Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pasyans: Lè w andire nan yon objektif

Pasyans: Lè w andire nan yon objektif

PISKE presyon ki gen nan lavi a ap vin pi plis nan “dènye jou yo”, pèp Jewova a bezwen gen plis pasyans toujou (2 Tim. 3:1-5). N ap viv nan yon monn kote, byen souvan, moun yo renmen pwòp tèt yo, yo pa dispoze antann yo, e yo san metriz. Souvan moun ki gen tanperaman sa yo pa gen pasyans ditou. Se sa k fè, chak kretyen ta dwe mande tèt li: ‘Èske monn nan ki pa gen pasyans detenn sou mwen? Sa sa vle di gen pasyans toutbon? Epi, ki jan m ka fè kalite estrawòdinè sa a kretyen yo genyen an vin fè pati pèsonalite m?’

SA PASYANS VLE DI

Selon sans mo pasyans lan gen nan Bib la, pasyans vle di plis pase andire anba yon sitiyasyon ki difisil. Yon moun ki gen pasyans Bondye bay la ap andire nan yon objektif. Li wè pi lwen pase bezwen l genyen yo e l pran byennèt moun ki lakòz li nan sitiyasyon ki difisil la an konsiderasyon. Se sa k fè, lè yo fè moun ki gen pasyans lan yon bagay ki mal oswa yo pwovoke l, li refize pèdi espwa ka gen yon amelyorasyon nan relasyon li gen ak moun nan, yon relasyon ki te deteryore. Donk, nou pa sezi dèske Bib la site “pasyans” an premye pami anpil lòt bèl kalite ki gen nan lanmou * (1 Kor. 13:4). Epitou, Pawòl Bondye a fè konnen “pasyans” se yon aspè nan “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Men, sa sa mande pou n vin gen kalite sa a Bondye bay la?

FASON POU N VIN GEN PASYANS

Pou n ka vin gen kalite sa a ki se pasyans, nou dwe priye pou n jwenn èd lespri sen Jewova, yon bagay li bay moun ki gen konfyans nan li e ki konte sou li (Lik 11:13). Sepandan, menm lè lespri sen Bondye gen anpil pisans, nou bezwen fè efò pa nou e n bezwen aji ann amoni ak priyè nou (Sòm 86:10, 11). Sa vle di nou dwe fè tout sa n kapab pou n vin gen pasyans chak jou nan lavi nou pou kalite sa a ka pran rasin nan kè n. Malgre sa, nou ka bezwen fè plis efò pou n fè pasyans toujou fè pati pèsonalite n. Ki lòt bagay ki ka ede n?

Nou ka vin gen pasyans lè n egzamine egzanp pafè Jezi bay ak lè n imite l. Ann amoni ak egzanp sa a, Bondye te enspire apot Pòl pou l pale konsènan “nouvo pèsonalite a”, ki gen “pasyans” ladan l, epi l te ankouraje n pou n “kite lapè Kris la dirije kè nou”. (Kol. 3:10, 12, 15.) Nou ka kite lapè sa a “dirije” kè n lè n chèche gen yon lafwa solid menm jan ak Jezi toutpandan nou gen espwa Bondye ap korije bagay ki konsène nou yo nan moman Li fikse a. Lè n imite egzanp Jezi, nou pap santi n pouse pou n pèdi pasyans, kèlkeswa sa k ap fèt toutotou n. — Jan 14:27; 16:33.

Byenke nou chofe pou n wè monn nouvo Bondye pwomèt la, nou aprann gen plis pasyans lè n medite sou pasyans Jewova pran avè n. Men asirans Ekriti yo ban nou: “Jewova pa dousman anrapò ak pwomès li fè, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Lè n ap medite sou pasyans Jewova pran avè n, èske sa pa pouse n pran plis pasyans ak lòt moun (Wom. 2:4)? Lè n sonje sa, ki kèk sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans?

SITIYASYON KI MANDE POU N GEN PASYANS

Gen anpil sitiyasyon nan lavi nou chak jou ki ka teste pasyans nou. Pa egzanp, si w santi w gen yon bagay enpòtan pou w di, ou ka bezwen gen pasyans yon fason pou w pa entèwonp lòt moun (Jak 1:19). Ou ka bezwen demontre pasyans tou lè w ansanm ak kwayan parèy ou ki gen yon seri abitid ki fè w fache. Olye n kouri reyaji nan sitiyasyon sa yo, n ap montre n gen sajès lè n konsidere fason Jewova ak Jezi reyaji devan feblès nou yo. Yo pa konsantre sou ti erè nou fè. Okontrè, yo wè bèl kalite nou genyen e yo pran pasyans pou yo wè efò n fè pou n amelyore. — 1 Tim. 1:16; 1 Pyè 3:12.

Yon lòt sitiyasyon ki ka teste pasyans nou se lè yon moun fè konnen nou te di oswa n te fè yon bagay ki mal. Byen souvan, nou ka kouri fache e n ka ap chèche defann tèt nou. Sepandan, Pawòl Bondye a mande pou n aji yon lòt fason. Men sa l di: “Pito yon moun gen pasyans pase l gen ògèy. Pa kouri fache, paske se moun ki sòt ki plede fache.” (Ekl. 7:8, 9). Se sa k fè, menmsi yon akizasyon pa verite ditou, nou dwe gen pasyans pou n byen reflechi anvan n reponn. Jezi te suiv menm prensip sa a lè moun t ap pase l nan rizib san rezon. — Mat. 11:19.

Paran yo sitou bezwen demontre pasyans lè yo wè l nesesè pou yo korije kèlkeswa atitid, dezi oswa tandans k ap devlope lakay pitit yo. Ann konsidere egzanp Mattias ki manm fanmi Betèl peyi Eskandinavi. Lè l te adolesan, yo te konn nui l anpil nan lekòl li akoz kwayans li. Okòmansman, paran l pa t okouran. Men, yo te oblije fè fas ak efè opozisyon sa a te gen sou pitit gason yo a ki te kòmanse ap mande tèt li si l nan laverite. Gillis, papa Mattias, fè konnen “sitiyasyon sa a te mande anpil pasyans”. Mattias te konn mande: “Kiyès Bondye ye? E si Bib la se pa Pawòl Bondye? Ki jan n fè konnen se Bondye ki vle n fè sa toutbon?” Epitou, li te konn mande papa l: “Poukisa lòt moun ap jije m si m pa santi m menm jan avè w oswa si m pa kwè menm jan avè w?”

Men sa Gillis fè konnen: “Pafwa, pitit gason nou an te konn fè kòlè lè l t ap poze kesyon yo, se pa t kòlè l t ap fè sou manman l oswa sou mwen, men se te sou laverite, paske l te panse se sa ki fè lavi l difisil konsa.” Ki jan Gillis te fè fas ak sitiyasyon sa a? Men sa l esplike: “Yon lè, mwen menm ak pitit gason m nan te fè plizyè èdtan chita ap pale. M te fè pifò tan an ap koute l e m te poze l kèk kesyon jis pou m byen konprann jan l te santi l ak jan l te wè bagay yo. Pafwa, m te konn ba l yon esplikasyon pou l reflechi sou li pandan yon jou konsa anvan n pale ankò sou sijè a. Gen lòt lè, m te konn di l m bezwen kèk jou pou m reflechi sou yon pwennvi l genyen. Grasa konvèsasyon sa yo nou te konn fè regilyèman, tikras pa tikras, Mattias te vin pi byen konprann yon seri ansèyman e l te vin aksepte yo, tankou ansèyman sou ranson an, dwa Bondye genyen pou dirije antanke Souvren an ak lanmou Jewova genyen. Sa te pran tan, e souvan sa te difisil, men tikras pa tikras, li te vin gen lanmou pou Jewova nan kè l. Mwen menm ak madanm mwen kontan anpil dèske efò n te fè avèk pasyans pou n ede pitit gason n nan lè l te adolesan te bay bon rezilta e sa te touche kè l.”

Gillis ak madanm li te gen konfyans nan èd Jewova bay toutpandan yo t ap ede pitit gason yo a. Men sa Gillis fè konnen lè l reflechi ak sitiyasyon sa a: “Souvan m te konn fè Mattias konnen gwo lanmou mwen menm ak manman l gen pou li a te pouse n priye Jewova plis toujou pou ede l konprann.” Se pa ti rekonesans paran sa yo genyen dèske yo te gen pasyans ki se yon kalite ki enpòtan anpil!

Anplis vrè kretyen yo bay èd nan domèn espirityèl, yo dwe gen pasyans ak lanmou lè y ap pran swen moun nan fanmi yo oswa zanmi yo ki gen anpil tan malad. Ann konsidere egzanp Elèn * k ap viv nan peyi Eskandinavi tou.

Sa gen anviwon uit an, mari Elèn nan te fè de stwok ki afekte plizyè pati nan sèvo l. Kòm konsekans, li pa kapab santi konpasyon, kè kontan oswa tristès ankò. Sitiyasyon sa a difisil anpil pou Elèn. Men sa l di: “Sa mande anpil pasyans ak anpil priyè.” Li ajoute: “Vèsè m pi renmen ki ban m konsolasyon se Filipyen 4:13 ki di: ‘Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.’” Grasa pisans sa a, Elèn kontinye andire avèk pasyans toutpandan l gen konfyans Jewova ap soutni l. — Sòm 62:5, 6.

MONTRE N GEN PASYANS MENM JAN AK JEWOVA

Nòmalman, lè n ap pale konsènan demontre pasyans, se Jewova ki ban nou pi bèl egzanp pou n suiv (2 Pyè 3:15). Gen anpil istwa nan Pawòl Bondye a kote Jewova te montre l gen anpil pasyans (Ney. 9:30; Eza. 30:18). Pa egzanp, ki jan Jewova te reyaji lè Abraram t ap poze kesyon sou desizyon L te pran pou l detwi Sodòm? Toudabò, Jewova pa t entèwonp Abraram lè l t ap pale. Okontrè, avèk pasyans, Jewova te koute chak kesyon Abraram te poze e l te pran an konsiderasyon tout enkyetid li te genyen. Apre sa, Jewova te montre l t ap koute Abraram lè l te repete chak bagay Abraram te di ki montre enkyetid li genyen, e lè l te ba l asirans Li pap detwi Sodòm menmsi se sèlman dis moun ki jis li jwenn nan vil sa a (Jen. 18:22-33). Ala yon bèl egzanp ki montre jan nou bezwen gen pasyans pou n koute e pou n pa kouri aji!

Pasyans Bondye bay la se yon aspè ki enpòtan anpil nan nouvo pèsonalite a, yon pèsonalite tout kretyen dwe abiye yo avè l. Si n fè anpil efò pou n vin gen kalite sa a ki gen anpil valè e ki bay andirans, n ap onore Papa nou ki nan syèl la, li menm ki gen sousi pou moun e ki gen pasyans, e l ap konte n pami “moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen”. — Ebre 6:10-12.

^ § 4 Nou te egzamine kalite sa a ki se lanmou nan premye atik nan seri sa a ki gen nèf pati ki baze sou fwi lespri sen Bondye a.

^ § 15 Yo chanje non moun nan.