Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 13

Ann montre konsiderasyon pou santiman moun yo nan travay predikasyon an

Ann montre konsiderasyon pou santiman moun yo nan travay predikasyon an

“Li vin gen pitye pou yo [...]. Epi, li kòmanse anseye yo anpil bagay.” — MAK 6:34.

KANTIK 70 Annou chèche moun ki byen dispoze yo

SA NOU PRAL WÈ *

1. Bay youn nan aspè ki pi touchan nan pèsonalite Jezi. Esplike.

YOUN nan aspè ki pi touchan nan pèsonalite Jezi se kapasite li genyen pou l konprann yon seri difikilte nou rankontre antanke moun ki enpafè. Lè Jezi te sou tè a, li te kapab “rejwi ak moun k ap rejwi” epi “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Pa egzanp, lè 70 disip Jezi yo te retounen ak kè kontan apre yon bèl kanpay predikasyon, Jezi te “vin kontan anpil e li [te] vin ranpli ak lespri sen”. (Lik 10:17-21.) Yon lòt bò, lè Jezi te wè jan lanmò Laza te fè moun ki te renmen Laza yo tris, li te “plenn nan kè l e li [te] vin boulvèse”. — Jan 11:33.

2. Ki sa k te ede Jezi pou l montre konsiderasyon pou santiman lòt moun?

2 Ki sa k te ede mesye sa a ki te pafè pou l montre pitye ak konpasyon konsa nan fason l aji ak moun ki pechè? Toudabò, Jezi te renmen moun. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, “se pitit lèzòm yo [li] te pi renmen”. (Pwo. 8:31.) Lanmou l te gen pou moun yo te pouse l chèche byen konprann fason lèzòm panse. Men sa apot Jan te di: “Li te konn sa k nan lòm.” (Jan 2:25). Jezi te gen anpil konpasyon pou moun. Moun yo te santi lanmou li gen pou yo e sa te fè yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Menm jan avè l, plis nou chèche gen anpil konpasyon pou lòt moun, se plis n ap vin efikas nan travay predikasyon an. — 2 Tim. 4:5.

3-4. a) Si nou gen konsiderasyon pou santiman lòt moun, ki jan n ap konsidere travay predikasyon an? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Apot Pòl te konnen se yon obligasyon li genyen pou l preche e nou menm tou nou konnen nou gen obligasyon pou n preche (1 Kor. 9:16). Men, si nou gen konsiderasyon pou santiman lòt moun, nou pap annik wè travay predikasyon an kòm yon obligasyon. N ap vle montre nou gen konsiderasyon pou moun yo e nou vrèman anvi ede yo. Nou konnen “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Tra. 20:35.) Plis nou gen sa nan tèt nou anrapò ak travay predikasyon an se plis n ap pran plezi nan travay sa a.

4 Nan atik sa a, nou pral egzamine fason pou nou montre konsiderasyon pou santiman moun yo nan travay predikasyon an. Toudabò nou pral wè sa nou ka aprann nan fason Jezi te santi l lè l te wè moun yo. Annapre, nou pral egzamine kat fason nou ka suiv egzanp li. — 1 Pyè 2:21.

JEZI TE MONTRE KONSIDERASYON POU SANTIMAN LÒT MOUN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Konsiderasyon Jezi te gen pou santiman lòt moun te pouse l preche yon mesaj konsolasyon. (Gade paragraf 5-6.)

5-6. a) Pou ki moun Jezi te montre konsiderasyon? b) Sa k fè Jezi te santi l gen pitye pou moun li t ap preche yo, jan yo te anonse sa nan Ezayi 61:1, 2?

5 Ann pran yon egzanp sou fason Jezi te montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Yon lè, Jezi ak disip li yo t ap preche bon nouvèl la san yo pa t pran repo. Yo pa t “menm jwenn tan pou yo manje”. Se sa k fè Jezi te pran disip li yo “poukont yo pou y ale yon kote apa” pou yo “pran yon ti repo”. Men, gen yon gwo foul moun ki kouri pran devan pou y al kote Jezi ak disip yo t aprale a. Ki jan Jezi te reyaji lè l te rive epi l te wè moun yo? Li te “gen pitye * pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. Epi, li [te] kòmanse anseye yo anpil bagay”. — Mak 6:30-34.

6 Reflechi sou rezon ki fè Jezi te santi l gen pitye pou moun, sa ki montre li gen konsiderasyon pou santiman lòt moun. Li te wè moun yo “te tankou mouton ki san bèje”. Petèt Jezi te wè kèk ladan yo te pòv e yo te fè plizyè èdtan ap travay pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen. Petèt gen lòt moun ki t ap soufri akoz yo gen yon moun pa yo ki mouri. Si se te sa, Jezi te kapab konprann sitiyasyon yo. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an petèt Jezi te konn gen kèk nan pwoblèm sa yo tou. Jezi te gen konsiderasyon pou lòt moun, e li te santi l pouse pou l ba yo yon mesaj konsolasyon. — Li Ezayi 61:1, 2.

7. Ki jan n ka suiv egzanp Jezi?

7 Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi? Menm jan ak Jezi, chaje moun bò kote nou ki “tankou mouton ki san bèje”. Y ap lite anba yon pakèt pwoblèm. Nou gen sa yo bezwen, sètadi mesaj Wayòm nan (Rev. 14:6). Donk, menm jan ak Mèt nou an, nou preche bon nouvèl la paske nou “gen pitye pou malere [yo] ak moun ki pòv yo”. (Sòm 72:13.) Nou gen konpasyon pou moun yo e nou vle fè yon bagay pou n ede yo.

FASON N KA MONTRE KONSIDERASYON POU SANTIMAN LÒT MOUN

Chèche konprann bezwen chak moun. (Gade paragraf 8-9.)

8. Bay youn nan fason nou ka montre konsiderasyon pou santiman lòt moun nan travay predikasyon an. Bay yon egzanp.

8 Ki sa k ka ede nou montre konsiderasyon pou santiman moun n ap preche yo. Nou vle mete nou nan plas moun nou rankontre nan travay predikasyon an, e nou vle aji avèk yo jan nou ta renmen yo aji avèk nou * (Mat. 7:12). Annou egzamine kat fason nou ka fè sa. Premyèman, nou dwe egzamine bezwen chak moun. Lè n ap preche bon nouvèl la, nou sanble ak yon doktè. Yon bon doktè egzamine bezwen chak malad. Li poze yo kesyon epi li koute yo avèk atansyon toutpandan y ap fè l konnen fason yo ye oswa jan yo santi yo. Olye doktè a kouri preskri malad la premye tretman ki vin nan tèt li, li ka kite tan pase pou l ka suiv malad la epi apre sa l ap ba l tretman ki kòrèk la. Menm jan an tou, nou pa dwe eseye sèvi ak menm metòd la pou chak moun nou rankontre nan travay predikasyon an. Okontrè nou dwe pran sitiyasyon ak opinyon chak moun an konsiderasyon.

9. Ki sa n ta dwe evite fè? Esplike.

9 Lè nou rankontre yon moun nan travay predikasyon an, nou pa dwe panse nou konn sitiyasyon l oswa nou konn kwayans li ak rezon ki fè se kwayans sa a li genyen (Pwo. 18:13). Olye de sa, nou dwe poze moun nan kèk kesyon pou fè l pale yon fason pou n rive konnen kèk bagay sou moun nan ak sa li kwè (Pwo. 20:5). Si sa akseptab nan kilti moun kote w ap viv la, poze l kesyon sou travay li, fanmi l, eksperyans li genyen ak opinyon l. Lè nou rive fè moun yo di sa k nan panse yo, an reyalite nou pèmèt yo di nou rezon ki fè yo bezwen bon nouvèl la. Yonfwa nou konn sa, nou ka konsidere bezwen yo genyen yo e nou ka reyaji selon bezwen yo, jan Jezi te konn fè sa. — Konpare ak 1 Korentyen 9:19-23.

Imajine ki jan lavi moun w ap bay temwayaj la ka ye. (Gade paragraf 10-11.)

10-11. Selon 2 Korentyen 4:7, 8, ki dezyèm fason nou ka montre konsiderasyon pou santiman lòt moun? Bay yon egzanp.

10 Dezyèmman, eseye imajine ki jan lavi yo ye. Nan kèk domèn, nou ka konprann sitiyasyon yo. Dayè, nou tout enpafè e nou gen pwoblèm (1 Kor. 10:13). Nou konnen lavi nan sistèm sa a ka difisil anpil. Se grasa èd Jewova sèlman nou kapab andire. (Li 2 Korentyen 4:7, 8.) Men, reflechi ak moun ki pa gen yon amitye solid ak Jewova. Sa difisil anpil pou yo viv nan monn sa a san èd Bondye. Menm jan ak Jezi, nou santi nou gen pitye pou yo e nou vle ba yo “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon”. — Eza. 52:7.

11 Ann pran egzanp yon frè ki rele Sergey. Anvan Sergey te aprann laverite, li te timid anpil. Sa te difisil anpil pou li pou l pale ak lòt moun. Rive yon lè, li te aksepte yon etid Labib. Men sa Sergey di: “Pandan m ap etidye Labib, mwen aprann kretyen yo gen obligasyon pou yo pataje sa yo vin kwè yo ak lòt moun.” Mete sou sa, Sergey di: “Mwen te kwè toutbon mwen pa t ap janm ka fè sa.” Epoutan, li te panse ak moun ki potko tande laverite yo e li te ka imajine jan lavi yo dwe difisil anpil piske yo pa konnen Jewova. Men sa l di: “Nouvo bagay mwen te vin aprann yo te ban m anpil kè kontan e m te vin santi m anpè.” Li te di tou: “M te konnen lòt moun yo bezwen aprann verite sa yo tou.” Tank Sergey t ap vin gen plis konpasyon pou moun yo, se tank li te vin gen plis kouraj pou l preche. Men sa l di: “Mwen te sezi wè lefètke m ap pale sou Bib la ak lòt moun, sa fè m vin gen plis konfyans nan tèt mwen. Epitou, sa te fè lafwa m vin pi solid. *

Sa ka pran tan pou kèk moun fè pwogrè nan domèn espirityèl. (Gade paragraf 12-13.)

12-13. Poukisa nou dwe pran pasyans ak moun n ap anseye yo? Bay yon egzanp.

12 Twazyèmman, pran pasyans ak moun n ap anseye yo. Pa bliye yo ka pa t janm reflechi ak kèk nan verite nou byen konnen ki nan Bib la. E anpil ladan yo vrèman atache ak kwayans yo genyen. Yo ka konsidere kwayans yo genyen yo kòm yon bagay ki ini yo ak fanmi yo ak kilti yo e ak kominote kote y ap viv la. Ki jan nou ka ede yo?

13 Ann fè yon konparezon: Ki sa k rive lè yon pon ki la lontan e ki prèske kraze bezwen pou yo ranplase l? Byen souvan, yo konstwi yon pon ki tounèf pandan y ap sèvi ak ansyen pon an toujou. Yonfwa yo fin fè nouvo pon an, yo ka kraze ansyen an. Menm jan an tou, anvan nou mande moun yo pou yo abandone “ansyen” kwayans yo te genyen e yo te renmen yo, nou ta dwe ede yo gen bonjan apresyasyon pou “nouvo” verite yo, anpalan de verite nan Bib la yo pa t konnen anvan sa. Se sèl lè sa a, y ap pare pou yo abandone ansyen kwayans yo te genyen yo. Sa ka mande tan pou nou ede moun yo fè chanjman sa yo. — Wom. 12:2.

14-15. Ki jan nou ka ede moun ki pa gen anpil konesans sou esperans pou nou viv pou toutan nan yon paradi sou tè a? Bay yon egzanp.

14 Si nou pran pasyans ak moun n ap anseye yo, nou pap atann pou yo gentan konprann verite ki nan Bib la depi premye fwa yo tande l la oswa pou yo gentan aksepte yo. Men, konsiderasyon nou gen pou santiman yo ap pouse nou pran tan pou nou ede yo rezone sou Bib la. Pa egzanp, ann reflechi sou fason nou ta ka rezone ak yon moun sou esperans nou genyen pou nou viv nan yon paradi sou tè a pou toutan. Gen anpil moun ki pa konn anpil bagay sou ansèyman sa a oubyen ki pa konn anyen sou li. Yo gendwa panse lanmò mete yon fen nan tout bagay. Oswa yo gendwa panse tout bon moun pral nan syèl. Ki jan nou ka ede yo?

15 Men ki sa yon frè di l fè pou l ede moun konprann esperans pou moun viv pou toutan sou tè a. Premyèman, li li Jenèz 1:28. Apre sa, li mande moun yo ki kote Bondye te vle pou lèzòm viv e nan ki kondisyon. Pifò moun konn di: “Sou tè a, nan bon kondisyon.” Apre sa, frè a li Ezayi 55:11 epi li mande moun yo si objektif Bondye te genyen an chanje. Byen souvan, moun yo konn di non. Finalman frè a li Sòm 37:10, 11 epi li mande ki jan bagay yo pral ye alavni. Grasa rezònman biblik sa a, frè a rive ede yon pakèt moun konprann Bondye toujou vle pou bon moun viv pou toutan nan Paradi a sou tè a.

Yon ti jès ki montre byenveyans, tankou voye yon lèt ankourajman bay yon moun, ka ede l anpil. (Gade paragraf 16-17.)

16-17. Toutpandan nou gen Pwovèb 3:27 nan lespri nou, bay kèk fason pratik nou ka montre konsiderasyon pou lòt moun. Bay yon egzanp.

16 Katriyèmman, chèche fason pratik pou nou montre konsiderasyon pou moun yo. Pa egzanp, èske nou te vin vizite moun nan nan yon moman ki pa bon pou li? Nou ka mande l pou l eskize nou epi nou ka ofri l pou n retounen nan yon lè ki pi bon pou li. Ki sa n ka fè si yon moun nou vizite bezwen èd pou l fè yon ti travay? Oswa ki sa n ap fè si moun nan se yon moun ki malad oubyen ki granmoun e ki pa ka sot lakay li men li bezwen yon moun al fè yon komisyon pou li? Nan ka sa yo, nou gendwa ede moun nan. — Li Pwovèb 3:27.

17 Gen yon sè ki te jwenn bon rezilta poutèt li te fè yon ti jès ki montre byenveyans. Konsiderasyon li gen pou lòt moun te pouse l ekri yon lèt pou yon fanmi ki te gen yon timoun ki mouri. Li te mete kèk vèsè pou konsole yo nan lèt la. Ki efè lèt sa a te gen sou fanmi sa a? Men sa manman an te ekri: “Yè mwen te pase yon move jounen.” Apre sa li te ekri: “M pa kwè w konnen jan lèt sa a te touche nou. M pa ka sispann di w mèsi e m pa menm ka esplike jan li te konsole nou. Mwen dwe li lèt sa a omwen 20 fwa yè. M pa t ka kwè nan ki pwen li demontre byenveyans, lanmou e nan ki pwen li bay konsolasyon. Nou di w mèsi ak tout kè nou.” Pa gen dout nan sa, nou ka gen bon rezilta lè nou mete nou nan plas moun k ap soufri yo epi nou fè yon bagay pou n ede yo.

KONTINYE GEN YON PWENNVI EKILIBRE SOU AKTIVITE NOU

18. Selon 1 Korentyen 3:6, 7, ki pwennvi ekilibre nou ta dwe toujou genyen?

18 Natirèlman, nou vle gen yon pwennvi ekilibre sou aktivite nou nan travay predikasyon an. Se vre nou gen yon wòl nou jwe nan ede moun yo aprann konnen Bondye, men wòl ki pi enpòtan an se pa nou menm ki jwe l. (Li 1 Korentyen 3:6, 7.) Se Jewova ki rale moun yo vini (Jan 6:44). Finalman, chak moun ap reyaji devan bon nouvèl la selon kondisyon kè l (Mat. 13:4-8). Sonje pifò moun pa t aksepte mesaj Jezi a, poutan se li ki te pi gran Anseyan ki pase sou tè a! Kidonk, nou pa ta dwe janm dekouraje si anpil nan moun nou eseye ede yo pa byen reyaji.

19. Ki byenfè nou jwenn lè nou gen konsiderasyon pou santiman lòt moun nan travay predikasyon an?

19 N ap wè byenfè nou jwenn lè nou gen konsiderasyon pou santiman lòt moun nan travay predikasyon an. N ap plis pran plezi nan travay predikasyon an. N ap gen plis kè kontan paske nou bay. E n ap fè li pi fasil pou moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” aksepte bon nouvèl la (Tra. 13:48). Donk, “toutotan nou gen okazyon pou sa, annou fè byen ak tout moun”. (Gal. 6:10.) Lè sa a, n ap kontan bay Papa nou ki nan syèl la glwa. — Mat. 5:16.

KANTIK 64 Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

^ § 5 Lè nou montre konsiderasyon pou santiman lòt moun, sa fè nou gen plis kè kontan, e souvan sa fè nou jwenn plis rezilta nan travay predikasyon an. Sa k fè sa? Nan atik sa a, nou pral egzamine sa nou ka aprann nan egzanp Jezi ansanm ak kat fason nou ka montre konsiderasyon pou santiman moun nou rankontre nan travay predikasyon an.

^ § 5 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Jan sa parèt nan kontèks la, pitye vle di gen anpil konpasyon pou yon moun k ap soufri oswa yo fè abi. Santiman konsa ka pouse yon moun fè sa l kapab pou l ede lòt moun.

^ § 8 Gade atik ki gen tit “Ann suiv Règ annò a nan travay predikasyon an” ki te parèt nan Toudegad 15 me 2014.