Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 34

Fason nou ka gen kè kontan nan yon nouvo asiyasyon

Fason nou ka gen kè kontan nan yon nouvo asiyasyon

“Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” — EBRE 6:10.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

SA NOU PRAL WÈ *

1-3. Bay kèk rezon ki fè moun ki nan sèvis aplentan ka oblije chanje asiyasyon.

GEN yon mari, ki rele Robert, ak madanm li, ki rele Mary Jo, ki di: “Apre nou te fin pase 21 bèl ane nan sèvis nou antanke misyonè, toule kat paran nou yo te vin malad.” Men sa yo ajoute: “Nou te kontan pran swen yo. Men, nou te tris anpil pou nou kite zòn sa a nou te renmen anpil.”

2 Men sa William ak Terrie di: “Lè nou te aprann nou pap ka tounen nan asiyasyon nou akoz pwoblèm sante nou genyen, nou te tonbe kriye. Nou te toujou vle sèvi Jewova nan yon lòt peyi, men kounye a nou pap ka fè sa ankò.”

3 Men sa Aleksey di: “Nou te konnen moun ki t ap pèsekite nou yo te vle fèmen biwo filyal kote m t ap sèvi a. Men, lè sa te rive, se te yon chòk pou nou e nou te oblije kite Betèl.”

4. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Mete sou sa, gen plizyè milye Betelit ak lòt moun ankò ki te jwenn yon lòt asiyasyon *. Frè ak sè fidèl sa yo ka twouve l difisil pou yo kite yon asiyasyon yo te renmen anpil. Ki sa k ka ede yo fè fas ak chanjman sa yo? Ki jan nou ka ede yo? Repons kesyon sa yo ka ede nou tout fè fas ak chanjman ki vin genyen nan lavi nou.

FASON POU NOU FÈ FAS AK CHANJMAN

Poukisa lè sèvitè aplentan yo kite yon asiyasyon sa ka pa fasil pou yo? (Gade paragraf 5.) *

5. Ki efè yon chanjman asiyasyon ka gen sou nou?

5 Kit n ap sèvi nan tèritwa kit n ap sèvi nan Betèl, nou ka vin gen anpil lanmou pou moun yo e menm pou kote n ap sèvi a. Si nou oblije kite asiyasyon nou pou yon rezon kèlkonk, nou ka santi kè nou ap rache. Nou sonje frè ak sè nou kite yo, e nou ka ap enkyete pou yo, sitou si nou oblije ale akoz pèsekisyon (Mat. 10:23; 2 Kor. 11:28, 29). Mete sou sa, byen souvan, lè nou gen yon nouvo asiyasyon oswa lè nou retounen nan peyi nou, sa ka difisil paske nou ka bezwen adapte nou ak kilti a. Men sa Robert ak Mary Jo di: “Nou te vin pa abitye ak pwòp kilti nou e li te menm difisil pou n preche nan lang manman nou. Nou te santi nou tankou etranje nan pwòp peyi nou.” Gen kèk nan moun ki vin gen yon lòt asiyasyon ki ka vin fè fas ak pwoblèm ekonomik sanzatann. Yo ka pa wè ni devan ni dèyè, e sa ka fè yo dekouraje. Ki sa k ka ede yo?

Li enpòtan pou nou pwoche bò kote Jewova e pou nou fè l konfyans. (Gade paragraf 6-7) *

6. Ki jan nou ka rete pwòch ak Jewova?

6 Rete pwòch ak Jewova (Jak 4:8). Ki jan nou ka fè sa? Se lè nou met konfyans nou nan li antanke Sila a “ki tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Men sa Sòm 62:8 di: “Ouvri kè nou ba li.” Jewova ka “fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Jewova pa ban nou sèlman sa nou mande l nan priyè nou fè. Li ka fè yon bagay nou pa t atann, yon bagay nou pa t ap janm imajine, pou rezoud pwoblèm nou genyen yo.

7. a) Ki sa k ap ede nou rete pwòch ak Jewova? b) Selon Ebre 6:10-12, ki byenfè n ap jwenn lè nou kontinye sèvi Jewova fidèlman?

7 Pou nou rete pwòch ak Jewova, nou bezwen li Labib chak jou epi medite sou sa nou li a. Men sa yon ansyen misyonè di: “Se pou w kontinye gen yon pwogram pou w fè adorasyon an fanmi e pou w prepare reyinyon regilyèman, menm jan w te konn fè lè w te nan asiyasyon w.” Epitou, kontinye fè tout sa w kapab pou w preche bon nouvèl la ak nouvo kongregasyon w. Jewova sonje moun ki kontinye sèvi l fidèlman, menmsi yo pa ka fè tout sa yo te konn fè anvan. — Li Ebre 6:10-12.

8. Ki jan pawòl nou jwenn nan 1 Jan 2:15-17 yo ede nou kontinye mennen yon vi senp?

8 Kontinye mennen yon vi senp. Pa kite enkyetid ki gen nan monn Satan an “toufe” sèvis n ap bay Jewova a (Mat. 13:22). Pa pran nan presyon monn nan oswa zanmi ak moun nan fanmi nou ki gen bon entansyon ap fè sou nou pou nou chèche gen anpil kòb nan monn Satan an. (Li 1 Jan 2:15-17.) Fè Jewova konfyans, li menm ki pwomèt l ap ban nou tout sa n bezwen “nan bon moman”. L ap ede n kontinye gen yon lafwa solid, l ap ede n ret kalm e l ap ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl. — Ebre 4:16; 13:5, 6.

9. Selon Pwovèb 22:3, 7, poukisa li enpòtan pou n evite fè dèt ki pa nesesè, e ki sa k ka ede nou pran bon desizyon?

9 Evite fè dèt ki pa nesesè. (Li Pwovèb 22:3, 7.) Sa ka mande anpil kòb pou nou demenaje, e li fasil pou n vin gen dèt. Pou nou gen mwens dèt, nou bezwen veye pou n pa prete kòb pou n achte bagay nou pa vrèman bezwen. Lè nou anba gwo strès, tankou lè n ap pran swen moun pa nou ki malad, li ka difisil pou n deside ki kantite dèt n ap fè. Lè konsa, sonje “lapriyè ak siplikasyon” ka ede n pran bon desizyon. Pou Jewova reponn priyè nou, li kapab “pwoteje kè nou ak lespri nou” lè l ede nou rete kalm pou n pran bon desizyon. — Flp. 4:6, 7; 1 Pyè 5:7.

10. Ki jan nou ka vin gen nouvo zanmi?

10 Rete pwòch moun ki gen bon enfliyans sou ou. Fè bon zanmi w konnen jan w santi w e di yo pwoblèm ou genyen, sitou moun ki te nan menm sitiyasyon avè w. Lè w fè sa, sa ap ede w santi w pi byen (Ekl. 4:9, 10). Zanmi w te gen nan ansyen asiyasyon w yo ap toujou ret zanmi w. Kounye a, ou bezwen fè lòt zanmi nan nouvo asiyasyon w vin genyen an. Sonje sa, pou w gen yon zanmi ou bezwen montre w se yon zanmi. Ki jan w ka vin gen nouvo zanmi? Fè lòt moun konnen bèl eksperyans Jewova pèmèt ou fè nan sèvis li, konsa y ap wè kè kontan w genyen. Menmsi gen kèk moun nan kongregasyon an ki pa konprann rezon ki fè w renmen sèvis aplentan konsa, egzanp ou ka atire lòt moun e yo ka vin bon zanmi w. Men, veye pou w pa atire atansyon twòp sou ou ak sou sa w fè nan sèvis Jewova a, e pa rete sou bagay ki negatif.

11. Ki jan w ka fè pou toujou gen kè kontan nan maryaj ou?

11 Si w oblije kite asiyasyon w akoz pwoblèm sante moun ou marye avè l la genyen, pa repwoche l pou sa. Yon lòt bò, si se ou menm ki gen pwoblèm sante, pinga w santi w koupab kòmkwa se ou ki lakòz li pa nan sèvis la ankò. Sonje nou se “yon sèl chè”, e devan Jewova, youn te pwomèt l ap pran swen lòt kèlkeswa sa k rive (Mat. 19:5, 6). Si nou te kite asiyasyon nou paske nou vin gen yon pitit san nou pa t atann, fè pitit nou konnen li pi enpòtan pou nou pase asiyasyon nou te genyen an. Toujou fè pitit nou konnen nou konsidere l kòm yon “rekonpans” Bondye ba nou (Sòm 127:3-5). Anmenmtan, fè pitit nou konnen bèl eksperyans nou te fè nan asiyasyon nou te genyen an. Lè n fè sa, sa ka pouse pitit nou antre nan sèvis aplentan, menm jan nou menm nou te fè sa.

FASON LÒT MOUN KA BAY ÈD PA YO

12. a) Ki jan nou ka ede moun ki nan sèvis aplentan pou yo kontinye nan asiyasyon yo? b) Ki jan nou ka fè l pi fasil pou yo adapte yo nan nouvo asiyasyon yo vin genyen?

12 Gen anpil kongregasyon ak anpil moun ki merite felisitasyon paske yo fè tout sa yo kapab pou yo ede moun ki nan sèvis aplentan yo pou yo rete nan asiyasyon yo. Yo fè sa lè yo ankouraje yo kontinye nan sèvis la, lè yo ba yo èd nan domèn materyèl, oswa lè yo ede yo pran swen moun nan fanmi yo ki pap viv toupre yo (Gal. 6:2). Si gen moun ki nan sèvis aplentan ki resevwa yon lòt asiyasyon ki vin fè pati kongregasyon w ye a, pa panse se paske yo pa t fè travay yo byen oubyen yo te fè yon bagay ki pa bon ki fè yo chanje yo asiyasyon *. Olye de sa, ede yo pou yo ka adapte yo pi fasil. Fè yo konnen ou kontan yo vini nan kongregasyon an epi felisite yo pou travay yo te fè, menmsi pwoblèm sante fè yo pa ka fè tout sa yo vle fè kounye a. Aprann konnen yo. Aprann nan men yo paske yo gen anpil konesans, yo gen fòmasyon ak eksperyans.

13. Ki èd nou ka bay moun ki resevwa yon nouvo asiyasyon?

13 Okòmansman, moun ki resevwa yon nouvo asiyasyon ka bezwen nou ede yo jwenn kote pou yo abite, transpò, travay ak lòt bagay ki nesesè. Yo ka bezwen dènye enfòmasyon sou aktivite y ap mennen chak jou, pa egzanp kote y ap ka achte sa yo bezwen ak ki prekosyon pou yo pran. Sa k pi enpòtan an, yo pa bezwen n pran pitye pou yo, men yo bezwen nou konprann yo. Yo ka ap lite pou yo fè fas ak pwoblèm sante pa yo oswa pwoblèm sante moun nan fanmi yo genyen. Yo ka nan lapenn akoz yon moun pa yo ki mouri *. E yo ka nan lapenn tou, san moun pa konnen, akoz yo pa ansanm ak frè ak sè nan asiyasyon yo te gen anvan an. Sa mande tan pou yo rive fè fas ak tout santiman sa yo kote yo ka pa konn sa pou yo fè.

14. Ki jan frè ak sè yo te ede yon sè adapte l nan nouvo asiyasyon l?

14 Pandan tan sa a, èd ak egzanp ou ba yo ka ede yo pou yo adapte yo. Men sa yon sè ki te pase plizyè ane ap sèvi nan yon lòt peyi te di: “Nan asiyasyon m te ye anvan an, mwen te konn fè etid Labib ak moun chak jou. Men, nan asiyasyon m ye kounye a li difisil menm pou m jwenn okazyon pou m li yon vèsè oswa pou m montre yon videyo nan travay predikasyon an. Men, gen frè ak sè nan nouvo kongregasyon m nan ki konn mande m pou m al fè vizit ak etid avèk yo. Lè m wè frè ak sè sa yo ki chofe nan travay predikasyon an e ki gen kouraj k ap kondui etid biblik k ap pwogrese, sa fè m wè bagay yo yon lòt jan. Mwen te aprann fason pou m kòmanse konvèsasyon nan nouvo tèritwa a. Tout sa te ede m vin gen kè kontan ankò.”

KONTINYE FÈ TOUT SA W KAPAB

Chèche fason pou w preche plis nan tèritwa kote w ye a. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Ki sa k ap ede w reyisi nan nouvo asiyasyon w ye a?

15 Ou ka reyisi nan nouvo asiyasyon w. Pa panse ou pa t byen fè travay ou nan asiyasyon w te ye anvan an oswa ou pa gen anpil valè kounye a. Reflechi ak pakèt fason Jewova ap ede w kounye a, epi kontinye preche. Imite kretyen fidèl nan premye syèk yo. Kèlkeswa kote yo te ye, yo te “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a tout kote yo pase”. (Tra. 8:1, 4.) Efò w ap fè pou w kontinye preche yo ka bay bon rezilta. Pa egzanp, yon seri pyonye yo te mete deyò nan yon peyi t al nan yon lòt peyi ki toupre a, kote ki te gen gwo bezwen nan peyi a nan lang pa yo. Nan kèk mwa sèlman, anpil moun te vin fè pati nouvo gwoup ki te nan lang pyonye yo t ap preche a.

16. Ki jan w ka jwenn kè kontan nan yon nouvo asiyasyon?

16 “Lajwa Jewova bay la se fòs nou.” (Ney. 8:10). Sa ki dwe ban nou plis kè kontan se pa asiyasyon nou ye a menmsi nou renmen l, men se bon relasyon nou gen ak Jewova. Kidonk, kontinye mache avèk Jewova, epi mande l pou l ba w sajès, direksyon ak èd ou bezwen. Sonje ou te vin renmen ansyen asiyasyon w lan paske w te fè tout sa w kapab pou w ede moun yo. Fè tout sa w kapab nan asiyasyon w gen kounye a epi gade jan Jewova ap ede w pou w renmen l tou. — Ekl. 7:10.

17. Ki sa nou dwe sonje konsènan asiyasyon nou genyen kounye a?

17 Nou dwe sonje n ap gen pou n sèvi Jewova pou toutan, men asiyasyon nou genyen kounye a se pou yon ti tan. Nan monn nouvo a, nou tout ka vin gen yon lòt asiyasyon. Aleksey, nou te pale de li nan kòmansman atik la, kwè eksperyans l ap fè kounye a ap prepare l pou sa. Men sa l di: “Mwen te toujou konnen Jewova ak monn nouvo a reyèl, men yo te sanble yon ti jan lwen. Kounye a, mwen wè Jewova devan je m e monn nouvo a ap rive talè konsa.” (Tra. 2:25). Kèlkeswa asiyasyon nou genyen, annou kontinye mache ak Jewova. Li pap janm kite nou, men l ap ede nou jwenn kè kontan nan kèlkeswa sa n ap fè nan sèvis li, kèlkeswa kote n ye. — Eza. 41:13.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

^ § 5 Pafwa, gen frè ak sè ki nan sèvis aplentan ki pa kapab kontinye nan sèvis la, oswa ki konn jwenn yon lòt asiyasyon. Atik sa a pral pale sou difikilte yo konn jwenn ak sa k ka ede yo fè fas ak chanjman sa a pi fasil. Li pral pale tou sou sa lòt moun ka fè pou ankouraje yo e pou ede yo. Nou pral wè tou kèk prensip ki ka ede nou tout fè fas ak chanjman.

^ § 4 Menm jan an tou, gen kèk frè ki te gen responsablite, men, lè yo rive nan yon laj, yo oblije bay frè ki pi jèn responsablite yo te genyen yo. Gade atik ki gen tit “Kretyen ki granmoun yo: Jewova bay fidelite n anpil valè” ki parèt nan Toudegad septanm 2018, ak atik ki gen tit “Ann kontinye kenbe lespri n anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje” ki parèt nan Toudegad oktòb 2018.

^ § 12 Ansyen nan kongregasyon kote yo te ye a dwe ekri yon lèt entwodiksyon san pèdi tan pou yo ka kontinye nan sèvis yo antanke pyonye, antanke ansyen oswa antanke sèvitè ministeryèl.

^ § 13 Gade seri atik ki parèt nan Reveye n! 2018 N3 ki gen tit “Èd pou moun ki nan gwo lapenn”.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki oblije kite asiyasyon yo antanke misyonè nan yon lòt peyi k ap di moun nan kongregasyon an orevwa ak dlo nan je.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Menm mesyedam sa yo, lè yo retounen nan peyi yo, yo toujou ap priye Jewova pou l ede yo fè fas ak difikilte yo jwenn.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Grasa èd Jewova, mesyedam yo retounen nan sèvis aplentan. Yo sèvi ak lang yo te aprann lè yo te misyonè a pou yo pataje bon nouvèl la ak moun ki sot nan lòt peyi ki vin nan tèritwa kongregasyon yo ye a.