Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 7

Chèche gen imilite e w ap fè Jewova kontan

Chèche gen imilite e w ap fè Jewova kontan

“Chèche Jewova, nou tout sou tè a ki gen imilite [...] chèche gen imilite.” — SOF. 2:3.

KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki sa Labib di sou Moyiz, e ki sa Moyiz te fè? b) Ki sa k ankouraje nou fè efò pou n gen imilite?

LABIB fè konnen Moyiz “se moun ki te gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a”. (Nonb 12:3.) Èske sa vle di Moyiz se te yon moun ki te fèb, ki te pè pran desizyon e ki te pè antre nan diskisyon? Se konsa kèk moun panse moun ki gen imilite yo ye. Men, se pa vre. Moyiz se te yon moun ki te djanm, ki te konn pran desizyon, e li te yon sèvitè Bondye ki gen kouraj. Avèk èd Jewova, li te parèt devan dirijan peyi Ejip la ki te gen anpil pisans, li te fè 3 000 000 moun konsa travèse yon dezè e li te ede nasyon Izrayèl la pote laviktwa sou ènmi yo.

2 Nou pa jwenn menm difikilte ak Moyiz men se chak jou nou dwe fè fas ak moun oubyen ak sitiyasyon ki fè l difisil pou nou aji avèk imilite. Men, gen yon bagay ki ta dwe pouse nou fè anpil efò pou n vin gen kalite sa a. Selon pwomès Jewova fè: “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a.” (Sòm 37:11). Èske w t ap di ou se yon moun ki gen imilite? Èske lòt moun t ap di ou gen kalite sa a? Anvan nou reponn kesyon enpòtan sa yo, nou bezwen konnen sa sa vle di gen imilite.

KI SA IMILITE YE?

3-4. a) Ak ki sa nou ka konpare imilite? b) Ki kalite nou bezwen genyen si nou vle gen imilite, e poukisa?

3 Imilite * tankou yon bèl tablo. Nan ki sans? Menm jan yon atis met plizyè bèl koulè ansanm pou l fè yon tablo, se konsa, nou dwe gen plizyè bèl kalite pou nou gen imilite. Pami kalite nou plis bezwen yo, gen soumisyon, dousè, ak kouraj. Èske nou bezwen gen kalite sa yo si nou vle fè Jewova plezi?

4 Se sèl moun ki gen imilite k ap soumèt devan volonte Bondye. Youn nan bagay Bondye vle se pou nou dou (Mat. 5:5; Gal. 5:23). Lè nou fè volonte Bondye, nou fè Satan fache. Donk, menm lè nou gen imilite e nou se moun ki dou, anpil moun ki fè pati monn Satan an rayi nou (Jan 15:18, 19). Konsa, nou bezwen gen kouraj pou nou reziste devan Satan.

5-6. a) Pou ki rezon Satan rayi moun ki gen imilite yo? b) Ki kesyon nou pral reponn?

5 Yon moun ki pa gen imilite se yon moun ki awogan, ki fè kòlè san kontwòl e ki pa obeyi Jewova. Se egzakteman konsa Satan ye. Nou pa bezwen sezi lè n tande li rayi moun ki gen imilite! Bèl kalite moun sa yo genyen montre jan Satan mechan. Sa k fè l pi fache se paske yo pwouve li se yon mantè. Kòman sa? Paske kèlkeswa sa l di oubyen kèlkeswa sa l fè, li pap janm ka anpeche moun ki gen imilite yo sèvi Jewova. — Jòb 2:3-5.

6 Ki lè n ka twouve li difisil pou nou gen imilite? E poukisa nou dwe kontinye chèche gen imilite? Pou nou ka jwenn repons kesyon sa yo, nou pral egzamine egzanp Moyiz, twa Ebre ki te prizonye nan Babilòn yo ak Jezi.

KI LÈ LI DIFISIL POU NOU GEN IMILITE?

7-8. Ki jan Moyiz te reyaji lè yo pa t respekte l?

7 Lè yo ban nou otorite: Li ka difisil pou moun ki gen otorite yo kenbe imilite yo sitou lè moun ki anba otorite yo pa respekte yo oubyen yo pa soutni desizyon yo pran. Èske sa te janm rive w? Ki jan w t ap santi w si se yon fanmi w ki te aji konsa? Ki sa w t ap fè? Ann gade ki jan Moyiz te aji nan yon sitiyasyon konsa.

8 Jewova te mete Moyiz chèf nasyon Izrayèl la e li te pèmèt li ekri lwa pou nasyon an suiv. Tout moun te ka wè se Jewova ki t ap soutni Moyiz. Aktout sa, Miryam, pwòp sè Moyiz, ak Arawon, frè l la, te pale l mal e yo te kritike l poutèt fi li te chwazi kòm madanm li an. Gen kèk moun, si yo te nan pozisyon Moyiz te ye a, yo t ap fache anpil e yo t ap vle vanje. Men, se pa t sa Moyiz te fè. Li pa t kouri fache. Li te menm sipliye Jewova pou l retire pinisyon li te bay Miryam nan (Nonb 12:1-13). Poukisa se konsa Moyiz te reyaji?

Moyiz te sipliye Jewova pou l retire pinisyon li te bay Miryam nan. (Gade paragraf 8.)

9-10. a) Ki sa Jewova te ede Moyiz konprann? b) Ki sa chèf fanmi yo ak ansyen yo ka aprann nan men Moyiz?

9 Moyiz te kite Jewova fòme l. Anviwon 40 an anvan sa, li te fè pati fanmi wa peyi Ejip la, lè sa a, li pa t gen imilite. Anfèt, li te tèlman gen san cho, li te touye yon mesye li te twouve ki aji yon fason ki pa t jis. Moyiz te panse Jewova t ap dakò ak sa l te fè a. Jewova te pase 40 an ap ede Moyiz konprann se pa kouraj sèlman li te bezwen genyen pou l dirije Izrayelit yo, li te bezwen gen imilite. Pou Moyiz te ka gen imilite, li te bezwen soumèt e li te dwe gen tanperaman dou. Li te byen konprann leson an, e li te vin yon bon siveyan. — Egz. 2:11, 12; Tra. 7:21-30, 36.

10 Jodi a, chèf fanmi yo ak ansyen yo ta dwe imite Moyiz. Si yo pa respekte w, pa kouri fache. Avèk imilite, rekonèt kèlkeswa erè w te fè (Ekl. 7:9, 20). Soumèt devan direksyon Jewova bay sou fason pou nou regle pwoblèm yo, e toujou reponn avèk dousè (Pwo. 15:1). Chèf fanmi ak siveyan ki aji konsa yo fè Jewova plezi, yo pèmèt gen lapè e yo bay egzanp sou fason pou nou demontre imilite.

11-13. Ki egzanp twa Ebre yo kite pou nou?

11 Lè yo pèsekite nou: Depi lontan, gen yon seri dirijan k ap pèsekite pèp Jewova a. Yo ka lage plizyè akizasyon sou do nou. Men, vrè pwoblèm nan se paske “se Bondye nou [chwazi] obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. (Tra. 5:29.) Yo ka pase nou nan rizib, yo ka mete nou nan prizon oswa yo ka menm maltrete nou. Men, avèk èd Jewova, nou pap rann mal pou mal, men n ap rete kalm pandan nou anba eprèv la.

12 Annou reflechi sou egzanp twa Ebre ki te ann egzil yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya *. Wa Babilòn nan te ba yo lòd pou yo pwostène devan yon gwo estati annò. Avèk dousè, yo te fè wa a konprann yo pap adore estati a. Yo te kontinye soumèt devan Bondye menm lè wa a te menase yo pou yo boule yo nan yon founèz dife. Jewova te chwazi sove mesye sa yo menm moman an, men yo pa t panse li te dwe yo sa. Okontrè, yo te dispoze aksepte kèlkeswa sa Jewova ta kite rive yo (Dàn. 3:1, 8-28). Yo te montre moun ki gen imilite se moun ki vrèman gen kouraj, e pa gen okenn wa, okenn menas ak okenn pinisyon ki kapab kraze detèminasyon nou pran pou nou “atache [ak Jewova] sèlman”. — Egz. 20:4, 5.

13 Ki jan nou ka imite twa Ebre yo lè fidelite nou pou Bondye pase anba eprèv? Avèk imilite, nou gen konfyans Jewova ap ede nou (Sòm 118:6, 7). Nou reponn moun ki akize nou kòmkwa n ap fè sa ki mal yo avèk dousè e avèk respè (1 Pyè 3:15). E nou pap kite anyen kraze amitye nou gen ak Papa nou an ki renmen nou.

Lè lòt moun opoze avè n, nou reponn avèk respè. (Gade paragraf 13.)

14-15. a) Ki sa k ka rive lè nou anba strès? b) Selon Ezayi 53:7, 10, poukisa nou ka di Jezi se pi bèl egzanp antanke moun ki te aji avèk imilite lè l te anba strès?

14 Lè nou anba strès: Gen anpil bagay ki konn fè nou strese. Nou gendwa santi n strese anvan nou konpoze nan lekòl nou oubyen anvan nou fè yon travay yo ban nou fè. Nou kapab strese tou lè nou reflechi ak yon tretman medikal nou ka bezwen. Lè nou strese, li difisil pou nou aji avèk imilite. Yon seri bagay ki gendwa pa ban nou pwoblèm nan tan nòmal ka kòmanse fè nou enève. Nou ka pale rèd ak moun e nou ka trete lòt moun yon fason ki pa janti. Si w konn santi w strese, reflechi sou egzanp Jezi.

15 Nan dènye moman Jezi te pase sou tè a, nan dènye mwa yo, li te anba gwo strès. Li te konnen yo t apral touye l e li t apral soufri anpil (Jan 3:14, 15; Gal. 3:13). Kèk mwa anvan Jezi mouri, li te fè konnen li te santi l strese (Lik 12:50). E kèk jou sèlman anvan l mouri, li te di: “Mwen boulvèse.” Nou ka santi jan Jezi te gen imilite ak jan li te soumèt li devan Bondye nan moman l t ap priye Bondye pou l fè Bondye konn sa l santi. Li te di: “Papa, sove m anba sa k pral rive a. Epoutan, rezon ki fè m vini se pou m andire moman sa a. Papa, fè non w jwenn glwa.” (Jan 12:27, 28). Lè lè a te rive, Jezi te livre tèt li avèk kouraj bay moun ki te ènmi Bondye yo, ki te touye l fason ki pi di e ki pi imilyan ki te ka genyen an. Malgre Jezi te anba strès, malgre li t ap soufri, li te fè volonte Bondye avèk imilite. Pa gen dout nan sa, nou ka di Jezi se pi bèl egzanp kote yon moun te demontre imilite pandan l anba strès! — Li Ezayi 53:7, 10.

Jezi se pi bèl egzanp ki genyen nan demontre imilite. (Gade paragraf 16-17.) *

16-17. a) Ki jan zanmi Jezi yo te fè l difisil pou l aji avèk imilite? b) Ki jan nou ka imite Jezi?

16 Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, pi bon zanmi l yo te aji yon fason ki te fè l difisil pou l aji avèk imilite. Imajine jan Jezi te santi l strese nan nuit sa a. Èske l t ap ret fidèl nèt jis li mouri? Si l pa t rete fidèl, pa gen youn nan plizyè milya moun ki sou tè a ki t ap gen espwa pou yo gen lavi (Wom. 5:18, 19). Sa k pi enpòtan an sèke fason l aji t ap gen efè sou repitasyon Papa l (Jòb 2:4). Epi, dènye fwa li t ap manje ak apot li yo, ki te pi bon zanmi l, konvèsasyon yo t ap fè te vin tounen “yon gwo diskisyon” paske yo te vle “konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. Jezi te korije zanmi l yo plizyè fwa deja sou bagay sa a, e li te deja korije yo menm jou swa sa a! Sa ki estrawòdinè sèke Jezi pa t fache. Okontrè, li te aji avèk dousè. Yon lòt fwa ankò, Jezi te montre l janti, men l te fèm tou, lè l t ap esplike yo ki atitid yo ta dwe genyen. Apre sa, li te felisite zanmi l yo dèske yo te rete fidèl avèk li. — Lik 22:24-28; Jan 13:1-5, 12-15.

17 Ki jan w t ap reyaji si w ta nan yon sitiyasyon konsa? Nou ka imite Jezi e nou ka kontinye aji avèk dousè menm lè nou anba strès. Se pou nou dispoze obeyi kòmandman Jewova bay pou “youn kontinye sipòte lòt” la (Kol. 3:13). N ap obeyi kòmandman sa a si nou sonje nou tout konn di oswa fè yon seri bagay ki ka fè lòt moun fache (Pwo. 12:18; Jak 3:2, 5). Epi, toujou fè efò pou w felisite lòt moun pou bèl kalite ou wè yo genyen. — Efe. 4:29.

POUKISA NOU BEZWEN KONTINYE CHÈCHE GEN IMILITE?

18. Ki jan Jewova ede moun ki gen imilite yo pran bon desizyon, men, ki sa yo dwe fè?

18 N ap ka pran pi bon desizyon. Lè nou gen desizyon ki difisil pou n pran nan lavi nou, Jewova ap ede nou pran bon desizyon. Men, se sof si nou gen imilite. Li pwomèt l ap tande “priyè moun ki gen imilite yo”. (Sòm 10:17.) E se pa tande l ap tande priyè nou sèlman. Labib pwomèt: “L ap montre moun ki gen imilite yo sa ki dwat, l ap aprann yo chemen l yo.” (Sòm 25:9). Jewova montre nou sa pa mwayen Bib la ak piblikasyon yo * e pa mwayen pwogram “esklav fidèl ki prevwayan an” mete sou pye (Mat. 24:45-47). Nou menm bò kote pa nou, nou dwe aji ak imilite e nou dwe rekonèt nou bezwen èd Jewova lè nou etidye sa l ban nou e lè nou aplike sa nou aprann yo ak tout kè nou.

19-21. Ki erè Moyiz te fè lè l te Kadès, e ki leson nou ka aprann nan sa?

19 N ap evite fè erè. Fè yon ti reflechi ankò sou egzanp Moyiz. Pandan plizyè dizèn ane, li te aji ak imilite e li te fè Jewova plezi. Men, nan fen peryòd difisil ki te dire 40 an Izrayelit yo te fè ap monte desann nan dezè a, te gen yon lè Moyiz pa t aji avèk imilite. Yo te fèk antere sè l la nan zòn Kadès, li menm petèt ki te ede yo sove lavi Moyiz ann Ejip. Yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te fè konprann yo pa t byen pran swen yo. Fwa sa a yo “te pete yon sèl diskisyon ak Moyiz” paske yo pa t gen dlo. Malgre Jewova te bay Moyiz pouvwa pou l fè anpil mirak e malgre tout tan Moyiz te fè ap dirije a san se pa yon enterè l t ap defann, Izrayelit yo te plenyen kanmenm. Nonsèlman yo te plenyen pou dlo yo pa t jwenn, men tou yo te plenyen kont Moyiz, kòmsi se li ki te fè yo pa t jwenn dlo pou yo bwè. — Nonb 20:1-5, 9-11.

20 Moyiz te tèlman fache, li te sispann aji avèk dousè. Olye li te pale ak wòch la, jan Jewova te ba l lòd fè sa a, li te pito pale rèd ak pèp la, epi l te fè konnen li pral fè yon mirak. Apre sa, li frape wòch la de fwa epi yon pakèt dlo vide. Ògèy ak kòlè te lakòz Moyiz fè yon gwo erè (Sòm 106:32, 33). Bondye pa t kite Moyiz antre nan Peyi li te pwomèt la, paske pandan yon ti tan Moyiz te manke imilite. — Nonb 20:12.

21 Gen yon gwo leson nou ka aprann nan sa ki te rive a. Premyèman, nou dwe toujou fè efò pou nou kontinye gen imilite. Si nou sispann travay pou n gen kalite sa a, nan yon tikras tan, nou ka vin gen ògèy e sa ka lakòz nou pale oubyen nou aji yon fason ki pa kòrèk. Dezyèmman, lè nou anba strès li ka difisil pou nou kontinye aji ak imilite. Se sa k fè, nou dwe fè tout sa n kapab pou nou kontinye aji ak imilite menm lè nou anba presyon.

22-23. a) Poukisa nou dwe kontinye chèche gen imilite? b) Ki sa pawòl ki nan Sofoni 2:3 a montre?

22 N ap jwenn pwoteksyon. Talè konsa, Jewova pral retire tout moun ki mechan sou tè a e se sèl moun ki gen imilite k ap rete. Lè sa a tè a ap gen lapè sou li toutbon (Sòm 37:10, 11). Èske w ap pami moun ki gen imilite yo? Ou kapab si w aksepte bèl envitasyon Jewova fè ki parèt nan liv pwofèt Sofoni te ekri a. — Li Sofoni 2:3.

23 Poukisa Sofoni 2:3 di: “Petèt n ap jwenn pwoteksyon”? Pawòl sa a pa vle di Jewova pa kapab pwoteje moun ki vle fè l plezi e li renmen. Okontrè, li montre nou dwe fè yon bagay si nou vle jwenn pwoteksyon Jewova. Nou gen posiblite pou nou chape nan “jou kòlè Jewova a” e pou nou viv pou toutan si nou fè efò pou nou chèche imilite e pou nou fè Jewova plezi.

KANTIK 120 Annou chèche vin dou menm jan ak Kris

^ § 5 Pa gen youn nan nou ki fèt ak imilite. Nou dwe fè efò pou nou vin gen imilite. Petèt nou ka twouve li pi fasil pou nou demontre imilite lè n ap boule ak moun ki pezib, men nou gendwa twouve l difisil pou nou gen kalite sa a lè n ap fè fas ak moun ki gen ògèy. Atik sa a pral pale sou kèk bagay nou kapab fè pou n ka vin gen bèl kalite sa a, anpalan de imilite.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Imilite. Moun ki gen imilite se moun ki janti ak moun e ki kontinye aji ak dousè menm lè yo pwovoke yo. Mete sou sa, moun ki gen imilite se moun ki pa gen ògèy oswa ki pa awogan. Yo konsidere lòt moun siperyè yo. Lè yo di Jewova gen imilite, sa vle di li boule ak moun ki pi ba pase l avèk lanmou e avèk mizèrikòd.

^ § 12 Babilónyen yo te rele twa Ebre sa yo Chadrak, Mechak ak Abèdnego. — Dàn. 1:7.

^ § 18 Pa egzanp, gade atik ki gen tit “Pran desizyon ki onore Bondye” ki te parèt nan Toudegad 15 avril 2011.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi te kontinye aji avèk dousè e li te korije disip li yo avèk kalm apre yo te fin fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan.