ki renmen bay. Ann egzamine kèk nan leson Ekriti yo anseye sou sijè sa a. Nou pral wè fason nou ka jwenn favè Bondye lè n renmen bay ak fason kalite sa a ede n ranpli wòl Bondye ban nou an. Epitou, nou pral egzamine rapò ki genyen ant renmen bay ak kè kontan ansanm ak rezon ki fè nou bezwen kontinye demontre kalite sa a.

FASON NOU KA JWENN FAVÈ BONDYE

4, 5. Ki egzanp Jewova ak Jezi ban nou nan kesyon renmen bay?

4 Jewova vle pou moun li kreye yo imite l, donk, li kontan lè n renmen bay (Efe. 5:1). Fason nou fèt ansanm ak bèl bagay ak richès ki gen nan lanati montre byen klè Bondye vle lèzòm gen kè kontan (Sòm 104:24; 139:13-16). Konsa, nou onore l lè n fè tout sa n kapab pou n fè lòt moun kontan.

5 Vrè kretyen yo imite Kris, li menm ki te ban nou yon egzanp pafè sou fason yon moun ka renmen bay. Men sa Jezi te di: “Pitit lòm nan pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun.” (Mat. 20:28). Se sa k fè, men ankourajman Pòl te bay kretyen yo: “Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou. [...] Li te [...] kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav.” (Flp. 2:5, 7). L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki jan m ka suiv egzanp Jezi pye pou pye plis pase jan m deja ap fè sa?’ — Li 1 Pyè 2:21.

6. Ki leson Jezi te anseye n nan parabòl bon Samariten an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Nou ka jwenn favè Jewova lè n imite egzanp pafè ni li menm ni Kris bay, lè n montre n enterese nan byennèt lòt moun, e lè n chèche fason pou n ede yo. Anfèt, nan parabòl bon Samariten an, Jezi te montre byen klè li atann pou disip li yo fè tout sa yo kapab pou yo ede lòt moun, kèlkeswa moun nan, kèlkeswa nasyonalite l. (Li Lik 10:29-37.) Èske w sonje kesyon ki te pouse Jezi bay parabòl bon Samariten an? Gen yon Juif ki te mande l: “Kiyès menm ki pwochen m?” Repons Jezi te bay la montre, si n vle jwenn favè Bondye, nou dwe dispoze bay ak tout kè n menm jan ak Samariten an.

7. Lè n aji yon fason egoyis oswa lè n pa aji yon fason egoyis, ki rapò sa genyen ak kesyon ki pi enpòtan nan linivè a?

7 Kretyen yo gen anpil bon rezon pou yo renmen bay. Pa egzanp, kalite sa a gen rapò ak kesyon Satan te soulve nan jaden Edenn nan. Ki fason? Satan te fè konnen Adan ak Èv, san wete tout limanite, ap pi byen lè yo konsantre sou pwòp tèt yo ak lè yo met pwòp enterè yo anvan obeyisans yo anvè Bondye. Dezi Èv te genyen pou l menm jan ak Bondye te fè l aji yon fason egoyis. Adan te vle fè Èv plezi e l te aji yon fason egoyis (Jen. 3:4-6). Li fasil pou n wè konsekans desizyon yo te pran yo genyen. Egoyis pa bay kè kontan, se kontrè a li bay. Lè n renmen bay, nou montre nou gen konviksyon fason Bondye fè bagay yo se pi bon fason yo.

RANPLI WÒL BONDYE BAY PÈP LI A

8. Poukisa de premye mesyedam yo te dwe enterese nan kesyon bay la?

8 Bondye te bay de premye mesyedam yo yon seri enstriksyon ki te dwe fè yo panse ak byennèt lòt moun, menm lè se yo sèl ki te nan jaden Edenn nan. Jewova te beni Adan ak Èv e l te ankouraje yo pou yo fè pitit, pou yo plen tè a ak moun, e pou yo gen pouvwa sou tè a (Jen. 1:28). Menm jan Kreyatè a te enterese anpil nan byennèt kreyasyon l lan, premye paran nou yo te dwe enterese nan byennèt pitit yo t apral fè yo. Paradi a te dwe gaye sou tout tè a pou byenfè desandan Adan yo. Yon gwo pwojè konsa t ap mande pou fanmi sa a ki t ap kontinye vin pi plis la kowopere avè l.

9. Poukisa lèzòm t ap gen kè kontan pandan yo t ap fè tè a vin yon paradi?

9 Pou gason ak fi ki pafè, travay pou fè tè a vin yon paradi t ap vle di kowopere nèt ak Jewova pou l reyalize objektif li genyen yo, konsa, yo t ap antre nan repo l la (Ebre 4:11). Imajine jan pwojè sa a t ap pote satisfaksyon ak byenfè! Lefètke yo t ap bay tout yo menm pou byennèt lòt moun sa t ap fè yo jwenn anpil benediksyon ak yon kokenn satisfaksyon.

10, 11. Ki jan n ka ranpli misyon pou n preche ak fè disip la?

10 Jodi a, Jewova konfye pèp li a travay predikasyon an ak fè disip la. Pou n ranpli wòl nou nan travay sa a, se ak tout kè n nou bezwen enterese nan byennèt lòt moun. Se sèlman si n gen bon motivasyon an, anpalan de lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou, n ap ka andire nan travay sa a.

11 Nan premye syèk epòk nou an, Pòl te fè konnen li menm ak kèk nan moun ki t ap travay kòtakòt avè l yo se “konpayon travay Bondye” paske yo te jwe yon wòl nan plante ak nan wouze semans verite Wayòm nan (1 Kor. 3:6, 9). Jodi a, nou menm tou nou ka vin “konpayon travay Bondye” lè n renmen bay tan nou, sa n posede ak fòs nou nan travay predikasyon Bondye te konfye n nan. Ala yon kokenn privilèj nou genyen!

Pa gen anpil bagay ki bay plis kè kontan pase lè n ede moun ki gen rekonesans yo konprann verite espirityèl yo. (Gade paragraf 12.)

12, 13. Ki rekonpans ou t ap di travay fè disip la bay?

12 Lefètke n renmen bay tan nou ak fòs nou nan travay predikasyon an ak fè disip la, sa fè kè n kontan anpil. Gen anpil moun ki gen privilèj pou yo kondui etid biblik k ap pwogrese k ap di w pa gen anpil bagay ki bay plis satisfaksyon pase sa. Kè nou kontan anpil lè n wè jan moun ki gen rekonesans yo kontan lè yo konprann verite espirityèl yo, lè yo vin gen plis lafwa, lè yo fè chanjman nan lavi yo e lè yo kòmanse pataje laverite ak lòt moun. Jezi te fè yon eksperyans ki te fè kè l kontan anpil tou lè 70 moun li te voye al preche yo te “retounen ak kè kontan” paske yo te jwenn bon rezilta. — Lik 10:17-21.

13 Toupatou sou tè a, pwoklamatè yo kontan lè yo wè jan mesaj bon nouvèl la gen yon efè pozitif sou lavi moun yo. Ann pran egzanp Anna, yon jèn sè selibatè ki te deplase al sèvi nan yon zòn ann Ewòp delès kote yo bezwen plis pwoklamatè pou l te ka fè plis nan travay predikasyon an *. Men sa l ekri: “Gen anpil posiblite pou n kondui etid biblik isit la, e m renmen sa anpil. Travay predikasyon an fè kè m kontan anpil. Lè m antre lakay mwen, m pa gen tan pou m ret konsantre sou tèt mwen. Mwen panse ak etidyan m yo ak pwoblèm yo ak enkyetid yo. M chèche jwenn bon fason pou m ankouraje yo e pou m ede yo. E sa fè m vin gen konviksyon ‘yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’” — Tra. 20:35.

Lè n vizite chak kay ki nan tèritwa nou an, nou bay moun yo posiblite pou yo reyaji devan mesaj Wayòm nan. (Gade paragraf 14.)

14. Menmsi pa gen anpil moun ki byen reyaji devan bon nouvèl la, ki jan w ka gen kè kontan nan travay predikasyon an?

14 Nou ka gen kè kontan lè n bay moun yo posiblite pou yo reyaji devan mesaj bon nouvèl la menmsi yo chwazi pa koute. Dayè, travay nou an jodi a sanble ak travay pwofèt Ezekyèl la, li menm Jewova te di: “Kit yo koute w, kit yo pa koute w, se pou w di yo sa m di yo.” (Eze. 2:7; Eza. 43:10). Menmsi gen kèk moun ki pa bay mesaj nou an valè, Jewova bay efò n fè yo anpil valè. (Li Ebre 6:10.) Gen yon pwoklamatè ki te montre l gen yon bon atitid nan sans sa a. Men sa l te ekri konsènan travay predikasyon an: “Nou plante, nou wouze, e n priye Jewova ak espwa l ap fè enterè n jwenn nan grandi.” — 1 Kor. 3:6.

FASON POU N GEN KÈ KONTAN

15. Ki fason anpil moun reyaji lè n bay, epi èske fason yo reyaji ta dwe gen efè sou fason n ap aji?

15 Jezi vle n gen kè kontan lè n renmen bay. Gen anpil moun ki byen reyaji lè moun ba yo yon bagay. Men ki ankourajman Jezi ban nou: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou. Y ap byen plen mezi a vide nan rad nou, y ap foule l, y ap sekwe l, e l ap ranvèse. Paske, se ak mezi nou mezire a y ap mezire pou nou tou.” (Lik 6:38). Se vre se pa tout moun ki byen reyaji lè n ba yo yon bagay, men, lè moun yo byen reyaji, rekonesans yo demontre a ka pouse yo bay tou. Kidonk, ann kontinye renmen bay, kit moun yo demontre rekonesans kit yo pa demontre sa. Nou pa janm konnen ki kantite byen nou ka fè grasa yon sèl jès ki montre n renmen bay.

16. Ki sa k ta dwe pouse n renmen bay?

16 Moun ki renmen bay toutbon yo pa bay pou yo jwenn yon bagay anretou. Jezi te gen sa nan lespri l lè l te di: “Lè w ap òganize yon resepsyon, envite moun ki pòv, moun ki domaje, moun k ap bwete oswa ki avèg, e w ap kontan, paske yo pa gen mwayen pou yo remèt ou sa.” (Lik 14:13, 14). Gen youn nan moun Bondye te enspire yo ki te di: “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon.” Gen yon lòt ki te di: “Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo.” (Pwo. 22:9; Sòm 41:1). Vrèmanvre, nou dwe bay paske nou jwenn anpil satisfaksyon lè n ede lòt moun.

17. Ki kèk fason nou bay k ap fè kè n kontan?

17 Lè Pòl te site pawòl Jezi yo kote l te di “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”, nonsèlman Pòl t ap pale konsènan byen materyèl, men tou, li t ap pale konsènan ankourajman, konsèy ak èd nou dwe bay moun ki bezwen sa (Tra. 20:31-35). Nan pawòl apot la te di ak egzanp li te bay, li te anseye n pou n bay tout nou menm, sa vle di pou n bay tan nou, fòs nou, atansyon nou ak lanmou nou.

18. Ki sa anpil ekriven nan monn nan rive rann yo kont anrapò ak kesyon renmen bay la?

18 Gen anpil moun k ap fè rechèch nan domèn syans sosyal ki rann yo kont tou lè moun bay sa fè yo gen kè kontan. Selon sa yon atik fè konnen, “gen moun ki di kè yo kontan anpil apre yo fin fè kèk bon aksyon pou lòt moun”. Moun k ap fè rechèch yo fè konnen lè moun ede lòt moun sa enpòtan pou yo vin gen “yon pi bèl objektif e pou [lavi yo] gen plis sans paske sa konble bezwen fondamantal lèzòm genyen yo”. Se sa k fè, byen souvan, espè yo ankouraje moun yo ofri tèt yo kòm volontè pou fè sèvis piblik yon fason pou sante yo ka anfòm e pou yo ka gen plis kè kontan. Sa pa fè moun ki aksepte Bib la kòm Pawòl Jewova, Gran Achitèk nou an ki plen lanmou, sezi. — 2 Tim. 3:16, 17.

KONTINYE RENMEN BAY

19, 20. Ki rezon nou genyen pou n renmen bay?

19 Li ka difisil pou n kontinye renmen bay lè n chaje ak moun toutotou n ki met enterè yo anvan enterè lòt moun. Sepandan, Jezi te di de pi gwo kòmandman yo se renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou, epi renmen pwochen nou menm jan n renmen tèt nou (Mak 12:28-31). Jan n sot wè sa nan atik sa a, moun ki renmen Jewova yo suiv egzanp li. Jewova renmen bay lòt moun e Jezi fè menm jan an tou. E yo mande nou fè menm jan an paske sa ap fè kè n kontan toutbon. Si n fè gwo efò pou n renmen bay nan fason nou aji ak Bondye e avèk pwochen nou, n ap onore Jewova e sa ap fè nou menm ak lòt moun jwenn byenfè.

20 Se sèten w deja ap fè efò pou w bay tèt ou pou w ede lòt moun, sitou kwayan parèy ou yo (Gal. 6:10). Si w kontinye fè sa, se sèten y ap renmen w, y ap apresye w, e sa ap fè kè w kontan. Pwovèb 11:25 di: “Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache, e moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.” Nòmalman, gen anpil fason ak anpil domèn nan lavi nou ak sèvis nou fè antanke kretyen kote n ka bay san enterè, nou ka aji ak bonte e n ka renmen bay, sa k ap fè n jwenn anpil byenfè. Atik ki vin apre a pral pale sou kèk nan fason ak domèn sa yo.

^ § 13 Yo chanje non moun nan.