Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki jan disip Etyèn te fè ret byen kalm lè yo t ap pèsekite l?

ETYÈN te devan yon gwoup mesye ki te move anpil. Antanke manm Sanedren an, pi gwo tribinal ki te gen ann Izrayèl la, 71 jij sa yo te pami mesye ki te gen plis pouvwa nan peyi a. Se Kayif, gran prèt la, ki te rasanble yo, e se li ki te alatèt tribinal la lè yo te kondane Jezi amò kèk mwa anvan sa (Mat. 26:57, 59; Tra. 6:8-12). Pandan y ap fè moun pase youn apre lòt pou vin bay fo akizasyon, yo te remake yon bagay ki te yon jan fè yo sezi konsènan Etyèn, sèke figi l te “tankou figi yon zanj”. — Tra. 6:13-15.

Ki jan Etyèn te fè ret kalm e l te ret kè poze konsa nan yon sitiyasyon ki te ka fè moun pè? Anvan yo te trennen Etyèn al devan Sanedren an, li te okipe nèt nan sèvis li anba enfliyans lespri sen Bondye ki pisan (Tra. 6:3-7). Lè yo t ap jije l la, se menm lespri sa a ki t ap aji sou li pou konsole l e pou fè l sonje yon seri bagay (Jan 14:16). Pandan Etyèn t ap defann tèt li avèk kran, jan sa parèt nan Travay chapit 7 la, lespri sen te fè l sonje anviwon 20 pasaj oswa plis nan Liv ki te ekri ann ebre yo (Jan 14:26). Men, lafwa Etyèn te vin pi djanm lè l te resevwa yon vizyon kote l te wè Jezi ki kanpe adwat Bondye. — Tra. 7:54-56, 59, 60.

Yon jou, gendwa se nou menm k ap jwenn menas ak pèsekisyon (Jan 15:20). Lè n kontinye nouri nou ak Pawòl Bondye a regilyèman e lè n chofe nan travay predikasyon an, nou pèmèt lespri sen Jewova aji sou nou. Mete sou sa, n ap jwenn fòs pou n fè fas ak opozisyon toutpandan n ap kontinye kenbe lespri n anpè. — 1 Pyè 4:12-14.