Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 20

Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl

Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl

“Bondye tout konsolasyon an [...] konsole nou nan tout eprèv nou yo.” — 2 KOR. 1:3, 4.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki egzanp ki montre lèzòm gen yon bezwen natirèl lakay yo pou yo jwenn konsolasyon e yo gen kapasite pou yo bay konsolasyon? b) Ki jan yo fè kèk timoun soufri?

LÈZÒM gen yon bezwen natirèl lakay yo pou yo jwenn konsolasyon, e yo gen kapasite estrawòdinè pou yo konsole lòt moun. Pa egzanp, lè yon timoun tonbe pandan l ap jwe e li blese jenou l, li ka kouri al jwenn manman l oswa papa l toutpandan l ap kriye. Paran yo pa ka geri blese a, men yo ka konsole timoun nan. Yo ka mande l kòman sa fè rive, yo ka siye dlo nan je l e yo ka di l bon ti pawòl pou konsole l. E petèt y ap mete yon ti remèd oswa yon pansman sou blese a. Nan yon ti tan, timoun nan ap sispann kriye e li ka menm rekòmanse jwe. Rive yon lè, blese a ap geri.

2 Ebyen, pafwa timoun yo konn gen yon blese ki pi grav toujou. Gen kèk timoun yo fè abi seksyèl sou yo. Yo ka fè abi seksyèl sou yo yon sèl fwa, oswa yo ka fè sa pandan plizyè ane. Kèlkeswa sitiyasyon an, abi seksyèl yo fè sou li a ka lakòz gwo dega nan domèn afektif. Nan kèk ka, yo konn vin konnen moun ki fè aksyon an, e apre sa yo konn pini l. Gen kèk lòt ka kote moun ki fè abi seksyèl la ta sanble pap jwenn pinisyon pou sa l fè a. Men, menmsi yo pini moun ki fè abi seksyèl la san pèdi tan, timoun ki viktim nan ka kontinye soufri menm lè l vin gran.

3. Jan sa parèt nan 2 Korentyen 1:3, 4, ki sa Jewova vle, e ki kesyon nou pral egzamine?

3 Ki sa k ka fèt pou ede yon kretyen yo te fè abi seksyèl sou li lè l te timoun e ki toujou ap soufri nan domèn afektif lè l vin gran? (Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Li klè, Jewova vle pou mouton l yo jwenn lanmou ak konsolasyon yo bezwen. Donk, ann egzamine twa kesyon: 1) Poukisa moun yo te fè abi seksyèl sou yo lè yo te timoun ka bezwen konsolasyon? 2) Kiyès ki ka ba yo konsolasyon yo bezwen an? 3) Ki jan nou ka bay moun sa yo bonjan konsolasyon?

POUKISA YO BEZWEN KONSOLASYON?

4-5. a) Poukisa l enpòtan pou nou konprann rezon ki fè timoun pa menm ak granmoun? b) Ki jan abi seksyèl yo fè sou timoun ka fè timoun nan pa fè moun konfyans?

4 Gen kèk moun ki te sibi abi seksyèl lè yo te timoun ki ka toujou bezwen konsolasyon menm lè gen anpil ane ki pase. Sa k fè sa? Pou nou konprann rezon an, toudabò, nou dwe rann nou kont timoun pa menm ditou ak granmoun. Byen souvan, efè yon move bagay gen sou yon timoun pa menm ditou ak efè sa genyen sou yon granmoun. Ann pran kèk egzanp.

5 Timoun yo atache anpil ak moun k ap leve yo e k ap pran swen yo, e yo fè moun sa yo konfyans. Atachman sa a timoun yo genyen an fè yo santi yo an sekirite e sa aprann yo pou yo fè lòt moun ki renmen yo konfyans (Sòm 22:9). Malerezman, pifò abi seksyèl ki fèt sou timoun se anndan lakay timoun nan yo fèt, e jeneralman, moun ki fè l la se fanmi pwòch oswa zanmi fanmi an. Lè se yon moun timoun nan fè konfyans ki fè abi seksyèl sou li, sa ka fè l difisil pou l fè lòt moun konfyans, menm plizyè ane apre sa.

6. Poukisa abi seksyèl se yon bagay ki terib e ki lakòz gwo dega?

6 Timoun pa ka pwoteje tèt yo, e abi seksyèl yo fè sou yo se yon bagay ki terib e ki lakòz gwo dega. Lè yo fè yon timoun fè yon seri bagay ki gen rapò ak sèks, plizyè ane anvan kò l ak lespri l pare pou l gen relasyon seksyèl nan kad maryaj, sa ka lakòz gwo dega. Lè yo fè abi seksyèl sou timoun, sa ka fè yo mal wè relasyon seksyèl, sa ka fè yo mal wè tèt yo oswa yo ka pa fè okenn moun k ap chèche vin pwòch yo konfyans.

7. a) Sa k fè li fasil pou moun ki mètdam twonpe timoun epi fè abi seksyèl sou yo, e ki manti yo konn bay? b) Ki sa manti sa yo ka lakòz?

7 Kapasite yon moun genyen pou l reflechi, pou l rezone oswa pou l rekonèt danje e pou l evite danje poko fin devlope lè moun nan timoun (1 Kor. 13:11). Donk, li fasil anpil pou yon moun ki mètdam twonpe yon timoun epi fè abi seksyèl sou li. Moun k ap fè abi seksyèl yo konn bay timoun nan yon seri vye manti, pa egzanp yo konn fè timoun nan kwè se timoun nan ki lakòz sa k rive a, oswa timoun nan pa dwe kite okenn lòt moun konn sa k rive a, oubyen pèsonn pap kwè l si l al di sa k rive a, oswa se nòmal pou yon granmoun ak yon timoun ki gen yon lanmou sensè youn pou lòt montre sa lè yo fè yon seri bagay ki gen rapò ak sèks. Sa ka pran anpil ane pou timoun nan vin rann li kont tout sa yo t ap di l yo se manti. Timoun nan ka grandi ak santiman kòmkwa li pa gen okenn valè, li sal, li pa merite pou moun renmen l e pou yo konsole l.

8. Poukisa nou ka sèten Jewova ka konsole moun yo te fè mechanste yo?

8 Donk, sa ede nou konprann rezon ki fè lè yo fè abi seksyèl sou yon timoun sa ka lakòz gwo dega pandan anpil ane. Se pa ti mechanste sa ye! Flewo sa a ki gaye nan lemonnantye montre aklè n ap viv nan dènye jou yo, yon epòk kote anpil moun pa gen “afeksyon pou moun parèy yo” e kote “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou”. (2 Tim. 3:1-5, 13.) Plan Satan yo terib anpil, e sa vrèman tris lè moun yo aji yon fason ki fè Dyab la plezi. Sepandan, Jewova gen plis fòs lontan pase Satan ak moun k ap suiv Satan yo. Jewova toujou wè taktik Satan itilize yo. Nou ka gen asirans Jewova byen konnen jis nan ki pwen n ap soufri, e li ka ban nou konsolasyon nou bezwen. Se yon benediksyon sa ye lefètke n ap sèvi “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite eprèv grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye”. (2 Kor. 1:3, 4.) Donk, ak kiyès Jewova sèvi pou l bay konsolasyon?

KIYÈS KI KA BAY KONSOLASYON?

9. Ann amoni ak pawòl wa David te di nou jwenn nan Sòm 27:10 la, ki sa Jewova ap fè pou moun fanmi yo pa t pwoteje?

9 Moun ki plis bezwen konsolasyon se moun paran yo pa t pwoteje yo pou moun pa fè abi seksyèl sou yo, oswa moun ki viktim abi seksyèl anba men moun ki pwòch yo. David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te konnen se sou Jewova nou plis bezwen konte pou nou jwenn konsolasyon. (Li Sòm 27:10.) David te gen konfyans Jewova ap vin yon Papa pou moun fanmi yo pa t pwoteje yo. Ki jan Jewova fè sa? Li itilize sèvitè fidèl li yo sou tè a. Frè n ak sè n yo nan kongregasyon an tankou yon fanmi pou nou. Pa egzanp, Jezi te di moun ki vin adore Jewova menm jan avè l yo se frè l, sè l ak manman l. — Mat. 12:48-50.

10. Ki jan apot Pòl te pale de travay li antanke ansyen?

10 Ann pran yon egzanp ki montre jan frè n ak sè n yo nan kongregasyon an tankou yon fanmi. Apot Pòl te yon ansyen ki te konn travay di e ki te fidèl. Li kite yon bèl egzanp e Bondye te menm enspire l pou l fè lòt moun konnen pou yo imite l menm jan li menm li imite Kris (1 Kor. 11:1). Remake fason Pòl te pale yon lè de travay li antanke ansyen. Li te di: “Nou te vin dou nan mitan nou, tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete.” (1 Tes. 2:7). Menm jan an tou jodi a, ansyen yo ki fidèl kapab montre dousè e yo ka sèvi ak bèl ti pawòl pandan y ap itilize Bib la pou yo konsole moun ki bezwen sa.

Byen souvan, sè ki gen matirite yo konn ki jan pou yo konsole lòt moun. (Gade paragraf 11.) *

11. Ki sa k montre se pa ansyen yo sèlman ki ka bay konsolasyon?

11 Èske se ansyen yo sèlman ki kapab konsole moun ki te viktim abi seksyèl? Non. Nou tout gen responsablite pou nou “kontinye konsole [...] youn lòt”. (1 Tes. 4:18.) Sè ki gen matirite yo ka sitou ankouraje sè ki bezwen konsolasyon. Sa byen tonbe, paske Jewova Dye konpare tèt li ak yon manman k ap konsole pitit li (Eza. 66:13). Bib la bay egzanp yon seri medam ki te konn konsole moun ki nan gwo lapenn (Jòb 42:11). Se pa ti kontan Jewova kontan lè l wè jodi a gen yon seri medam ki kretyen k ap konsole sè k ap soufri anpil nan domèn afektif yo! Nan kèk ka, youn oswa de ansyen ka mande yon sè ki gen matirite si l kapab ede yon lòt sè k ap soufri nan sans sa a *. Ansyen yo kapab fè sa an prive.

FASON NOU KA KONSOLE LÒT MOUN

12. Ki sa n dwe veye pou n pa fè?

12 Nòmalman, n ap veye pou n pa poze kesyon sou yon seri bagay yon kretyen parèy nou pa vle pale sou sa (1 Tes. 4:11). Men, ki sa nou ka fè pou moun ki bezwen èd ak konsolasyon e ki vle sa? Ann egzamine senk fason ki baze sou Bib la nou ka bay konsolasyon.

13. Jan 1 Wa 19:5-8 fè konn sa, ki sa zanj Jewova a te fè pou Eli, e ki jan nou ka imite zanj lan?

13 Fè yon bagay pou ede moun k ap soufri a. Lè pwofèt Eli t ap kouri pou l sove lavi l, li te tèlman dekouraje, li te mande lanmò. Jewova te voye yon zanj pisan al kote mesye sa a ki te dekouraje. Zanj lan te bay Eli sa l te bezwen nan moman an. Li te ba l manje e li te ankouraje l pou l manje. (Li 1 Wa 19:5-8.) Istwa sa a aprann nou yon verite enpòtan: Pafwa yon ti jès tou senp ki montre bonte anvè yon moun ka itil anpil. Petèt yon ti manje, yon ti kado, yon ti kat ki gen ladan l kèk mo ankourajan ka konsole yon frè oubyen yon sè ki tris anpil, e sa ka fè yo konprann lanmou ak sousi nou gen pou yo. Si nou santi nou pa alèz pou nou pale avèk yon moun sou yon bagay ki pèsonèl oswa ki fè l soufri, petèt, nou ka toujou ba li kalite èd sa yo.

14. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Eli?

14 Fè moun k ap soufri a santi l an sekirite e mete l alèz. Nou ka aprann yon lòt leson nan istwa Eli a. Jewova te fè yon mirak pou l bay pwofèt la èd li te bezwen pou l t al jis sou Mòn Òrèb. Petèt se nan zòn byen lwen sa a Eli te santi l an sekirite, zòn kote Jewova te fè alyans ak pèp li a plizyè santèn ane anvan sa. Finalman, Eli te ka santi moun ki t ap chèche fè l mechanste yo pa t ap jwenn li kote ki byen lwen sa a. Ki sa nou ka aprann? Si nou vle konsole moun ki viktim abi seksyèl, premye bagay nou ka bezwen fè se ede yo santi yo an sekirite. Pa egzanp, ansyen yo dwe sonje yon sè k ap soufri ka santi l pi an sekirite e pi alèz si yo ta pale avè l lakay li nan yon anbyans ki rilaks kote l ap bwè yon ti te olye yo pale avè l nan Sal Wayòm nan. Tandiske yon lòt sè gendwa santi li pi byen si yo pale avè l nan Sal Wayòm nan.

Nou ka konsole lòt moun lè nou pran tan pou n koute yo, lè nou priye pou yo ak tout kè nou e lè nou chwazi mo ki ka konsole yo. (Gade paragraf 15-20.) *

15-16. Ki sa byen koute gen ladan l?

15 Byen koute. Bib la bay yon konsèy ki klè: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” (Jak 1:19). Èske nou konn pran san n pou n koute lòt moun? Petèt nou ka panse byen koute yon moun vle di annik ret la ap koute l san n pa di anyen. Men, byen koute mande plis pase sa. Pa egzanp, finalman, Eli te di Jewova jis nan ki pwen li boulvèse, e Jewova te vrèman koute l. Jewova te konprann Eli te pè, Eli te santi l poukont li, li te santi tout travay li te fè yo se te pou granmesi. Avèk lanmou, Jewova te ede l rive venk chak krent sa yo. Li te montre li te vrèman koute Eli. — 1 Wa 19:9-11, 15-18.

16 Ki jan nou ka montre konpasyon ak kè sansib pou lòt moun lè n ap koute yo, sa ki montre nou renmen yo? Pafwa, kèk bèl ti pawòl nou di, toutpandan n ap veye sa n ap di, ka montre jan nou santi nou. Ou ta kapab di: “Sa k rive w la fè m mal anpil! Yo pa dwe fè yon timoun sa!” Petèt ou ka poze moun ki nan lapenn nan youn oswa de kesyon pou w wè si w konprann sa l ap di a. Petèt, ou kapab di: “Tanpri, ede m konprann sa w vle di” oswa “Lè w di sa, men sa m konprann... Èske m byen konprann?” Lè nou demontre lanmou fason sa a, sa ka bay moun nan asirans nou vrèman ap koute l e n ap eseye chèche konprann. — 1 Kor. 13:4, 7.

17. Poukisa nou dwe gen pasyans e nou pa dwe “prese pale”?

17 Men, veye pou nou pa “prese pale”. Pa entèwonp moun nan pou n ba l konsèy oswa pou n korije fason l panse. Epitou, se pou nou gen pasyans! Lè Eli te resi vide kè l bay Jewova, li te dekouraje epi l te di pawòl ki te montre li tris anpil. Annapre, lè Jewova te fòtifye lafwa Eli, yon lòt fwa ankò, Eli te di sa k nan kè l, li te itilize menm pawòl yo (1 Wa 19:9, 10, 13, 14). Ki leson nou aprann? Pafwa, yon moun ki nan lapenn ka bezwen di sa k nan kè l plizyè fwa. Menm jan ak Jewova, nou bezwen koute avèk pasyans. Olye n eseye bay solisyon, montre nou gen konpasyon ak kè sansib. — 1 Pyè 3:8.

18. Ki jan priyè nou yo ka konsole moun k ap soufri?

18 Priye ak tout kè n ak moun ki nan lapenn nan. Moun ki santi yo kraze anpil ka santi yo pa kapab priye. Yo ka santi yo pa merite pwoche bò kote Jewova. Si n ta vle konsole yon moun konsa, nou ka priye avè l epi site non l nan priyè a. Nou ka di Jewova jan nou apresye moun sa a k ap soufri a e jan moun nan kongregasyon an renmen l. Nou ka mande Jewova pou l soulaje ti mouton l lan ki gen anpil valè pou li e pou l konsole l. Priyè konsa ka konsole moun nan anpil. — Jak 5:16.

19. Ki sa k ka ede nou prepare n pou n konsole lòt moun?

19 Chwazi mo k ap geri moun e k ap konsole yo. Reflechi anvan w pale. Pawòl moun di san reflechi ka blese lòt moun, pawòl moun di ki janti ka geri yo (Pwo. 12:18). Se sa k fè nou bezwen priye Jewova pou l ede nou jwenn pawòl ki janti, ki kapab konsole moun e ki ka soulaje yo. Toujou sonje pa gen pawòl ki gen plis fòs pase pawòl Jewova di nou jwenn nan Bib la. — Ebre 4:12.

20. Ki sa kèk frè ak sè yo te fè abi seksyèl sou yo ka panse de tèt yo, e ki sa nou vle fè yo sonje?

20 Gen kèk moun yo te fè abi seksyèl sou yo ki ka kwè yo sal, yo pa gen valè, moun pa renmen yo e moun pap janm renmen yo. Ala yon manti ki terib! Donk, se pou nou sèvi ak Bib la pou nou ede yo sonje Jewova ba yo anpil valè. (Gade kare ki gen tit “ Nou jwenn konsolasyon nan Ekriti yo”.) Sonje jan yon zanj te bay pwofèt Dànyèl fòs lè Dànyèl te santi l kraze anpil. Jewova te vle mesye sa a konnen li gen anpil valè pou li (Dàn. 10:2, 11, 19). Menm jan an tou, frè n ak sè n yo ki nan gwo lapenn gen anpil valè pou Jewova!

21. Ki sa k pral rive tout moun ki fè move aksyon e ki pa repanti yo, men annatandan, ki detèminasyon nou tout dwe pran?

21 Lè nou konsole lòt moun, nou fè yo sonje Jewova renmen yo. E nou pa dwe janm bliye Jewova se yon Bondye ki gen jistis lakay li. Jewova wè chak moun yo te fè abi seksyèl sou yo, menmsi lòt moun pa konn sa. Jewova wè tout bagay, e li pap kite moun ki fè move aksyon e ki pa repanti yo rete san pinisyon (Nonb 14:18). Annatandan, ann fè tout sa n kapab pou n montre moun ki te viktim abi seksyèl yo nou renmen yo. Mete sou sa, se pa ti konsole sa konsole nou lefètke nou konnen Jewova pral fè tout moun Satan ak monn li an te fè mechanste yo vin geri nèt! Talè konsa, move bagay ki te fè yo soufri yo pap janm vin nan lespri yo oswa nan kè yo ankò. — Eza. 65:17.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

^ § 5 Moun yo te fè abi seksyèl sou yo lè yo te timoun ka gen anpil difikilte menm apre plizyè ane. Atik sa a pral ede nou konprann rezon ki fè sa. Nou pral wè tou kiyès ki kapab konsole moun sa yo. Finalman, nou pral egzamine kèk bon fason nou ka konsole yo.

^ § 11 Si yon moun ki te viktim abi seksyèl vle chèche èd yon pwofesyonèl ki kalifye se yon desizyon pèsonèl.

^ § 76 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki gen matirite k ap konsole yon sè k ap soufri nan domèn afektif.

^ § 78 ESPLIKASYON SOU FOTO: De ansyen k ap vizite yon sè k ap soufri. Sè a te mande sè ki gen matirite a pou l la.