Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

Ann prepare n pou pèsekisyon depi kounye a

Ann prepare n pou pèsekisyon depi kounye a

“Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” — 2 TIM. 3:12.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou bezwen pare pou pèsekisyon?

NAN nuit anvan yo te touye Jezi, Seyè nou an, li te fè konnen y ap gen pou yo rayi tout moun ki chwazi vin disip li (Jan 17:14). Depi lè sa a, moun ki opoze ak vrè adorasyon an pa sispann pèsekite Temwen Jewova yo, ki se yon seri kretyen ki fidèl (2 Tim. 3:12). Tank fen sistèm sa a ap pwoche, nou ka atann pou gen plis moun ki pa renmen nou e ki opoze avè n. — Mat. 24:9.

2-3. a) Sa k fè laperèz se yon danje? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Ki jan nou ka prepare nou depi kounye a pou nou fè fas ak pèsekisyon? Nou pa bezwen ret ap reflechi sou tout sa k ka rive nou. Si nou ta fè sa, nou t ap vin pè anpil e nou t ap enkyè anpil. Si nou ret ap reflechi sou tout move bagay ki te ka rive nou, sa ka fè nou tèlman pè, nou vin sispann sèvi Jewova depi anvan nou jwenn pwoblèm (Pwo. 12:25; 17:22). Laperèz se yon gwo zam nan men “advèsè nou an, Dyab la”, e l ap chèche mwayen pou l itilize zam sa a sou nou (1 Pyè 5:8, 9). Ki sa nou ka fè depi kounye a pou n fòtifye tèt nou?

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine fason nou ka ranfòse relasyon nou ak Jewova ak rezon ki fè li enpòtan anpil pou nou fè sa depi kounye a. Mete sou sa, nou pral pale sou fason nou ka vin gen plis kouraj. Finalman, nou pral egzamine fason nou ka fè fas ak moun ki rayi nou e ki opoze ak nou.

FASON N KA FÈ RELASYON N GEN AK JEWOVA VIN PI SOLID

4. Ki sa Ebre 13:5, 6 di nou, e poukisa nou dwe gen konviksyon sa a?

4 Se pou w gen konviksyon Jewova renmen w e l pap janm abandone w. (Li Ebre 13:5, 6.) Men sa Toudegad te ekri sa gen plizyè ane: “Tank yon moun konnen Bondye, se tank l ap fè l konfyans lè l gen pwoblèm.” Sa a se yon verite! Pou nou ka fè fas ak pèsekisyon, nou dwe renmen Jewova, nou dwe mete tout konfyans nou nan li e nou pa dwe janm gen dout li gen afeksyon pou nou. — Mat. 22:36-38; Jak 5:11.

5. Ki sa k ap ede w wè Jewova renmen w?

5 Li Bib la chak jou nan objektif pou nou vin pi pwòch Jewova (Jak 4:8). Pandan w ap li Bib la, konsantre sou bèl kalite Jewova yo. Eseye wè jis nan ki pwen li renmen nou (Egz. 34:6). Gen kèk moun ki gendwa twouve li difisil pou yo kwè Bondye renmen yo paske yo pa janm jwenn moun ki montre yo renmen yo. Si w santi w konsa, eseye fè yon lis bagay ki montre jan Jewova fè w mizèrikòd chak jou ak bon bagay li fè pou ou (Sòm 78:38, 39; Wom. 8:32). Lè w reflechi sou eksperyans pa w e lè w medite sou sa w li nan Pawòl Bondye a, sandout w ap ka wè pakèt bagay Jewova fè pou ou. Tank ou gen rekonesans pou sa Jewova fè se tank relasyon w gen ak Jewova ap vin pi solid. — Sòm 116:1, 2.

6. Selon Sòm 94:17-19, ki jan priyè sensè w fè ka ede w?

6 Priye regilyèman. Imajine yon tigason ki nan bra papa l ki renmen l. Tigason an tèlman santi l byen bò kote papa l, sa fè l pa pè pou l di papa l bon bagay ak move bagay ki rive l pandan jounen an. Ou ka gen menm relasyon sa a ak Jewova si w pwoche bò kote l lè w priye l ak tout kè w chak jou. (Li Sòm 94:17-19.) Lè w ap priye Jewova, di l “tout sa k nan kè w”, e di Papa w ki renmen w tout sa ki fè w pè e ki ba w tètchaje (Lam. 2:19). Ki jan w ap santi w apre sa? W ap santi w gen sa Bib la rele “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. (Flp. 4:6, 7.) Plis ou ouvri kè w bay Jewova konsa, se plis w ap santi w pwòch li. — Wom. 8:38, 39.

N ap vin gen kouraj lè nou met konfyans nou nan Jewova ak nan Wayòm li an.

Stanley Jones te fòtifye lafwa l lefètke li te gen konviksyon Wayòm Bondye a se yon reyalite. (Gade paragraf 7.)

7. Sa k fè nou dwe gen konviksyon pwomès Bondye fè konsènan Wayòm li an ap reyalize?

7 Se pou w gen konviksyon benediksyon Wayòm Bondye a ap pote yo ap vini vre (Nonb 23:19). Si w pa gen yon lafwa solid nan pwomès sa yo, l ap fasil pou Satan ak akolit li yo fè w pè (Pwo. 24:10; Ebre 2:15). Ki jan w ka vin gen plis konfyans nan Wayòm Bondye a depi kounye a? Pran tan pou w fè rechèch sou pwomès Bondye fè konsènan Wayòm li an e sou rezon ki fè w ka gen asirans y ap reyalize. Ki jan sa ap ede w? Ann pran egzanp Stanley Jones ki te fè setan nan prizon poutèt kwayans li *. Ki sa k te ede l andire fidèlman? Men sa l di: “Kòm mwen te gen konesans sou Wayòm Bondye a, mwen te gen konfyans nan li e m pa t janm gen okenn dout sou li, sa te fè m gen fòs e pa gen anyen ki te ka brannen m.” Si w gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo, w ap vin pi pwòch Jewova e w pap kite laperèz fè w sispann sèvi l. — Pwo. 3:25, 26.

8. Lè nou reflechi sou fason nou konsidere reyinyon yo, ki sa sa fè nou wè? Esplike.

8 Asiste reyinyon yo regilyèman. Reyinyon yo ede nou vin pi pwòch Jewova. Fason nou konsidere reyinyon yo kapab fè nou wè nan ki pwen n ap rive kenbe djanm lè nou jwenn pèsekisyon alavni (Ebre 10:24, 25). Sa k fè sa? Si depi kounye a nou kite nenpòt ti pwoblèm fè nou pa asiste reyinyon, ki sa k ap rive alavni lè nou oblije fè fas ak gwo danje pou nou reyini ak kwayan parèy nou? Yon lòt bò, si nou deja detèmine pou nou asiste reyinyon, nou pap sispann asiste yo lè moun ki opoze ak nou eseye anpeche nou reyini ansanm. Se depi kounye a nou bezwen chèche renmen reyinyon nou yo anpil. Lè nou renmen asiste reyinyon, pa gen okenn opozan k ap ka fè nou sispann obeyi Bondye pou n obeyi lèzòm, pa menm gouvènman yo. — Tra. 5:29.

Lè nou aprann vèsè biblik yo ak kantik yo pakè depi kounye a, sa ka ede nou lè gen pèsekisyon. (Gade paragraf 9.) *

9. Sa k fè lè nou aprann vèsè yo pakè se yon bon fason pou nou prepare nou pou pèsekisyon?

9 Aprann vèsè ou pi renmen yo pakè (Mat. 13:52). Se vre, ou gendwa pa gen bon memwa, men Jewova ka sèvi ak lespri sen pou l fè w sonje vèsè sa yo (Jan 14:26). Men sa yon frè ki te nan prizon ann Almay delès e yo te mete nan yon kacho poukont li te di: “Se pa ti kontan m te kontan dèske m te aprann plizyè santèn vèsè pakè! Byenke m te poukont mwen, mwen te toujou ap reflechi sou yon pakèt sijè biblik.” Vèsè sa yo te ede frè nou an pou l rete pwòch Jewova e pou l andire fidèlman.

(Gade paragraf 10) *

10. Poukisa nou dwe aprann kantik yo ak chante ki sou sit Entènèt nou an pakè?

10 Aprann chante k ap fè louwanj pou Jewova epi chante yo. Lè Pòl ak Silas te nan prizon nan vil Filip, yo te chante pou yo louwe Bondye, e yo te konn chante sa yo pakè (Tra. 16:25). Menm jan an tou, ki sa k te fòtifye frè nou yo nan ansyen Inyon sovyetik la lè yo te voye yo ann egzil nan Siberi? Men sa sè Mariya Fedun sonje: “Nou te konn chante tout chante nou te konnen ki te nan liv kantik la.” Li di chante sa yo te ankouraje yo tout e yo te ede yo santi yo pi pwòch ak Jewova. Èske w santi w repran fòs lè w chante kantik ak chante w pi renmen ki sou sit Entènèt nou an? Ebyen, aprann yo pakè depi kounye a! — Gade kare ki gen tit “ Fè m gen kouraj!

FASON NOU KA GEN PLIS KOURAJ

11-12. a) Selon 1 Samyèl 17:37, 45-47, sa k fè David te gen kouraj? b) Ki leson enpòtan nou ka aprann nan egzanp David?

11 Nou bezwen kouraj pou nou fè fas ak pèsekisyon. Ki sa w ka fè si w manke kouraj? Sonje sa, se pa wotè w, fòs ou oswa kapasite w k ap fè w gen vrè kouraj la. Fè yon ti reflechi sou egzanp David lè l te jèn ki te fè fas ak Golyat. Bon, lè nou konpare David ak Golyat ki te yon jeyan, nou ka wè David te parèt piti, li te gen mwens fòs pase l e li pa t gen bonjan ekipman pou konba a. David pa t menm gen yon epe. Men, li te gen anpil kouraj. David te kouri ak tout fòs pou l al batay ak jeyan sa a ki te awogan.

12 Sa k fè David te gen kouraj konsa? Li te kwè toutbon Jewova avè l. (Li 1 Samyèl 17:37, 45-47.) David pa t ret ap gade jan Golyat pi gwonèg pase l. Olye de sa, li te konsantre l sou jan Golyat toupiti devan Jewova. Ki sa nou aprann nan istwa sa a? N ap gen kouraj si nou gen konfyans Jewova avè n e si nou gen konviksyon moun ki opoze avè n yo toupiti devan Bondye Toupisan an (2 Kwo. 20:15; Sòm 16:8). Ki jan nou ka vin gen plis kouraj depi kounye a, anvan nou kòmanse jwenn pèsekisyon?

13. Ki jan nou ka vin gen plis kouraj? Esplike.

13 Nou ka vin gen plis kouraj depi kounye a lè nou preche bon nouvèl Wayòm nan. Poukisa sa enpòtan? Paske lè nou preche, sa ede nou fè Jewova konfyans e sa fè n pa pè moun (Pwo. 29:25). Menm jan mis nan kò nou vin pi djanm lè nou fè egzèsis, se konsa tou nou vin gen plis kouraj lè nou preche kay an kay, lè nou preche nan zòn piblik yo, lè nou bay temwayaj enfòmèl ak lè nou preche nan tèritwa kote ki gen biznis. Si nou met kouraj sou nou pou nou preche depi kounye a, n ap byen prepare pou nou kontinye preche menm lè yo entèdi travay nou an. — 1 Tes. 2:1, 2.

Nancy Yuen pa t dakò sispann preche bon nouvèl la. (Gade paragraf 14)

14-15. Ki sa nou aprann nan egzanp Nancy Yuen ak Valentina Garnovskaya?

14 Nou ka aprann anpil bagay nan egzanp de sè ki fidèl ki te demontre anpil kouraj. Nancy Yuen pa t mezire plis pase 1,50 mèt wotè, men li pa t kraponnen fasil *. Li pa t vle sispann preche bon nouvèl Wayòm nan. Se sa k fè yo te mete l nan prizon pou plis pase 20 an nan peyi Lachin. Otorite ki t ap poze l kesyon yo te di li se moun ki “pi gen tèt di” nan peyi a.

Valentina Garnovskaya te gen konviksyon Jewova te avè l. (Gade paragraf 15)

15 Menm jan an tou, yo te mete Valentina Garnovskaya nan prizon nan ansyen Inyon sovyetik pandan twa fwa, e li te fè anviwon 21 an nan prizon *. Sa k fè sa? Li te tèlman detèmine pou l kontinye preche, otorite yo te di li se yon “gwo kriminèl”. Ki sa k te fè de sè fidèl sa yo gen kouraj konsa? Yo te gen konviksyon Jewova avè yo.

16. Ki sa nou bezwen pou nou ka gen kouraj toutbon?

16 Jan nou te wè sa, pou nou ka gen kouraj, nou pa dwe konte sou fòs nou oswa kapasite nou. Olye de sa, nou bezwen kwè Jewova avè n e se li menm k ap goumen pou nou (Det. 1:29, 30; Zak. 4:6). Se sa k ap fè nou gen kouraj toutbon.

SA NOU KA FÈ LÈ MOUN RAYI NOU

17-18. Ki avètisman Jezi ban nou, jan sa parèt nan Jan 15:18-21? Esplike.

17 Nou renmen lè moun respekte nou, men nou pa dwe panse nou pa gen valè si moun pa renmen nou. Men sa Jezi te di: “Nou byennere lè moun rayi nou poutèt Pitit lòm nan, lè yo mete nou deyò nan mitan yo, lè yo joure nou e lè yo sal non nou kòmkwa nou se moun ki mechan.” (Lik 6:22). Ki sa Jezi te vle di?

18 Jezi pa t vle di kretyen yo t ap kontan lè yo rayi yo. Olye de sa, se yon avètisman li te bay sou sa k ka rive. Kòm nou pa fè pati monn nan, nou suiv ansèyman Jezi yo nan lavi nou e nou preche mesaj li te konn preche a, sa fè moun rayi nou. (Li Jan 15:18-21.) Nou vle fè kè Jewova kontan. Si moun rayi nou paske nou renmen Papa nou an, se pwoblèm pa yo.

19. Ki jan nou ka imite egzanp apot yo?

19 Pa janm kite anyen fè w wont dèske w se Temwen Jewova, kèlkeswa sa moun di oswa sa yo fè (Miche 4:5). Nou ka aprann fason pou nou pa kite moun fè nou pè lè nou egzamine sa apot yo ki te nan Jerizalèm te fè yon ti tan apre lanmò Jezi. Yo te konnen jan chèf relijye juif yo te rayi yo (Tra. 5:17, 18, 27, 28). Malgre sa, yo te kontinye al nan tanp lan chak jou e moun te ka wè yo se disip Jezi paske yo t ap preche (Tra. 5:42). Yo pa t kite laperèz fè yo fè bak. Nou menm tou, nou kapab rive konbat laperèz nou genyen lè nou fè moun konnen nou se Temwen Jewova kit se nan travay nou, kit se nan lekòl nou oswa bò lakay nou. — Tra. 4:29; Wom. 1:16.

20. Sa k fè apot yo te kontan menm lè moun te rayi yo?

20 Sa k fè apot yo te kontan? Yo te konnen rezon ki fè yo te rayi yo, e se te yon onè pou yo lefètke yo te konn maltrete yo paske yo t ap fè volonte Jewova (Lik 6:23; Tra. 5:41). Men sa apot Pyè te ekri annapre: “Menmsi n ap soufri pou sa ki jis, nou mèt kontan.” (1 Pyè 2:19-21; 3:14). Lè nou konprann rezon ki fè yo rayi nou se paske n ap fè sa ki dwat, nou pap janm sispann sèvi Jewova poutèt gen moun ki rayi nou.

SA AP NAN AVANTAJ NOU LÈ N PREPARE

21-22. a) Ki sa w deside fè pou w prepare w pou pèsekisyon? b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

21 Nou pa konn ki lè moun ap kòmanse pèsekite nou ni ki lè gouvènman yo ap met entèdiksyon sou travay n ap fè a. Men, nou konnen nou ka prepare nou depi kounye a lè nou chèche gen yon pi bon relasyon ak Jewova, lè nou chèche gen plis kouraj ak lè nou chèche konn sa pou n fè lè moun rayi nou. Preparasyon nou fè depi kounye a ap ede nou pou nou kontinye sèvi Jewova alavni.

22 Men, e si yo entèdi travay nou an? Atik ki vin apre a pral ede nou wè kèk prensip biblik ki ka ede nou kontinye sèvi Jewova menm lè gen entèdiksyon.

KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”

^ § 5 Nou pa vle pou yo rayi nou. Men, yon lè kanmenm nou tout gen pou fè fas ak pèsekisyon. Atik sa a ap ede nou met kouraj sou nou pou n fè fas ak pèsekisyon.

^ § 7 Gade Toudegad 1ye avril 1966 paj 212-224 (fransè).

^ § 14 Gade Toudegad 15 oktòb 1979, paj 4-7 (fransè).

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Paran k ap sèvi ak yon seri kat pou ede pitit yo sonje vèsè nan Bib la pandan yon adorasyon an fanmi.

^ § 70 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon fanmi pral nan reyinyon, y ap chante kantik yo pral chante yo nan machin nan.