Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 9

Fason Lwa Moyiz la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li

Fason Lwa Moyiz la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li

“Li renmen ladwati e li renmen jistis. Tè a chaje ak bagay ki montre lanmou fidèl Jewova genyen.” — SÒM 33:5.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki sa tout moun bezwen? b) Ki asirans nou genyen?

NOU tout bezwen pou yo renmen nou e nou tout vle pou yo trete nou avèk jistis. Si yo plede fè nou enjistis e moun pa fè nou santi yo renmen nou, nou ka santi nou pa vo anyen e nou dezespere.

2 Jewova konnen nou swaf jwenn lanmou e se pa ti anvi nou anvi jwenn jistis (Sòm 33:5). Nou kapab gen asirans Bondye nou an renmen nou anpil e li vle yo trete nou yon fason ki jis. Sa parèt aklè lè nou byen egzamine Lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl la pa mwayen Moyiz. Si w swaf resevwa afeksyon oubyen si w ap soufri akoz enjistis, tanpri egzamine fason Lwa Moyiz la * fè nou wè jan Jewova sansib pou pèp li a.

3. a) Selon sa Women 13:8-10 esplike, ki sa nou aprann lè nou egzamine Lwa Moyiz la? b) Ki kesyon atik sa a pral reponn?

3 Lè nou egzamine Lwa Moyiz la, nou rive wè gwo lanmou Jewova, Bondye nou an, gen pou nou. (Li Women 13:8-10.) Nan atik sa a, nou pral egzamine kèk nan lwa Jewova te bay Izrayelit yo e nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Poukisa nou ka di Lwa Moyiz la te baze sou lanmou? Sa k fè nou ka di Lwa Moyiz la te pèmèt gen jistis? Ki jan moun ki te gen otorite yo te dwe aplike Lalwa? E ki moun Lwa Moyiz la te plis pwoteje? Repons kesyon sa yo ka fè nou jwenn konsolasyon, yo ka fè nou gen kè kontan e yo ka fè nou pwoche pi pre Papa nou an ki gen lanmou. — Tra. 17:27; Wom. 15:4.

LWA MOYIZ LA TE BAZE SOU LANMOU

4. a) Poukisa nou ka di Lwa Moyiz la te baze sou lanmou? b) Jan sa parèt nan Matye 22:36-40, sou ki kòmandman Jezi te mete aksan?

4 Nou ka di Lwa Moyiz la te baze sou lanmou paske se lanmou ki pouse Jewova fè tout sa l fè (1 Jan 4:8). Jewova te fè tout lwa ki nan Lwa Moyiz la chita sou de kòmandman prensipal: renmen Bondye ak renmen pwochen nou. (Lev. 19:18; Det. 6:5; li Matye 22:36-40.) Donk, nou ka atann pou chak kòmandman nan plis pase 600 kòmandman ki nan Lwa Moyiz la fè nou konprann yon aspè nan lanmou Jewova gen lakay li. Annou gade kèk egzanp.

5-6. Ki sa Jewova vle moun ki marye yo fè, e ki sa Jewova konnen? Bay yon egzanp.

5 Se pou w fidèl ak moun ou marye a e se pou w pran swen pitit ou. Jewova vle pou moun ki marye yo tèlman renmen youn lòt pou lanmou yo dire toutan (Jen. 2:24; Mat. 19:3-6). Adiltè se youn nan mechanste ki pi rèd yon moun ka fè ki montre li pa gen lanmou. Nou ka konprann rezon ki fè setyèm kòmandman nan Dis Kòmandman yo kondane adiltè (Det. 5:18). Se yon peche “kont Bondye” e se yon gwo mechanste kont moun li marye avè l la (Jen. 39:7-9). Moun yo fè adiltè sou li a ka soufri pandan plizyè dizèn ane.

6 Jewova byen konnen fason moun ki marye yo aji youn ak lòt. Li te sitou vle pou Izrayelit yo byen boule ak madanm yo. Yon mari ki te respekte Lalwa t ap renmen madanm li e li pa t ap divòse ak madanm li pou ti krik ti krak (Det. 24:1-4; Mat. 19:3, 8). Men, si ta gen yon gwo pwoblèm epi l ta divòse avè l, li te dwe ba l yon papye divòs. Papye divòs sa a te pwoteje yon fi pou yo pa akize l kòmkwa li te fè imoralite. Mete sou sa, anvan pou yon mari te ka bay madanm li yon papye divòs, sanble li te dwe pale ak ansyen nan vil la. Konsa, ansyen yo t ap gen posiblite pou yo eseye ede moun ki marye yo sove maryaj yo. Lè yon Izrayelit te divòse ak madanm li san madanm nan pa t fè l yon bagay ki grav, Jewova pa t toujou aji. Men, li te wè dlo ki t ap koule nan je medam yo e li te wè jan yo t ap soufri. — Mal. 2:13-16.

Jewova te vle pou timoun yo santi yo byen e yo an sekirite toutpandan paran yo ki renmen yo ap leve yo e y ap anseye yo. (Gade paragraf 7-8.) *

7-8. a) Ki sa Jewova bay paran yo lòd pou yo fè? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.) b) Ki leson nou aprann?

7 Lalwa fè konnen Jewova vrèman vle pou timoun yo kontan e pou yo santi yo byen. Jewova te bay paran yo lòd pou yo pran swen pitit yo nonsèlman nan domèn materyèl men tou nan domèn espirityèl. Paran yo te dwe pwofite tout okazyon pou yo ede pitit yo konprann Lwa Jewova te bay la, pou yo respekte l e pou yo aprann renmen Jewova (Det. 6:6-9; 7:13). Youn nan rezon ki fè Jewova te pini Izrayelit yo se paske yo te konn fè pitit yo soufri yon fason ki terib (Jer. 7:31, 33). Paran yo pa t dwe konsidere pitit yo tankou yon bagay yo genyen yo ka neglije oswa yo ka maltrete, men yo te dwe konsidere yo tankou yon eritaj, yon kado Jewova ba yo e yo ta dwe bay anpil valè. — Sòm 127:3.

8 Leson nou aprann: Jewova ap suiv fason moun ki marye yo boule youn ak lòt. Li vle paran yo renmen pitit yo e l ap mande paran yo kont pou fason yo aji ak pitit yo.

9-11. Poukisa Jewova te bay lwa ki entèdi moun gen tanta a?

9 Pinga nou gen tanta. Dènye kòmandman nan Dis kòmandman yo te entèdi yon moun gen tanta, oswa vin gen yon move dezi pou bagay ki pa pou li (Det. 5:21; Wom. 7:7). Jewova te bay lwa sa a pou anseye nou yon bèl leson: pèp li a dwe pwoteje kè yo, sa vle di panse yo, santiman yo ak kapasite pou yo rezone. Li te konnen se move panse ak move santiman ki pouse moun fè move aksyon (Pwo. 4:23). Si yon Izrayelit te kite move dezi grandi nan kè l, sa ta ka fè l aji ak lòt moun yon fason ki montre li pa gen lanmou. Pa egzanp, wa David te pran nan pyèj sa a. Nòmalman, li te yon bon moun. Men, gen yon lè li te gen tanta sou madanm yon lòt moun. Anvi sa a li te genyen an te fè l tonbe nan peche (Jak 1:14, 15). David te fè adiltè, li te eseye twonpe mari dam nan epi li te fè touye l. — 2 Sam. 11:2-4; 12:7-11.

10 Jewova te konnen lè yon Izrayelit pa t respekte lwa sou tanta a, paske li ka li nan kè (1 Kwo. 28:9). Lwa ki te entèdi moun gen tanta a te ede pèp la konprann yo dwe evite yon seri panse ki ka mennen nan move aksyon. Ala yon bon Papa nou genyen! Wi, Jewova saj e li gen lanmou.

11 Leson nou aprann: Jewova pa gad moun sou aparans. Li wè ki moun nou ye toutbon pa anndan, ki moun nou ye nan kè nou (1 Sam. 16:7). Pa gen okenn panse, okenn santiman, okenn aksyon li pa ka wè. L ap chèche sa ki bon nan nou e li ankouraje nou fè sa ki bon. Men, li vle nou konnen move panse nou genyen yo epi kontwole yo anvan yo pouse nou mal aji. — 2 Kwo. 16:9; Mat. 5:27-30.

LWA MOYIZ LA TE PÈMÈT GEN JISTIS

12. Sou ki sa Lwa Moyiz la te atire atansyon?

12 Lwa Moyiz la te atire atansyon tou sou fason Jewova renmen jistis (Sòm 37:28; Eza. 61:8). Li bay yon egzanp pafè sou fason nou dwe byen boule ak lòt moun. Lè Izrayelit yo te obeyi lwa Jewova te bay yo, li te beni yo. Men, lè yo te vag sou prensip li yo ki jis e ki dwat, sa te fè yo soufri. Annou egzamine de lòt lwa nan Dis Kòmandman yo.

13-14. Ki sa de premye kòmandman yo te mande e kòman Izrayelit yo te jwenn byenfè lè yo te obeyi lwa sa yo?

13 Se Jewova sèlman pou nou adore. De premye kòmandman yo te mande pou Izrayelit yo atache ak Jewova sèlman e l te avèti yo pou yo pa adore zidòl (Egz. 20:3-6). Se pa Jewova kòmandman sa yo t ap fè jwenn byenfè, men se pèp li a. Lè pèp la te ret fidèl avè l, bagay yo te mache byen pou yo. Men, lè yo te adore dye lòt nasyon yo, yo te soufri.

14 Ann reflechi sou moun peyi Kanaran yo. Yo te adore yon seri zidòl ki san vi olye yo adore vrè Dye a, Bondye vivan an. Sa te lakòz yo vin nan yon nivo ki ba anpil (Sòm 115:4-8). Nan adorasyon yo t ap fè a, yo te lage kò yo nan yon seri pratik seksyèl ki sal e yo te konn sakrifye timoun, yon bagay ki te terib. Menm jan an tou, lè Izrayelit yo te meprize Jewova e yo te chwazi adore zidòl, yo te vin nan yon nivo ki ba anpil tou e yo te fè fanmi yo soufri (2 Kwo. 28:1-4). Moun ki te gen otorite yo te vag sou prensip Jewova yo ki jis. Yo te mal sèvi ak pouvwa yo te genyen e yo te fè moun ki fèb e ki san defans yo abi (Eze. 34:1-4). Jewova te fè Izrayelit yo konnen li t ap egzekite jijman l sou moun ki t ap maltrete fi ak timoun ki san defans yo (Det. 10:17, 18; 27:19). Yon lòt bò, Jewova te beni pèp li a lè yo te fidèl avè l e lè yo te aji youn ak lòt yon fason ki jis. — 1 Wa 10:4-9.

Jewova renmen nou e li konnen lè yo fè n enjistis. (Gade paragraf 15.)

15. Ki sa nou aprann sou Jewova?

15 Leson nou aprann: Nou pa ka blame Jewova lè moun ki di y ap sèvi l vag sou prensip li yo epi yo fè sèvitè l yo soufri. Men, Jewova renmen nou e li konnen lè yo fè nou enjistis. Li plis santi jan n ap soufri pase jan yon manman santi l lè l gen yon tibebe k ap soufri (Eza. 49:15). Byenke l ka pa aji tousuit, men lè moman an rive, l ap mande moun k ap fè sa ki mal e ki pa repanti yo regleman pou fason yo te aji ak lòt moun.

KI FASON YO TE DWE APLIKE LWA MOYIZ LA?

16-18. Ki aspè nan lavi a Lwa Moyiz la te touche, e ki leson nou aprann?

16 Lwa Moyiz la te touche plizyè aspè nan lavi yon Izrayelit. Se sa k fè li te enpòtan anpil pou ansyen yo te nome yo te jije pèp Jewova a yon fason ki jis. Nonsèlman se yo menm ki te responsab pou yo jije bagay ki gen rapò ak vrè adorasyon an, men tou se yo ki te konn jije ka ki gen rapò ak pwoblèm moun te konn gen youn ak lòt ak move zak ki te fèt. Ann gad egzanp ki vin apre yo.

17 Si yon Izrayelit te touye yon moun, yo pa t touye l lapoula. Ansyen nan vil la te konn mennen ankèt pou yo konnen sa k te rive anvan yo deside si yo te dwe kondane moun nan pou l mouri (Det. 19:2-7, 11-13). Ansyen yo te konn jije divès aspè nan lavi pèp la, soti nan rezoud ka kote gen moun ki nan kont rive nan ka kote se yon mari ak yon madanm ki gen pwoblèm (Egz. 21:35; Det. 22:13-19). Lè ansyen yo te aji avèk jistis, e lè Izrayelit yo te obeyi Lalwa, tout moun te jwenn byenfè, e nasyon an te fè Jewova jwenn glwa. — Lev. 20:7, 8; Eza. 48:17, 18.

18 Leson nou aprann: Chak aspè nan lavi nou gen enpòtans pou Jewova. Li vle nou aji avèk jistis e avèk lanmou nan fason nou boule ak lòt moun. E li konnen tout sa nou di ak sa nou fè, menmsi se anndan lakay nou. — Ebre 4:13.

19-21. a) Ki jan ansyen yo ak jij yo te dwe boule ak pèp Bondye a? b) Ki jan Lwa Moyiz la te pwoteje moun yo, e ki leson nou aprann?

19 Jewova te vle pwoteje pèp li a pou nasyon ki ozalantou yo pa t gen move enfliyans sou yo. Se sa k fè li te mande pou ansyen yo ak jij yo aplike Lalwa san paspouki. Sepandan, moun k ap fè jijman yo pa t dwe di oswa sevè ak pèp la. Olye de sa, yo te dwe renmen jistis. — Det. 1:13-17; 16:18-20.

20 Jewova gen konpasyon pou pèp li a, se sa k fè li mete yon seri lwa pou anpeche moun viktim anba enjistis. Pa egzanp, Lalwa te fè li difisil pou yon moun lage fo akizasyon sou do yon lòt moun. Moun yo akize a te gen dwa pou l konnen kiyès ki akize l la (Det. 19:16-19; 25:1). E anvan yo deklare l koupab, te dwe gen omwen de temwen ki bay prèv sou sa l te fè a (Det. 17:6; 19:15). E si yon Izrayelit te fè yon krim men se yon sèl moun ki te wè? Li pa ta dwe janm panse li pap jwenn pinisyon pou move bagay li fè a. Jewova te wè sa l te fè a. Jewova bay papa yo otorite nan fanmi, men otorite yo gen limit. Nan kèk pwoblèm ki konn genyen nan fanmi yo, ansyen nan vil la te gen responsablite pou di yon mo sou sa k te pase a epi pran desizyon final la. — Det. 21:18-21.

21 Leson nou aprann: Jewova bay pi bèl egzanp lan. Pa gen okenn enjistis lakay li (Sòm 9:7). Li rekonpanse moun ki suiv prensip li yo fidèlman, men li pini moun ki mal sèvi ak pouvwa yo genyen (2 Sam. 22:21-23; Eze. 9:9, 10). Kèk moun ka aji avèk mechanste epi yo wè anyen mal pa rive yo, men nan moman Jewova fikse a, li gen pou l rele yo nan jijman (Pwo. 28:13). E si yo pa repanti, y ap konnen “se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an”. — Ebre 10:30, 31.

KI MOUN LALWA TE PLIS PWOTEJE

Lè ansyen yo t ap regle pwoblèm moun gen ak moun, yo te dwe montre yo renmen moun e yo renmen jistis menm jan ak Jewova. (Gade paragraf 22.) *

22-24. a) Ki moun Lalwa te plis pwoteje, e ki sa nou aprann sou Jewova? b) Ki avètisman nou jwenn nan Egzòd 22:22-24?

22 Lalwa te plis pwoteje moun ki pa t ka pwoteje tèt yo, pa egzanp òfelen yo, vèv yo ak etranje yo. Men sa yo te fè jij ann Izrayèl yo konnen: “Lè n ap jije yon etranje k ap viv nan mitan nou oswa yon timoun ki pa gen papa, nou dwe fè sa avèk jistis. Nou pa dwe pran rad yon vèv kòm garanti pou yon bagay nou prete l.” (Det. 24:17). Jewova te montre l enterese anpil nan moun ki plis san defans ki te nan peyi a. E li te konn mande moun ki te konn maltrete moun sa yo regleman. — Li Egzòd 22:22-24.

23 Lalwa te pwoteje moun nan fanmi yo tou kont tout kalite relasyon seksyèl ant moun ki fanmi pre (Lev. 18:6-30). Kontrèman ak moun ki te nan nasyon ki te toupre Izrayèl yo, ki te tolere pratik sa yo oswa menm ki te aksepte yo, moun ki fè pati pèp Jewova a te dwe konsidere move aksyon sa yo menm jan Jewova konsidere yo, tankou yon bagay ki repiyan.

24 Leson nou aprann: Jewova vle moun li konfye responsablite yo pou yo montre yo enterese nan tout moun ki anba otorite yo avèk lanmou. Li rayi vyòl, relasyon seksyèl ant moun ki fanmi pre, abi seksyèl yo fè sou timoun e li fè yon fason pou tout moun, sitou moun ki plis san defans yo, jwenn pwoteksyon. L ap fè moun ki responsab move aksyon sa yo peye pou sa.

LALWA SE “LONBRAY BON BAGAY KI GEN POU VINI”

25-26. a) Poukisa nou ka di lanmou ak jistis tankou souf ki fè yon moun ka respire ak lavi? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre nan seri sa a?

25 Menm jan yon moun pa ka ret vivan si l pa gen souf ki pou fè l respire, se konsa tou, lanmou pa mache san jistis. Lè nou gen konviksyon Jewova aji avè n yon fason ki jis, nou vin gen plis lanmou pou li. Epitou, lè nou renmen Bondye e lè nou renmen prensip li yo ki dwat, nou santi nou pouse pou nou renmen lòt moun e pou nou aji avèk yo yon fason ki jis.

26 Alyans Lalwa ki te fèt pa mwayen Moyiz la te ede Izrayelit yo gen yon pi bon relasyon avèk Jewova. Men, apre Jezi fin akonpli Lalwa, Lalwa pa t nesesè ankò, e yo te ranplase l ak yon bagay ki pi bon (Wom. 10:4). Apot Pòl te dekri Lalwa kòm “lonbray bon bagay ki gen pou vini yo”. (Ebre 10:1.) Atik ki vin apre nan seri sa a pral pale sou kèk nan bon bagay sa yo ansanm ak wòl lanmou ak jistis genyen nan kongregasyon kretyen an.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

^ § 5 Atik sa a se premye nan kat atik ki pral pale sou rezon ki fè nou kapab gen asirans Jewova sansib pou nou. Twa lòt atik yo pral parèt nan Toudegad me 2019 la. Yo pral pale sou fason Jewova demontre lanmou ak jistis nan kongregasyon kretyen an, sou fason ansyen yo pwoteje kongregasyon an ak fason paran yo ka pwoteje pitit yo pou moun pa fè abi seksyèl sou yo e yo pral pale sou fason nou ka rekonfòte moun yo te fè gwo mechanste sa a lè yo te piti.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Jewova te bay Izrayelit yo plis pase 600 lwa pa mwayen Moyiz. E lè y ap pale de lwa sa yo, yo rele yo: “Lalwa”, “Lwa Moyiz la” ak “kòmandman yo”. Mete sou sa, souvan yo konn pale de senk premye liv nan Bib la (soti Jenèz pou rive Detewonòm) kòm Lalwa. Pafwa yo konn sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de tout liv Bondye te enspire ki nan Liv ki te ekri ann Ebre yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon manman Izrayelit k ap pale ak pitit fi l pandan y ap prepare manje. Nan fon an, papa a ap montre pitit gason l kòman pou l pran swen mouton.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Avèk lanmou, ansyen ki nan pòtay vil la ap ede yon vèv ak pitit li yon machann nan zòn nan fè abi.