Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa jije sou aparans

Pa jije sou aparans

“Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis.” — JAN 7:24.

KANTIK: 142, 123

1. Ki pwofesi Ezayi te bay konsènan Jezi, e poukisa sa ankourajan?

NOU jwenn bonjan ankourajman ak asirans nan yon pwofesi Ezayi te bay konsènan Jezi Kris, Seyè nou an. Ezayi te fè konnen Jezi “pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande. L ap jije malere yo san paspouki”. (Eza. 11:3, 4.) Poukisa sa ankourajan? Se paske n ap viv nan yon monn ki chaje ak paspouki ak prejije. Nou tout ta renmen gen Jij pafè a, Jij ki pap janm jije nou sou aparans lan!

2. Ki sa Jezi te ban nou lòd fè, e ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

2 Chak jou nou jije lòt moun. Men, antanke moun ki enpafè, nou pa kapab jije yon fason ki pafè menm jan Jezi fè sa. Bagay ki parèt devan je n gen tandans enfliyanse n. Sepandan, men yon lòd Jezi te bay lè l te sou tè a: “Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis.” (Jan 7:24). Sa klè, Jezi vle pou n menm jan avè l e pou n pa jije moun sou aparans. Nan atik sa a, nou pral pale sou twa domèn kote sa ki parèt devan je moun yo enfliyanse yo souvan: ras oswa koulè po, richès ak laj. Pou chak domèn, nou pral egzamine kèk fason pratik k ap ede n obeyi lòd Jezi te bay la.

JIJMAN SOU BAZ RAS OSWA KOULÈ PO

3, 4. a) Ki evènman ki te pouse apot Pyè chanje fason l te wè moun lòt nasyon yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki nouvo verite Jewova te ede Pyè konprann?

3 Imajine sa k t ap pase nan lespri apot Pyè lè yo te mande l pou l al Sezare lakay yon moun lòt nasyon ki rele Kònèy (Tra. 10:17-29). Menm jan ak lòt Juif yo nan epòk sa a, depi Pyè te toupiti li te kwè moun lòt nasyon yo pa pwòp. Sepandan, Pyè te fè kèk eksperyans ki te fè l chanje pwennvi sa a. Pa egzanp, Pyè te resevwa yon vizyon grasa yon mirak (Tra. 10:9-16). Ki sa Pyè te wè? Li te wè yon veso ki tankou yon twal ki plen ak bèt ki pa pwòp desann devan l epi te gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di l: “Pyè, leve! Touye, epi manje!” Pyè te refize fè sa yon fason ki fèm. Epi, vwa ki te sot nan syèl la te di l pou l “sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine”. Lè Pyè reveye nan vizyon an, li pa t ka konprann sa vwa a t ap eseye di l la. Nan menm moman an, mesaje Kònèy te voye yo vin parèt. Apre lespri sen te fin bay Pyè enstriksyon, Pyè te leve e l t ale ak mesaje yo lakay Kònèy.

4 Si Pyè te annik jije sou aparans, li pa t ap janm antre lakay Kònèy. Juif yo te jis pa t konn antre lakay moun lòt nasyon. Ki sa k te fè Pyè chanje malgre l te gen prejije ki te anrasinen byen fon nan li? Vizyon Pyè te fè a ak asirans li te vin genyen grasa lespri sen te gen yon gwo efè sou li. Apre Pyè te fin tande Kònèy, sandout sa Pyè te tande a te touche l, e men sa l te di anba direksyon lespri sen: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” (Tra. 10:34, 35). Ala yon nouvo konpreyansyon ki enteresan Pyè te vin genyen, yon konpreyansyon ki gen gwo enpak! Ki jan verite sa a ki montre Bondye pa gen patipri t apral gen efè sou tout kretyen?

5. a) Ki sa Jewova vle pou tout kretyen konprann? b) Menm lè nou konnen laverite, ki sa n ka gen nan fon kè n?

5 Jewova t ap sèvi ak Pyè pou l ede tout kretyen konprann Li pa gen patipri. Li pa bay diferans ki gen ant ras, koulè po, nasyonalite, tribi oswa lang okenn enpòtans. Kèlkeswa gason oswa fi ki gen lakrentif pou Bondye e k ap pratike sa ki jis fè Bondye plezi (Gal. 3:26-28; Rev. 7:9, 10). Pa gen dout, ou rekonèt sa se laverite. Men, e si w te grandi nan yon peyi oswa nan yon kay ki chaje ak prejije? Menm lè w gendwa konsidere tèt ou kòm moun ki pa gen patipri, nan fon kè w, ou ka toujou gen prejije. Menm Pyè, ki te gen privilèj pou l fè moun konnen Jewova pa gen patipri, te montre l gen prejije annapre (Gal. 2:11-14). Ki jan n ka koute Jezi pou n sispann jije sou aparans?

6. a) Ki sa k ka ede n derasinen prejije nan kè n? b) Ki sa yon rapò yon ansyen te fè montre?

6 Nou bezwen byen egzamine tèt nou grasa limyè ki nan Pawòl Bondye a pou n ka wè si n pa toujou gen kèk prejije nan panse n ak nan santiman nou (Sòm 119:105). Nou gendwa bezwen èd ki plen lanmou nan men lòt moun ki ka wè kèk prejije nou gen nan atitid nou, menm lè nou menm nou ka pa wè yo nan nou (Gal. 2:11, 14). Atitid sa yo ka tèlman anrasinen nan nou, nou ka pa menm rann nou kont nou genyen yo. Pa egzanp, gen yon ansyen ki te fè yon rapò sou yon mari ak madanm li ki travay byen nan sèvis aplentan. Mari a soti nan yon ti gwoup moun lòt moun meprize souvan akoz koulè po yo. Sanble ansyen an pa t rann li kont li menm tou te gen prejije kont ti gwoup moun sa yo. Nan rapò l te fè a, li te di anpil bon bagay sou mari a, sepandan, men ki jan l te fini rapò a: “Byenke l gen [nasyonalite sa a], fason l aji ak fason l viv ede lòt moun konprann lefètke yon moun fè pati [gwoup sa a] sa pa vle di fòseman li viv yon fason ki malpwòp, yon fason ki ba, jan anpil moun ki sot nan zòn [sa a] abitye fè.” Èske n wè leson an? Kèlkeswa responsablite nou genyen, nou dwe byen egzamine tèt nou e n dwe dispoze resevwa èd pou n ka idantifye kèlkeswa tras prejije ki nan kè nou. Ki lòt bagay nou ka fè ankò?

7. Ki jan n ka montre nou ouvri kè n byen gran?

7 Si n ouvri kè n byen gran, n ap pèmèt lanmou pran plas prejije (2 Kor. 6:11-13). Èske w gen abitid pase anpil tan sèlman ak moun menm ras, menm koulè po, menm nasyonalite, menm tribi, oswa ki pale menm lang avè w? Si se wi, ouvri kè w. Poukisa w pa envite moun ki pa gen menm orijin avè w oswa ki pa nan menm kouch sosyal avè w pou yo akonpaye w nan travay predikasyon an? Oubyen poukisa w pa envite yo lakay ou pou yo vin manje avè w oswa pou yo pran yon ti detant (Tra. 16:14, 15)? Si w fè sa, w ap tèlman ranpli kè w ak anpil lanmou, pap gen plas pou prejije. Men, gen lòt domèn ankò kote n gen tandans jije moun sou aparans. Ann pale sou richès materyèl kounye a.

JIJMAN SOU BAZ RICHÈS OSWA POVRETE

8. Selon Levitik 19:15, ki jan richès oswa povrete ka gen efè sou fason n jije?

8 Richès materyèl se yon lòt bagay ki ka gen efè sou fason n wè lòt moun. Men sa Levitik 19:15 di: “Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la. Nou dwe jije pwochen nou avèk jistis.” Sepandan, ki jan richès oswa povrete ka gen efè sou fason n wè yon moun?

9. Ki verite ki tris Salomon te ekri, e ki sa sa aprann nou?

9 Lespri sen te pouse Salomon ekri yon verite ki tris konsènan lèzòm ki enpafè. Men sa l te di nan Pwovèb 14:20: “Lè yon moun malere, menm vwazen l rayi l, men, moun ki rich la gen anpil zanmi.” Ki sa pwovèb sa a aprann nou? Si n pa fè atansyon, nou ka chèche fè zanmi ak frè ki rich toutpandan n ap evite frè ki pòv. Poukisa se yon gwo danje lè n mezire valè lòt moun genyen senpleman sou baz richès materyèl yo posede?

10. Kont ki pwoblèm Jak te avèti nou?

10 Si n jije lòt moun sou baz richès materyèl yo genyen, nou ka kreye divizyon nan kongregasyon an. Disip Jak te bay avètisman konsènan pwoblèm sa a ki te lakòz divizyon nan kèk kongregasyon nan premye syèk la. (Li Jak 2:1-4.) Nou dwe veye pou n pa kite panse sa a afekte kongregasyon nou yo jodi a. Ki jan n ka lite pou n pa fè jijman sa yo ki baze sou aparans?

11. Ki jan byen materyèl yon moun posede ka gen efè sou relasyon l gen ak Jewova? Esplike.

11 Nou bezwen wè frè nou yo jan Jewova wè yo. Se pa paske yon moun rich oswa l pòv ki fè l gen anpil valè pou Jewova. Relasyon nou gen ak Jewova pap janm depann de kantite byen materyèl nou genyen oswa nou pa genyen. Se vre Jezi te di “l ap difisil pou yon moun rich antre nan Wayòm syèl la”, men l pa t di sa t ap enposib (Mat. 19:23). Yon lòt bò, Jezi te di tou: “Byennere nou menm ki pòv, paske Wayòm Bondye a se pou nou.” (Lik 6:20). Sepandan, sa pa vle di Bondye te beni tout moun ki pòv yo yon fason espesyal e yo tout te byen reyaji devan ansèyman Jezi te bay yo. Gen anpil moun pòv ki pa t byen reyaji. Leson an sèke nou pa ka annik jije relasyon yon moun gen ak Jewova sou baz kantite byen materyèl li genyen.

12. Ki konsèy Ekriti yo bay ni moun ki rich ni moun ki pòv?

12 Nou jwenn benediksyon dèske nou gen anpil frè ak sè, rich kou pòv, ki renmen Jewova e k ap sèvi l ak tout kè yo. Ekriti yo konseye moun ki rich yo “pou yo pa met espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye”. (Li 1 Timote 6:17-19.) Anmenmtan tou, Pawòl Bondye a ankouraje tout pèp Bondye a, rich kou pòv, pou yo veye pou yo pa renmen lajan (1 Tim. 6:9, 10). Vrèmanvre, lè n ouvri je n e nou wè frè nou yo jan Jewova wè yo, nou pap anvi jije yo senpleman sou baz sa yo genyen oswa sa yo pa genyen nan domèn materyèl. E ki sa n ka di konsènan laj yon moun genyen? Èske se yon bon baz pou n jije lòt moun? Ann gade pou n wè.

JIJMAN SOU BAZ LAJ

13. Ki sa Ekriti yo anseye n konsènan demontre respè pou moun ki granmoun?

13 Byen souvan, Ekriti yo anseye n pou n demontre bonjan respè pou moun ki granmoun. Levitik 19:32 di: “Nou dwe leve kanpe devan moun ki gen cheve blan e nou dwe onore granmoun yo. Nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an.” Nan menm sans lan tou, Pwovèb 16:31 fè nou konnen “cheve blan se yon bèl kouwòn sou tèt moun k ap mache nan chemen ki dwat la”. Annapre, Pòl te konseye Timote pou l pa kritike yon granmoun gason yon fason ki di, men pou l konsidere frè sa a tankou se te papa l (1 Tim. 5:1, 2). Byenke Timote te gen yon sèten otorite sou frè sa yo ki granmoun, li te dwe trete yo avèk konpasyon e avèk respè.

14. Nan ki sikonstans li gendwa apwopriye pou n bay yon moun ki pi gran pase n konsèy oswa disiplin li bezwen?

14 Sepandan, jis nan ki pwen n ap konsidere prensip sa a? Pa egzanp, èske n dwe santi n oblije pase sou sa yon moun ki granmoun fè si moun sa a ap peche volontèman oswa l ap ankouraje moun fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi? Jewova pap jije sou aparans e l pap pase sou peche yon moun fè volontèman senpleman paske moun nan granmoun. Men yon prensip nou jwenn nan Ezayi 65:20: “Malediksyon ap tonbe sou yon moun ki peche, menmsi l gen 100 an.” Nou jwenn yon prensip menm jan an nan vizyon Ezekyèl la (Eze. 9:5-7). Kidonk, objektif prensipal nou se pou n toujou demontre respè pou Sila a ki la depi pi lontan an, sètadi Jewova Dye (Dàn. 7:9, 10, 13, 14). Si n fè sa, nou pap pè korije yon moun ki bezwen konsèy, kèlkeswa laj li. — Gal. 6:1.

Èske w demontre respè pou frè ki pi jèn yo? (Gade paragraf 15.)

15. Ki leson nou aprann nan men apot Pòl nan kesyon demontre respè pou frè ki pi jèn yo?

15 E frè ki pi jèn yo nan kongregasyon an? Ki jan w wè yo? Men sa apot Pòl te ekri Timote ki te yon jèn gason: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an.” (1 Tim. 4:12). Nan epòk Pòl te ekri pawòl sa yo, Timote te ka fèk nan trantèn li. Poutan, Pòl te ba l kèk gwo responsablite. Kèlkeswa rezon ki fè Pòl te bay konsèy sa a, leson an klè. Nou pa dwe jije frè ki jèn yo senpleman sou baz laj yo. L ap bon pou n sonje menm Jezi, Seyè nou an, te akonpli tout sèvis li sou tè a pandan l te nan trantèn li.

16, 17. a) Ki jan ansyen yo rive wè si yon frè kalifye pou yo rekòmande l kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen? b) Ki jan pwennvi pèsonèl nou oswa ki baze sou kilti nou ka dozado ak Ekriti yo?

16 Nan kèk kilti, moun yo ka gen tandans meprize jèn gason yo. Konsa, ansyen yo nan kongregasyon an ka renka pou yo rekòmande jèn frè ki kalifye yo kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen. L ap bon pou n sonje Ekriti yo pa bay yon laj minimòm pou rekòmande gason yo kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen (1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9). Si yon ansyen etabli yon règ ki baze sou kilti, li pa aji ann amoni ak Ekriti yo. Yo pa dwe jije jèn gason yo selon pwennvi ki pèsonèl oswa ki baze sou kilti, men yo dwe fè sa sou baz prensip ki nan Pawòl Bondye a. — 2 Tim. 3:16, 17.

17 Ann pran yon egzanp ki montre fason pwennvi ki baze sou kilti men ki pa ann amoni ak Bib la ka anpeche yo nome frè ki kalifye yo. Nan yon peyi, gen yon sèvitè ministeryèl ki byen kalifye yo konfye anpil responsablite. Byenke ansyen yo nan kongregasyon sa a dakò jèn frè a ranpli kondisyon Ekriti yo bay pou l vin ansyen nan yon mezi ki rezonab, yo pa t rekòmande frè a. Gen kèk ansyen ki granmoun ki te fè konnen pandan plizyè fwa frè a parèt twò jèn pou l ansyen. Malerezman, yo pa t rekòmande frè a senpleman akoz aparans li. Byenke se yon sèl egzanp nou pran, rapò yo montre gen anpil moun ki panse konsa nan lemonnantye. Li enpòtan anpil pou n konte sou Ekriti yo olye n konte sou pwennvi ki baze sou kilti nou oswa sou gou pèsonèl nou! Se sèl fason sa a nou ka obeyi Jezi e n ka sispann jije sou aparans.

JIJE YON FASON KI JIS

18, 19. Ki sa sa mande pou n rive wè lòt moun jan Jewova wè yo?

18 Malgre nou enpafè, nou ka aprann wè lòt moun san patipri, jan Jewova wè yo (Tra. 10:34, 35). Men, sa mande pou n kontinye fè efò e pou n toujou jwenn rapèl ki soti nan Pawòl Bondye a. Lè n koute rapèl sa yo, n ap pi byen obeyi lòd Jezi te bay lè l te di pou n sispann jije sou aparans. — Jan 7:24.

19 Talè konsa, Jezi Kris, Wa nou an, pral jije tout limanite. Li pap jije yo selon sa je l ba li oswa selon sa zòrèy li tande, men l ap jije yo yon fason ki jis (Eza. 11:3, 4). Ala bèl sa pral bèl!