Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

Ann kontinye ret fidèl ak Bondye!

Ann kontinye ret fidèl ak Bondye!

“Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” — JÒB 27:5.

KANTIK 34 Mache avèk fidelite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan twa Temwen Jewova yo dekri nan paragraf sa a te pran pozisyon pou Jewova?

ANN imajine twa Temwen Jewova ki ta nan sitiyasyon ki vin apre yo. 1) Gen yon tifi ki lekòl epi yon jou pwofesè a mande tout elèv nan klas la pou yo patisipe nan yon fèt. Tifi a konnen fèt sa a pa fè Bondye plezi, donk, avèk respè li fè konnen li pap patisipe ladan l. 2) Pandan yon jèn gason ki timid ap preche kay an kay, li rann li kont kay ki vin apre a se kay yon elèv nan lekòl li a ki abitye pase Temwen Jewova yo nan jwèt. Men, jèn gason an al frape pòt kay la kanmenm. 3) Gen yon mesye k ap travay di pou l pran swen fanmi l, epi yon jou patwon l mande l fè yon magouy oswa yon bagay ki pa legal. Byenke mesye a konnen li ka pèdi djòb li, li fè patwon an konnen li dwe onèt e li dwe obeyi lalwa paske se sa Bondye mande pou sèvitè l yo fè. — Wom. 13:1-4; Ebre 13:18.

2. Ki kesyon nou pral egzamine, e poukisa?

2 Ki kalite ou wè twa moun sa yo demontre? Petèt ou wè yo gen plizyè kalite, pa egzanp yo gen kouraj e yo onèt. Men, youn nan kalite ki gen plis valè yo demontre se fidelite. Yo chak montre yo fidèl ak Jewova. Yo youn pa aksepte fè konpwomi ak prensip Bondye yo. Se fidelite ki fè moun sa yo aji jan yo aji a. Se sèten Jewova santi l fyè lè l ap gade chak moun sa yo paske yo montre yo fidèl. Menm jan an tou, nou ta renmen fè Papa nou ki nan syèl la santi li fyè. Donk, annou egzamine twa kesyon ki vin annapre yo: Ki sa fidelite ye? Poukisa nou dwe fidèl? E ki jan nou ka ranfòse detèminasyon nou genyen pou nou ret fidèl nan tan difisil sa yo?

KI SA FIDELITE YE?

3. a) Ki sa fidelite vle di pou nou? b) Ki egzanp ki ka ede nou konprann sans mo fidelite a genyen?

3 Lè mo fidelite a gen rapò avèk nou menm sèvitè Bondye yo, li vle di lanmou nou gen pou Jewova ak tout kè nou antanke yon Moun toutbon, ak atachman san pataj nou gen pou li. Konsa, se volonte l nou met an premye nan tout desizyon n ap pran. Ann egzamine kèk enfòmasyon sou fason yo sèvi ak mo sa a nan Bib la. Youn nan sans fondamantal mo “fidelite” a gen nan Bib la se: konplè, ki pa gen okenn domaj oswa antye. Pa egzanp, Lalwa te di bèt Izrayelit yo t ap ofri Jewova kòm sakrifis yo pa t dwe gen okenn domaj * (Lev. 22:21, 22). Moun nan pèp Bondye a pa t dwe ofri yon bèt ki manke yon pye, yon zòrèy oswa yon je. Epitou, yo pa t gendwa ofri yon bèt ki malad. Se te yon bagay enpòtan pou Jewova pou bèt yo t ap ofri a te konplè, pou l pa t gen okenn domaj oswa pou l te antye (Mal. 1:6-9). Nou ka konprann rezon ki fè Jewova te mande pou bèt yo pa gen okenn domaj oswa pou yo konplè. Pa egzanp, lè n ap achte yon bagay, kit se yon fwi, yon liv oswa yon zouti, nou pa ta renmen l gen twou oswa l manke moso. Nou ta renmen l konplè, li pa gen okenn domaj oswa li antye. Se menm bagay la Jewova ta renmen anrapò ak lanmou ak fidelite nou dwe demontre pou li.

4. a) Poukisa yon moun ki enpafè ka fidèl ak Bondye? b) Ann amoni ak Sòm 103:12-14, ki sa Jewova pap atann?

4 Èske sa ta vle di pou nou fidèl ak Bondye nou dwe pafè? Anfèt, nou ka santi nou fè anpil erè, oswa menm nou gen anpil defo. Annou egzamine de rezon ki ka ede nou konprann nou pa oblije pafè pou nou fidèl ak Bondye. Premyèman, Jewova pa konsantre sou defo nou yo. Men sa Pawòl li a fè nou konnen: “O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova?” (Sòm 130:3). Li konnen nou enpafè, nou se pechè e li padone nou san grate tèt (Sòm 86:5). Dezyèmman, Jewova konn limit nou, li pa atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè. (Li Sòm 103:12-14.) Ebyen, nan ki sans nou ka konplè, san okenn domaj oswa antye nan je Jewova?

5. Poukisa se lanmou ki pouse sèvitè Jewova yo ret fidèl?

5 Se lanmou ki pouse sèvitè Jewova yo ret fidèl avè l. Lanmou nou gen pou Bondye ak atachman nou gen pou Papa nou ki nan syèl la dwe rete konplè, san okenn domaj oswa antye. Si lanmou nou ret konsa, menm lè nou anba eprèv, konnen nou fidèl ak Bondye (1 Kwo. 28:9; Mat. 22:37). Annou retounen sou twa Temwen nou te pale de yo pi wo a. Poukisa yo te aji jan yo te aji a? Èske tifi a pa renmen pase bon moman nan lekòl li? Èske jèn gason an vle pou yo fè l wont lè l ap preche? Èske chèf fanmi an vle pèdi djòb li? Nou pa kwè sa. Okontrè, yo konnen prensip Jewova yo jis e yo fikse lespri yo sou sa ki fè Papa yo ki nan syèl la plezi. Piske yo renmen l, anvan yo pran yon desizyon, yo toujou chèche konn volonte l. Konsa, yo montre yo fidèl.

REZON KI FÈ NOU BEZWEN FIDÈL

6. a) Poukisa nou bezwen fidèl? b) Ki jan Adan ak Èv pa t montre yo fidèl?

6 Poukisa nou chak bezwen fidèl? Nou bezwen fidèl paske Satan pwovoke Jewova e l ap pwovoke nou. Zanj rebèl sa a te fè tèt li tounen Satan oswa “Opozan” nan jaden Edenn nan. Li te chèche sal non Jewova lè l te fè konprann Bondye se yon Chèf ki mechan, ki egoyis e ki malonèt. Malerezman, Adan ak Èv te pran pou Satan lè yo te fè yon rebelyon kont Jewova (Jen. 3:1-6). Lavi nan jaden Edenn nan te bay Adan ak Èv anpil okazyon pou yo chèche vin gen plis lanmou pou Jewova. Men, lè Satan te opoze ak Jewova a, yo pa t montre yo gen yon lanmou konplè oswa antye pou Jewova. Gen yon lòt kesyon ki vin soulve: Èske gen moun k ap ret fidèl ak Jewova Dye paske yo renmen l? Oswa nou te ka di, èske lèzòm kapab montre yo fidèl ak Bondye? Kesyon sa a te vin soulve nan ka pa Jòb.

7. Jan sa parèt nan Jòb 1:8-11, ki jan Jewova te konsidere fidelite Jòb, e ki jan Satan te konsidere fidelite Jòb?

7 Jòb t ap viv nan epòk Izrayelit yo te ann Ejip. Pa t gen moun ki te fidèl menm jan avè l nan epòk sa a. Li te enpafè menm jan avèk nou. Li te konn fè erè. Epoutan, Jewova te renmen Jòb paske li te fidèl. Sanble Satan te deja pwovoke Jewova anrapò ak fidelite moun. Se sa k fè Jewova te atire atansyon Satan sou Jòb. Fason mesye sa a t ap viv montre Satan se yon mantè. Satan te mande pou yo pase fidelite Jòb anba eprèv. Jewova te fè Jòb, zanmi l lan, konfyans e Li te pèmèt Satan pase l anba eprèv. — Li Jòb 1:8-11.

8. Ki fason Satan te atake Jòb?

8 Satan mechan anpil, e li se yon asasen. Li te atake sa Jòb te posede, li te fè l pèdi richès li te genyen, li te touye sèvitè l yo e li te fè l pèdi bèl repitasyon li te genyen nan zòn li t ap viv la. Li te atake fanmi Jòb, li te touye dis pitit li yo li te renmen anpil. Apre sa, li te atake kò Jòb, li fè l pèdi sante l lè l te fè l gen yon seri gwo bouton ki t ap fè l mal ki te kouvri tout kò l sot nan tèt li rive nan pye l. Madanm Jòb te dezespere anpil e l te gen anpil lapenn. Li te ankouraje Jòb pou Jòb lage sa, pou l modi Bondye epi pou l mouri. Jòb li menm te mande lanmò, men l te toujou kenbe fidelite l. Annapre, Satan eseye yon lòt metòd pou l atake Jòb. Li te sèvi ak twa mesye ki te zanmi Jòb. Mesye yo t al wè Jòb e yo te ret avè l pandan plizyè jou. Men, yo pa t konsole l. Okontrè, yo te san pitye, yo te di l yon pakèt pawòl ki di e yo te kritike l anpil. Yo te fè l konnen se Bondye ki fè l gen tout pwoblèm sa yo e Bondye pa bay fidelite l okenn enpòtans. Yo te menm fè konprann Jòb te yon moun ki mechan ki te merite pou move bagay sa yo rive l. — Jòb 1:13-22; 2:7-11; 15:4, 5; 22:3-6; 25:4-6.

9. Ki sa Jòb pa t janm fè lè l te anba eprèv?

9 Ki jan Jòb te reyaji devan tout pwoblèm sa yo? Li pa t pafè. Li te fache sou moun ki te swadizan vin konsole l yo, e li te di yon seri bagay li te vin rekonèt ki te san valè. Li te plis chèche defann tèt li olye l chèche defann Bondye (Jòb 6:3; 13:4, 5; 32:2; 34:5). Sepandan, menm nan moman bagay yo te rèd anpil pou Jòb, li pa t janm vire do bay Jewova Dye. Li pa t janm kwè nan manti fo zanmi l yo t ap bay yo. Li te di: “Sa pa t ap janm vin nan lide m pou m di nou se moun ki dwat! Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” (Jòb 27:5). Pawòl sa a te enpòtan anpil. Jòb pa t dekouraje, nou ka fè menm jan an.

10. Nan ki sans akizasyon Satan te lage sou Jòb la konsène w?

10 Satan lage menm akizasyon an sou do nou chak. Nan ki sans sa konsène w? Anfèt, li di ou pa vrèman renmen Jewova Dye e w ap sispann sèvi l depi lavi w an danje, e w pa vrèman fidèl (Jòb 2:4, 5; Rev. 12:10). Ki jan sa fè w santi w? Èske sa pa fè w mal? Men, fè yon ti reflechi sou jan Jewova fè w konfyans: Li kite Satan teste fidelite w paske li gen konfyans w ap kapab kenbe fidelite w, sa k ap pèmèt ou pwouve Satan se yon mantè. Li pwomèt l ap ede w fè sa (Ebre 13:6). Se pa ti privilèj sa ye pou Souvren linivè a fè nou konfyans! Èske w wè poukisa fidelite gen anpil enpòtans? Lè nou fidèl, sa pèmèt nou rejte manti Satan yo e sa pèmèt nou defann non Papa nou an epi soutni fason l ap dirije. Ki jan n ka vin gen kalite enpòtan sa a?

KI JAN NOU KA KONTINYE RET FIDÈL NAN EPÒK N AP VIV LA

11. Ki sa n ka aprann nan men Jòb?

11 Satan ap ogmante atak li yo nan “dènye jou” sa yo ki chaje ak pwoblèm (2 Tim. 3:1). Nan moman difisil sa yo, ki sa n ka fè pou n jwenn fòs pou nou kontinye ret fidèl ak Bondye? Yon lòt fwa ankò, nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Jòb. Byen lontan anvan Jòb te jwenn eprèv yo, li te deja fè plizyè bagay ki te montre l fidèl. Ann egzamine twa leson nou ka aprann nan men l anrapò ak sa n ka fè pou n jwenn fòs pou nou kontinye ret fidèl.

Ki fason nou ka vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl? (Gade paragraf 12.) *

12. a) Jan sa parèt nan Jòb 26:7, 8, 14, ki jan Jòb te fè vin gen lakrentif ak respè pou Jewova? b) Ki jan nou ka vin gen lakrentif nan kè nou pou Bondye?

12 Jòb te vin gen plis lanmou pou Jewova lè l te chèche gen plis lakrentif pou li. Jòb te pran tan pou l admire mèvèy ki gen nan sa Jewova kreye yo. (Li Jòb 26:7, 8, 14.) Li te rete bouch ouvè lè l t ap panse ak tè a, syèl la, nyaj yo ak loray yo, men li te rekonèt se yon ti bagay toupiti li konnen sou kantite bagay ki gen nan kreyasyon an. Jòb te bay pawòl Jewova anpil valè tou. Men sa l te di konsènan pawòl Bondye: “Mwen bay sa l di anpil valè.” (Jòb 23:12). Se lakrentif ak respè Jòb te gen pou Jewova ki te pouse l aji. Li te renmen Papa l ki nan syèl la e l te vle fè l plezi. Konsa, Jòb te vin gen plis detèminasyon pou l kontinye kenbe fidelite l. Nou bezwen fè menm jan ak Jòb. Nou konn plis bagay lontan sou mèvèy ki gen nan kreyasyon an pase moun nan epòk Jòb la. E nou gen tout Bib la ki ka ede nou konnen kiyès Jewova ye toutbon. Tout sa nou aprann yo ka ede nou vin gen plis lakrentif nan kè nou. Yon lòt bò, lakrentif ak respè nou gen pou Jewova ap pouse nou renmen l epi obeyi l e l ap fè nou plis anvi kontinye ret fidèl. — Jòb 28:28.

Nou vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl lè nou pa gade pònografi. (Gade paragraf 13.) *

13-14. a) Jan nou ka wè sa nan Jòb 31:1, ki jan Jòb te montre li se yon moun ki obeyi Bondye? b) Ki jan nou ka suiv egzanp Jòb?

13 Lefètke Jòb te toujou obeyi Bondye, sa te ba l fòs pou l kontinye ret fidèl. Jòb te konnen pou yon moun ret fidèl fòk li obeyi Bondye. Anfèt, chak fwa nou obeyi, sa ranfòse detèminasyon nou genyen pou n kontinye ret fidèl. Jòb te fè anpil efò pou l obeyi Bondye chak jou nan lavi l. Pa egzanp, li te veye sou konpòtman l genyen ak moun ki pa menm sèks avè l. (Li Jòb 31:1.) Antanke yon mesye marye, li te konnen sa pa kòrèk pou l enterese nan lòt fi apa madanm li. Jodi a, n ap viv nan yon monn ki chaje ak tantasyon nan domèn seksyèl. Menm jan ak Jòb, èske n ap refize enterese nan kèlkeswa moun nan alòske nou pa marye avè l? Mete sou sa, èske n ap refize gade vye imaj ki sal oswa imaj pònografi sou kèlkeswa fòm nan (Mat. 5:28)? Si nou metrize nou chak jou nan sans sa a, n ap vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl.

Nou vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl lè nou gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. (Gade paragraf 14.) *

14 Jòb te obeyi Jewova tou nan fason li te konsidere bagay materyèl. Jòb te wè si l ta mete konfyans li nan sa l posede, li t ap fè yon peche grav ki merite pou yo pini l (Jòb 31:24, 25, 28). Jodi a, n ap viv nan yon monn ki bay bagay materyèl anpil enpòtans. Si nou fè efò pou nou gen yon pwennvi ekilibre sou lajan ak bagay nou posede, jan Labib ankouraje nou fè sa, n ap vin gen plis detèminasyon pou nou kontinye ret fidèl. — Pwo. 30:8, 9; Mat. 6:19-21.

Nou vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl lè nou kenbe esperans nou genyen an vivan nan lespri nou. (Gade paragraf 15.) *

15. a) Ki rekonpans Jòb te espere jwenn, sa ki te ede l kontinye ret fidèl? b) Poukisa sa ka ede n kontinye kenbe esperans Jewova ban nou an nan lespri nou?

15 Jòb te kontinye ret fidèl paske li te gen espwa Bondye ap rekonpanse l. Li te kwè Bondye te bay fidelite l anpil valè (Jòb 31:6). Menm lè Jòb te jwenn eprèv, li te toujou gen asirans Jewova t ap rekonpanse l alafen. Sandout, asirans sa a li te genyen an te ede l kontinye ret fidèl. Jewova te tèlman kontan poutèt Jòb te fidèl, li te rekonpanse Jòb anpil aktout Jòb te enpafè (Jòb 42:12-17; Jak 5:11). E Jòb pral jwenn pi gwo rekonpans toujou. Èske w sèten Jewova ap rekonpanse w pou fidelite w? Bondye nou an pa chanje (Mal. 3:6). Si nou sonje Bondye bay fidelite nou anpil valè, n ap ka kontinye kenbe bèl esperans nou genyen an vivan nan lespri nou. — 1 Tes. 5:8, 9.

16. Ki detèminasyon nou dwe pran?

16 Kidonk, se pou nou pran detèminasyon pou n pa janm sispann ret fidèl ak Bondye! Pafwa, ou ka santi se ou menm sèl k ap goumen pou w montre w fidèl nan yon sitiyasyon. Men, ou pap janm poukont ou. W ap toujou pami plizyè milyon moun fidèl ki kontinye kenbe fidelite yo toupatou sou tè a. Epitou, y ap konte w pami yon pakèt gason ak fi ki te gen lafwa ki te kontinye rete fidèl nan tan lontan menm devan lanmò (Ebre 11:36-38; 12:1). Se pou nou tout pran detèminasyon pou nou ret fidèl menm jan ak Jòb ki te di: “Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” Se pou fidelite nou fè Jewova jwenn glwa pou toutan!

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

^ § 5 Ki sa fidelite ye? Poukisa Jewova kontan lè sèvitè l yo demontre kalite sa a? Poukisa fidelite enpòtan pou nou chak? Atik sa a pral ede nou jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa yo. Mete sou sa, l ap ede nou byen konprann sa nou ka fè pou n jwenn fòs pou nou kontinye ret fidèl ak Bondye chak jou ki pase. Lè nou fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon.

^ § 3 Mo ebre lè yo tradui l yo mete “ki pa gen okenn domaj” lè y ap pale de bèt gen rapò ak mo “fidelite” yo itilize lè y ap pale de moun.

^ § 50 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nou wè Jòb lè l te jèn k ap montre kèk nan pitit li yo mèvèy ki gen nan sa Jewova kreye yo.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki pa kite kòlèg travay li fè l gade pònografi.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki reziste devan tantasyon pou l achte yon gwo televizyon ki koute chè, alòske l pa bezwen l e l pa gen mwayen pou l achte l.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki pran tan pou l medite e pou l priye sou espwa li genyen pou l viv nan Paradi a.