Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 10

Ki sa k anpeche m batize?

Ki sa k anpeche m batize?

“Ni [mesye ki gen gwo pozisyon an] ni Filip desann nan dlo a, epi Filip batize l.” — TRA. 8:38.

KANTIK 52 Ve kretyen yo fè

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Adan ak Èv te pèdi, e ki sa sa lakòz?

KIYÈS ou panse ki gen dwa etabli prensip sou sa ki byen ak sa ki mal? Lè Adan ak Èv te manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, yo te voye yon mesaj klè: Yo pa t fè ni Jewova ni prensip li yo konfyans. Yo te chwazi etabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal (Jen. 3:22). Men, nou ka wè sa yo te pèdi. Yo te pèdi bon relasyon yo te gen ak Jewova a. Epitou, yo te pèdi posiblite pou yo viv pou toutan, e yo te transmèt peche ak lanmò bay pitit yo te vin genyen yo (Wom. 5:12). Chwa Adan ak Èv te fè a lakòz anpil soufrans.

Apre Etyopyen ki te gen gwo pozisyon an te fin aksepte sa l aprann sou Jezi, li te vle batize san pèdi tan. (Gade paragraf 2-3.)

2-3. a) Ki jan Etyopyen ki te gen gwo pozisyon an te reyaji lè Filip te preche l? b) Ki benediksyon nou jwenn lè nou batize, e ki kesyon nou pral egzamine?

2 Annou konpare fason Adan ak Èv te aji a ak fason Etyopyen ki te gen gwo pozisyon an te reyaji lè Filip te preche l la. Mesye a te tèlman gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou li, sa te pouse l batize tousuit (Tra. 8:34-38). Lè nou vwe Bondye lavi nou e nou batize, menm jan ak Etyopyen an, nou montre aklè nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou. Nou montre tou nou gen konfyans nan Jewova e nou rekonèt se li menm ki gen dwa etabli prensip sou sa ki byen ak sa ki mal.

3 Reflechi ak pakèt benediksyon nou jwenn lè nou sèvi Jewova! Toudabò, nou gen espwa n ap jwenn tout sa Adan ak Èv te pèdi yo, san wete posiblite pou nou viv pou toutan. Piske nou gen lafwa nan Jezi Kris, Jewova padone peche nou yo e li pèmèt nou gen yon konsyans ki klè (Mat. 20:28; Tra. 10:43). Mete sou sa, nou vin fè pati fanmi Jewova a ki gen ladan l sèvitè li apwouve yo e nou gen anpil benediksyon k ap tann nou pi devan (Jan 10:14-16; Wom. 8:20, 21). Gen yon seri moun ki vin konnen Jewova, aktout yo wè tout benediksyon sa yo aklè, ki yon jan renka pou yo suiv egzanp Etyopyen ki te gen gwo pozisyon an. Ki sa k ka anpeche yo batize? E ki jan yo ka fè fas ak difikilte sa yo?

DIFIKILTE KI KONN ANPECHE KÈK MOUN BATIZE

Difikilte kèk moun jwenn anvan yo chwazi batize.

Mank asirans. (Gade paragraf 4-5) *

4-5. Ak ki difikilte yon jèn gason ki rele Avery ak yon jèn dam ki rele Hannah t ap fè fas?

4 Gen moun ki manke asirans. Paran Avery yo se Temwen Jewova. Papa l se yon moun ki gen bon repitasyon antanke yon papa ki byen pran swen pitit li e yon ansyen ki bay bèl egzanp. Epoutan, Avery te yon ti jan renka pou l batize. Pou ki rezon? Men sa l di: “M pa t panse m t ap kapab vin menm jan ak papa m.” Avery pa t kwè li t ap kapab pran responsablite yo te ka vin ba li pi devan. Li te di: “M te pè pou yo pa t mande m pou m priye devan moun, pou m bay diskou oswa pou m dirije yon gwoup predikasyon.”

5 Hannah, ki gen 18 an, pa t kwè nan tèt li ditou. Li leve jwenn paran l ap sèvi Jewova. Aktout sa, li pa t kwè li t ap ka viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Pou ki rezon? Hannah te panse li pa t gen okenn valè. Pafwa li te konn tèlman santi l pa vo anyen, li te konn fè tèt li mal e sa te konn fè sitiyasyon an vin pi grav. Men sa l di: “M pa t janm di okenn moun sa m te konn fè yo, menm paran m. E m te panse Jewova pa t ap janm aksepte m poutèt sa m te konn fè tèt mwen yo.”

Enfliyans zanmi. (Gade paragraf 6) *

6. Ki sa k te anpeche Vanessa batize?

6 Enfliyans zanmi. Men sa Vanessa ki gen 22 an di: “M te gen yon bon zanmi m te konnen depi prèske dizan.” Men, zanmi Vanessa a pa t enterese nan sa Vanessa te kwè yo e zanmitay sa a pa t ap ede Vanessa atenn objektif li te genyen pou l batize. Sa te fè Vanessa mal, e men sa l te di: “M twouve sa difisil pou m fè zanmi, e m te di tèt mwen si m te kraze zanmitay sa a m pa t ap janm jwenn yon lòt bon zanmi.”

Pè echwe. (Gade paragraf 7) *

7. Ki sa yon jèn fi ki rele Makayla te pè, e poukisa?

7 Gen moun ki pè pou yo pa echwe. Makayla te gen senkan lè frè l la te eskominye. Pandan l t ap grandi li te wè efè aksyon frè l la te fè yo te gen sou paran l. Men sa Makayla di: “M te pè si m batize pou m pa fè yon peche, pou m pa eskominye epi pou m pa fè paran m yo vin pi tris toujou.”

Pè opozisyon. (Gade paragraf 8) *

8. Ki sa yon jèn gason ki rele Miles te pè?

8 Gen moun ki pè pou yo pa opoze avè yo. Papa Miles ak bèlmè l ap sèvi Jewova, men, manman l pa Temwen. Men sa Miles di: “Mwen te fè 18 an ap viv ak manman m, e m te pè di l mwen vle batize. Mwen te wè ki jan l te reyaji lè papa m te vin Temwen. M te pè pou l pa t ban m pwoblèm.”

KI SA K KA EDE W FÈ FAS AK DIFIKILTE YO?

9. Ki sa k ka rive lè w aprann jan Jewova gen lanmou ak jan li gen pasyans?

9 Adan ak Èv te chwazi pa sèvi Jewova paske yo pa t vin gen yon gwo lanmou pou li. Malgre sa, Jewova te kite yo viv ase tan pou yo gen pitit e pou yo tabli prensip pa yo sou fason pou yo leve yo. Adan ak Èv te chwazi pa suiv direksyon Jewova bay, men rezilta desizyon sa a te montre aklè jan yo te sòt. Premye pitit gason yo a te touye frè l ki te inosan, e rive yon lè, vyolans ak egoyis te gaye pami lèzòm (Jen. 4:8; 6:11-13). Sepandan, Jewova te gen yon mwayen pou l sove tout pitit Adan ak Èv ki te vle sèvi l yo (Jan 6:38-40, 57, 58). Tank w ap aprann konnen jan Jewova gen pasyans ak jan li gen lanmou, lanmou w gen pou li ka vin grandi. Ou pap vle suiv Adan ak Èv e w ap chwazi vwe Jewova lavi w.

Fason w ka fè fas ak difikilte sa yo.

(Gade paragraf 9-10) *

10. Lè nou medite sou Sòm 19:7, ki jan sa ka ede nou sèvi Jewova?

10 Kontinye aprann konnen Jewova. Plis ou aprann konnen Jewova se plis w ap vin gen asirans ou ka sèvi l kòrèkteman. Men sa Avery, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen te vin gen plis asirans lè m te li pwomès ki nan Sòm 19:7 la e lè m te medite sou li.” (Li vèsè a.) Lè Avery te wè jan Jewova te kenbe pwomès sa a, lanmou li te gen pou Bondye a te vin pi fò. Lanmou pa fè nou gen plis asirans sèlman men tou li ede nou konsantre sou Jewova ak sou sa li vle. Men sa Hannah, nou te pale de li pi wo a, di: “Grasa lekti Labib ak etid mwen te konn fè nan Bib la, mwen te vin konprann lè m te fè tèt mwen mechanste, mwen te fè Jewova mechanste tou.” (1 Pyè 5:7). Hannah te vin yon moun k ap “obeyi pawòl la”. (Jak 1:22.) Ki rezilta sa te bay? Men sa l di: “Lè m te wè jan obeyi Jewova te bon pou mwen, sa te fè m vin renmen l anpil. Kounye a, mwen sèten Jewova ap toujou gide m lè m bezwen èd li.” Hannah te rive sispann fè tèt li mechanste. Li te vwe Jewova lavi l e li te batize.

(Gade paragraf 11) *

11. Ki sa Vanessa te fè pou l ka gen bon zanmi, e ki sa sa aprann nou?

11 Byen chwazi zanmi w yo. Rive yon lè, Vanessa, nou te pale de li pi wo a, te vin rann li kont zanmi l lan t ap anpeche l sèvi Jewova. Se sa k fè li te kraze zanmitay la. Men, se pa sa sèlman Vanessa te fè. Li te fè anpil efò pou l fè lòt zanmi nan kongregasyon an. Li fè konnen egzanp Noye ak fanmi l te ede l. Men sa l di: “Yo te gen yon pakèt moun toutotou yo ki pa t renmen Jewova, men, yo menm, yo te gen bon enfliyans youn sou lòt.” Lè Vanessa fin batize, li te vin pyonye. Men sa l di kounye a: “Nonsèlman sa te ede m fè bon zanmi nan kongregasyon pa m, men sa te ede m fè bon zanmi nan lòt kongregasyon tou.” Ou menm tou ou ka fè bon zanmi lè w fè tout sa w kapab nan travay Jewova ban nou fè a. — Mat. 24:14.

(Gade paragraf 12-15) *

12. Ki sa Adan ak Èv pa t genyen, e ki sa sa te lakòz?

12 Venk krent ou genyen an. Si nou gen gwo respè pou Jewova nou pap vle fè anyen k ap fè l fache (Sòm 111:10). Si Adan ak Èv te gen kalite respè sa a, yo pa t ap dezobeyi Jewova. Men, yo te dezobeyi. Lè yo te fè sa, je yo te vin ouvri, nan sans yo te vin rann yo kont yo se pechè. Se sèlman peche ak lanmò yo te ka transmèt pitit yo. Kòm yo te ka wè oubyen yo te ka konprann nan ki kondisyon yo te ye, yo te vin wont dèske yo toutouni e yo te kouvri kò yo. — Jen. 3:7, 21.

13-14. a) Selon 1 Pyè 3:21, poukisa nou pa dwe pè lanmò yon fason ki egzajere? b) Ki rezon nou genyen pou nou renmen Jewova?

13 Nou pa dwe pè lanmò yon fason ki egzajere. Jewova ban nou posiblite pou nou gen lavi ki pap janm fini an. Si nou fè yon peche e nou repanti toutbon, Jewova ap padone peche nou yo. L ap padone nou poutèt lafwa nou gen nan sakrifis ranson Pitit Gason l lan. Youn nan pi bèl fason nou ka montre nou gen lafwa se lè nou vwe Bondye lavi nou epi nou batize. — Li 1 Pyè 3:21.

14 Nou gen anpil rezon pou nou renmen Jewova. Nonsèlman li ban nou bon bagay nou gen chak jou yo, men tou li anseye nou laverite sou li e sou objektif li genyen (Jan 8:31, 32). Li ban nou kongregasyon kretyen an pou gide nou e pou soutni nou. Li ede nou pote chay lou n ap pote kounye a e fè nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan bon kondisyon (Sòm 68:19; Rev. 21:3, 4). Lè nou medite sou tout sa Jewova deja fè pou l montre jan li renmen nou, sa fè nou vin renmen l tou. E lè nou vin renmen Jewova, nou vin gen gwo respè pou li e nou pap vle fè anyen k ap fè l fache.

15. Ki jan Makayla te sispann pè pou l pa echwe?

15 Makayla, nou te pale de li pi wo a, te sispann pè pou l pa echwe lè l te vin konprann nan ki pwen Jewova konn padone. “Mwen te vin rann mwen kont nou tout nou enpafè e n ap gen pou n fè erè. Men tou, mwen te vin konprann Jewova renmen nou e l ap padone nou sou baz ranson an.” Lanmou li gen pou Jewova te pouse l vwe lavi l ba li epi batize.

(Gade paragraf 16) *

16. Ki sa k te ede Miles sispann pè opozisyon?

16 Miles, ki te pè pou manman l pa t opoze ak desizyon li te pran pou l batize a, te chèche èd nan men yon siveyan sikonskripsyon. Miles di: “Li menm tou li te grandi nan yon fanmi kote se yon sèl nan paran l yo ki t ap sèvi Jewova. Li te ede m reflechi sou sa m te ka di pou m ede manman m konprann se mwen ki te pran desizyon an e se pa papa m ki t ap fòse m fè sa.” Manman Miles pa t byen pran bagay yo. Finalman, Miles te oblije kite kay la, men li te kenbe desizyon li te pran an. Li di: “Bon bagay mwen te aprann Jewova fè pou mwen yo te touche kè m. Lè m te byen reflechi sou sakrifis ranson Jezi a, mwen te rive konprann nan ki pwen Jewova renmen m. Panse sa a te pouse m vwe lavi m bay Jewova epi batize.”

KENBE DESIZYON W PRAN AN

Nou ka montre nou apresye sa Bondye fè pou nou. (Gade paragraf 17.)

17. Ki posiblite nou genyen?

17 Lè Èv te manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, li te vire do bay Papa l. Lè Adan te fè menm bagay la tou, li te montre li vrèman pa apresye tout bon bagay Jewova te fè pou li yo. Nou tout gen posiblite pou nou montre nan ki pwen nou pa dakò ak desizyon Adan ak Èv te pran an. Lè nou batize, nou montre Jewova nou kwè li gen otorite pou l ban nou prensip sou sa ki byen ak sa ki mal. Nou montre nou renmen Papa nou e nou gen konfyans nan li.

18. Ki jan w ka reyisi nan sèvis w ap bay Jewova a?

18 Lè nou fin batize, nou dwe kontinye fè sa Jewova vle, nou pa dwe fè sa nou vle. Gen plizyè milyon moun k ap sèvi Bondye ki aji konsa. Ou ka fè menm jan ak yo lè w kontinye chèche pi byen konprann Labib, Pawòl Bondye a, lè w toujou pase tan ak frè ak sè w yo e lè w chofe pou w ede lòt moun konnen sa w te aprann sou Papa w ki gen lanmou (Ebre 10:24, 25). Lè w ap pran desizyon, koute konsèy Jewova ba ou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan (Eza. 30:21). Lè sa a, w ap reyisi nan tout sa w ap fè. — Pwo. 16:3, 20.

19. Ki sa w dwe kontinye rekonèt, e poukisa?

19 Lè w kontinye rekonèt nan ki pwen w jwenn byenfè nan direksyon Jewova ba w, lanmou w gen pou li ak prensip li yo ap grandi. Lè sa a, pa gen anyen Satan ofri w k ap fè w sispann sèvi Jewova. Imajine jan w ap ye nan mil an. W ap gen pou w sonje desizyon w te pran pou w batize a, e w ap wè se pi bon desizyon w te ka pran!

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

^ § 5 Desizyon ki pi enpòtan w ap gen pou w pran se konnen si w ap batize oswa si w pap batize. Poukisa desizyon sa a enpòtan konsa? Atik sa a pral reponn kesyon sa a. Li pral ede moun ki ta renmen batize yo pou yo fè fas ak difikilte ki ta ka anpeche yo batize.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Asirans: Yon jèn gason ki pè fè kòmantè.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Zanmi: Yon jèn Temwen ki gen yon move zanmi. Li wont lè l rankontre lòt Temwen.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pè echwe: Yon tifi ki pè pou l pa echwe lè l wè frè l eskominye epi li kite kay la.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Opozisyon: Yon jèn gason ki pè priye devan manman l ki pa kwayan.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Asirans: Yon jèn gason ki fè plis etid pèsonèl.

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Zanmi: Yon jèn Temwen ki aprann pou l santi l fyè dèske li se yon Temwen.

^ § 69 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pè echwe: Yon tifi ki aprann renmen laverite epi li batize.

^ § 71 ESPLIKASYON SOU FOTO: Opozisyon: Yon jèn gason ki esplike manman l ki pa kwayan kwayans li avèk kouraj.