Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kontinye di laverite

Ann kontinye di laverite

“Se pou youn di lòt laverite.” — ZAK. 8:16.

KANTIK: 56, 124

1, 2. Ki bagay ki gen pi move efè sou limanite, e kiyès ki te responsab sa?

TELEFÒN, anpoul elektrik, otomobil ak frijidè se jis kèk nan bagay lèzòm envante ki amelyore lavi nou chak jou. Sepandan, gen lòt envansyon ki fè lavi n vin pi an danje, tankou zam, min yo kache anba tè, sigarèt ak bonm atomik, pou n site sa yo sèlman. Men, gen yon bagay ki te egziste anvan yo tout e ki gen pi move efè sou limanite. Ki sa l ye? Se manti! Se lè yon moun di yon bagay li konnen ki pa verite nan objektif pou l twonpe yon lòt moun. Kiyès ki te bay premye manti a? Jezi Kris te idantifye “Dyab la” kòm “papa manti”. (Li Jan 8:44.) Ki lè l te bay premye manti a?

2 Gen plizyè milye ane depi sa te rive nan jaden Edenn nan. Premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv, t ap viv ak kè kontan nan Paradi Kreyatè yo a te fè pou yo a. Annapre, Dyab la vin parèt. Li te konnen Bondye te bay mesyedam yo lòd pou yo pa manje nan fwi “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la”, si yo dezobeyi y ap mouri. Malgre sa, pa mwayen yon sèpan, Satan te di Èv: “Nou pap mouri pyès [premye manti a]. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” — Jen. 2:15-17; 3:1-5.

3. Poukisa n ka di manti Satan te bay la se yon mechanste, e ki konsekans sa vin genyen?

3 Manti Satan te bay la se yon mechanste paske Satan te konnen si Èv te kwè l e l te manje fwi a, Èv t ap mouri. Adan ak Èv te dezobeyi lòd Jewova te bay la e finalman yo mouri (Jen. 3:6; 5:5). Mete sou sa, peche sa a lakòz “lanmò blayi sou tout moun”. Anfèt, “lanmò t ap domine antanke wa menm sou moun ki pa t peche menm jan Adan te peche a”. (Wom. 5:12, 14.) Kounye a, olye lèzòm rive gen yon lavi ki pafè, yon lavi ki pap janm fini, jan Bondye te vle sa okòmansman an, yo byen kontan si yo ka viv pandan ‘70 an, oswa 80 an si yo gen anpil fòs’. Menm lè sa a, byen souvan, se “pwoblèm ak tristès” yo jwenn nan lavi a (Sòm 90:10). Ala tris sa tris! Tout sa rive akoz manti Satan te bay la.

4. a) Ki kesyon nou dwe kapab reponn? b) Selon Sòm 15:1, 2, ki moun sèlman ki ka zanmi Jewova?

4 Men sa Jezi te di pou l esplike fason Dyab la aji: “Li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li.” Satan toujou pa gen laverite nan li, paske li kontinye ap “twonpe lemonnantye” ak manti l yo (Rev. 12:9). Nou pa vle Dyab la twonpe nou. Kounye a, ann egzamine twa kesyon: Ki fason Satan ap twonpe moun? Ki sa k fè moun ap plede bay manti? Epi, pou n pa janm kraze amitye nou gen ak Jewova a, jan Adan ak Èv te fè sa, ki jan n ka montre nou se moun k ap “pale laverite” nan tout okazyon? — Li Sòm 15:1, 2.

FASON SATAN AP TWONPE MOUN

5. Ki fason Satan ap twonpe lèzòm jodi a?

5 Apot Pòl te konnen nou kapab anpeche “Satan [...] twonpe nou, paske nou konn entansyon l”. (2 Kor. 2:11, nòt.) Nou konnen lemonnantye anba kontwòl Dyab la, sa gen ladan l fo relijyon, politik ki chaje ak koripsyon ansanm ak sistèm komèsyal la ki ava (1 Jan 5:19). Se sa k fè n pa sezi dèske Satan ap enfliyanse mesye ki nan gwo pozisyon yo pou yo “bay manti”. (1 Tim. 4:1, 2.) Sa parèt aklè sitou lakay moun ki gen gwo biznis yo k ap bay manti nan reklam pou yo fè pwomosyon pou yon seri pwodui ki danjere e pou yo twonpe moun pou yo pran lajan yo.

6, 7. a) Poukisa chèf relijye k ap bay manti yo koupab anpil? b) Ki manti w tande chèf relijye yo bay?

6 Chèf relijye k ap bay manti yo koupab anpil paske yo ka lakòz moun ki kwè nan manti sa yo pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. Si yon moun aksepte yon fo ansèyman e l ap pratike yon bagay Bondye kondane aklè, sa ka fè moun sa a pa gen lavi etènèl (Oze 4:9). Jezi te konnen chèf relijye nan epòk li a te koupab paske yo t ap twonpe moun nan sans sa a. Men sa l te di yo nan figi yo: “Malè pou nou, espè nan Lalwa ak Farizyen, bann ipokrit! paske nou vwayaje sou lanmè, nou vwayaje sou tè, pou nou konvèti yon sèl moun nan relijyon nou an, e lè l fin konvèti, nou fè l tounen yon moun ki merite al nan Jeyèn [destriksyon etènèl] de fwa plis pase nou.” (Mat. 23:15). Jezi te itilize mo ki pi di ki te ka genyen yo pou l kondane chèf fo relijyon sa yo. Vrèmanvre, yo te ‘soti nan papa yo, Dyab la, ki se yon asasen’. — Jan 8:44.

7 Kit yo rele yo pastè, pè, raben, oswa lòt tit yo ba yo, gen anpil chèf relijye nan monn nan jodi a. Menm jan ak chèf relijye yo nan premye syèk la, yo “toufe laverite” ki soti nan Pawòl Bondye a e yo “boukante laverite sou Bondye pou manti”. (Wom. 1:18, 25.) Yo gaye yon seri fo ansèyman tankou “sove, sove nèt”, nanm imòtèl, reyenkanasyon, vye ide ki fè kwè Bondye aksepte moun k ap mennen vi omoseksyèl ansanm ak maryaj ant moun ki gen menm sèks.

8. Ki manti nou atann politisyen yo ap bay talè konsa, men ki jan n dwe reyaji devan manti sa a?

8 Politisyen yo sèvi ak manti pou yo twonpe moun. Youn nan pi gwo manti moun gen pou tande yo bay se lè lèzòm pral fè konnen yo reyisi met “lapè [ak] sekirite”. Men, “lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann”. Pinga nou kite yo twonpe n lè y ap eseye fè n kwè sistèm sa a pap kraze vre! Anfèt, nou “konn sa byen: jou Jewova a ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit”. — 1 Tes. 5:1-4.

REZON KI FÈ MOUN YO AP PLEDE BAY MANTI

9, 10. a) Poukisa moun yo bay manti, e ki rezilta sa bay? b) Ki sa n dwe sonje konsènan Jewova?

9 Lè gen yon nouvo envansyon oswa yon bagay ki fèk parèt, an jeneral, yo pwodui l anpil. Se menm bagay la tou pou manti. Bay manti vin yon bagay ki gaye nan epòk nou an, e se pa moun ki gen enfliyans sèlman k ap twonpe lòt moun. Jan sa parèt nan yon atik Y. Bhattacharjee te ekri ki gen tit “Rezon ki fè n bay manti”, “yo vin rekonèt manti kòm yon bagay ki anrasinen byen fon nan pèsonalite lèzòm”. Byen souvan, moun bay manti pou yo pwoteje tèt yo oswa pou yo montre yo enpòtan. Yo bay manti pou kache erè ak move aksyon yo fè oswa pou yo jwenn avantaj pou tèt yo nan domèn ekonomik. Jan atik la montre sa, gen moun ki “alèz pou bay moun yo pa konnen, kòlèg travay yo, zanmi yo ak fanmi yo manti, kit se gwo manti kit se ti manti”.

10 Ki sa rezilta tout manti sa yo bay? Moun pa fè moun konfyans e sa ka kraze relasyon yo genyen. Imajine jan sa dekourajan, pa egzanp, lè yon madanm twonpe mari l ki fidèl e l ap bay manti pou l kache aksyon imoral sa a! Oubyen lè yon mari ki vyolan ap maltrete madanm li ak pitit li lè yo lakay yo, epoutan lè l devan moun li fè kwè li se yon bon chèf fanmi. Sepandan, nou dwe sonje moun sa yo k ap twonpe moun pa ka kache Jewova anyen, paske “tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je” l. — Ebre 4:13.

11. Ki sa move egzanp Anànyas ak Safira a aprann nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Pa egzanp, Bib la fè nou konnen fason Satan te fè yon mari ak madanm li ki kretyen ki t ap viv nan premye syèk la “gen odas” pou yo bay Bondye manti. Anànyas ak Safira te planifye nan kè yo pou yo twonpe apot yo. Yo te vann yon tè yo te genyen, men se sèlman yon pati nan kòb la yo te pote bay apot yo. Mari ak madanm sa a te vle kongregasyon an byen wè yo, yo te vle fè konprann yo pi donan pase jan yo te ye an reyalite. Men, Jewova te ka wè sa yo te fè a, e l te pini yo pou sa. — Tra. 5:1-10.

12. Ki sa k pral rive moun k ap bay manti e ki pa repanti yo, e poukisa?

12 Ki jan Jewova wè manti? Satan ansanm ak tout moun k ap bay manti e ki pa repanti yo pral fini nan “letan dife” a (Rev. 20:10; 21:8; Sòm 5:6). Poukisa? Se paske Jewova mete mantè sa yo nan menm kategori ak kèlkeswa moun “k ap pratike bagay ki repiyan nan je Bondye”. — Rev. 22:15, nòt.

13. Ki sa n konnen konsènan Jewova, e lefètke n konn sa, ki sa sa pouse n fè?

13 Nou konnen Jewova “pa yon senp moun pou l ap bay manti”. Anfèt, “li enposib pou Bondye bay manti”. (Nonb 23:19; Ebre 6:18.) “Jewova rayi [...] lang moun k ap bay manti.” (Pwo. 6:16, 17). Pou n ka gen apwobasyon l, nou dwe viv ann amoni ak prensip li bay anrapò ak laverite. Se rezon sa a ki fè nou pa “bay [youn] lòt manti”. — Kol. 3:9.

NOU ‘DI LAVERITE’

14. a) Ki fason n montre n pa menm ak moun ki nan fo relijyon yo? b) Esplike prensip nou jwenn nan Lik 6:45 lan.

14 Ki youn nan fason vrè kretyen yo montre yo pa menm ak moun ki nan fo relijyon yo? Se lè n ‘di laverite’. (Li Zakari 8:16, 17.) Men sa Pòl te esplike: “Nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye [...] nan pale sa k verite.” (2 Kor. 6:4, 7). Men sa Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre tout sa l gen nan kè l.” (Lik 6:45). Donk, lè yon bon moun antre sa k verite nan kè l, se pawòl ki verite k ap soti nan bouch li. L ap di laverite nan tout domèn, gwo kou piti, kit se lè l ap pale ak moun ki etranje, kòlèg travay li, zanmi l oswa moun li renmen. Ann pran kèk egzanp pou n wè ki jan n ka montre n ap fè efò pou n onèt nan tout bagay.

Èske w wè gen yon pwoblèm nan vi jèn sè sa a ap mennen an? (Gade paragraf 15, 16.)

15. a) Poukisa l pa janm saj pou n eseye mennen yon vi doub? b) Ki sa k ka ede jèn yo reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou yo pou yo fè sa ki mal? (Gade nòt la.)

15 E si w se yon jèn ki vle pou lòt jèn parèy ou aksepte w? Veye pou w pa janm fè sa kèk nan yo ap fè pou w pa vin ap mennen yon vi doub. Yo montre y ap mennen yon vi pwòp lè yo ansanm ak fanmi yo ak lè yo nan kongregasyon an, men, yo se yon lòt moun nèt lè yo ansanm ak lòt jèn nan monn nan ak lè yo sou rezo sosyal. Yo ka gen move langaj, abiye ak rad ki pa modès, tande move mizik, bwè alkòl oswa pran dwòg, renmen an kachèt, e yo ka fè pi mal toujou. Y ap viv nan manti, y ap chèche twonpe paran yo, adoratè parèy yo ak Bondye (Sòm 26:4, 5). Jewova konnen lè se sèlman ‘nan bouch n ap onore l, men kè n byen lwen l’. (Mak 7:6.) Li t ap pi bon lontan pou n ta fè sa ki di nan pwovèb la: “Pinga w anvye sò moun k ap fè peche yo nan kè w, men, se pou w gen lakrentif pou Jewova tout lajounen.” — Pwo. 23:17 *.

16. Ki rapò ki genyen ant di laverite ak lè n ap ranpli fòmilè pou yon privilèj sèvis espesyal?

16 Petèt ou ta renmen sèvi kòm pyonye pèmanan oswa nan kèk fòm sèvis espesyal aplentan, tankou sèvis Betèl. Pandan w ap ranpli fòmilè a, li enpòtan pou w bay repons ki onèt e ki se bonjan verite pou tout kesyon yo poze w sou sante w, chwa w fè nan domèn divètisman ak moralite w (Ebre 13:18). E si w te gen yon konduit ki pa pwòp oswa ki pa nòmal e w pa t fè ansyen yo konn sa? Chèche jwenn èd nan men yo yon fason pou w ka gen posiblite pou w sèvi ak yon konsyans ki pwòp. — Wom. 9:1; Gal. 6:1.

17. Ki sa n dwe fè lè moun k ap pèsekite frè nou yo ap poze n kesyon sou yo?

17 Ki sa w ta dwe fè, pa egzanp, si otorite yo entèdi aktivite Wayòm nan nan peyi w ap viv la e yo rele w pou yo poze w kesyon sou frè yo? Èske w dwe di yo tout sa w konnen? Ki sa Jezi te fè lè gouvènè women an t ap poze l kesyon? Ann amoni ak prensip biblik ki di gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale” a, pafwa, Jezi pa t di anyen ditou (Ekl. 3:1, 7; Mat. 27:11-14)! Nan yon sitiyasyon konsa, li pi bon pou n pa di anyen yon fason pou n pa met frè n yo an danje. — Pwo. 10:19; 11:12.

Ki jan w ka deside ki lè pou w pa di anyen ak ki lè pou w di tout laverite? (Gade paragraf 17, 18.)

18. Ki responsablite n genyen lè n ap pale ak ansyen yo konsènan frè nou yo?

18 E si yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav e w konnen sa k pase a? Ansyen yo, ki gen responsablite pou kenbe kongregasyon an pwòp nan domèn moral, ka oblije mande w sa w konnen sou sa. Ki sa w ap fè, sitou si sa konsène yon bon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w? “Temwen ki fidèl la ap di laverite.” (Pwo. 12:17; 21:28). Donk, ou gen responsablite pou w di ansyen yo tout laverite, pa di yo mwatye verite, epi w pa dwe tòde l. Yo gen dwa pou yo konnen sa k rive a yon fason pou yo ka wè ki pi bon fason pou yo ede moun ki fè peche a retounen gen bon relasyon ak Jewova. — Jak 5:14, 15.

19. Ki sa n pral aprann nan atik ki vin apre a?

19 Men ki sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te di Jewova nan yon priyè: “Ou pran plezi nan moun ki gen laverite nan fon kè yo.” (Sòm 51:6). David te konnen laverite se yon bagay ki dwe sot anndan nou, nan fon kè nou. Vrè kretyen yo ‘di youn lòt laverite’ nan tout aspè nan lavi yo. Antanke sèvitè Bondye, yon lòt fason nou ka montre nou diferan se lè n anseye lòt moun laverite sou Bondye nan travay predikasyon an. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason n ka fè sa.

^ § 15 Gade chapit 15, “Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè?”, ak chapit 16, “Kiyès ki dwe konnen si m ap mennen de vi?”, nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2.