Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 8

Poukisa nou bezwen gen rekonesans?

Poukisa nou bezwen gen rekonesans?

“Montre nou gen rekonesans.” — KOL. 3:15.

KANTIK 46 Mèsi Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan yon Samariten Jezi te geri te montre li gen rekonesans?

DIS mesye yo te fin pèdi espwa. Yo te gen lèp e yo pa t panse yo t ap geri. Men, yon jou, pandan yo nan yon distans, yo wè Jezi, Gran Anseyan an. Yo te aprann Jezi konn geri tout kalite maladi, e yo te gen konviksyon li kapab geri yo tou. Se sa k fè yo te di byen fò: “Jezi, Anseyan, gen pitye pou nou!” Dis mesye yo te geri nèt. Pa gen dout, yo tout te kontan pou bon aksyon Jezi te fè pou yo a. Men, gen youn nan yo ki pa t annik santi li gen rekonesans pou sa Jezi te fè pou li a, men li te montre Jezi li apresye sa l fè a *. Mesye sa a ki te geri a ki te yon Samariten te santi fò l bay Bondye glwa “byen fò”. — Lik 17:12-19.

2-3. a) Sa k fè nou konn pa rive montre rekonesans? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Menm jan ak Samariten an, nou dwe montre rekonesans pou moun ki aji byen ak nou. Men, pafwa, nou konn bliye fè moun nan konnen jan nou te apresye sa l te fè a, oswa nou bliye montre l sa.

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine rezon ki fè li enpòtan pou n montre nou gen rekonesans. Nou pral egzamine egzanp kèk moun nan Bib la ki te demontre rekonesans ak egzanp kèk moun ki pa t fè sa. Apre sa, nou pral egzamine kèk fason byen presi nou ka montre nou gen rekonesans.

POU KI REZON NOU DWE MONTRE REKONESANS?

4-5. Pou ki rezon nou dwe montre rekonesans?

4 Jewova ban nou egzanp nan kesyon montre rekonesans lan. Youn nan fason li fè sa se lè li rekonpanse moun ki fè l plezi (2 Sam. 22:21; Sòm 13:6; Mat. 10:40, 41). Labib ankouraje nou pou n “imite Bondye, antanke pitit li renmen”. (Efe. 5:1.) Donk youn nan prensipal rezon ki fè nou dwe montre rekonesans se paske nou vle suiv egzanp Jewova.

5 Annou egzamine yon lòt rezon ki fè nou dwe montre rekonesans nou gen pou lòt moun. Rekonesans se tankou yon bon manje: ou santi w pi kontan lè w pataje l ak lòt moun. Lè nou santi lòt moun gen rekonesans pou sa nou fè, nou kontan. Lè nou demontre rekonesans, nou fè lòt moun kontan. Moun nou montre nou gen rekonesans pou li a konnen nou te apresye efò l te fè pou l ede nou an, oswa pou l ban nou yon bagay nou te bezwen. Sa vin fè amitye ki gen ant nou menm ak moun sa a vin pi solid.

6. Ki rapò ki genyen ant pòm ki fèt annò ak pawòl nou di pou nou montre rekonesans?

6 Lè nou montre nou gen rekonesans, sa gen anpil valè. Men sa Labib di: “Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye.” (Pwo. 25:11). Imajine jan yon pòm ki fèt annò ki nan yon kabare ann ajan dwe bèl! Epi imajine jan se yon bagay ki dwe gen anpil valè! Ki jan w t ap santi w si yo ta ba w yon kado konsa? Ebyen, pawòl ou di lòt moun pou w montre rekonesans ou ka gen valè menm jan an. Epi, ann fè yon ti reflechi: Yon pòm ki fèt annò ka dire anpil tan. Menm jan an tou, lè w demontre rekonesans, sa ka fè moun nan sonje sa pandan tout vi l e l ap apresye sa anpil.

YO TE MONTRE YO GEN REKONESANS

7. Jan nou wè sa nan Sòm 26:6-8, ki jan David ak lòt moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te montre yo gen rekonesans?

7 Anpil sèvitè Bondye nan tan lontan te montre yo gen rekonesans. David se te youn nan yo. (Li Sòm 26:6-8.) Li te apresye adorasyon ki pwòp la anpil e l te montre sa byen klè. Li te bay anpil bagay pou konstriksyon tanp lan. Desandan Asaf yo te konn montre rekonesans yo lè yo te ekri sòm oswa chante pou fè louwanj pou Jewova. Nan youn nan chante yo, yo te di Bondye mèsi e yo te fè konnen admirasyon yo genyen pou “gwo aksyon” li fè (Sòm 75:1). Sa klè, David ak desandan Asaf yo te vle montre Jewova ki jan yo gen rekonesans pou tout benediksyon yo te resevwa nan men l. Èske w ka reflechi sou fason w ka imite moun sa yo ki te patisipe nan ekri sòm yo?

Ki sa lèt Pòl te ekri Women yo aprann nou sou fason pou nou montre nou gen rekonesans? (Gade paragraf 8-9.) *

8-9. Ki jan apot Pòl te montre li gen rekonesans pou frè ak sè l yo, e sandout ki rezilta sa te genyen?

8 Apot Pòl te apresye frè l ak sè l yo e li te montre sa nan fason li te konn pale de yo. Li te toujou di Bondye mèsi pou yo nan priye pèsonèl li te konn fè. Li te montre li apresye yo tou nan lèt li te konn voye ba yo. Nan 15 premye vèsè ki nan Women chapit 16 la, Pòl te site non 27 lòt kretyen. Pòl te sitou sonje Priska ak Akila “te riske vi yo” pou li, e li te pale de Febe kòm moun ki te “defann anpil frè”, san wete Pòl. Li te felisite frè ak sè sa yo li te renmen e ki te konn travay di. — Wom. 16:1-15.

9 Pòl te konnen frè l ak sè l yo enpafè, men nan fen lèt li te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te chwazi konsantre sou bèl kalite yo genyen. Imajine jan sa dwe te ankouraje frè ak sè sa yo lè yo te tande y ap li sa apot Pòl te di yo byen fò nan kongregasyon an! Kòm rezilta, sandout relasyon Pòl te gen ak frè ak sè yo te vin pi solid. Èske w montre rekonesans regilyèman pou bon bagay lòt moun nan kongregasyon w lan di w oswa fè pou ou?

10. Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te montre rekonesans li gen pou disip li yo?

10 Jezi te montre jan li apresye travay disip li yo te fè nan mesaj li te voye pou kèk kongregasyon nan zòn Azi Minè. Pa egzanp, men ki jan li te kòmanse mesaj li te voye bay kongregasyon Tiyati a: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.” (Rev. 2:19). Jezi pa t sèlman pale de gwo travay yo te fè, men li te felisite yo tou pou kalite ki te pouse yo fè bèl aksyon. Byenke Jezi te bezwen bay kèk moun nan kongregasyon Tiyati a konsèy, kanmenm, li te kòmanse mesaj li a ak pawòl ankourajman e li te fini l ak pawòl ankourajman (Rev. 2:25-28). Ann fè yon ti reflechi sou otorite Jezi genyen kòm chèf tout kongregasyon yo. Li pa oblije di nou mèsi pou travay nou fè pou li. Men, malgre sa, li montre li gen rekonesans. Ala yon bèl egzanp li bay ansyen yo!

YO PA T MONTRE YO GEN REKONESANS

11. Jan Ebre 12:16 montre sa, ki pwennvi Ezaou te genyen konsènan bagay sakre?

11 Malerezman, gen kèk moun Bib la pale de yo ki pa t montre yo gen rekonesans. Ann pran egzanp Ezaou. Byenke paran l yo te renmen Jewova e yo te respekte l, li menm li pa t apresye bagay sakre. (Li Ebre 12:16.) Ki jan li te montre li pa t gen rekonesans? Ezaou te vann Jakòb dwa li genyen kòm premye pitit la san reflechi pou yon senp bòl bouyon (Jen. 25:30-34). Annapre, Ezaou te regrèt desizyon li te pran an anpil. Men, li pa t montre li gen rekonesans pou sa l genyen, donk, li pa gen okenn rezon pou l plenyen poutèt li te pèdi benediksyon li te genyen kòm premye pitit la.

12-13. Ki jan Izrayelit yo te montre yo pa gen rekonesans, e ki rezilta sa te bay?

12 Izrayelit yo te gen anpil rezon pou yo gen rekonesans. Yo te sot ann esklavaj ann Ejip apre Jewova te fin lage dis flewo sou Ejip. Apre sa, Bondye te pwoteje yo lè l te detwi tout lame Ejip la nan Lanmè Wouj. Izrayelit yo te tèlman gen rekonesans yo te chante yon chante laviktwa pou fè louwanj pou Jewova. Men, èske yo te kontinye montre yo gen rekonesans?

13 Lè Izrayelit yo te vin jwenn lòt pwoblèm, yo pa t pran tan pou yo bliye tout bon bagay Jewova te fè pou yo. Donk, yo te montre yo pa t gen rekonesans (Sòm 106:7). Kòman? Men sa Bib la di: “Tout Izrayelit yo te kòmanse ap plenyen kont Moyiz ak Arawon.” An reyalite, se kont Jewova yo t ap plenyen (Egz. 16:2, 8). Se te yon desepsyon sa te ye pou Jewova lè l te wè jan pèp li a te montre yo pa gen rekonesans. Annapre, Jewova te fè konnen tout Izrayelit nan jenerasyon sa a t ap mouri nan dezè a, eksepte Jozye ak Kalèb (Nonb 14:22-24; 26:65). Annou wè ki jan nou ka evite suiv move egzanp sa yo ak fason pou nou imite bon egzanp yo.

FASON NOU KA MONTRE NOU GEN REKONESANS JODI A

14-15. a) Ki jan moun ki marye yo ka montre yo gen rekonesans youn pou lòt? b) Ki jan paran yo ka aprann pitit yo gen rekonesans?

14 Nan fanmi. Tout fanmi an jwenn byenfè lè chak moun montre yo gen rekonesans. Plis moun ki marye yo montre rekonesans youn pou lòt, se plis y ap vin pi pwòch youn ak lòt. Mete sou sa, y ap twouve li pi fasil pou youn padone lòt lè yo fè erè. Yon mari ki gen rekonesans pou madanm li pap sèlman wè sa madanm li di ak sa l fè ki bon, men tou l ap “kanpe e [l ap] fè lwanj pou li”. (Pwo. 31:10, 28.) Epitou, yon fi ki gen sajès fè mari l konnen aklè sa li apresye lakay li.

15 Paran, ki jan n ka aprann pitit nou yo montre yo gen rekonesans? Nou bezwen sonje pitit nou yo ap imite sa nou di ak sa nou fè. Donk, ba yo bon egzanp lè nou di yo mèsi lè yo fè yon bagay pou nou. Mete sou sa, nou bezwen aprann pitit nou yo di mèsi lè lòt moun fè yon bagay pou yo. Ede pitit nou yo konprann yo dwe montre rekonesans ak tout kè yo e pawòl yo di ka gen bon efè sou moun. Pa egzanp, gen yon jèn dam ki rele Clary ki te di: “Lè manman m te gen 32 an, bridsoukou li te vin twouve l ap leve twa pitit poukont li. Lè mwen menm mwen te vin gen 32 an, m te vin rann mwen kont jan sa dwe te difisil pou li nan laj sa a. Se sa k fè mwen te di l jan m apresye tout sakrifis li te fè pou l leve mwen menm ak frè m nan. Pa gen twò lontan li te fè m konnen pawòl mwen yo te touche kè l anpil e yo vin nan lespri l byen souvan, epi yo toujou fè l pase yon bon jounen.”

Aprann pitit ou fason pou l montre li gen rekonesans. (Gade paragraf 15.) *

16. Bay yon egzanp ki montre lè yon moun gen rekonesans sa ka ankouraje lòt moun.

16 Nan kongregasyon an. Lè nou montre frè n ak sè n yo nou apresye yo, sa ankouraje yo. Pa egzanp, Jorge, yon ansyen ki gen 28 an te vin malad grav. Li pa t ka asiste reyinyon pandan yon mwa. Menm apre li te rekòmanse asiste reyinyon, li pa t kapab patisipe nan pwogram nan. Men sa Jorge admèt: “Mwen te santi m pa vo anyen akoz limit mwen te vin genyen yo. E m pa t kapab fè travay mwen te gen nan kongregasyon an. Men, apre yon reyinyon, gen yon frè ki te di m: ‘Mwen vle remèsye w pou bèl egzanp ou bay fanmi m. Ou pa ka imajine jan m te renmen diskou w te konn bay nan ane ki sot pase yo. Yo te ede nou fè pwogrè nan domèn espirityèl.’ Sa te tèlman touche m, dlo te koule nan je m. Pawòl li te di m yo se egzakteman sa m te bezwen tande.”

17. Selon Kolosyen 3:15, ki jan nou ka montre Jewova nou gen rekonesans pou tout bèl kado li ban nou yo?

17 Pou Bondye nou an ki donan. Jewova ban nou anpil manje nan domèn espirityèl. Pa egzanp, nou jwenn enstriksyon ki ede nou pa mwayen reyinyon nou yo, peryodik nou yo ak sit Entènèt nou yo. Èske sa deja rive ou tande yon diskou, ou li yon atik oubyen ou gade yon emisyon Tele JW epi w di tèt ou: ‘Se egzakteman sa m te bezwen?’ Ki jan nou ka montre Jewova nou gen rekonesans? (Li Kolosyen 3:15.) Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou di l mèsi nan priyè nou yo pou tout bèl kado sa yo. — Jak 1:17.

Lè nou patisipe nan netwaye Sal Wayòm nan, se yon bon fason pou nou montre n gen rekonesans. (Gade paragraf 18.)

18. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou Sal Wayòm nou an?

18 Yon lòt fason nou montre Jewova nou gen rekonesans se lè nou toujou kenbe kote nou adore l la pwòp e annòd. Nou patisipe regilyèman nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm nou yo, e moun ki sèvi ak ekipman elektwonik ki gen nan kongregasyon an fè sa ak anpil swen. Lè nou fè antretyen nan Sal Wayòm nou yo kòrèkteman, y ap dire pi lontan e yo pap bezwen anpil gwo reparasyon. Konsa, nou pèmèt gen plis lajan ki disponib pou konstwi oswa renove lòt Sal Wayòm sou tout tè a.

19. Ki sa w te aprann nan eksperyans yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li te fè?

19 Pou moun k ap travay di pou nou. Lè nou montre nou gen rekonesans, pawòl nou di ka chanje atitid yon moun lè l devan sitiyasyon ki difisil. Annou pale de eksperyans yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li te fè. Yon jou, yo te pase tout yon jounen ap preche nan gwo fredi, lè yo te tounen lakay yo, yo te faya nèt. Li te tèlman fè frèt, madanm nan te tou dòmi ak manto ki te sou li a. Nan demen maten, li di mari l li pa t santi l kapab kontinye nan travay sikonskripsyon an. Nan menm maten sa a, yo te resevwa yon lèt ki te soti nan biwo filyal la, e se te pou madanm nan lèt la te ye. Lèt la te felisite l anpil pou sèvis li ak andirans li. Nan lèt la, yo te montre yo konprann jan li ka difisil pou l deplase sot nan yon lojman al nan yon lòt chak semèn. Mari a di: “Felisitasyon sa yo te tèlman touche l, li pa t janm pale sou kesyon kite travay sikonskripsyon an ankò. Anfèt, plizyè fwa, se li menm ki te ankouraje m kontinye lè m te panse kite sèvis la.” Mari ak madanm sa a te rete nan travay sikonskripsyon an pandan prèske 40 an.

20. Ki sa nou dwe eseye fè chak jou, e poukisa?

20 Se pou nou toujou fè efò chak jou pou nou montre rekonesans nan sa nou di ak nan sa nou fè. Pawòl sensè nou di oswa aksyon nou fè ak tout kè nou se kapab sa sèlman yon moun bezwen pou l kenbe djanm chak jou nan monn sa a ki san rekonesans. Epi lè nou montre nou gen rekonesans, sa ap fè nou vin gen yon seri amitye ki ka dire pou toutan. Sa k pi enpòtan an, n ap imite Jewova, Papa nou an, ki donan e ki gen rekonesans.

KANTIK 20 Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

^ § 5 Ki sa egzanp Jewova ak Jezi ak yon Samariten ki te gen lèp ka aprann nou konsènan montre rekonesans? Nan atik sa a nou pral egzamine egzanp sa yo ak lòt ankò. Nou pral pale sou rezon ki fè li enpòtan anpil pou nou montre rekonesans e nou pral egzamine kèk fason presi nou ka fè sa.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Apresye yon moun oubyen yon bagay vle di rekonèt enpòtans moun sa a oswa bagay sa a genyen. Mo sa a ka gen rapò tou ak rekonesans nou genyen ki soti nan kè nou.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Y ap li lèt Pòl te voye a nan kongregasyon Wòm; Akila, Prisil, Febe ak lòt moun ankò, kontan tande yo site non yo.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon manman k ap ede pitit fi l montre rekonesans pou bèl egzanp yon sè aje bay.