Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w gen tout enfòmasyon yo?

Èske w gen tout enfòmasyon yo?

“Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li.” — PWO. 18:13.

KANTIK: 126, 95

1, 2. a) Ki kapasite enpòtan nou dwe chèche genyen, e poukisa? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

ANTANKE vrè kretyen, nou dwe chèche gen kapasite pou n egzamine enfòmasyon nou genyen e pou n fè konklizyon ki egzak (Pwo. 3:21-23; 8:4, 5). Si n pa chèche gen kapasite sa a, l ap vin pi fasil pou Satan ak monn li an defòme fason n panse (Efe. 5:6; Kol. 2:8). Nòmalman, se sèlman lè n gen tout enfòmasyon yo n ap ka fè konklizyon ki kòrèk. Men sa Pwovèb 18:13 di: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li.”

2 Nan atik sa a, nou pral egzamine plizyè difikilte ki gen rapò ak jwenn enfòmasyon epi fè konklizyon ki kòrèk. Mete sou sa, nou pral egzamine kèk prensip ak kèk egzanp nan Bib la ki ka ede n amelyore kapasite n genyen pou n byen egzamine enfòmasyon yo.

PA KWÈ “TOUT SA MOUN DI”

3. Poukisa n bezwen suiv konsèy nou jwenn nan Pwovèb 14:15 lan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Jodi a, moun bonbade ak enfòmasyon. Sit Entènèt yo, televizyon yo ak lòt medya yo prezante yon bann ide ki ta sanble pap janm gen yon fen. Mete sou sa, anpil moun neye anba imel, mesaj tèks ak nouvèl zanmi ak lòt moun yo konnen ki gen bon entansyon voye pou yo. Piske se yon bagay ki kouran pou moun gaye enfòmasyon ki pa egzak e ki defòme, nou gen bonjan rezon pou n fè atansyon e pou n byen egzamine sa nou tande. Ki prensip nan Bib la ki ka ede n? Pwovèb 14:15 di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.”

4. Ki jan Filipyen 4:8, 9 ede n chwazi sa n ap li, e poukisa l enpòtan anpil pou n gen enfòmasyon ki egzak? (Gade kare ki gen tit “ Kèk dispozisyon pou ede n jwenn bonjan enfòmasyon”.)

4 Pou n ka pran bon desizyon, nou bezwen gen bonjan enfòmasyon. Kidonk, nou bezwen pran anpil prekosyon e n bezwen byen chwazi enfòmasyon nou pral li. (Li Filipyen 4:8, 9.) Nou pa dwe gaspiye tan nou nan gade nouvèl sou yon seri sit Entènèt moun pa fè konfyans oswa nan li yon seri repòtaj moun pa ka konfime k ap sikile pa mwayen imel. Li sitou enpòtan pou n evite sit Entènèt aposta yo. Tout objektif moun sa yo se kraze pèp Bondye a epi defòme verite a. Move enfòmasyon pouse moun pran move desizyon. Pa janm souzestime gwo efè move enfòmasyon ka genyen sou panse nou ak kè nou. — 1 Tim. 6:20, 21.

5. Ki move rapò Izrayelit yo te tande, e ki efè sa te gen sou yo?

5 Lè yon moun kwè yon move rapò yo ba l, sa ka mennen nan dezas. Pa egzanp, sonje sa k te rive nan epòk Moyiz la lè 10 nan 12 espyon yo te voye al gade Peyi Bondye te pwomèt la te pote yon move rapò (Nonb 13:25-33). Yo te bay yon rapò ki egzajere e ki chokan, sa ki te fè pèp Jewova a dekouraje nèt (Nonb 14:1-4). Poukisa pèp la te reyaji konsa? Petèt yo te panse piske se pifò nan espyon yo ki te bay yon move rapò, donk, se sa yo te di yo ki verite. Yo te refize koute bon rapò Jozye ak Kalèb, de mesye moun fè konfyans, te bay (Nonb 14:6-10). Olye yo te chèche gen tout enfòmasyon yo epi yo met konfyans yo nan Jewova, yo te chwazi kwè move rapò yo te ba yo a. Se pa ti sòt yo te sòt!

6. Poukisa n pa dwe sezi si n tande rapò ki chokan sou pèp Jewova a?

6 Nou bezwen sitou fè atansyon lè n tande yon seri rapò sou pèp Jewova a. Nou pa dwe janm bliye Satan se sila a k ap akize sèvitè fidèl Bondye yo (Rev. 12:10). Se sa k fè Jezi te avèti n opozan yo t ap gen pou yo “di tout kalite move bagay ki pa vre” sou nou (Mat. 5:11). Si n pran avètisman sa a oserye, nou pap sezi lè n tande rapò ki chokan sou pèp Jewova a.

7. Anvan n voye yon imel oswa yon mesaj tèks, ki sa n dwe mande tèt nou?

7 Èske w se yon moun ki renmen voye imel oswa mesaj tèks bay zanmi w oswa moun ou konnen? Si se wi, lè w wè yon istwa ki fèk parèt nan medya yo oswa w tande yon eksperyans ki fèk fèt, ou gendwa santi w menm jan ak yon jounalis ki ta renmen se li an premye ki rapòte yon istwa ki enteresan. Sepandan, anvan w voye mesaj tèks sa a oswa imel sa a, mande tèt ou: ‘Èske m sèten enfòmasyon sa a m pral gaye a se laverite? Èske se vre m gen tout enfòmasyon yo?’ Si w pa sèten, ou gendwa ap gaye move enfòmasyon pami frè ak sè yo san w pa rann ou kont. Si w gen dout, peze bouton efase a, pa peze bouton voye a.

8. Nan kèk peyi, ki sa opozan yo fè, e ki jan n ka kolabore ak yo san n pa rann nou kont?

8 Gen yon lòt danje lè yon moun kouri voye yon imel oswa yon mesaj tèks li te resevwa bay lòt moun. Nan kèk peyi, yo met restriksyon sou travay nou an oswa yo entèdi l nèt. Nan peyi sa yo, opozan yo ka chwazi gaye yon seri nouvèl pou fè moun pè oswa pou fè n gen dout youn sou lòt. Fè yon ti reflechi sou sa k te rive nan ansyen Inyon sovyetik la. Polis sekrè ki rele KGB a te gaye yon rimè ki fè konnen gen plizyè frè moun byen konnen ki te trayi pèp Jewova a *. Anpil moun te kwè rimè sa yo, e kòm konsekans, yo te kite òganizasyon Jewova a. Ala tris sa tris! Erezman, gen anpil nan yo ki tounen annapre, men gen kèk ki pa janm tounen. Lafwa yo te fè nofraj (1 Tim. 1:19). Ki jan n ka evite yon konsekans terib konsa? Se lè n refize simaye move nouvèl oswa enfòmasyon moun pa konfime. Pinga n ni kwè ni vale tout sa moun di. Asire n nou gen tout enfòmasyon yo.

ENFÒMASYON KI PA KONPLÈ

9. Ki lòt difikilte ki genyen nan chèche jwenn enfòmasyon ki egzak?

9 Nouvèl ki gen mwatye verite oswa enfòmasyon ki pa konplè se yon lòt difikilte moun konn jwenn pou yo rive fè konklizyon ki egzak. Yon istwa ki gen sèlman 10 pousan verite se yon istwa ki 100 pousan manti. Ki jan n ka evite kite moun twonpe n ak istwa sa yo ki gen kèk verite ladan yo? — Efe. 4:14.

10. Ki jan Izrayelit yo te manke fè lagè ak frè yo, e ki jan yo te evite sa?

10 Fè yon ti reflechi sou sa k te rive Izrayelit ki te abite sou bò lwès Rivyè Jouden an nan epòk Jozye (Joz. 22:9-34). Yo te resevwa yon nouvèl ki fè konnen Izrayelit ki abite sou bò lès Jouden an (tribi Ribenn nan, tribi Gad la ak mwatye tribi Manase a) te konstwi yon kokennchenn lotèl toupre Jouden an. Pati sa a nan nouvèl la te verite. Sou baz enfòmasyon sa a ki pa t konplè, Izrayelit ki te sou bò lwès yo te panse Izrayelit ki sou lòt bò a, ki se frè yo, te fè rebèl kont Jewova. Se sa k fè Izrayelit ki te abite sou bò lwès yo te rasanble pou y al fè lagè ak Izrayelit ki te abite sou bò lès yo. (Li Jozye 22:9-12.) Erezman, anvan yo atake, yo te voye yon delegasyon ki gen ladan l yon seri mesye moun fè konfyans pou al chèche gen tout enfòmasyon yo. Ki sa mesye yo te vin aprann? Izrayelit ki te nan tribi Ribenn, nan tribi Gad ak nan mwatye tribi Manase a pa t konstwi lotèl la pou yo fè sakrifis, men yo te konstwi l pou fè sonje se Jewova y ap adore. Yo te konstwi l pou yo te ka fè tout moun ki t ap gen pou vin fèt annapre yo konnen yo menm tou yo t ap sèvi Jewova fidèlman. Se pa ti kontan Izrayelit sa yo dwe te kontan dèske yo pa t masakre frè yo sou baz yon enfòmasyon ki pa t konplè, men yo te pran tan pou yo chèche gen tout enfòmasyon yo!

11. a) Ki jan yo te fè Mefibochèt yon enjistis? b) Ki jan David te ka evite fè enjistis sa a?

11 Nou menm tou nou ka sibi enjistis lè moun pa bay tout laverite sou nou oswa lè yo gaye enfòmasyon ki pa konplè sou nou. Ann konsidere egzanp wa David ak Mefibochèt. David te montre l donan e l te demontre bonte anvè Mefibochèt, li te fè l jwenn tout tè granpapa l Sayil te genyen yo (2 Sam. 9:6, 7). Annapre, yo te bay David yon move nouvèl sou Mefibochèt. San David pa t verifye enfòmasyon an, li te deside pran tout byen Mefibochèt yo (2 Sam. 16:1-4). Lè David te resi pale ak Mefibochèt, David te rekonèt erè l te fè e l te rebay Mefibochèt yon pati nan byen l te genyen yo (2 Sam. 19:24-29). Men, David te ka evite fè enjistis sa a si l te pran tan pou l chèche gen tout enfòmasyon yo olye l te kouri aji sou baz yon enfòmasyon ki pa t konplè.

12, 13. a) Ki jan Jezi te reyaji lè moun te fè manti sou li? b) Ki sa n ka fè si yon moun ap gaye manti sou nou?

12 Men, e si yon moun akize w pou yon bagay ou pa fè? Jezi ak Jan ki te konn batize moun nan te fè fas ak yon difikilte konsa. (Li Matye 11:18, 19.) Ki jan Jezi te reyaji lè moun te bay move enfòmasyon sou li? Li pa t itilize tout tan l ak enèji l nan defann tèt li. Okontrè, li te ankouraje moun yo pou yo chèche konnen sa l te fè ak sa l te anseye. Jan Jezi te di sa, “se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès”. — Mat. 11:19.

13 Gen yon leson enpòtan l ap bon pou n aprann la a. Pafwa, moun yo ka di bagay ki pa jis oswa ki grav sou nou. Nou ka swaf jwenn jistis e n ta swete kapab fè yon bagay pou repare dega sa lakòz sou repitasyon nou. Sepandan, gen yon bagay nou ka fè. Si yon moun ap gaye manti sou nou, nou ka viv yon fason k ap fè okenn moun pa kwè manti sa a. Vrèmanvre, jan egzanp Jezi montre sa, konduit dwat nou genyen antanke kretyen an ka efase fo akizasyon yo lage sou nou.

KI JAN W WÈ TÈT OU?

14, 15. Ki jan lè n konte sou entèlijans nou sa ka vin yon pyèj pou nou?

14 Jwenn enfòmasyon moun ka fè konfyans se jis youn nan difikilte ki genyen pou moun rive fè bonjan konklizyon. Yon lòt gwo difikilte ki genyen se lefètke nou enpafè. E si n gen plizyè dizèn ane depi n ap sèvi Jewova fidèlman? Nou ka vin gen bonjan kapasite pou n reflechi e n ka vin gen bon jijman. Moun ka gen gwo respè pou nou akoz nou gen bon jijman. Men, èske sa ka yon pyèj tou?

15 Wi, lè n konte twòp sou entèlijans nou sa ka vin yon pyèj pou nou. Santiman nou ak ide pèsonèl nou ka kòmanse dirije fason nou reflechi. Nou ka kòmanse panse nou ka annik wè yon sitiyasyon epi n konprann li, menm lè n pa gen tout enfòmasyon yo. Sa a se yon danje! Yon fason klè, Bib la avèti nou pou n pa konte sou entèlijans nou. — Pwo. 3:5, 6; 28:26.

16. Nan sitiyasyon nou imajine a, ki sa k te rive nan yon restoran, e ki konklizyon Tòm te kouri fè?

16 Ann imajine yon sitiyasyon. Yon jou swa nan yon restoran, gen yon ansyen ki gen anpil eksperyans ki rele Tòm ki te santi l choke lè l wè yon lòt ansyen ki rele Jan ki chita sou yon tab ak yon dam ki pa t madanm li. Tòm te wè mesyedam yo ap ri, yo te kontan anpil dèske yo ansanm, e youn te bay lòt yon bèl akolad. Sa te boulvèse Tòm plis toujou. Èske sa pral mennen nan divòs? Ki sa k pral rive madanm Jan an? E timoun Jan yo? Tòm te gentan wè sitiyasyon sa yo ki bay lapenn. Ki jan w t ap santi w si sitiyasyon sa a t ap dewoule devan je w?

17. Nan sitiyasyon nou sot imajine a, ki sa Tòm te vin aprann annapre, e ki leson sa aprann nou?

17 Men, fè yon ti tann. Byenke Tòm te kouri panse Jan pa t fidèl ak madanm li, èske Tòm te gen tout enfòmasyon yo vre? Pita nan menm jou swa a, Tòm te rele Jan nan telefòn. Èske w ka imajine jan Tòm te santi l soulaje lè l te aprann dam nan se te sè Jan k ap viv nan yon lòt vil e ki te pase wè l? Yo gen anpil ane depi youn pa wè lòt. Piske se pase li t ap jis pase pandan kèk èdtan, se sèlman nan restoran an Jan te ka rankontre l pou yo manje yon bagay. Madanm Jan an pa t ka vini. Erezman Tòm pa t gaye move konklizyon l te fè sou sitiyasyon sa a. Ki leson nou aprann? Kèlkeswa kantite eksperyans nou ka gen nan lavi nou antanke kretyen, eksperyans sèlman pa janm ranplase tout enfòmasyon yo.

18. Ki jan pwoblèm pèsonalite ka bwouye jijman nou?

18 Yon lòt bagay ki ka fè l difisil pou n byen egzamine bagay yo se lè n gen pwoblèm ak yon frè nan kongregasyon an. Si toutan n ap gade diferans ki genyen ant nou menm ak frè nou an, nou ka kòmanse gen kèk dout sou li. Konsa, si n tande yon bagay ki negatif sou frè sa a, nou ka kouri kwè. Ki leson nou aprann? Lè n kontinye kenbe rankin kont frè nou yo sa ka fè jijman nou vin defòme, yon seri jijman ki pa baze sou tout enfòmasyon yo (1 Tim. 6:4, 5). Nou ka anpeche jijman nou vin bwouye lè n refize kite anvi ak jalouzi fè rasin nan kè n. Olye n kite move santiman sa yo ret nan nou, se pou n rekonèt obligasyon nou genyen pou n renmen frè nou yo e pou n padone yo ak tout kè n san grate tèt. — Li Kolosyen 3:12-14.

PRENSIP KI NAN BIB LA AP PWOTEJE N

19, 20. a) Ki prensip nan Bib la k ap ede n byen egzamine enfòmasyon yo? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Jodi a, li difisil pou yon moun gen tout enfòmasyon yo e pou l byen egzamine yo akoz gen yon kantite enfòmasyon ki pa fin kòrèk, nouvèl ki pa fin verite, e akoz enpèfeksyon nou. Ki sa k pral ede n nan travay difisil sa a? Nou dwe konn prensip ki nan Bib la e n dwe aplike yo. Youn nan prensip sa yo aprann nou se bagay moun sòt e se yon imilyasyon pou yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a (Pwo. 18:13). Gen yon lòt prensip nan Bib la ki fè n sonje pou n pa dakò ak tout sa moun di san n pa poze kesyon (Pwo. 14:15). Finalman, kèlkeswa kantite eksperyans nou gen nan lavi nou antanke kretyen, nou dwe fè atansyon pou n pa konte sou entèlijans nou (Pwo. 3:5, 6). Prensip ki nan Bib la ap pwoteje n si n asire n nou itilize enfòmasyon moun ka fè konfyans pou n fè bonjan konklizyon e pou pran desizyon ki gen sajès.

20 Men, gen yon lòt difikilte toujou. Se tandans pou n jije sou aparans. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk pyèj ki konn gen nan domèn sa a e n pral wè ki sa k ap ede n evite yo.

^ § 8 Gade Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2004, paj 111-112, ak liv Aktivite 2008 la, paj 133-135 (fransè).