Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 11

Koute vwa Jewova

Koute vwa Jewova

“Men Pitit Gason m nan [...]. Koute l.” — MAT. 17:5.

KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki jan Jewova te kominike ak lèzòm? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

JEWOVA renmen kominike avè n. Nan tan lontan, li te konn sèvi ak pwofèt, ak zanj ak Pitit Gason l lan, Kris Jezi, pou l fè nou konnen panse l (Amòs 3:7; Gal. 3:19; Rev. 1:1). Jodi a, li kominike avèk nou pa mwayen Pawòl li a, Labib. Li ban nou l pou nou ka aprann konnen panse l e pou n ka konprann fason l aji.

2 Lè Jezi te sou tè a, Jewova te pale detan l nan syèl la nan twa okazyon. Annou egzamine sa Jewova te di, sa n ka aprann nan pawòl li te di yo ak byenfè nou jwenn grasa sa l te di yo.

“OU SE PITIT GASON M, PITIT MWEN RENMEN ANPIL LA”

3. Lè nou li Mak 1:9-11, ki sa nou wè Jewova te di lè Jezi t ap batize, e ki verite enpòtan pawòl sa yo te kore?

3 Nan Mak 1:9-11, nou jwenn premye fwa Jewova te pale detan l nan syèl la. (Li vèsè yo.) Men sa l te di: “Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou.” Sa dwe te touche kè Jezi anpil lè l te tande vwa Papa l k ap di l li renmen l e li gen konfyans nan li! Pawòl Jewova te di yo kore twa verite enpòtan konsènan Jezi. Premyèman, Jezi se Pitit li. Dezyèmman, Jewova renmen Pitit Gason l lan. E twazyèmman, Jewova pran plezi nan Pitit Gason l lan. Annou byen egzamine yo chak.

4. Ki nouvo relasyon Jezi te vin gen ak Bondye nan moman batèm li?

4 “Ou se Pitit Gason m.” Pa mwayen pawòl sa yo, Jewova montre Jezi, Pitit li renmen anpil la, te vin gen yon nouvo relasyon avè l. Pandan Jezi te nan syèl la, li te yon espri, yon pitit Bondye. Men, lè l batize, li te vin resevwa lespri sen. Nan moman sa a, Bondye te fè konnen Jezi, antanke Pitit li chwazi a, gen espwa kounye a pou l retounen nan syèl la pou l vin Wa Bondye nome e pou l vin Gran Prèt (Lik 1:31-33; Ebre 1:8, 9; 2:17). Donk, nan moman batèm Jezi, Papa l te gen bonjan rezon pou l di l: “Ou se Pitit Gason m.” — Lik 3:22.

Nou santi nou byen lè moun felisite nou ak lè yo ankouraje nou. (Gade paragraf 5.) *

5. Ki jan n ka imite Jewova nan fason l demonte lanmou ak apresyasyon?

5 “Ou se [...] pitit mwen renmen anpil la.” Egzanp Jewova bay nan fason li demontre lanmou ak apresyasyon fè nou wè enpòtans pou nou chèche okazyon pou nou ankouraje lòt moun (Jan 5:20). Nou santi nou byen lè yon moun nou apresye montre li renmen nou e li felisite nou pou bon aksyon nou fè. Se konsa tou, frè ak sè yo nan kongregasyon an ansanm ak moun nan fanmi nou bezwen nou montre nou renmen yo e yo bezwen n ankouraje yo. Lè nou felisite lòt moun, nou fòtifye lafwa yo e nou ede yo pou yo sèvi Jewova fidèlman. Paran yo sitou bezwen ankouraje Pitit yo. Lè paran yo felisite pitit yo ak tout kè yo e yo montre yo gen afeksyon pou yo, sa ede timoun yo vin djanm.

6. Sa k fè nou ka gen konfyans nan Jezi Kris?

6 “Mwen pran plezi nan ou.” Pawòl sa yo montre Jewova te gen konfyans Jezi t ap fè volonte Papa l fidèlman. Konfyans sa a Jewova te gen nan Pitit gason l lan montre nou menm tou nou ka sèten Jezi ap fidèl nan fason li reyalize tout pwomès Jewova fè yo (2 Kor. 1:20). Lè nou egzamine egzanp Jezi, nou ka pran plis detèminasyon pou nou aprann nan men l e pou n suiv tras li pye pou pye. Jewova gen asirans tou sèvitè l yo antanke gwoup ap kontinye aprann nan men Pitit Gason l lan. — 1 Pyè 2:21.

“KOUTE L”

7. Selon Matye 17:1-5, nan ki okazyon Jewova te pale detan l nan syèl la, e ki sa l te di?

7 Li Matye 17:1-5. Dezyèm fwa Jewova te pale detan l nan syèl la se lè “aparans [Jezi te] chanje” a. Jezi te envite Pyè, Jak ak Jan pou y al avè l sou yon mòn byen wo. Pandan yo sou mòn nan, yo te wè yon vizyon estrawòdinè. Figi Jezi te briye e rad li te klere. Gen de moun, ki te reprezante Moyiz ak Eli, ki te kòmanse pale ak Jezi sou lanmò l ak rezirèksyon l. Byenke “dòmi te vle al” ak twa apot yo, yo te wè vizyon estrawòdinè sa a lè yo te vin reveye (Lik 9:29-32). Annapre, gen yon nyaj klere ki te kouvri yo e yo te tande yon vwa nan nyaj la, se te vwa Bondye! Nan moman batèm Jezi, Jewova te fè konnen li pran plezi nan Pitit Gason l lan e li renmen l. Men sa l te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” Men, fwa sa a Jewova te di: “Koute l.”

8. Ki efè vizyon an te gen sou Jezi ak disip yo?

8 Vizyon sa a te bay yon apèsi sou glwa ak pouvwa Jezi t apral genyen antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Pa gen dout, Bondye te ankouraje Kris e li te ba l fòs pou soufrans ak lanmò terib li t apral gen pou l sibi yo. Vizyon sa a te fòtifye lafwa disip yo tou e l te prepare yo pou yo fè fas ak eprèv fidelite yo t apral sibi e pou yo travay di pandan ane ki t ap vini yo. Anviwon 30 an apre sa, apot Pyè te pale sou vizyon sa a. Li te montre vizyon an toujou byen klè nan lespri l. — 2 Pyè 1:16-18.

9. Ki bon konsèy Jezi te bay disip li yo?

9 “Koute l.” Jewova montre aklè li vle pou nou koute pawòl Pitit Gason l lan e li vle nou obeyi pawòl sa yo. Ki sa Jezi te di lè l te sou tè a? Li te di anpil bagay ki enpòtan pou nou koute. Pa egzanp, avèk lanmou, li te anseye disip li yo fason pou yo preche bon nouvèl la e li pa t sispann fè yo sonje pou yo kontinye veye (Mat. 24:42; 28:19, 20). Li te mande yo tou pou yo fè gwo efò e l te ankouraje yo pou yo pa lage sa (Lik 13:24). Jezi te montre nesesite pou disip li yo renmen youn lòt, pou yo rete ini e pou yo obeyi kòmandman l yo (Jan 15:10, 12, 13). Ala yon bon konsèy Jezi te bay disip li yo! Jodi a konsèy sa a gen menm enpòtans ak lè Jezi te bay li a.

10-11. Ki jan n ka montre nou koute Jezi?

10 Jezi te di: “Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.” (Jan 18:37). Nou montre nou koute vwa l lè “youn kontinye sipòte lòt e [...] youn kontinye padone lòt ak tout kè l”. (Kol. 3:13; Lik 17:3, 4.) Mete sou sa, nou montre nou koute vwa l lè nou preche bon nouvèl la avèk zèl “ni nan tan favorab, ni nan tan difisil”. — 2 Tim. 4:2.

11 Jezi te di: “Mouton m yo koute vwa m.” (Jan 10:27). Moun k ap suiv Kris yo montre yo koute vwa Jezi nonsèlman lè yo koute pawòl li yo men tou lè yo obeyi yo. Yo pa kite “tètchaje ki gen nan lavi a” pote yo ale (Lik 21:34). Okontrè, priyorite yo nan lavi a se obeyi kòmandman Jezi yo menm lè yo nan sitiyasyon ki difisil. Anpil nan frè nou yo jwenn gwo eprèv, sa gen ladan l atak opozan fè sou yo, mizè ak katastwòf natirèl. Malgre tout bagay sa yo, yo rete fidèl ak Jewova kèlkeswa sa sa mande. Men asirans Jezi ba yo: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l.” — Jan 14:21.

Travay predikasyon an ede n rete konsantre. (Gade paragraf 12.) *

12. Ki lòt fason nou ka montre nou koute Jezi?

12 Men yon lòt fason nou ka montre nou koute Jezi: se lè nou kolabore ak moun li mete pou dirije nou yo (Ebre 13:7, 17). Òganizasyon Bondye a fè anpil chanjman nan dènye ane sa yo, pami chanjman sa yo, yo vin sèvi ak nouvo zouti ak nouvo metòd nan travay predikasyon an, yo chanje fason nou te konn fè reyinyon lasemèn nan ak fason nou fè konstriksyon, renovasyon ak antretyen Sal Wayòm yo. Se pa ti apresye nou apresye bonjan direksyon yo ban nou ki chaje ak lanmou! Nou sèten Jewova ap beni efò nou fè pou nou suiv direksyon òganizasyon l lan bay nan bon moman.

13. Ki byenfè n ap jwenn lè nou koute Jezi?

13 Nou jwenn byenfè lè nou koute tout sa Jezi te anseye. Jezi te bay disip li yo asirans ansèyman l yo t ap ba yo fòs. Men sa l te di yo: “N ap jwenn fòs [...]. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Mat. 11:28-30). Pawòl Bondye a, ki gen ladan l kat Evanjil yo ki pale sou lavi Jezi ak sèvis li, ban nou fòs, li fè nou vin djanm nan domèn espirityèl e li fè n gen sajès (Sòm 19:7; 23:3). Jezi te di: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28.

‘M AP FÈ NON M JWENN GLWA’

14-15. a) Pale de twazyèm okazyon Jewova te pale detan l nan syèl la ki nan Jan 12:27, 28. b) Poukisa pawòl Jewova te di yo te ka konsole Jezi e yo te ka ba l fòs?

14 Li Jan 12:27, 28. Nan Evanjil Jan te ekri a, nou jwenn yon twazyèm okazyon kote Jewova te pale detan l nan syèl la. Kèk jou anvan lanmò Jezi, Jezi te Jerizalèm pou l selebre dènye Pak li. Men sa l te di: “Mwen boulvèse.” Apre sa, li priye, li di: “Papa, fè non w jwenn glwa.” Lè sa a, detan Papa l nan syèl la, li di: “Mwen te fè l jwenn glwa e m ap fè l jwenn glwa ankò.”

15 Jezi te boulvèse akoz gwo responsablite li te gen sou do l pou l rete fidèl ak Jewova. Jezi te byen konnen li pral soufri akoz yo t apral bat li yon fason ki brital e li t apral mouri yon fason ki terib (Mat. 26:38). Plis pase tout lòt moun, Jezi te vle bay non Papa l glwa. Yo te akize Jezi kòmkwa l ap fè blasfèm e li te pè pou fason l t apral mouri a pa t lage vèni sou non Bondye. Se sèten pawòl Jewova te di yo te fòtifye Jezi anpil! Li te kapab gen asirans non Jewova t ap jwenn glwa. Sandout, pawòl Papa l te di yo te konsole l anpil e sa te ba l fòs pou sa k t ap ret tann li pi devan. Byenke petèt Jezi se te sèl moun ki te la ki te konprann sa Papa l te di nan moman sa a, Jewova te fè yon jan pou yo ekri pawòl Li te di yo pou nou tout. — Jan 12:29, 30.

Jewova pral fè non l jwenn glwa e li pral delivre pèp li a. (Gade paragraf 16.) *

16. Poukisa pafwa nou ka enkyè lè nou wè y ap lage vèni sou non Bondye?

16 Menm jan ak Jezi, nou menm tou nou enkyè lè nou wè y ap lage vèni sou non Jewova. Petèt nou konn sibi enjistis menm jan ak Jezi. Oswa nou konn boulvèse akoz manti opozan yo konn ap gaye sou nou. Nou ka ap reflechi tou sou fason manti sa yo ka lage vèni sou non Jewova ak òganizasyon l lan. Nan moman sa yo, pawòl Jewova te di yo ka konsole nou anpil. Nou pa dwe ap bay tèt nou twòp pwoblèm. Nou kapab gen asirans “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi”. (Flp. 4:6, 7.) Jewova pap janm manke bay non l glwa. Pa mwayen Wayòm nan, l ap repare tout dega Satan ak monn li an lakòz sèvitè fidèl li yo sibi. — Sòm 94:22, 23; Eza. 65:17.

NOU JWENN BYENFÈ LÈ NOU KOUTE VWA JEWOVA JODI A

17. Selon Ezayi 30:21, ki jan Jewova pale avè nou jodi a?

17 Jewova toujou ap pale avè nou jodi a. (Li Ezayi 30:21.) Se vre, nou pa tande vwa Bondye k ap pale avè n detan l nan syèl la. Men, li ban nou Pawòl li fè ekri a, Labib, e se ladan l li ban nou enstriksyon. Mete sou sa, lespri Jewova pouse “entandan fidèl” la pou l kontinye bay sèvitè l yo pwovizyon yo bezwen (Lik 12:42). Nou resevwa yon pakèt pwovizyon sou fòm piblikasyon ki enprime ak lòt materyèl ki sou Entènèt, san wete yon pakèt videyo ak lòt piblikasyon sou fòm odyo pou ede nou kontinye gen yon lafwa ki solid!

18. Ki jan pawòl Jewova te di yo ede nou gen lafwa ak kouraj?

18 Ann kontinye sonje pawòl Jewova te di lè Pitit Gason l lan te sou tè a! Se pou pawòl Bondye te di yo ki nan Bib la fè nou gen konfyans Jewova gen kontwòl tout bagay e l pral repare kèlkeswa dega Satan ak monn mechan l lan lakòz nou sibi. Epitou, se pou nou pran detèminasyon pou n byen koute vwa Jewova. Si nou fè sa, n ap reyisi andire anba kèlkeswa pwoblèm n ap rankontre jodi a ak kèlkeswa difikilte k ap tann nou pi devan. Men sa Labib fè nou sonje: “Nou bezwen gen andirans, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la.” — Ebre 10:36.

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

^ § 5 Lè Jezi te sou tè a, Jewova te pale twa fwa detan l nan syèl la. Youn nan fwa sa yo, Jewova te ankouraje disip Kris yo pou yo koute Pitit Gason l lan. Jodi a, Jewova pale avè n pa mwayen Pawòl li te fè ekri a, ki gen ladan l ansèyman Jezi yo, e pa mwayen òganizasyon l lan. Atik sa a pral egzamine fason nou ka jwenn byenfè lè nou koute Jewova ak Jezi.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen ki remake yon sèvitè ministeryèl k ap patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan apre sa k ap travay sou kontwa piblikasyon an. Ansyen an felisite l anpil.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm nan peyi Syera Leyòn k ap bay yon pechè pwason nan zòn nan yon fich envitasyon pou reyinyon.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon seri Temwen nan yon peyi kote yo entèdi travay nou an ki reyini nan yon kay prive. Yo abiye yon fason ki rilaks pou yo pa atire atansyon sou yo.