Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 25

Annou konte sou Jewova lè nou anba strès

Annou konte sou Jewova lè nou anba strès

“Mwen [...] anba gwo pwoblèm.” — 1 SAM. 1:15.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou dwe koute avètisman Jezi a?

NAN pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo, li te di pou nou “veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou [...] akoz tètchaje ki gen nan lavi a”, anpalan de tètchaje oswa enkyetid nou genyen chak jou (Lik 21:34). Nou bezwen koute avètisman sa a. Poukisa? Paske nou dwe fè fas ak menm kalite pwoblèm ki bay strès tout moun rankontre jounen jodi a.

2. Ki pwoblèm ki bay strès frè n ak sè n yo rankontre?

2 Pafwa, nou dwe fè fas ak yon pakèt pwoblèm ki bay strès ki vin yon sèl kou. Ann egzamine egzanp ki vin annapre yo. Gen yon Temwen Jewova ki rele John * ki gen yon maladi grav ki te santi l kraze nèt lè madanm li te kite l apre 19 an maryaj. Mete sou sa, de pitit fi l yo te vin sispann sèvi Jewova. Gen yon mari ak yon madanm ki rele Bob ak Linda ki t ap fè fas ak lòt kalite pwoblèm. Yo toule de te pèdi travay yo, e yo pa t ka peye kay yo te genyen an, konsa yo te pèdi kay yo. Mete sou pwoblèm sa yo, yo te dekouvri Linda te gen yon maladi kè ki te ka touye l, e li te gen yon lòt maladi ki te kòmanse detwi sistèm defans kò l.

3. Selon Filipyen 4:6, 7, ki asirans nou ka genyen?

3 Nou ka gen asirans Jewova, Kreyatè nou an, Papa nou an ki gen lanmou, konprann fason nou santi nou lè n gen strès. E li vle ede nou fè fas ak pwoblèm nou genyen yo. (Li Filipyen 4:6, 7.) Pawòl Bondye a gen anpil egzanp ki montre difikilte sèvitè Bondye yo te jwenn. Li montre tou fason Jewova te ede yo fè fas ak sitiyasyon sa yo ki te ba yo strès. Ann pran kèk egzanp.

ELI SE TE “YON MOUN MENM JAN AVÈK NOU”

4. Ki difikilte Eli te jwenn, e kòman Jewova te ede l?

4 Pwofèt Eli te sèvi Jewova nan moman difisil e li te rankontre gwo difikilte. Wa Ahab, youn nan wa Izrayèl yo ki pa t fidèl, te marye ak Jezabèl, yon sèvitè Baal ki mechan. Yo toule de te ranpli peyi a ak adorasyon Baal, e yo te touye anpil pwofèt Jewova. Eli te rive chape poul li. Li te chape tou anba yon gwo grangou paske li te konte sou Jewova (1 Wa 17:2-4, 14-16). Mete sou sa, Eli te konte sou Jewova lè l t ap fè fas ak pwofèt ak adoratè Baal yo. Li te ankouraje Izrayelit yo pou yo sèvi Jewova (1 Wa 18:21-24, 36-38). Eli te wè aklè jan Jewova te ede l plizyè fwa nan moman difisil sa yo.

Jewova te voye yon zanj pou ede Eli rejwenn fòs. (Gade paragraf 5-6.) *

5-6. Selon 1 Wa 19:1-4, ki jan Eli te santi l, e ki jan Jewova te montre li renmen l?

5 Li 1 Wa 19:1-4. Eli te vin pè lè rèn Jezabèl te di l ap touye l. Se sa k fè li te kouri al nan zòn Beyècheba. Li te tèlman dekouraje li te “mande Bondye pou l mouri”. Ki sa k fè l te santi l konsa? Eli te yon moun ki enpafè, “yon moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Petèt, li te santi l anba gwo strès e li te fatige pou l mouri. Sanble Eli te panse efò li te fè pou l ankouraje moun yo adore Jewova a se te pou granmesi, li te panse pa t gen anyen ki te amelyore ann Izrayèl e se li menm sèl ki te toujou ap sèvi Jewova (1 Wa 18:3, 4, 13; 19:10, 14). Nou ka sezi tande pwofèt fidèl sa a te santi l konsa. Men, Jewova te konprann jan Eli santi l.

6 Jewova pa t fache sou Eli paske Eli te di jan l santi l. Men, li te ede Eli reprann fòs (1 Wa 19:5-7). Pi devan, avèk jantiyès, Jewova te ede Eli korije fason l panse lè l te montre l pisans li ki estrawòdinè. Apre sa, Jewova te fè l konnen li toujou gen 7 000 Izrayelit ki pa vle adore Baal (1 Wa 19:11-18). Lefètke Jewova te fè sa, li te montre Eli jan l renmen l.

FASON JEWOVA AP EDE NOU

7. Ki asirans nou genyen lè nou wè fason Jewova te ede Eli?

7 Èske w ap fè fas ak yon sitiyasyon ki bay strès? Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan lefètke nou konnen Jewova te konprann jan Eli te santi l! Sa ban nou asirans li konprann jan nou santi nou lè nou gen pwoblèm ak lè nou dekouraje. Li konnen limit nou, e li menm konnen sa k nan panse n e ki jan nou santi n (Sòm 103:14; 139:3, 4). Si nou konte sou Jewova menm jan ak Eli, Jewova ap ede nou fè fas ak pwoblèm ki lakòz nou anba strès. — Sòm 55:22.

8. Ki jan Jewova ap ede w lè w gen strès?

8 Lè yon moun anba strès, li ka panse sitiyasyon l ye a pap janm chanje, e sa ka fè l dekouraje. Si sa rive, sonje Jewova ap ede w fè fas ak strès la. Ki fason l ap ede w? Li envite w pale avè l sou sa k ap trakase w la. E l ap reponn ou lè w mande l sekou (Sòm 5:3; 1 Pyè 5:7). Donk, priye Jewova souvan sou pwoblèm ou yo. Li pap pale avèk ou jan l te pale ak Eli a, men l ap pale avè w pa mwayen Labib, Pawòl li a, e pa mwayen òganizasyon l lan. Istwa w li nan Bib la ka konsole w e yo ka ba w espwa. Epitou frè w ak sè w yo ka ankouraje w. — Wom. 15:4; Ebre 10:24, 25.

9. Ki jan yon zanmi w fè konfyans ka ede w?

9 Lè Jewova te di Eli pou l bay Elize yon pati nan responsablite l genyen an, se te yon fason pou l te bay Eli sa l te bezwen nan moman an, yon konpayon ki t ap ka ede l lè l santi l dekouraje. Menm jan an tou, lè nou pale avèk yon zanmi nou fè konfyans, li ka ede nou lè n santi n dekouraje (2 Wa 2:2; Pwo. 17:17). Si w santi ou pa gen pèsonn ou ka esplike pwoblèm ou ak sa w santi, priye Jewova pou l ede w jwenn yon kretyen ki gen matirite ki ka ankouraje w.

10. Ki jan eksperyans Eli te fè a ban nou espwa, e ki jan pwomès ki nan Ezayi 40:28, 29 la ka ede nou?

10 Jewova te ede Eli fè fas ak strès li te genyen e li te ede l pou l sèvi l fidèlman pandan plizyè ane. Eksperyans Eli te fè a ban nou espwa. Pafwa nou konn tèlman gen gwo strès, sa fè nou santi nou kraze nèt, ni nan kò nou, ni nan lespri nou. Men, si nou konte sou Jewova, l ap ban nou fòs nou bezwen pou nou kontinye sèvi l. — Li Ezayi 40:28, 29.

TWA MOUN BIB LA PALE DE YO KI TE KONTE SOU JEWOVA

11-13. Ki efè strès te genyen sou twa sèvitè Bondye nan tan lontan?

11 Gen lòt moun nan Bib la ki te anba gwo strès tou. Pa egzanp, Ana t ap soufri paske l pa t gen pitit e li te gen matlòt li ki t ap fawouche l avèk mechanste (1 Sam. 1:2, 6). Gwo strès Ana te genyen an te tèlman fè l soufri, li te konn kriye e li pa t ka manje. — 1 Sam. 1:7, 10.

12 Pafwa, Wa David te konn gen gwo strès. Fè yon ti reflechi sou pakèt pwoblèm li te genyen. Li te santi l kraze nèt akoz pakèt erè li te fè yo (Sòm 40:12). Absalon, pitit gason l te renmen anpil la, te leve kont li, e sa te lakòz Absalon mouri (2 Sam. 15:13, 14; 18:33). E gen youn nan pi bon zanmi David yo ki te trayi l (2 Sam. 16:23–17:2; Sòm 55:12-14). Anpil nan sòm David te ekri yo montre jan l te dekouraje, men yo te montre tou jan l te gen yon konfyans total nan Jewova. — Sòm 38:5-10; 94:17-19.

Ki sa k te ede yon moun ki te patisipe nan ekri sòm yo sèvi Jewova ak lajwa ankò? (Gade paragraf 13-15.) *

13 Annapre, te gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te vin anvye fason moun ki mechan yo ap viv. Petèt li te yon desandan Asaf, yon Levit, e li t ap sèvi “nan tanp Bondye a”. Li te gen strès, sa ki te lakòz li pa t kontan e li pa t janm satisfè. Li te menm kòmanse panse benediksyon moun k ap sèvi Bondye yo jwenn pa ase. — Sòm 73:2-5, 7, 12-14, 16, 17, 21.

14-15. Ki sa nou aprann nan twa egzanp nan Bib la sou fason pou nou chèche èd nan men Jewova?

14 Toule twa sèvitè Bondye nou sot pale de yo la a te konte sou Jewova pou l ede yo. Yo te ouvri kè yo ba li nan lapriyè pou yo di l sa k t ap trakase yo. Yo pa t pè di l rezon ki fè yo te anba strès. E yo te kontinye ale kote yo te konn al adore Jewova a. — 1 Sam. 1:9, 10; Sòm 55:22; 73:17; 122:1.

15 Jewova te reponn yo chak avèk konpasyon. Lespri Ana te vin anpè (1 Sam. 1:18). Men sa David li menm te ekri: “Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout.” (Sòm 34:19). E moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te vin santi Jewova te “kenbe men dwat” li, li te ba l bon konsèy pou gide l. Men sa li te di nan yon chante: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Mwen fè Jewova, Seyè ki Souvren an, tounen refij mwen.” (Sòm 73:23, 24, 28). Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo? Pafwa, n ap gen yon seri pwoblèm ki soti pou kraze nou e ki lakòz nou gen strès. Men, nou ka fè fas ak yo si nou medite sou fason Jewova ede lòt moun, si nou priye l epi n konte sou li, e si nou obeyi l lè n fè sa l mande nou fè. — Sòm 143:1, 4-8.

KONTE SOU JEWOVA E TOUT BAGAY AP MACHE BYEN POU OU

Okòmansman, yon sè te santi l vle mete kò l apa, men li te vin santi l pi byen lè l te chèche mwayen pou l ede lòt moun. (Gade paragraf 16-17.)

16-17. a) Poukisa n pa dwe mete kò nou apa? b) Ki jan n ka rejwenn fòs?

16 Twa egzanp sa yo aprann nou yon lòt leson enpòtan: nou pa dwe pran distans nou ak Jewova e ak pèp li a (Pwo. 18:1). Men sa Nancy, ki te gen gwo strès lè mari l te kite l, fè konnen: “Mwen te fè plizyè jou kote m te annik pa t anvi ni wè ni pale ak pèsonn. Men, plis mwen te mete kò m apa, se plis mwen te vin tris.” Bagay yo te chanje lè Nancy t ap chèche mwayen pou l ede lòt moun ki te gen pwoblèm. Men sa l di: “M te koute lòt moun k ap esplike m pwoblèm yo. M te remake lè m mete m nan plas yo, mwen te konsantre mwens sou pwoblèm mwen yo.”

17 Nou ka rejwenn fòs lè nou asiste reyinyon nan kongregasyon an. Lè nou nan reyinyon, nou bay Jewova plis okazyon pou l ‘ede nou e pou l konsole nou’. (Sòm 86:17.) Lè sa a, l ap ban nou fòs pa mwayen lespri sen l, Pawòl li a ak pèp li a. Reyinyon yo ban nou yon okazyon pou “youn ka ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Men sa yon sè ki rele Sophia di: “Jewova ak frè nou yo te ede m andire. Sa k pi enpòtan pou mwen, se reyinyon nou yo. Mwen rann mwen kont plis mwen patisipe nan travay predikasyon an ak nan aktivite kongregasyon m, se plis mwen vin kapab fè fas ak strès ak tètchaje mwen genyen yo.”

18. Si nou santi nou dekouraje, ki sa Jewova kapab ban nou?

18 Lè nou santi n dekouraje, nou bezwen sonje Jewova pa sèlman pwomèt l ap soulaje n nèt alavni, men tou, li pwomèt nou l ap ede n fè fas ak strès nou genyen kounye a. “Li ban nou volonte e li ban nou fòs” pou nou konbat yon seri santiman k ap fè nou dekouraje e k ap fè nou pèdi espwa. — Flp. 2:13.

19. Ki asirans Women 8:37-39 ban nou?

19 Li Women 8:37-39. Apot Pòl ban nou asirans pa gen anyen ki kapab separe nou ak lanmou Bondye. Ki jan n ka ede frè n ak sè n yo k ap eseye lite ak strès? Atik ki vin apre a pral egzamine fason nou ka imite Jewova lè nou montre konpasyon pou frè n ak sè n yo ki gen strès e lè nou ede yo.

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

^ § 5 Gwo strès oswa strès ki dire anpil tan ka gen move efè sou kò nou ak lespri nou. Ki jan Jewova ka ede nou? Nou pral wè fason Jewova te ede pwofèt Eli konbat strès li te genyen. Nou pral wè kèk lòt egzanp nan Bib la ki pral ede nou wè sa nou dwe fè pou Jewova ka ede nou lè nou anba strès.

^ § 2 Gen kèk non moun yo chanje nan atik sa a.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon zanj Jewova k ap reveye Eli tou dousman nan dòmi epi li ba li pen ak dlo.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, petèt ki se yon desandan Asaf, te kontan ekri yon seri sòm e l te kontan chante yo ansanm ak Levit parèy li.