Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 18

Fason lalwa Kris la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li

Fason lalwa Kris la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li

“Se pou youn kontinye pote fado lòt, e konsa, n ap fè sa lalwa Kris la mande.” — GAL. 6:2.

KANTIK 12 Gran Dye, Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki de asirans nou kapab genyen?

JEWOVA DYE renmen moun k ap adore l yo. Li te toujou renmen yo e l ap toujou renmen yo. Epitou, li renmen jistis (Sòm 33:5). Donk, men de asirans nou kapab genyen: 1) Sa fè Jewova mal lè yo mal aji ak sèvitè l yo. 2) L ap fè yo jwenn jistis. Nan premye atik nan seri sa a *, nou te aprann Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la pa mwayen Moyiz te baze sou lanmou. Li te pèmèt gen jistis, yon fason pou tout moun jwenn jistis, menm moun ki pi fèb yo (Det. 10:18). Lwa sa a montre jan Jewova sansib pou moun k ap adore l yo.

2. Ki kesyon nou pral reponn?

2 Lwa Moyiz la pa t egziste ankò nan ane 33 epòk nou an lè kongregasyon kretyen an te tabli. Èske kretyen yo pa t ap gen yon lwa ki baze sou lanmou e ki pèmèt gen jistis? Wi! Kretyen yo te gen yon nouvo lwa. Nan atik sa a, toudabò, nou pral egzamine lwa sa a. Apre sa, nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Poukisa nou ka di lwa sa a baze sou lanmou? Poukisa nou ka di li pèmèt gen jistis? Ki jan lwa sa a vle pou moun ki gen otorite yo boule ak lòt moun?

KI SA “LALWA KRIS LA” YE?

3. Galat 6:2 pale de “lalwa Kris la”, ki sa l gen ladan l?

3 Li Galat 6:2. Kretyen yo anba “lalwa Kris la”. Jezi pa t bay yon lis lwa pou disip li yo suiv, men li te ba yo yon seri enstriksyon, kòmandman ak prensip. “Lalwa Kris la” gen ladan l tout sa Jezi te anseye yo. Nan paragraf ki vin annapre yo, nou pral aprann plis bagay sou lwa sa a.

4-5. Ki fason Jezi te anseye, e ki lè l te fè sa?

4 Ki fason Jezi te anseye? Toudabò, li te anseye pa mwayen pawòl li te di. Pawòl li yo te gen anpil fòs paske yo te aprann moun laverite sou Bondye, yo te fè yo konnen vrè sans lavi a e yo te atire atansyon moun yo sou Wayòm Bondye a kòm sèl remèd pou tout soufrans lèzòm yo (Lik 24:19). Jezi te anseye pa mwayen egzanp tou. Nan fason li te viv, li te montre disip li yo fason yo dwe viv. — Jan 13:15.

5 Ki lè Jezi te anseye moun? Li te fè sa pandan sèvis li sou tè a (Mat. 4:23). Li te anseye disip li yo tou yon ti tan apre l fin resisite. Pa egzanp, li te parèt devan yon gwoup disip, petèt plis pase 500, e li te ba yo lòd pou yo “fè disip”. (Mat. 28:19, 20; 1 Kor. 15:6.) Antanke chèf kongregasyon an, Jezi te kontinye fòme disip li yo apre l fin retounen nan syèl la. Pa egzanp, ozanviwon ane 96 epòk nou an, Kris te bay apot Jan lòd pou l ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo e pou l ba yo konsèy. — Kol. 1:18; Rev. 1:1.

6-7. a) Ki kote n ap jwenn ansèyman Jezi yo? b) Ki jan nou ka obeyi lalwa Kris la?

6 Ki kote n ap jwenn ansèyman Jezi yo? Nou jwenn anpil bagay Jezi te di ak anpil bagay li te fè lè l te sou tè a nan kat Evanjil yo. Nan rès Liv ki te ekri an grèk yo, n ap jwenn plis èd pou nou konprann fason Jezi wè bagay yo, paske Bondye te enspire moun ki te ekri yo a pa mwayen lespri sen e yo te gen “panse Kris”. — 1 Kor. 2:16.

7 Leson nou aprann: Ansèyman Jezi yo touche tout aspè nan lavi a. Konsa, lalwa Kris la itil nou nan tout sa n ap fè lakay nou, nan travay nou oswa nan lekòl nou ak nan kongregasyon an. Nou aprann lwa sa a lè nou li Liv ki te ekri an grèk yo e lè nou medite sou sa nou li yo. Nou obeyi lwa sa a lè nou fè efò pou n viv ann amoni ak enstriksyon, kòmandman ak prensip nou jwenn nan liv sa yo ki nan Bib la. Lè nou obeyi lalwa Kris la, se Jewova, Bondye nou an ki gen lanmou, nou obeyi e se nan li tout sa Jezi te anseye yo soti. — Jan 8:28.

YON LWA KI BAZE SOU LANMOU

8. Sou ki baz lalwa Kris la chita?

8 Yon kay ki byen konstwi e ki gen yon baz solid fè moun k ap viv ladan l yo santi yo byen e yo an sekirite. Menm jan an tou, yon bon lwa ki chita sou yon baz solid fè moun k ap aplike l yo santi yo byen e yo an sekirite. Lalwa Kris la chita sou pi bon baz ki genyen an: lanmou. Poukisa nou ka di sa?

Lè nou aji ak lòt moun avèk lanmou, se obeyi n ap obeyi “lalwa Kris la”. (Gade paragraf 9-14.) *

9-10. Ki egzanp ki montre se lanmou ki te pouse Jezi aji, e ki jan nou ka imite l?

9 Premyèman, se lanmou ki te pouse Jezi fè tout sa l te konn fè. Yon fason yon moun montre li gen lanmou se lè li gen pitye oswa li gen kè sansib. Se paske Jezi te gen pitye ki fè li te anseye foul moun yo, li te geri moun ki malad, li te bay moun ki grangou manje pou yo manje e li te resisite moun ki mouri (Mat. 14:14; 15:32-38; Mak 6:34; Lik 7:11-15). Malgre Jezi te itilize anpil tan ak anpil enèji pou l fè bagay sa yo, li te dispoze met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Mete sou sa, li te montre li gen anpil lanmou lè li te bay lavi l pou lòt moun. — Jan 15:13.

10 Leson nou aprann: Nou ka imite Jezi lè nou mete enterè lòt moun anvan enterè pa nou. Nou ka imite l tou lè nou montre nou gen kè sansib pou moun ki nan tèritwa nou. Lè se yon kè sansib konsa ki pouse nou preche epi anseye bon nouvèl la, se obeyi n ap obeyi lalwa Kris la.

11-12. a) Ki sa k montre Jewova sansib anpil pou nou? b) Ki jan nou ka montre nou gen lanmou menm jan ak Jewova?

11 Dezyèmman, Jezi te fè konnen lanmou Papa l genyen. Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te montre jis nan ki pwen Jewova sansib pou moun k ap adore l yo. Men kèk nan bagay Jezi te anseye: Papa nou ki nan syèl la bay nou chak anpil valè ak anpil enpòtans (Mat. 10:31). Se pa ti tann Jewova ap tann pou l akeyi yon mouton ki te pèdi ki repanti e ki retounen nan kongregasyon an (Lik 15:7, 10). Jewova montre li renmen nou lè l te bay Pitit Gason l lan kòm yon ranson pou nou. — Jan 3:16.

12 Leson nou aprann: Ki jan nou ka montre nou gen lanmou menm jan ak Jewova (Efe. 5:1, 2)? Se lè nou wè chak frè nou ak chak sè nou kòm yon moun ki enpòtan e ki gen anpil valè, e se lè nou kontan akeyi “yon mouton ki pèdi” ki retounen vin jwenn Jewova (Sòm 119:176). Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo lè nou sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n ede yo, sitou nan moman yo bezwen sa (1 Jan 3:17). Lè nou montre lanmou pou lòt moun, se obeyi n ap obeyi lalwa Kris la.

13-14. a) Jan sa parèt nan Jan 13:34, 35, ki sa Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè, e poukisa se yon nouvo kòmandman? b) Ki jan nou obeyi nouvo kòmandman an?

13 Twazyèmman, Jezi te bay disip li yo lòd pou yo demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis. (Li Jan 13:34, 35.) Kòmandman Jezi a se yon nouvo kòmandman paske li atire atansyon sou yon kalite lanmou Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la pa t mande: Pou nou renmen kwayan parèy nou menm jan Jezi renmen nou. Sa mande pou nou gen yon lanmou ki mache ak sakrifis *. Nou dwe renmen frè n ak sè n yo plis pase pwòp tèt nou. Nou dwe tèlman renmen yo, sa fè nou dispoze bay lavi nou pou yo, jan Jezi te fè sa pou nou.

14 Leson nou aprann: Ki jan nou ka obeyi nouvo kòmandman an? Yon fason senp nou ka fè sa se lè nou fè sakrifis pou frè n ak sè n yo. Nou pa sèlman dispoze fè pi gwo sakrifis la, sa vle di bay lavi nou pou yo, men tou nou dispoze fè sakrifis ki pi piti yo. Ann pran kèk egzanp. Nou ka toujou pase chèche yon frè oswa yon sè ki granmoun ki pa sou wout nou pou nou mennen l nan reyinyon. Nou ka dispoze pase sou sa nou renmen pou nou ka fè yon moun nou renmen plezi, oubyen nou ka pran konje nan travay nou pou nou ede lè gen katastwòf. Lè nou fè bagay sa yo se obeyi n ap obeyi lalwa Kris la. Konsa tou, nou ede pou kongregasyon an vin yon kote pou chak moun santi yo byen e yo an sekirite.

YON LWA KI PÈMÈT GEN JISTIS

15-17. a) Kòman fason Jezi te aji te montre jistis li gen lakay li? b) Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi?

15 Jan yo itilize mo “jistis” la nan Bib la, sans prensipal li genyen se fè sa Bondye konsidere kòm bagay ki dwat epi fè sa san paspouki. Poukisa nou ka di lalwa Kris la pèmèt gen jistis?

Jezi te respekte fi e li te janti avèk yo, menm fi lòt moun konn meprize. (Gade paragraf 16.) *

16 Premyèman, ann wè kòman fason Jezi te aji te montre jistis li gen lakay li. Nan epòk li a, chèf relijye juif yo te rayi moun ki pa t Juif yo, yo te meprize Juif ki pa t gen gwo fòmasyon yo e yo pa t gen respè pou fi. Sepandan, Jezi te gen jistis lakay li e li te aji ak tout moun san patipri. Li te kite moun ki pa t Juif ki te gen lafwa nan li yo suiv li (Mat. 8:5-10, 13). Li te preche tout moun san paspouki, rich kou pòv (Mat. 11:5; Lik 19:2, 9). Li pa t janm aji di ak fi ni l pa t janm brital ak yo. Okontrè, li te respekte fi e li te janti avèk yo, menm fi lòt moun konn meprize. — Lik 7:37-39, 44-50.

17 Leson nou aprann: Nou ka suiv egzanp Jezi lè nou aji san paspouki ak lòt moun e lè nou preche tout moun ki dispoze koute, kèlkeswa pozisyon yo nan sosyete a oswa relijyon yo. Gason ki kretyen yo suiv egzanp Jezi lè yo montre respè pou fi. Lè nou fè bagay sa yo se obeyi n ap obeyi lalwa Kris la.

18-19. Ki sa Jezi te anseye konsènan jistis, e ki leson nou aprann nan sa l anseye yo?

18 Dezyèmman, ann wè sa Jezi te anseye konsènan jistis. Li te anseye yon seri prensip ki t ap ede disip li yo pou yo aji yon fason ki jis ak lòt moun. Pa egzanp, ann reflechi sou Règ annò a (Mat. 7:12). Nou tout renmen lè yo aji yon fason ki jis avèk nou. Se sa k fè nou dwe aji yon fason ki jis ak lòt moun. Si nou fè sa, sa ka pouse yo aji yon fason ki jis avèk nou. Men, e si yo fè nou enjistis? Jezi te anseye disip li yo pou yo gen asirans Jewova ap “fè moun [...] k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis”. (Lik 18:6, 7.) Anfèt, pawòl sa a se yon pwomès: Bondye nou an ki jis wè pwoblèm nou genyen nan dènye jou sa yo, e l ap fè nou jwenn jistis nan moman li fikse a. — 2 Tes. 1:6.

19 Leson nou aprann: Lè nou suiv prensip Jezi te anseye yo, n ap byen aji ak lòt moun. E si yo fè n enjistis nan monn Satan an, nou ka pran kouraj lefètke nou konnen Jewova pral fè nou jwenn jistis.

KI JAN MOUN KI GEN OTORITE DWE AJI AK LÒT MOUN?

20-21. a) Ki jan moun ki gen otorite dwe aji ak lòt moun? b) Kòman yon mari ka demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis, e ki jan yon papa dwe aji ak pitit li?

20 Ki jan lalwa Kris la mande pou moun ki gen otorite aji ak lòt moun? Piske lanmou se baz lwa sa a, moun ki gen otorite dwe trete moun ki anba otorite yo avèk respè, e yo dwe demontre lanmou nan fason yo aji avèk yo. Yo dwe sonje Kris vle pou nou demontre lanmou nan tout sa n ap fè.

21 Nan fanmi. Yon mari dwe renmen madanm li “menm jan Kris te renmen kongregasyon an”. (Efe. 5:25, 28, 29.) Yon mari dwe demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis, menm jan ak Kris, lè l mete bezwen madanm li ak sa ki enterese madanm li anvan bezwen pa l. Gen kèk gason ki ka twouve l difisil pou yo demontre yon lanmou konsa, petèt paske yo te leve nan yon anviwònman kote yo pa t bay sa valè. Li ka difisil pou yo rejte move abitid yo te genyen yo, men yo dwe fè chanjman sa yo pou yo ka obeyi lalwa Kris la. Lè yon mari demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis, madanm li ap respekte l. Yon papa ki renmen pitit li toutbon pap janm fè yo abi, kit se nan sa l ap di kit se nan sa l ap fè (Efe. 4:31). Okontrè, l ap demontre li renmen pitit li e li apwouve yo, dekwa pou pitit li ka santi yo byen e yo an sekirite. Yon papa konsa, pitit li ap renmen l e y ap fè l konfyans.

22. Selon 1 Pyè 5:1-3, pou kiyès “mouton” yo ye, e ki jan yo ta dwe aji avèk yo?

22 Nan kongregasyon an. Ansyen yo dwe sonje “mouton” yo pa pou yo. (Jan 10:16; li 1 Pyè 5:1-3.) Ekspresyon “twoupo Bondye”, “devan Bondye” ak “eritaj Bondye” fè ansyen yo sonje mouton yo se pou Jewova. Li vle yo aji ak mouton l yo avèk lanmou e avèk tandrès (1 Tes. 2:7, 8). Ansyen ki montre yo gen lanmou lè y ap fè travay yo antanke bèje gen favè Jewova. Mete sou sa, frè ak sè yo renmen yo e yo respekte yo.

23-24. a) Ki wòl ansyen yo jwe lè y ap trete ka kote moun fè peche ki grav? b) Ki sa ansyen yo dwe sonje lè y ap trete ka sa yo?

23 Ki wòl ansyen yo jwe lè y ap trete ka kote moun fè peche ki grav? Yo pa jwe menm wòl ak jij ak ansyen ki te anba Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la. Anba Lwa sa a, mesye ki te nome yo pa t sèlman konn regle kesyon ki gen rapò ak sèvis Bondye, men tou yo te konn jije zak kriminèl ak lòt aksyon moun yo te fè. Men, anba lalwa Kris la, wòl ansyen yo se regle kesyon ki gen rapò ak sèvis Bondye lè gen yon moun ki peche. Yo rekonèt Bondye bay otorite nan Leta yo responsablite pou yo jije zak kriminèl ak lòt aksyon moun fè. Sa gen ladan l otorite pou yo pini moun, pa egzanp pou fè yo peye amann oswa pou mete yo nan prizon. — Wom. 13:1-4.

24 Ki responsablite ansyen yo genyen lè yon moun nan kongregasyon an fè yon peche ki grav? Yo sèvi ak Bib la pou yo egzamine kesyon an e pou yo pran desizyon. Yo toujou sonje se lanmou ki baz lalwa Kris la. Lanmou pouse ansyen yo egzamine pwen ki vin annapre yo: Ki sa k dwe fèt pou ede nenpòt moun nan kongregasyon an ki viktim yon move zak? Lanmou ap pouse ansyen yo mande tèt yo: Èske moun ki fè move zak la repanti? Èske nou ka ede l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò?

25. Sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

25 Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou anba lalwa Kris la! Lè nou tout fè anpil efò pou nou obeyi lwa sa a, nou ede kongregasyon an vin yon kote chak moun ka santi yo renmen yo, yo ba yo valè e yo byen. Aktout sa, n ap viv nan yon monn kote “moun ki mechan [...] ap vin pi mal toujou”. (2 Tim. 3:13.) Nou dwe rete sou pinga nou. Ki jan kongregasyon kretyen an ka montre jistis Bondye gen lakay li lè gen ka kote moun fè abi seksyèl sou timoun? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa a.

KANTIK 15 Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

^ § 5 Atik sa a ak de lòt ki vin apre yo fè pati yon seri atik ki pale sou rezon ki fè nou ka gen konfyans Jewova se yon Bondye ki gen lanmou ak jistis lakay li. Li vle pèp li a jwenn jistis, e li konsole moun ki pa jwenn jistis nan monn mechan sa a.

^ § 1 Gade atik ki gen tit “Fason Lwa Moyiz la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li” ki te parèt nan Toudegad fevriye 2019.

^ § 13 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon lanmou ki mache ak sakrifis ap pouse nou mete bezwen ak enterè lòt moun anvan pa nou. N ap aksepte abandone yon bagay oswa pa gen yon bagay pou n ka ede lòt moun oswa pou byen lòt moun.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap gade yon vèv ki gen yon sèl pitit e pitit la mouri. Kè Jezi tèlman fè l mal, li resisite jèn gason an.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi k ap manje lakay yon Farizyen ki rele Simon. Yon dam, petèt yon pwostitye, lave pye Jezi ak dlo nan je l e li siye yo ak cheve l, apre sa li vide luil sou yo. Simon pa kontan pou sa dam nan fè a, men Jezi defann dam nan.