Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason n ka jwenn bonjan pwoteksyon kont youn nan pyèj Satan yo

Fason n ka jwenn bonjan pwoteksyon kont youn nan pyèj Satan yo

PANDAN Izrayelit nan tan lontan yo t ap prepare yo pou yo travèse Rivyè Jouden an pou yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, gen kèk moun ki te vin vizite yo. Vizitè sa yo se te yon seri medam ki pa t Izrayelit ki te envite mesye izrayelit yo nan yon fèt. Sa ta sanble yon bèl opòtinite yo genyen. Sa t ap enteresan anpil pou yo vin gen nouvo zanmi, pou yo danse e pou yo manje bon ti manje. Byenke koutim ak moralite medam sa yo pa t menm ak sa Lalwa te mande pou pèp Izrayèl la suiv, gen kèk nan mesye izrayelit yo ki te ka di tèt yo: ‘Nou ka jere sa. N ap pran prekosyon.’

Ki sa k te rive? Men sa istwa ki nan Bib la fè nou konnen: “Lè pèp Izrayèl la te abite Sitim, yo t al fè imoralite seksyèl ak medam peyi Mowab yo.” Medam yo te vle mesye izrayelit yo adore fo dye. E se sa mesye yo te fè! Nou konprann rezon ki fè “Jewova te vin fache anpil kont pèp la”. — Nonb 25:1-3.

Izrayelit sa yo te vyole Lwa Bondye a de fason: Yo te pwostène devan zidòl, e yo te fè imoralite seksyèl. Plizyè milye ladan yo te mouri paske yo te dezobeyi Bondye (Egz. 20:4, 5, 14; Det. 13:6-9). Sa k fè aksyon yo te fè a te terib konsa? Se moman li te rive a. Si mesye yo pa t vyole Lalwa Bondye te bay la, nan yon ti moman, plizyè milye Izrayelit sa yo t ap travèse Rivyè Jouden an pou yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. — Nonb 25:5, 9.

Konsènan evènman sa a, men sa apot Pòl te ekri: “Bagay sa yo ki te rive yo a se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman.” (1 Kor. 10:7-11). Pa gen dout, Satan te kontan anpil lè l te wè kèk nan Izrayelit sa yo lage kò yo nan peche ki grav e konsa yo vin pa ranpli kondisyon pou yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. Nou t ap montre nou gen anpil sajès si nou ta pran avètisman sa a oserye, piske nou konnen Satan t ap kontan si l ta ka anpeche nou antre nan monn nouvo Bondye pwomèt la!

YON GWO PYÈJ

Se kretyen yo Satan vize, li sèvi ak yon seri taktik li konnen byen e ki deja fè anpil moun pran nan pyèj. Jan nou te wè sa pi wo a konsènan Izrayelit yo, li te sèvi ak imoralite seksyèl pou l pran yo nan pyèj. Nan epòk nou an, imoralite se toujou yon gwo pyèj. Youn nan fason ki dirèk nou ka tonbe ladan l se pònografi.

Jodi a, yon moun ka gade pònografi san lòt moun pa konnen. Sa gen plizyè dizèn ane, yon moun ki te vle gade pònografi te dwe al nan sinema pou l al wè vye fim oswa li te oblije al nan libreri kote yo vann liv pòno. Anpil moun pa t konn al kote konsa paske yo t ap wont pou moun wè yo nan zòn sa yo oswa toupre yo. Men kounye a, yon moun ki ka al sou Entènèt ka gade pònografi nan travay li oswa menm nan yon machin ki pakin. Nan anpil peyi, yon gason oswa yon fi ka gade pònografi san l pa menm sot lakay li.

E se pa sa sèlman. Aparèy mobil yo fè l vin pi fasil pou moun gad pònografi. Pandan yon moun ap mache nan lari oswa li chita nan yon bis oswa nan yon tren, li ka gade imaj imoral sou ekran aparèy mobil ki nan men l lan.

Piske li vin fasil anpil pou moun wè pònografi e pou moun pa menm konnen si yon moun ap fè sa, pònografi lakòz plis dega jodi a pase lontan. Anpil moun ki gade pònografi yo lakòz gen gwo pwoblèm nan maryaj yo, yo pèdi respè tèt yo e konsyans yo ap kale yo. Sa k pi rèd la, yo riske pèdi relasyon yo gen ak Bondye. Li nòmal pou nou panse pònografi lakòz moun ki gade l yo gen gwo pwoblèm. Nan anpil ka, li fè moun soufri anpil nan domèn afektif. Domaj sa yo ka repare tikras pa tikras men yo ka kite yon seri souvni k ap difisil pou yo efase.

Donk, nou dwe byen konnen Jewova ban nou pwoteksyon kont pyèj sa a Satan mete a. Si nou vle jwenn pwoteksyon nan men Jewova, nou dwe fè sa gason izrayelit nan tan lontan yo pa t fè, sa vle di “obeyi tout sa [l] di nou”. (Egz. 19:5.) Nou bezwen konnen Bondye rayi pònografi. Sa k fè nou di sa?

RAYI L MENM JAN JEWOVA RAYI L LA

Fè yon ti reflechi: Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te diferan nèt parapò ak lwa lòt nasyon yo te gen nan epòk la. Nou ka konpare lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la ak yon mi ki te separe yo ak lòt nasyon yo ansanm ak vye bagay yo t ap pratike yo (Det. 4:6-8). Lwa sa yo te montre aklè yon verite ki enpòtan anpil: Jewova rayi imoralite seksyèl.

Lè Jewova t ap site tout vye bagay nasyon ki te ozalantou yo t ap fè, men sa l te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe fè menm sa moun yo ap fè nan peyi Kanaran, kote m ap mennen nou an. [...] Peyi a pa pwòp e m ap pini moun k ap viv nan peyi a akoz peche yo.” Pou Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, fason moun ki nan peyi Kanaran yo t ap viv tèlman pa t bon, sa te fè peyi a vin pa pwòp e l te kontamine. — Lev. 18:3, 25.

Aktout Jewova te pini moun peyi Kanaran yo, lòt nasyon yo te kontinye fè imoralite seksyèl. Plis pase 1 500 ane annapre, apot Pòl te di konsènan nasyon kote kretyen yo t ap viv yo: “Kesyon moralite a, yo pa gen sa menm ankò.” Anfèt, nasyon sa yo te “lage kò yo nan konduit derespektan pou yo fè tout kalite salte avèk vorasite”. (Efe. 4:17-19.) Menm jan an tou jodi a, anpil moun imoral anpil e yo pa wont. Vrè adoratè yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo evite gade bagay ki imoral moun nan monn sa a ap fè.

Pònografi se yon gwo zak derespektan kont Bondye. Bondye te kreye lèzòm pòtre ak li e li te ba yo kapasite pou yo konnen lè yon bagay bon oswa lè yon bagay pa bon. Bondye montre li gen anpil sajès lefètke li bay limit ki rezonab sou relasyon seksyèl. Li te vle se yon mari ak yon madanm ki marye youn ak lòt ki pou pran plezi nan relasyon seksyèl (Jen. 1:26-28; Pwo. 5:18, 19). Men, ki sa moun k ap fè pwomosyon pou pònografi oswa k ap ankouraje lòt moun gade pònografi ap fè? Yo pa montre okenn respè pou prensip moral Bondye bay yo. Wi, moun k ap fè pwomosyon pou pònografi yo pa gen respè pou Jewova. Bondye pral jije moun ki vag sou prensip li yo lè yo pwodui yon seri bagay ki ankouraje imoralite oswa lè yo fè pwomosyon pou imoralite. — Wom. 1:24-27.

Men, e moun ki fè espre k ap li oswa k ap gade bagay ki gen rapò ak pònografi? Gen kèk moun ki ka panse se yon distraksyon ki san danje. Men, lè yo fè sa se soutni y ap soutni yon seri moun ki pa gen respè pou prensip Jewova yo. Petèt, lè yo te kòmanse gade pònografi, se pa t entansyon sa a yo te genyen. Sepandan, li klè moun k ap adore vrè Dye a dwe rayi pònografi anpil. Men ankourajman nou jwenn nan Bib la: “Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal.” — Sòm 97:10.

Menm moun ki vle evite gade pònografi ka twouve l difisil pou yo fè sa. Etandone nou enpafè, nou ka ap lite pou nou reziste kont dezi seksyèl ki pa pwòp. Mete sou sa, piske nou enpafè, kè nou ka twonpe nou pou fè nou wè pa gen pwoblèm nan gade pònografi (Jer. 17:9). Men, anpil moun ki vin kretyen rive genyen batay la. Lefètke nou konn sa, sa ka ankouraje nou si n ap lite ak yon pwoblèm konsa. Ann wè ki jan Pawòl Bondye a ka ede n evite pònografi, ki se yon pyèj Satan itilize.

PA FIKSE PANSE W SOU DEZI KI IMORAL

Jan nou te wè sa pi wo a, anpil Izrayelit te kite move dezi fè yo tonbe nan gwo pwoblèm. Menm bagay la ka rive jodi a. Jak, yon frè Jezi kot manman, te pale sou danje sa genyen. Men sa l te di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè yo nouri l, li bay peche.” (Jak 1:14, 15). Si yon moun kite dezi ki imoral grandi nan kè l, rive yon lè sa ka fè l tonbe nan peche. Se sa k fè, nou dwe fè tout sa n kapab pou n retire panse ki imoral yo nan lespri nou, pou n pa reflechi sou yo.

Si w wè ou toujou gen yon seri panse imoral nan lespri w, ou bezwen aji san pèdi tan. Men sa Jezi te di: “Si yon men w oswa yon pye w fè w peche, koupe l, voye l jete lwen w. [...] Menm jan an tou, si yon je w fè w peche, rache l, voye l jete lwen w.” (Mat. 18:8, 9). Jezi pa t vle di pou nou koupe yon pati nan kò nou toutbon. Se yon egzanp li te bay pou ede nou konprann enpòtans pou nou elimine tout bagay ki ka lakòz nou peche, pou nou fè sa vit e pou nou fèm nan desizyon nou pran an. Ki jan nou ka aplike konsèy sa a anrapò ak pònografi?

Si je w ta tonbe sou yon bagay ki gen pònografi, pa di tèt ou: ‘Mwen ka jere sa.’ Vire tèt ou tousuit. Fèmen televizyon an san pèdi tan. Fèmen òdinatè a oswa aparèy mobil la menm moman an. Fikse lespri w sou yon bagay ki pwòp. Lè w fè sa, sa ka ede w kontwole panse w olye w kite move dezi yo kontwole w.

E SI BAGAY IMORAL OU TE WÈ LONTAN KONTINYE VIN NAN LESPRI W?

Bon, e si w te rive sispann gade pònografi men detanzantan bagay imoral ou te wè yo ap vin nan lespri w? Lè yon moun te gade pònografi, imaj li te wè yo ka rete nan lespri l pandan anpil tan. E yo ka retounen nan tèt li nenpòt ki lè! Si sa rive, ou ka santi w anvi fè yon bagay ki pa pwòp, tankou mastibasyon. Donk, konnen panse sa yo ka vin nan lespri w sanzatann, epi prepare w pou w lite kont yo.

Ranfòse detèminasyon w pran pou w panse e pou w aji ann amoni ak volonte Bondye. Fè menm jan ak apot Pòl, ki te dispoze ‘benyen kò l ak kou epi mennen l tankou yon esklav’. (1 Kor. 9:27.) Pinga w vin esklav dezi ki pa pwòp yo. ‘Men transfòme tèt ou, lè w bay lespri w yon lòt direksyon, dekwa pou w ka verifye pèsonèlman nan lavi w sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.’ (Wom. 12:2). Sonje sa: Ou pap kontan si w fè bagay ki imoral, men, si w panse e w aji ann amoni ak volonte Bondye, w ap kontan.

Ou pap kontan si w fè bagay ki imoral, men, si w panse e w aji ann amoni ak volonte Bondye, w ap kontan.

Eseye sonje kèk vèsè nan Bib la. Epi lè move panse yo vin nan lespri w, fè efò pou w reflechi sou vèsè sa yo. Gen yon seri vèsè tankou Sòm 119:37; Ezayi 52:11; Matye 5:28; Efezyen 5:3; Kolosyen 3:5 ak 1 Tesalonisyen 4:4-8 k ap ede nou gen menm panse ak Jewova sou pònografi ak sou sa li vle nou fè.

Ki sa w dwe fè si w santi w pa ka pa gade yon seri bagay ki imoral oswa w pa ka pa panse ak yo? Byen suiv egzanp Jezi (1 Pyè 2:21). Apre Jezi te fin batize, Satan te eseye tante l. Ki sa Jezi te fè? Li te kontinye reziste. Li te itilize plizyè vèsè pou l rejte tantasyon Satan yo. Men sa l te di: “Al fè wout ou, Satan!” epi Satan te kite l. Menm jan Jezi pa t janm bay vag nan lit li t ap mennen kont Dyab la, nou pa dwe janm bay vag tou nan lit n ap mennen an (Mat. 4:1-11). Satan ak monn li an eseye ranpli lespri nou ak panse imoral, men pa janm bay vag nan lit w ap mennen an. Ou ka pot laviktwa sou pònografi. Jewova ka ede w fè sa.

PRIYE JEWOVA, EPI OBEYI L

Kontinye priye Jewova epi mande l pou l ede w. Men sa apot Pòl te di: “Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” (Flp. 4:6, 7). Bondye ap fè lespri w anpè, konsa w ap ka reziste pou w pa fè sa ki mal. Si w pwoche bò kote Jewova, “l ap pwoche bò kote” w. — Jak 4:8.

N ap pwoteje kont pyèj Satan yo si nou vin pwòch Souvren linivè a. Men sa Jezi te di: “Chèf monn nan [Satan] ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen.” (Jan 14:30). Kòman Jezi te fè konn sa? Men sa l te esplike yon lè: “Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” (Jan 8:29). Menm jan an tou, si w fè sa w kapab pou w fè Jewova plezi nan tout bagay, ou ka gen asirans li pap lage w. Evite pònografi ki se yon pyèj, e konsa Satan pap ka kontinye itilize pyèj sa a pou l gen pouvwa sou ou.