Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 44

Chèche gen bon zanmi anvan lafen an vini

Chèche gen bon zanmi anvan lafen an vini

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan.” — PWO. 17:17.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

SA NOU PRAL WÈ *

N ap bezwen gen bon zanmi pandan “gwo tribilasyon” an. (Gade paragraf 2.) *

1-2. Selon 1 Pyè 4:7, 8, ki sa k ap ede nou fè fas ak eprèv?

TANK n ap antre pi fon nan “dènye jou yo”, nou ka jwenn eprèv ki rèd anpil (2 Tim. 3:1). Pa egzanp, nan yon peyi ann Afrik delwès, te vin gen gwo dezòd ak anpil vyolans apre yon kanpay elektoral. Pandan plis pase sis mwa, frè n ak sè n yo pa t kapab deplase jan yo vle paske yo te nan yon zòn ki te gen konba. Ki sa k te ede yo fè fas ak difikilte sa yo? Gen kèk ladan yo ki t al abrite yo kay frè ak sè ki t ap viv nan yon zòn ki te an sekirite. Youn nan frè yo te di: “Nan yon sitiyasyon konsa, mwen te kontan gen zanmi m yo bò kote m. Youn te ka ankouraje lòt.”

2 Lè “gwo tribilasyon an” rive, n ap kontan gen bon zanmi ki renmen nou (Rev. 7:14). Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou chèche gen bon zanmi depi kounye a. (Li 1 Pyè 4:7, 8.) Nou ka aprann anpil leson nan egzanp Jeremi, paske zanmi l yo te ede l chape pandan destriksyon Jerizalèm nan *. Ki jan nou ka suiv egzanp Jeremi?

SA NOU APRANN NAN EGZANP JEREMI

3. a) Ki sa k te ka fè Jeremi met kò l apa? b) Ki sa Jeremi te fè Bawouk, sekretè l la, konnen, e ki rezilta sa te bay?

3 Pandan omwen 40 an, Jeremi t ap viv nan mitan yon seri moun ki pa t fidèl, nan mitan yon seri vwazen e petèt menm kèk fanmi l ki te sot nan vil Anatòt kote l te moun nan (Jer. 11:21; 12:6). Men, li pa t met kò l apa. Anfèt, li te konn fè Bawouk, sekretè l la ki te fidèl, konnen jan l santi l e nou menm tou nou vin konn jan l te santi l (Jer. 8:21; 9:1; 20:14-18; 45:1). Nou vin konprann tank Bawouk t ap ekri sa Jeremi t ap rakonte l yo, se tank yo de a te vin gen afeksyon ak respè youn pou lòt. — Jer. 20:1, 2; 26:7-11.

4. Ki sa Jewova te mande Jeremi pou l fè, e ki jan travay sa a te fè Jeremi ak Bawouk vin pi bon zanmi?

4 Pandan plizyè ane, Jeremi te met kran sou li pou l avèti Izrayelit yo konsènan sa k pral rive Jerizalèm (Jer. 25:3). Jewova te mande Jeremi pou l ekri avètisman Li te bay yo nan yon woulo pou l eseye wè ankò si pèp la ta repanti (Jer. 36:1-4). Pandan Jeremi ak Bawouk t ap fè travay sa a nan tèt ansanm, yon travay Bondye te ba yo fè sanble ki te dire plizyè mwa, sandout, yo te gen yon seri konvèsasyon ki te fè lafwa yo vin pi solid.

5. Ki jan Bawouk te montre li se yon bon zanmi pou Jeremi?

5 Lè moman an te rive pou yo te fè konnen sa k te ekri nan woulo a, Jeremi te oblije konte sou Bawouk, zanmi l lan, pou bay mesaj la (Jer. 36:5, 6). Avèk kouraj, Bawouk te fè travay sa a ki te gen danje ladan l. Èske w ka imajine ki jan Jeremi dwe te santi l fyè lè Bawouk t al nan lakou tanp lan e l te fè sa l te mande l fè a (Jer. 36:8-10)? Prens Jida yo te aprann sa Bawouk te fè a e yo te ba l lòd pou l li sa ki ekri nan woulo a byen fò pou yo (Jer. 36:14, 15)! Prens yo te deside fè wa Jewoyakim konnen sa Jeremi te di a. Avèk jantiyès, yo te di Bawouk: “Al chèche yon kote w kache, ni ou menm, ni Jeremi e pa kite pèsonn konnen ki kote nou ye.” (Jer. 36:16-19). Se te yon bon konsèy!

6. Ki jan Jeremi ak Bawouk te reyaji devan opozisyon?

6 Wa Jewoyakim te vin tèlman fache lè l tande pawòl Jeremi te ekri yo, li boule woulo a e li bay lòd pou yo arete Jeremi ak Bawouk. Men, Jeremi pa t pè. Li te pran yon lòt woulo, li bay Bawouk li, e pandan Jeremi t ap di Bawouk mesaj Jewova ba li a, Bawouk te ekri “tout pawòl ki te nan woulo Jewoyakim, wa Jida a, te boule a”. — Jer. 36:26-28, 32.

7. Ki sa petèt ki te vin rive pandan Jeremi ak Bawouk t ap travay ansanm?

7 Byen souvan, moun ki pase anba eprèv ansanm konn vin gen yon relasyon ki pi sere. Donk, nou ka imajine ki jan Jeremi ak Bawouk te vin pi byen konnen youn lòt e yo te vin pi bon zanmi youn ak lòt pandan yo t ap travay ansanm pou yo ranplase woulo move wa ki te rele Jewoyakim nan te detwi a. Ki byenfè nou ka jwenn nan egzanp de mesye fidèl sa yo te bay?

PALE YOUN AK LÒT AVÈK SENSERITE

8. Ki sa k ka anpeche nou vin gen bon zanmi, e poukisa nou pa dwe dekouraje?

8 Nou ka twouve l difisil pou nou fè lòt moun konnen sa k nan kè nou, paske petèt yon moun te fè nou yon bagay ki te fè nou mal (Pwo. 18:19, 24). Oswa, petèt nou ka gen enpresyon nou pa gen ase tan ak enèji pou nou chèche gen bon zanmi. Men, nou pa dwe dekouraje. Si nou vle frè nou yo soutni nou lè nou nan eprèv, nou dwe chèche vin bon zanmi yo depi kounye a. Youn nan fason ki enpòtan pou nou fè sa se lè nou fè yo konnen sa nou panse ak sa nou santi. — 1 Pyè 1:22.

9. a) Ki jan Jezi te montre li fè zanmi l yo konfyans? b) Ki jan lè w alèz pou w pale ak zanmi w sa ka fè amitye w gen avèk yo a vin pi solid? Bay yon egzanp.

9 Jezi te montre li fè zanmi l yo konfyans lefètke l te alèz pou l pale avèk yo (Jan 15:15). Nou ka imite l lè nou fè zanmi nou yo konnen sa k fè kè nou kontan, tètchaje nou genyen ak sa ki fè nou mal. Lè yon moun ap pale avè w, pran san w pou w koute l, konsa ou ka rann ou kont nan plizyè domèn nou panse menm jan, nou santi nou menm jan e nou gen menm objektif. Ann pran egzanp Cindy, yon sè ki nan ventèn li. Li te vin zanmi yon sè ki pyonye ki rele Marie-Louise ki nan swasantèn li. Cindy ak Marie-Louise abitye preche ansanm chak jedi maten, e yo alèz pou yo pale youn ak lòt sou tout kalite bagay. Men sa Cindy di: “Mwen renmen pale sou bagay ki enpòtan ak zanmi m paske sa ede m konnen yo epi konprann yo pi byen.” Lè w alèz pou w pale ak zanmi w e w koute yo lè y ap pale avè w, n ap vin pi bon zanmi. Menm jan ak Cindy, si w fè efò pou w gen konvèsasyon ki sensè ak lòt moun, amitye w vin gen avèk yo a ka vin pi solid. — Pwo. 27:9.

TRAVAY ANSANM

Bon zanmi yo patisipe ansanm nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 10.)

10. Selon Pwovèb 27:17, ki sa k ka rive lè w ap travay ansanm ak kwayan parèy ou?

10 Menm jan sa te rive nan ka Jeremi ak Bawouk, lè nou travay ansanm ak kwayan parèy nou e lè nou wè bèl kalite yo genyen, nou aprann nan men yo e nou vin pi pwòch yo. (Li Pwovèb 27:17.) Pa egzanp, ki jan w santi w lè w ap preche epi w tande yon zanmi w k ap defann lafwa l avèk kran oswa k ap fè konnen konfyans li gen nan Jewova ak nan objektif li yo e li fè sa ak tout kè l? Petèt ou vin renmen l plis toujou.

11-12. Bay yon egzanp ki montre lè nou patisipe nan travay predikasyon an sa ka ede nou vin pi bon zanmi frè n ak sè n yo.

11 Ann pran de egzanp ki montre fason travay predikasyon an fè moun vin pi pwòch youn ak lòt. Gen yon sè ki rele Adeline, ki gen 23 an, ki te mande youn nan zanmi l yo ki rele Candice pou l al preche avè l nan yon tèritwa yo pa preche souvan. Men sa l di: “Nou te vle preche ak plis detèminasyon e pou n renmen travay predikasyon an plis. Nou toule de te bezwen ankourajman pou nou fè plis nan sèvis Jewova a.” Ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te travay ansanm? Men sa Adeline di: “Nan fen chak jounen, nou te fè konnen fason nou te santi nou, sa k te touche nou nan konvèsasyon nou te genyen yo ak fason nou te santi Jewova ede nou nan sèvis la. Nou toule de te renmen gen konvèsasyon pwofon sa yo e youn te vin konn lòt pi byen.”

12 Laïla ak Marianne se de sè selibatè ki te soti an Frans pou y al pase senk semèn ap preche Bangi, kapital Repiblik Santrafrikèn, ki gen anpil aktivite. Men sa Laïla fè konnen: “Marianne avè m te jwenn difikilte, men grasa bon kominikasyon ak bonjan lanmou nou te gen youn pou lòt, nou te vin pi bon zanmi. Tank m ap gade jan Marianne adapte l fasil, jan l renmen moun nan zòn nan ak jan li chofe nan travay predikasyon an, mwen vin pi apresye l toujou.” Ou pa oblije al viv nan yon peyi etranje pou w jwenn byenfè sa yo. Chak fwa w ap preche nan tèritwa a ak yon frè oswa yon sè, ou gen okazyon pou w aprann konnen l pi byen e pou w chèche vin pi bon zanmi l.

KONSANTRE SOU SA KI BON, EPI PADONE AK TOUT KÈ W

13. Ki difikilte nou ka rankontre lè nou travay pwòch ak zanmi nou?

13 Pafwa, lè nou travay pwòch ak zanmi nou, nonsèlman nou vin konn kalite yo, men nou vin konn defo yo tou. Ki sa k ka ede nou pou n byen jere sitiyasyon an? Ann pran egzanp Jeremi ankò. Ki sa k te ede l wè bèl kalite lòt moun genyen e pou l pase sou defo yo?

14. Ki sa Jeremi te aprann nan men Jewova, e ki jan sa te ede l?

14 Se Jeremi ki te ekri liv ki pote non l lan, e sanble se li menm tou ki te ekri liv 1 Wa ak liv 2 Wa a. Se sèten travay sa a te fè l wè jan Jewova gen mizèrikòd pou moun ki enpafè. Pa egzanp, li te konnen lè wa Ahab te repanti pou move aksyon l te fè yo Jewova te epaye l pou l pa t wè yo detwi tout fanmi l pandan l vivan (1 Wa 21:27-29). Menm jan an tou, Jeremi te konnen Manase te fè bagay ki pi mal pase Ahab pou l ofanse Jewova. Aktout sa, Jewova te padone Manase paske l te repanti (2 Wa 21:16, 17; 2 Kwo. 33:10-13). Istwa sa yo dwe te ede Jeremi pou l montre l gen pasyans ak mizèrikòd menm jan ak Bondye nan fason l t ap aji ak bon zanmi l yo. — Sòm 103:8, 9.

15. Ki jan Jeremi te montre l gen pasyans menm jan ak Jewova lè Bawouk pa t ret konsantre sou travay li?

15 Ann fè yon ti pale sou fason Jeremi te aji ak Bawouk lè Bawouk pa t ret konsantre sou travay li pandan yon ti tan. Olye Jeremi te dekouraje byen vit ak Bawouk, zanmi l lan, li te ede Bawouk lè l te fè l konnen mesaj Bondye te voye ba li ki te demontre bonte, men ki te dirèk (Jer. 45:1-5). Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a?

Bon zanmi yo padone youn lòt ak tout kè yo. (Gade paragraf 16.)

16. Jan sa parèt nan Pwovèb 17:9, ki sa nou bezwen fè pou amitye nou dire?

16 An reyalite, nou pa ka atann pou frè n ak sè n yo pafè. Donk, yonfwa nou fin gen bon zanmi, nou bezwen fè gwo efò pou amitye a dire. Si zanmi nou fè yon erè, nou ka bezwen ba yo konsèy ki baze sou Pawòl Bondye a avèk bonte, men avèk franchiz (Sòm 141:5). E si yo fè nou yon bagay ki fè nou mal, nou bezwen padone yo. Yonfwa nou padone yo, nou dwe fè efò pou nou pa retounen sou sa ankò. (Li Pwovèb 17:9.) Pandan tan difisil sa yo, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou konsantre sou kalite frè n ak sè n yo olye n konsantre sou defo yo! Lè nou fè sa, sa fè amitye nou vin pi solid. Epitou, n ap bezwen gen bon zanmi pandan gwo tribilasyon an.

DEMONTRE YON LANMOU KI FIDÈL

17. Ki jan Jeremi te montre li se yon bon zanmi nan moman difisil?

17 Pwofèt Jeremi te montre li se yon bon zanmi nan moman difisil. Pa egzanp, apre Ebèdmelèk, yon moun ki t ap travay ak wa a, te pote Jeremi sekou pou l pa t mouri nan yon sitèn ki te plen labou, Ebèdmelèk te pè pou prens yo pa t pini l. Lè Jeremi te aprann sa, li pa t rete san l pa di anyen, kòmkwa zanmi l lan ap ka degaje l poukont li. Byenke Jeremi te nan prizon, li te fè sa l kapab pou l pataje pwomès ankourajan Jewova te fè a ak Ebèdmelèk, zanmi l lan. — Jer. 38:7-13; 39:15-18.

Bon zanmi yo ede frè ak sè ki nan nesesite. (Gade paragraf 18.)

18. Selon Pwovèb 17:17, ki jan nou dwe reyaji lè yon zanmi nou gen pwoblèm?

18 Jodi a, frè n ak sè n yo ap fè fas ak tout kalite pwoblèm. Pa egzanp, anpil ladan yo viktim anba katastwòf natirèl oswa katastwòf lèzòm lakòz. Lè sa rive, kèk nan nou ka dispoze akeyi zanmi sa yo lakay nou. Gen lòt moun ki ka ede yo nan domèn ekonomik. Men, nou tout ka mande Jewova pou l ede frè n ak sè n yo. Si nou aprann yon frè oswa yon sè dekouraje, nou ka pa konn ki sa pou n di oswa ki jan pou n aji, men nou tout ka fè yon bagay. Pa egzanp, nou ka pase tan ak zanmi nou. Nou ka pran tan pou nou koute l lè l ap pale. E nou ka pataje vèsè nou pi renmen nou konnen ki ka konsole l la avè l (Eza. 50:4). Sa k pi enpòtan an, se pou nou dispoze ede zanmi nou yo lè yo bezwen nou. — Li Pwovèb 17:17.

19. Ki jan lè nou chèche gen bon zanmi depi kounye a sa ap ede nou alavni?

19 Nou dwe pran detèminasyon pou nou chèche vin bon zanmi ak frè n ak sè n yo depi kounye a e pou n ret zanmi yo. Poukisa? Paske ènmi nou yo pral eseye sèvi ak manti ak enfòmasyon ki defòme pou yo lage divizyon nan mitan nou. Yo pral eseye fè nou vin dozado. Men, se tan yo y ap pèdi. Yo pap ka fè nou sispann renmen frè n ak sè n yo. Pa gen anyen yo fè k ap ka fè nou sispann zanmi youn ak lòt. Anfèt, amitye sa yo pap sèlman la pandan fen sistèm nan, men y ap la pou tout letènite!

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

^ § 5 Tank lafen an ap pwoche, nou tout bezwen chèche vin pi bon zanmi ak kwayan parèy nou yo. Nan atik sa a, nou pral egzamine sa nou ka aprann nan egzanp Jeremi. Mete sou sa, nou pral wè lè nou chèche gen bon zanmi depi kounye a jan sa ap ede nou nan moman eprèv yo.

^ § 2 Yo pa rapòte evènman ki nan liv Jeremi an nan lòd yo te pase a.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Foto sa a montre sa k ka rive alavni pandan “gwo tribilasyon” an. Plizyè frè ak sè k al abrite yo nan etaj kay yon frè. Youn konsole lòt nan moman eprèv sa a paske yo se zanmi. Twa foto ki vin apre yo montre menm frè ak sè sa yo te vin bon zanmi depi anvan gwo tribilasyon an kòmanse.