Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

Fason lespri sen ede nou

Fason lespri sen ede nou

“Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — FLP. 4:13.

KANTIK 104 Bondye ban nou lespri sen kòm kado

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki sa ki ede nou kontinye kenbe chak jou? Esplike. b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

“LÈ M panse ak pwoblèm mwen te andire, mwen konnen m pa t ap ka pote chay sa a poukont mwen.” Èske w pa janm di yon pawòl konsa? Anpil nan nou deja di sa. Petèt ou te di sa apre w fin reflechi sou fason w te reyisi fè fas ak yon maladi grav, oswa lanmò yon moun pa w. Lè w ap reflechi sou sa k te pase a, ou santi sèl sa ki te ede w kontinye kenbe chak jou se paske lespri sen Jewova te ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Kor. 4:7-9.

2 Nou konte sou lespri sen tou pou nou ka fè fas ak monn mechan sa a (1 Jan 5:19). Mete sou sa, nou oblije lite ak “espri mechan yo”. (Efe. 6:12.) Kounye a, nou pral egzamine de fason lespri sen ede nou fè fas ak tout pwoblèm sa yo. Apre sa, nou pral pale sou fason nou ka pi byen pwofite èd lespri sen.

LESPRI SEN BAN NOU PISANS

3. Bay youn nan fason Jewova ede nou andire pwoblèm.

3 Lespri sen Jewova ede nou, li ban nou pisans, oswa fòs, pou nou pran responsablite nou malgre pwoblèm. Apot Pòl te santi li ka kontinye travay malgre pwoblèm li te genyen, paske li te konte sou “pisans Kris la”. (2 Kor. 12:9.) Pandan dezyèm vwayaj misyonè Pòl t ap fè a, nonsèlman li te fè anpil efò nan travay predikasyon an, men tou li te travay di pou l pran swen tèt li. Li te rete Korent, lakay Akila ak Prisil. Yo te konn fè tant. Piske se menm metye a Pòl te genyen tou, li te pase kèk jou ap travay avèk yo (Tra. 18:1-4). Lespri sen te bay Pòl pisans pou l travay e pou l preche.

4. Selon 2 Korentyen 12:7b-9, ki lit Pòl t ap mennen?

4 Li 2 Korentyen 12:7b-9. Nan pasaj sa a, ki sa Pòl te vle di lè l te di l ap lite ak “yon pikan nan chè” l? Si w ta gen yon pikan ki kole nan kò w, ou t ap gen gwo doulè. Donk, apot Pòl te vle di li gen yon pwoblèm ki fè l soufri menm jan an. Li te di pwoblèm sa a se “yon zanj Satan” k ap “frape” l (“bat” li, nòt) san rete. Petèt se pa t Satan oswa demon l yo dirèkteman ki te lakòz Pòl gen pwoblèm nan, kòmkwa yo ta foure yon pikan nan chè Pòl. Men, lè espri mechan sa yo te wè “pikan” an, yo te gendwa chofe pou yo fè l antre pi fon, nan sans senbolik, pou yo fè Pòl soufri pi rèd. Ki sa Pòl te fè?

5. Ki jan Jewova te reponn priyè Pòl te fè yo?

5 Okòmansman, Pòl te vle Jewova retire “pikan” an. Men sa l di: “Pandan twa fwa, mwen sipliye [Jewova] Seyè a [...], yon fason pou l retire l pou mwen.” Epoutan, malgre priyè Pòl te fè yo, pikan ki te nan chè l la te toujou la. Èske sa vle di Jewova pa t reponn priyè Pòl te fè yo? Non. Li te reponn yo. Jewova pa t retire pwoblèm nan, men l te bay Pòl fòs pou l andire l. Men sa Jewova te di: “Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” (2 Kor. 12:8, 9). Grasa èd Bondye, Pòl te kapab kontinye gen kè kontan e li te santi l anpè! — Flp. 4:4-7.

6. a) Ki jan Jewova ka reponn priyè nou yo? b) Ki pwomès nan vèsè ki nan paragraf la ki ba w fòs?

6 Menm jan ak Pòl, èske sa deja rive w ou sipliye Jewova pou l delivre w anba yon pwoblèm? Si malgre w te sipliye Jewova ak tout kè w pwoblèm nan te toujou la, oswa li te vin pi mal, èske w te di tèt ou petèt Jewova fache kont ou? Si sa te rive w, sonje egzanp apot Pòl. Menm jan Jewova te reponn priyè l te fè yo, se sèten l ap reponn priyè w fè yo tou! Jewova ka pa retire pwoblèm nan. Men, pa mwayen lespri sen, l ap ba w fòs ou bezwen pou w andire l (Sòm 61:3, 4). Petèt yo ka “lage [w] atè”, men, Jewova pap abandone w. — 2 Kor. 4:8, 9; Flp. 4:13.

LESPRI SEN EDE NOU POU N KONTINYE SÈVI JEWOVA

7-8. a) Nan ki sans nou ka konpare lespri sen ak van? b) Ki jan Pyè te esplike fason lespri sen aji?

7 Nan ki lòt domèn lespri sen ede nou? Nou ka konpare lespri sen ak van k ap vante. Yon bato ka pwofite yon van k ap vante nan bon direksyon pou l al kote l vle ale a, menmsi lanmè a move. Menm jan an tou, lespri sen ka ede nou kontinye sèvi Jewova malgre pwoblèm, jiskaske nou rive nan monn nouvo Bondye pwomèt la.

8 Antanke pechè pwason, apot Pyè te abitye ak bato. Petèt se pou sa lè l t ap pale sou fason lespri sen aji li te sèvi ak yon ekspresyon ki gen rapò ak dirije bato. Men sa l te ekri: “Se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” Mo grèk lè yo tradui l yo mete “gide” pou li a vle di literalman “pote”. — 2 Pyè 1:21, nòt.

9. Ak ki sa Pyè te vle moun yo panse lè l te itilize mo “pote” a?

9 Ak ki sa Pyè te vle moun yo panse lè l te itilize mo “pote” a? Lik, ki te ekri liv Travay la, te itilize yon lòt fòm pou menm mo grèk sa a pou l dekri yon bato van ap ‘pote ale’. (Tra. 27:15.) Donk, lè Pyè te fè konnen lespri sen t ap “pote” moun ki t ap ekri Bib la, li te sèvi ak yon “bèl ekspresyon moun ki abitye ak lanmè” konn itilize, jan yon biblis fè konn sa. Anfèt, Pyè te vle di, menm jan van ap pote yon bato pou l rive kote l prale a, se konsa tou lespri sen te pote pwofèt yo ak moun ki t ap ekri Bib la pou yo fè travay yo gen pou yo fè a. Men sa menm biblis sa a di: “Se kòmsi pwofèt yo te ouvè vwal yo.” Jewova te fè travay pa l. Li te ba yo “van” oswa lespri sen. Moun ki t ap ekri Bib la te fè travay pa yo. Yo te travay ann amoni ak direksyon lespri a te ba yo.

1YE ETAP: Patisipe nan aktivite espirityèl yo regilyèman.

2YÈM ETAP: Patisipe nan aktivite espirityèl sa yo ak tout fòs nou e fè tout sa n kapab. (Gade paragraf 11.) *

10-11. Bay de bagay nou bezwen fè pou nou sèten lespri sen ap gide nou. Bay yon egzanp.

10 Nòmalman, jodi a Jewova pa sèvi ak lespri sen pou l pèmèt moun ekri liv nan Bib la ankò. Men, Jewova toujou sèvi ak lespri sen pou ede sèvitè l yo. Jewova kontinye fè travay pa l. Ki jan nou ka benefisye èd lespri Bondye? Nou bezwen kontinye fè travay pa nou. Ki jan nou ka fè sa?

11 Ann pran yon egzanp. Pou yon maren pwofite van k ap soufle, li dwe fè de bagay. Premyèman, li bezwen dirije bato a nan direksyon van an. Dayè bato a pap avanse si maren an ret sou waf la, lwen kote van ap soufle a. Dezyèmman, li bezwen lage vwal la, epi ouvri l byen laj. Menmsi van an ap soufle, sèl sa k pou fè bato a avanse se si van an pouse vwal la. Menm jan an tou, sèl sa k ap pèmèt nou kontinye sèvi Jewova se si nou jwenn èd lespri sen. Pou lespri sen ede nou, nou dwe fè de bagay. Premyèman, nou dwe ale nan menm direksyon ak lespri sen Bondye lè nou patisipe nan aktivite ki mete nou anba enfliyans lespri sen. Dezyèmman, nou bezwen “lage vwal nou epi ouvè l” byen laj lè nou patisipe nan aktivite sa yo ak tout fòs nou e lè nou fè tout sa n kapab (Sòm 119:32). Lè nou fè de bagay sa yo, lespri sen ap ede nou lè nou jwenn opozisyon ak eprèv e l ap ede nou andire fidèlman jiskaske nou rive nan monn nouvo Bondye a.

12. Ki sa nou pral egzamine?

12 Nou deja wè de fason lespri sen ede nou. Lespri sen ban nou fòs e li ede nou rete fidèl lè n ap fè fas ak pwoblèm. Mete sou sa, lespri sen ede nou kontinye sèvi Jewova e li ede nou ret nan chemen lavi ki pap janm fini an. Kounye a nou pral egzamine kat bagay nou dwe fè pou n pi byen pwofite èd lespri sen.

FASON POU N BYEN PWOFITE ÈD LESPRI SEN

13. Selon 2 Timote 3:16, 17, ki sa Ekriti yo ka fè pou nou, men, ki sa nou dwe fè?

13 Premyèman, nou bezwen etidye Pawòl Bondye a. (Li 2 Timote 3:16, 17.) Mo grèk lè yo tradui l yo mete “se Bondye ki enspire yo” pou li a vle di literalman, “Bondye soufle”. Bondye itilize lespri l pou l soufle panse l nan lespri moun ki te ekri Bib la. Lè nou li Labib e nou medite sou sa nou li a, enstriksyon Bondye bay yo antre nan lespri nou ak nan kè nou. Panse sa yo Bondye enspire pouse nou pou nou fè lavi nou vin ann amoni ak volonte Bondye (Ebre 4:12). Men, pou nou byen pwofite èd lespri sen, nou dwe rezève tan pou n etidye Bib la regilyèman e pou n medite sou sa nou li a. Lè sa a, Pawòl Bondye a ap gen efè sou tout sa nou di ak tout sa nou fè.

14. a) Sa k fè nou ka di lespri sen la nan reyinyon nou yo? b) Ki sa k ap ede nou pou nou byen pwofite èd lespri sen nan reyinyon nou yo?

14 Dezyèmman, nou bezwen adore Bondye ansanm (Sòm 22:22). Lespri sen Jewova la nan reyinyon nou yo (Rev. 2:29). Sa k fè nou ka di sa? Paske lè nou reyini pou nou adore Bondye ak kretyen parèy nou, nou priye pou nou jwenn èd lespri sen, nou chante kantik Wayòm ki baze sou Pawòl Bondye a e nou koute enstriksyon ki baze sou Bib la yon seri frè lespri sen nome ap bay. E menm lespri sen sa a ede sè yo pou yo prepare patisipasyon yo genyen yo e pou yo fè yo. Men, pou nou byen pwofite èd lespri sen, nou bezwen prepare reyinyon yo pou n ka patisipe ladan yo. Konsa, lè nou nan reyinyon yo, nou pare pou nou resevwa lespri sen menm jan ak bato ki gen vwal yo ki ouvri.

15. Ki jan lespri sen ede nou nan travay predikasyon an?

15 Twazyèmman, nou bezwen patisipe nan travay predikasyon an. Lè nou sèvi ak Bib la nan travay predikasyon ak ansèyman an, nou pèmèt lespri sen ede nou nan sèvis nou (Wom. 15:18, 19). Men, pou nou byen pwofite èd lespri Bondye, nou dwe patisipe regilyèman nan travay predikasyon an epi itilize Bib la depi sa posib. Youn nan fason nou ka preche moun yo pi byen se lè nou sèvi ak modèl konvèsasyon ki nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a.

16. Ki fason ki pi dirèk pou nou resevwa lespri sen?

16 Katriyèmman, nou bezwen priye Jewova (Mat. 7:7-11; Lik 11:13). Fason ki pi dirèk pou nou resevwa lespri sen, se lè nou priye Jewova pou nou mande l li. Pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo pou yo pa rive jwenn Jewova, oswa ki ka bloke lespri sen, bèl kado Bondye ban nou an, pou anpeche l rive jwenn nou. Pa gen okenn mi prizon ki ka fè sa. Menm Satan pa kapab (Jak 1:17). Ki jan nou dwe priye pou n byen pwofite èd lespri sen? Pou n jwenn repons pou kesyon sa a, annou byen egzamine sa lapriyè ye lè nou sèvi ak yon egzanp nou jwenn sèlman nan Evanjil Lik la *.

PRIYE SAN RETE

17. Ki sa nou ka aprann sou lapriyè nan egzanp Jezi te bay ki nan Lik 11:5-9, 13?

17 Li Lik 11:5-9, 13. Egzanp Jezi te bay la montre fason nou dwe priye pou nou mande lespri sen. Nan egzanp lan, mesye a te resevwa sa l te bezwen an “paske [li te] kole nan kò” zanmi l lan. Li pa t pè mande zanmi l lan ede l, menm lè se te byen ta nan nuit (Lik 11:8 *). Ki rapò Jezi montre ki gen ant egzanp sa a ak lapriyè? Men sa l di: “Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou.” Donk, ki sa nou aprann? Pou nou resevwa èd lespri sen, nou dwe priye san rete pou n jwenn li.

18. Selon egzanp Jezi te bay la, sa k fè nou ka gen konfyans Jewova ap ban nou lespri sen?

18 Yon lòt bagay egzanp Jezi a ede nou wè, se rezon ki fè Jewova ap ban nou lespri sen. Mesye ki nan egzanp lan te vle byen akeyi moun ki te vin lakay li a. Li te santi se yon obligasyon pou l bay vizitè ki te vin lakay li byen ta nan nuit lan manje, men l pa t gen anyen pou l ba li. Jezi te di vwazen an te fè yon bagay pou mesye a paske mesye a te kole nan kò l ap mande l pen. Ki sa Jezi te vle fè konprann? Si yon moun ki enpafè dispoze ede yon pwochen l ki kole nan kò l, alewè pou Papa nou ki nan syèl la ki gen bonte lakay li! L ap ede moun k ap priye l san rete pou yo mande l lespri sen! Kidonk, nou ka gen konfyans Jewova ap reponn priyè nou fè pou nou mande l lespri sen. — Sòm 10:17; 66:19.

19. Sa k fè nou ka gen asirans n ap pot laviktwa?

19 Nou ka gen asirans n ap pot laviktwa, malgre Satan pa sispann fè efò pou l fè nou pèdi batay la. Sa k fè nou di sa? Paske lespri sen ede nou de fason. Premyèman, li ban nou fòs nou bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm. Dezyèmman, li se fòs ki met van nan vwal nou, sa vle di ki ede nou kontinye sèvi Jewova jiskaske nou rive nan monn nouvo a. Annou pran detèminasyon pou nou byen pwofite èd lespri sen!

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

^ § 5 Atik sa a atire atansyon sou fason lespri sen Bondye ka ede nou andire. Li pale tou sou sa nou ka fè pou nou pi byen pwofite èd lespri sen.

^ § 16 Plis pase tout lòt moun ki te ekri Evanjil yo, Lik te montre priyè se yon bagay ki te enpòtan anpil nan lavi Jezi. — Lik 3:21; 5:16; 6:12; 9:18, 28, 29; 18:1; 22:41, 44.

^ § 17 Gade nòt etid ki pou “kole nan kò” nan Referans Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè, jiyè 2018, paj 4.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: 1YE ETAP: Yon frè ak yon sè ki rive nan Sal Wayòm nan. Lè yo reyini ansanm ak kwayan parèy yo, yo patisipe nan yon aktivite kote lespri sen Jewova ye. 2YÈM ETAP: Yo te prepare pou yo fè kòmantè nan reyinyon an. Menm de etap sa yo valab pou lòt aktivite yo egzamine nan atik sa a: etidye Pawòl Bondye a, patisipe nan travay predikasyon an ak priye Jewova.