Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w malad grav

Lè w malad grav

“Lè m te aprann mwen fè kansè nan poumon ak nan kolon (gwo trip mwen), tout lide m se te m pral mouri. Men, apre m sot kay doktè a e m rive lakay, mwen te di tèt mwen: ‘Oke, se pa t sa m te espere, men, mwen oblije jwenn yon fason pou m fè fas ak sitiyasyon an.’” — Linda, 71 an.

“Mwen gen yon maladi ki bay gwo doulè ki gen efè sou nè ki sou pati goch figi m. Pafwa, doulè a konn tèlman rèd, mwen konn fè depresyon. Pandan plizyè fwa, mwen konn santi m lage poukò m e m konn menm panse touye tèt mwen.” — Elise, 49 an.

SI OU menm oswa yon moun ou renmen vin aprann nou fè yon maladi ki ka vin lakòz nou mouri, nou konnen sa kapab bay anpil strès. Nonsèlman maladi a se deja yon pwoblèm, men, nou gen pou n jere emosyon n yo tou. Gen yon seri bagay ki gendwa fè n plis pè toujou epi ban n plis enkyetid, tankou randevou n gen ak doktè yo ki konn stresan, zafè chèche jwenn tretman oubyen kòb pou n peye tretman an oswa efè medikaman yo konn gen sou nou. Enkyetid mete ak maladi a ki deja grav kapab fè n santi n about.

Ki kote n ka jwenn èd? Pou anpil moun, sa k plis ede yo se lè yo priye Bondye epi yo li yon seri vèsè nan Bib la ki bay konsolasyon. Gen lòt moun ki twouve lanmou ak sipò fanmi yo ba yo konn ede yo tou.

MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO

Men sa Robert, yon mesye ki gen 58 an, di: “Fè fas ak maladi a toutpandan w met lafwa w nan Bondye, e l ap ede w. Priye Jewova. Fè l konnen sa w santi. Mande l pou l ba w lespri sen. Mande l ede w panse yon fason ki pozitif, mande l fòs pou w ka ankouraje fanmi an e pou w ka rete kalm toutpandan w ap andire anba maladi a.”

Robert ajoute: “Se yon gwo èd sa ye lè fanmi w kanpe la ansanm avè w pou ede w jere santiman w. Gen youn oswa de nan yo ki rele m chak jou pou yo mande m ki jan m ye. Se toupatou zanmi m yo rele m pou yo ankouraje m. E franchman, sa ban m fòs ak kouraj pou m kontinye.”

Si w pral vizite yon zanmi w ki malad, sonje pawòl sa yo Linda di: “Yon bagay ki sèten sèke malad la ta renmen mennen yon vi nòmal menm jan ak tout moun. Li gendwa pa anvi pou se de maladi a nou pale sèlman. Donk, pale de bagay nou konn abitye pale deja.”

Nou mèt gen asirans, grasa fòs Bondye ap ban nou ak konsolasyon nou jwenn nan Bib la, san wete èd zanmi ak fanmi nou ki renmen nou, lavi nou kapab gen sans, menm lè n ap lite ak yon maladi ki grav.