Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 28

Kontinye adore Jewova lè yo entèdi aktivite nou yo

Kontinye adore Jewova lè yo entèdi aktivite nou yo

“Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” — TRA. 4:19, 20.

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Poukisa nou pa dwe sezi lè yo entèdi travay n ap fè a? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

NAN ane 2018, te gen plis pase 223 000 pwoklamatè bon nouvèl la nan peyi kote yo entèdi aktivite nou yo oswa yo mete gwo restriksyon sou aktivite nou. Men, sa pa fè nou sezi. Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, vrè kretyen yo atann pou yo jwenn pèsekisyon (2 Tim. 3:12). Kèlkeswa kote n ap viv, otorite nan gouvènman yo ka mete entèdiksyon bridsoukou e sanzatann pou nou pa adore Jewova, Bondye nou an nou renmen anpil la.

2 Si gouvènman kote w ap viv la deside entèdi moun adore Jewova, ou ka poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske pèsekisyon nou jwenn nan vle di nou pèdi favè Bondye? Èske entèdiksyon ap fè nou sispann adore Jewova? Èske m dwe al viv nan yon peyi kote m ap lib pou m adore Bondye?’ Nan atik sa a, nou pral reponn kesyon sa yo. Epitou, nou pral egzamine fason nou ka kontinye adore Jewova lè yo entèdi aktivite n ap fè a ak prekosyon nou dwe pran.

ÈSKE PÈSEKISYON NOU JWENN VLE DI NOU PÈDI FAVÈ BONDYE?

3. Selon 2 Korentyen 11:23-27, ki pèsekisyon apot Pòl te sibi alòske l te fidèl, e ki sa nou aprann nan egzanp li?

3 Si yon gouvènman entèdi travay n ap fè a, nou gendwa mal konprann sa epi nou panse sa rive poutèt nou pa gen benediksyon Bondye. Men, sonje sa, lè nou jwenn pèsekisyon, sa pa vle di nou pèdi favè Jewova. Ann pran egzanp apot Pòl. Pa gen dout nan sa, li te gen favè Bondye. Li te gen privilèj pou l ekri 14 lèt nan Liv ki te ekri an grèk yo, e li te yon apot pou nasyon yo. Poutan, li te jwenn gwo pèsekisyon. (Li 2 Korentyen 11:23-27.) Egzanp apot Pòl montre Jewova konn pèmèt sèvitè fidèl li yo jwenn pèsekisyon.

4. Sa k fè monn nan rayi nou?

4 Jezi te esplike rezon ki fè nou ta dwe atann pou moun opoze ak nou. Li te di moun yo t ap rayi nou paske nou pa fè pati monn nan (Jan 15:18, 19). Pèsekisyon se pa yon siy ki montre nou pa gen benediksyon Jewova. Okontrè, lè nou jwenn pèsekisyon, sa montre n ap fè sa ki dwat!

ÈSKE ENTÈDIKSYON AP FÈ NOU SISPANN ADORE JEWOVA?

5. Èske moun ka fè nou sispann adore Jewova? Esplike.

5 Moun ki opoze ak nou yo pa ka fè nou sispann adore Jewova, Bondye Toupisan an. Anpil moun eseye fè sa, men yo pa reyisi. Ann fè yon ti reflechi sou sa k te rive pandan Dezyèm Gè mondyal la. Nan moman sa a, gouvènman nan anpil peyi te pèsekite pèp Bondye a anpil. Se pa t sèlman pati Nazi ann Almay la ki te entèdi travay Temwen Jewova yo, men, gouvènman peyi Ostrali, gouvènman peyi Kanada ak lòt peyi te fè menm bagay la tou. Malgre sa, gade sa k te rive. Nan ane 1939, ane gè a te kòmanse a, te gen 72 475 pwoklamatè nan lemonnantye. Gen rapò ki montre nan fen gè a an 1945, grasa èd Jewova, te gen 156 299 pwoklamatè. Kantite pwoklamatè yo te vin plis pase de fwa kantite ki te gen anvan an!

6. Ki bon efè pèsekisyon ka genyen? Bay yon egzanp.

6 Pèsekisyon nou jwenn pa fè nou pè, okontrè, sa ede nou gen plis detèminasyon pou nou sèvi Jewova. Pa egzanp, yon mari ak yon madanm ansanm ak yon tipitit gason yo genyen t ap viv nan yon peyi kote gouvènman an te entèdi aktivite nou. Mari a ak madanm nan pa t kite laperèz fè yo fè mwens nan sèvis yo pou Jewova, yo te pran sèvis pyonye pèmanan. Madanm nan te menm kite yon travay ki te byen peye pou l ka antre nan sèvis la. Mari a te di entèdiksyon an te fè anpil moun anvi konnen plis sou Temwen Jewova yo. Kòm rezilta, li te twouve li pi fasil pou l kòmanse etid Labib ak moun yo. Entèdiksyon an te gen yon lòt bon efè ankò. Gen yon ansyen nan menm peyi a ki fè konnen anpil nan moun ki te sispann sèvi Jewova yo te rekòmanse asiste reyinyon e yo te rekòmanse preche.

7. a) Ki sa nou aprann nan Levitik 26:36, 37? b) Ki sa n ap fè lè gen entèdiksyon?

7 Lè ènmi nou yo entèdi aktivite nou, yo espere sa ap fè nou pè e n ap sispann sèvi Jewova. Anplis entèdiksyon yo mete yo, yo ka ap gaye yon seri manti sou nou, yo ka voye moun al fouye kay nou, mennen nou nan tribinal oswa menm mete kèk nan nou nan prizon. Yo espere n ap pè paske yo rive mete kèk nan nou nan prizon. Si n pè pou sa yo ka fè nou, nou ka vin ralanti nan sèvis n ap bay Jewova a oswa nou ka menm sispann sèvi Jewova. Nou pa ta renmen vin menm jan ak moun yo pale de yo nan Levitik 26:36, 37 la. (Li vèsè yo.) Nou pap kite laperèz fè nou ralanti oswa fè nou sispann aktivite espirityèl yo. Nou met tout konfyans nou nan Jewova e nou pap panike (Eza. 28:16). Nou priye Jewova pou n konn sa pou n fè. Nou konnen depi Bondye avè n, menm gouvènman ki gen plis pisans ki ta ka genyen sou tè a pa ka anpeche nou kontinye adore Bondye nou an fidèlman. — Ebre 13:6.

ÈSKE M DWE AL VIV NAN YON LÒT PEYI?

8-9. a) Ki desizyon se chak chèf fanmi oswa chak moun ki pou pran l? b) Ki sa k ap ede yo pran yon bon desizyon?

8 Si gouvènman kote w ap viv la mete entèdiksyon sou travay n ap fè a, ou ka ap mande tèt ou si w pa ta dwe al viv nan yon lòt peyi kote w ap lib pou w sèvi Jewova. Desizyon sa a se nan men w li ye, pa gen lòt moun ki ka pran l pou ou. Gen kèk moun ki gendwa twouve sa itil pou yo egzamine ki sa kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo te fè lè yo te pèsekite yo. Apre ènmi yo te fin touye Etyèn ak kout wòch, disip ki te nan Jerizalèm yo te deplase al Jide ak Samari, e menm nan zòn ki lwen tankou Fenisi, Chip ak Antyòch (Mat. 10:23; Tra. 8:1; 11:19). Men, gen lòt moun ki gendwa reflechi sou sa apot Pòl te fè lè yo te rekòmanse pèsekite kretyen premye syèk yo. Apot Pòl te deside pa deplase al nan yon zòn kote yo pa t opoze ak travay predikasyon an. Olye de sa, li te riske vi l pou l gaye bon nouvèl la e pou l fòtifye frè yo ki t ap soufri akoz gwo pèsekisyon ki te gen nan vil yo te ye yo. — Tra. 14:19-23.

9 Ki sa nou aprann nan istwa sa yo? Se chak chèf fanmi ki pou deside si fanmi yo ap deplase oubyen si y ap rete. Anvan yo pran desizyon sa a, yo dwe priye e yo dwe byen reflechi sou sitiyasyon fanmi yo ak bon efè ak move efè sa ka gen sou fanmi an. Nan ka sa a, se chak kretyen ki dwe “pote pwòp chay pa l”. (Gal. 6:5.) Nou pa dwe jije lòt moun pou desizyon yo pran.

FASON POU N ADORE BONDYE LÈ GEN ENTÈDIKSYON

10. Ki enstriksyon n ap jwenn nan men biwo filyal la ak ansyen yo?

10 Ki jan nou ka kontinye adore Jewova lè gen entèdiksyon? Biwo filyal la ap bay ansyen yo enstriksyon ak bonjan konsèy sou fason pou yo jwenn manje espirityèl, sou fason pou yo reyini ansanm pou yo adore Bondye ak fason pou yo preche bon nouvèl la. Si biwo filyal la pa kapab kontakte ansyen yo, ebyen ansyen yo ap ede ou menm ak tout moun nan kongregasyon an pou nou kontinye adore Jewova. Y ap bay direksyon ki baze sou Bib la ak piblikasyon nou yo. — Mat. 28:19, 20; Tra. 5:29; Ebre 10:24, 25.

11. Poukisa n ka sèten n ap gen sa n bezwen nan domèn espirityèl, e ki sa n ka fè pou nou pwoteje Bib nou ak piblikasyon nou genyen yo?

11 Jewova pwomèt sèvitè l yo l ap byen pran swen yo nan domèn espirityèl (Eza. 65:13, 14; Lik 12:42-44). Donk, nou mèt sèten òganizasyon l lan ap fè tout sa ki posib pou l ban nou ankourajman n ap bezwen nan domèn espirityèl. Ki sa nou ka fè? Lè gen entèdiksyon, chèche yon bon kote pou nou sere Bib nou ak lòt piblikasyon nou genyen kit se sou papye kit se sou fòm elektwonik. Veye pou nou pa janm kite bagay enpòtan sa yo yon kote y ap ka jwenn yo byen fasil. Nou chak dwe fè efò pou nou rete djanm nan domèn espirityèl.

Grasa èd Jewova, nou ka reyini pou nou adore l san nou pa pè. (Gade paragraf 12.) *

12. Ki jan ansyen yo ka òganize reyinyon yo yon fason pou moun pa sispèk nou?

12 Ki sa k ap rive reyinyon nou konn fè chak semèn yo? Ansyen yo ap fè aranjman pou nou asiste reyinyon yo yon fason ki pap fè moun sispèk nou. Yo ka mande nou pou nou reyini pa ti gwoup, e petèt y ap chanje lè reyinyon yo ak kote yo fè yo detanzantan. Nou ka kolabore pou pwoteje frè nou yo lè nou pa pale fò nan moman n ap vin nan reyinyon ak lè nou prale. Nou ka bezwen abiye yon fason ki pap fè moun sispèk nou.

Menmsi gouvènman an ta entèdi travay nou an, nou pap sispann preche. (Gade paragraf 13.) *

13. Ki sa nou ka aprann nan egzanp frè nou yo nan ansyen Inyon sovyetik la?

13 E travay predikasyon an menm? Sitiyasyon yo ap chanje selon kote nou ye. Men, nou renmen Jewova e nou renmen pale ak lòt moun konsènan Wayòm li an, se sa k fè n ap chèche yon jan kanmenm pou nou preche (Lik 8:1; Tra. 4:29). Men sa yon istoryen ki rele Emily Baran di konsènan travay predikasyon Temwen Jewova yo nan ansyen Inyon sovyetik la: “Lè gouvènman an te di Temwen Jewova yo yo pa gendwa preche, Temwen yo te pale ak vwazen yo, kòlèg travay yo ak zanmi yo. Lè yo te voye Temwen yo nan kan travo fòse poutèt sa yo t ap fè a, yo te pale ak prizonye parèy yo.” Malgre entèdiksyon an, frè nou yo nan ansyen Inyon sovyetik la pa t sispann preche. Si yo ta entèdi travay predikasyon an nan zòn kote w ye a, se pou w pran menm detèminasyon an!

PREKOSYON NOU DWE PRAN

Nou bezwen konn lè pou n ret an silans. (Gade paragraf 14.) *

14. Ki pyèj Sòm 39:1 ka ede nou evite?

14 Nou dwe veye sa n ap di lòt moun. Lè gen entèdiksyon, nou dwe chèche konprann lè pou nou “pa di anyen”. (Ekl. 3:7.) Nou dwe kenbe enfòmasyon ki dwe ret sekrè yo, tankou non frè ak sè yo, kote nou reyini, fason nou òganize travay predikasyon an ak jan nou fè pou nou resevwa sa nou bezwen nan domèn espirityèl. Nou pa ta dwe bay otorite nan gouvènman yo enfòmasyon sa yo, ni nou pa ta dwe pataje yo ak zanmi oswa fanmi nou gen nan peyi nou oswa nan lòt peyi. Si nou ta pran nan pyèj sa a, nou t ap met sekirite frè yo an danje. — Li Sòm 39:1.

15. Ki sa Satan pral eseye fè nou, e ki sa n ka fè pou n pa pran nan pyèj li a?

15 Pa kite nenpòt ti pwoblèm met divizyon nan mitan nou. Satan konnen yon kay kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt pap ka ret kanpe (Mak 3:24, 25). Li toujou ap eseye met divizyon nan mitan nou. Konsa, li espere n ap kòmanse batay youn ak lòt olye nou batay avè l.

16. Ki bèl egzanp sè Gertrud Poetzinger te bay?

16 Menm kretyen ki gen matirite bezwen veye pou yo pa pran nan pyèj sa a. Ann pran egzanp de sè Bondye chwazi pou al nan syèl: Gertrud Poetzinger ak Elfriede Löhr. Yo te nan prizon ansanm ak plizyè lòt sè nan yon kan konsantrasyon Nazi. Gertrud te vin jalou lè l te wè Elfriede te bay yon diskou ankourajan pou lòt sè yo nan kan an. Annapre Gertrud te santi l wont e l te sipliye Jewova pou l ede l. Men sa l ekri: “Nou bezwen aksepte lè lòt moun gen plis kapasite pase nou oswa gen pi gwo privilèj pase nou.” Ki jan l te rive konbat jalouzi l te genyen an? Gertrud te konsantre sou bèl kalite Elfriede te genyen yo ak bèl pèsonalite li te genyen. Konsa, li te vin gen bon relasyon ak Elfriede ankò. Yo toule de te soti vivan nan kan konsantrasyon an e yo te ret fidèl nan sèvis Jewova jiskaske lavi yo te fini sou tè a. Si nou fè anpil efò pou nou rezoud pwoblèm nou gen ak frè nou, nou pap kite anyen met divizyon nan mitan nou. — Kol. 3:13, 14.

17. Poukisa nou dwe evite pran dwa ki pa pou nou?

17 Evite pran dwa ki pa pou nou. Si nou suiv enstriksyon nou resevwa nan men frè ki responsab yo, yon seri frè nou fè konfyans, n ap evite pwoblèm (1 Pyè 5:5). Pa egzanp, nan yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon an, frè responsab yo mande pwoklamatè yo pou yo pa kite piblikasyon nan men moun yo. Men, gen yon frè ki pyonye nan zòn sa a ki te santi l pi konnen pase frè yo, epi li te bay moun yo piblikasyon. Ki sa k te rive? Yon ti tan apre, lè li menm ak kèk lòt frè te fin bay temwayaj enfòmèl lapolis te poze yo kesyon. Sanble chèf yo t ap suiv yo e yo te repran piblikasyon yo te bay yo. Ki sa nou aprann nan eksperyans sa a? Nou bezwen suiv enstriksyon nou resevwa, menm lè nou pa fin dakò. Jewova ap toujou beni nou lè nou kowopere ak frè li nome pou pran latèt pami nou yo. — Ebre 13:7, 17.

18. Poukisa nou dwe evite bay règ ki pa nesesè?

18 Pa bay règ ki pa nesesè. Si ansyen yo ap bay règ ki pa nesesè, y ap met yon chay ki lou sou do lòt moun. Frè Juraj Kaminský te sonje ki sa k te rive pandan te gen entèdiksyon nan ansyen Tchekoslovaki. Men sa l di: “Apre yo te fin arete frè responsab yo ak anpil ansyen, kèk nan moun ki te pran latèt nan kongregasyon yo ak nan sikonskripsyon yo te kòmanse mete yon seri règ pou pwoklamatè yo suiv, yo te fè yon lis bagay pou yo fè ak bagay pou yo pa fè.” Jewova pa ban nou otorite pou n pran desizyon pou lòt moun. Yon moun k ap bay règ ki pa nesesè pap pwoteje frè l, se chèche l ap chèche domine sou lafwa frè l. — 2 Kor. 1:24.

PINGA NOU JANM SISPANN ADORE JEWOVA

19. Selon 2 Kwonik 32:7, 8 ki rezon nou genyen pou nou mete kouraj sou nou malgre tout sa Satan ap fè?

19 Pi gwo advèsè nou an, Satan Ledyab, pap sispann chèche pèsekite sèvitè fidèl Jewova yo (1 Pyè 5:8; Rev. 2:10). Satan ak akolit li yo pral eseye entèdi nou adore Jewova. Men, nou pa dwe janm kite laperèz fè nou sispann sèvi Jewova (Det. 7:21)! Jewova avèk nou e l ap kontinye soutni nou menmsi yo entèdi travay predikasyon n ap fè a. — Li 2 Kwonik 32:7, 8.

20. Ki detèminasyon w pran?

20 Se pou nou pran menm detèminasyon ak frè nou yo nan premye syèk la ki te di yon seri dirijan nan epòk yo a: “Si sa bon nan je Bondye pou nou koute nou olye nou koute Bondye, se nou ki konnen. Men, kanta pou nou menm, nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” — Tra. 4:19, 20.

KANTIK 73 Fè nou gen kran

^ § 5 Ki sa nou dwe fè si gouvènman an ta entèdi nou adore Jewova? Atik sa a pral ban n kèk sijesyon pratik sou sa pou nou fè ak sa pou nou evite fè pou n pa janm oblije sispann adore Bondye nou an!

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Tout foto sa yo montre Temwen Jewova ki nan peyi kote yo entèdi aktivite nou yo. Nan foto sa a nou wè yon ti gwoup frè ak sè k ap fè reyinyon nan depo lakay yon frè.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè (agoch) k ap fè yon ti pale ak yon dam, l ap chèche okazyon pou l pale avè l de Jewova.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè lapolis ap poze kesyon pou l bay enfòmasyon sou kongregasyon l.