Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bondye pral fè?

Ki sa Bondye pral fè?

Si w nan pwoblèm, se sèten w ap atann pou yon bon zanmi fè yon bagay pou l ede w. Gen kèk moun, lè y ap reflechi sou sa, yo di Bondye pa yon zanmi paske yo santi li pa fè anyen pou ede yo. An reyalite, nonsèlman Bondye deja fè anpil bagay pou l ede nou, men tou, li pral aji yon fason pou l fini ak tout pwoblèm e ak soufrans n ap fè fas jodi a. Ki sa Bondye pral fè?

LI PRAL FINI AK TOUT KALITE MECHANSTE

Bondye pral fini ak tout kalite mechanste lè l elimine moun ki lakòz tout mechanste sa yo. Bib la montre kiyès ki lakòz tout mechanste lè l di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” (1 Jan 5:19). Se de “Mechan” sa a Jezi t ap pale lè l te rele l “chèf monn nan”, anpalan de Satan Ledyab (Jan 12:31). Se enfliyans Satan gen sou lèzòm ki lakòz sitiyasyon difisil ki gen nan monn nan. Ki sa Bondye pral fè?

Talè konsa, Bondye pral itilize Jezi Kris, Pitit Gason l lan, pou l “detwi sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a, anpalan de Dyab la”. (Ebre 2:14; 1 Jan 3:8.) Dayè, Bib la montre menm Dyab la konnen “se yon tikras tan li rete” anvan l detwi (Revelasyon 12:12). Anplis de sa, Bondye pral fini ak tout mechanste e l ap detwi tout moun k ap fè mechanste. — Sòm 37:9; Pwovèb 2:22.

LI PRAL FÈ TÈ A TOUNEN YON PARADI

Lè Kreyatè nou an fin elimine tout mechanste sou tè a, li pral pran tout dispozisyon ki nesesè pou l reyalize objektif li ki se pou moun pafè viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. Ki sa k ap tann nou nan Paradi a?

Pral gen lapè ak sekirite. “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:11.

Pral gen bon kalite manje agogo. “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

Pral gen bèl kay ak travay ki bay kè kontan. “Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. [...] Moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.” — Ezayi 65:21, 22.

Èske w pa ta renmen la lè bagay sa yo pral fèt? Talè konsa, se tout moun ki pral viv konsa chak jou.

LI PRAL ELIMINE MALADI AK LANMÒ

Jodi a nou tout konn malad e nou ka mouri. Men sa pap rete konsa pou lontan. Talè konsa, Bondye pral fè nou pwofite byenfè sakrifis ranson Jezi a, yon fason pou “nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Ki rezilta sa pral bay?

Maladi pral disparèt. “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’ Moun ki abite nan peyi a ap jwenn padon pou peche yo fè.” — Ezayi 33:24.

Lanmò pap la ankò. “Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun.” — Ezayi 25:8.

Moun pral viv pou toutan. “Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” — Women 6:23.

Moun ki te mouri yo pral reviv ankò. “Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” (Travay 24:15). Yo pral benefisye ranson an, kado Bondye bay la.

Ki sa Bondye pral fè pou l reyalize tout bagay sa yo?

LI PRAL ETABLI YON GOUVÈNMAN PAFÈ

Bondye pral sèvi ak gouvènman l lan ki nan syèl la pou l reyalize objektif li genyen pou tè a ak pou lèzòm. Se Kris Jezi Bondye mete Wa alatèt gouvènman sa a (Sòm 110:1, 2). Se te pou gouvènman sa a, oswa Wayòm sa a, Jezi te mande disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, [...] Se pou Wayòm ou an vini.” — Matye 6:9, 10.

Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a, li pral elimine tout tribilasyon ak soufrans ki gen nan monn nan. Wayòm sa a se pi bon gouvènman Lèzòm te ka genyen! Se poutèt sa, lè Jezi te sou tè a li te bay tout li menm nan travay predikasyon an pou l anonse “bon nouvèl Wayòm nan”, e li te di disip li yo pou yo fè menm jan an tou. — Matye 4:23; 24:14.

Jewova Dye tèlman renmen lèzòm, li pwomèt pou l fè tout bèl bagay sa yo pou yo. Èske sa pa ba w anvi pou w konnen Bondye, epi pou w pwoche bò kote l? Si w chwazi fè sa, ki byenfè w ap jwenn? Atik ki vin apre a ap esplike sa.

KI SA BONDYE PRAL FÈ? Bondye pral elimine maladi ak lanmò, li pral fè lèzòm viv nan tèt ansanm anba direksyon Wayòm li an e li pral fè tè a tounen yon paradi.