Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 47

Leson nou ka aprann nan liv Levitik la

Leson nou ka aprann nan liv Levitik la

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil.” — 2 TIM. 3:16.

KANTIK 98 Se Bondye ki enspire Ekriti yo

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Poukisa kretyen yo jodi a dwe enterese nan liv Levitik la?

APOT Pòl te fè Timote, zanmi l lan ki te yon jèn gason, sonje “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil”. (2 Tim. 3:16.) Lè l pale de Ekriti yo, liv Levitik la ladan l tou. Ki jan w konsidere liv sa a ki nan Bib la? Kèk moun ka di se yon liv ki gen yon pakèt règ ladan l ki pa aplikab pou epòk nou an, men vrè kretyen yo pa wè bagay yo konsa.

2 Yo te ekri liv Levitik la sa gen anviwon 3 500 ane, epoutan Jewova konsève l “pou enstriksyon nou”. (Wom. 15:4.) Piske liv Levitik la ede nou byen konprann panse Jewova, nou ta dwe chofe pou nou egzamine l. Anfèt, gen yon pakèt leson nou ka aprann nan liv enspire sa a. Ann egzamine kat ladan yo.

FASON NOU KA JWENN FAVÈ JEWOVA

3. Poukisa yo te konn ofri sakrifis chak ane nan jou Pirifikasyon an?

3 Premye leson: Nou bezwen jwenn favè Jewova pou l ka aksepte sakrifis nou yo. Chak ane, nan jou Pirifikasyon an, nasyon Izrayèl la te konn rasanble e yo te konn ofri sakrifis bèt. Sakrifis sa yo te ede Izrayelit yo sonje yo bezwen jwenn padon pou peche yo fè! Men, anvan gran prèt la pote san li t ap ofri kòm sakrifis la nan Kote ki pi sen an nan jou sa a, toudabò, li te dwe fè yon lòt travay, yon travay ki te pi enpòtan pase jwenn padon pou peche nasyon an.

(Gade paragraf 4.) *

4. Jan nou wè sa nan Levitik 16:12, 13, ki sa gran prèt la te fè pandan l t ap antre Kote ki pi sen an premye fwa nan jou Pirifikasyon an? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

4 Li Levitik 16:12, 13. Imajine sa k te konn pase nan jou Pirifikasyon an: Gran prèt la antre nan tabènak la. Se premye nan twa fwa li dwe antre nan Kote ki pi sen an jou sa a. Li kenbe yon veso ki plen ak lansan santi bon nan yon men, e li kenbe yon veso annò ki plen ak chabon dife nan lòt men an. Li fè yon ti kanpe devan rido ki bare antre Kote ki pi sen an. Avèk anpil respè, li antre Kote ki pi sen an e li kanpe devan lach alyans lan. Nan yon sans senbolik, se kòmsi li kanpe devan Jewova Dye! Kounye a, prèt la vide lansan sakre a tou dousman sou chabon dife a, epi gen yon bon sant ki anvayi espas la *. Annapre, l ap antre Kote ki pi sen an ankò ak san li pral bay kòm ofrann pou peche yo. N ap remake li boule lansan an anvan l prezante san l ap bay kòm ofrann pou peche yo.

5. Ki sa nou ka aprann nan fason yo te konn sèvi ak lansan nan jou Pirifikasyon an?

5 Ki sa nou ka aprann nan fason yo te konn sèvi ak lansan nan jou Pirifikasyon an? Labib montre priyè sèvitè fidèl Jewova yo fè ki akseptab yo tankou lansan (Sòm 141:2; Rev. 5:8). N ap sonje se avèk anpil respè gran prèt la te konn pote lansan devan Jewova. Menm jan an tou, lè n ap priye Jewova, nou fè sa ak anpil respè. Nou vrèman gen rekonesans dèske Kreyatè linivè a pèmèt nou pwoche bò kote l, menm jan yon timoun pwoche bò kote papa l (Jak 4:8). Li aksepte nou kòm zanmi l (Sòm 25:14)! Nou tèlman apresye privilèj sa a, nou pa ta renmen janm fè anyen k ap fè Jewova fache.

6. Lefètke gran prèt la te boule lansan anvan l te ofri sakrifis, ki sa sa aprann nou?

6 Sonje sa, gran prèt la te dwe boule lansan an anvan li ofri sakrifis yo. Konsa, li te sèten Bondye t ap apwouve l lè l ap ofri sakrifis yo. Ki sa sa aprann nou? Lè Jezi te sou tè a, anvan l te bay lavi l kòm sakrifis, li te dwe fè yon bagay enpòtan, yon bagay ki pi enpòtan pase pèmèt limanite jwenn delivrans. Ki sa? Li te dwe obeyi Jewova fidèlman pandan tout vi l sou tè a pou Jewova te ka aksepte sakrifis li a. Konsa, Jezi t ap montre pi bon fason pou yon moun viv se lè l fè bagay yo jan Jewova vle l la. E Jezi t ap defann dwa Papa l genyen pou l dirije antanke Souvren an oswa li t ap pwouve fason Papa l dirije a dwat e li jis.

7. Sa k fè fason Jezi te viv sou tè a te fè Papa l plezi?

7 Pandan tout vi Jezi sou tè a, li te toujou obeyi prensip jis Jewova yo yon fason ki pafè. Pa gen okenn tantasyon oswa eprèv, pa menm lanmò terib ki t ap tann li an, ki te kapab anpeche l montre se fason Papa l dirije a ki pi bon (Flp. 2:8). Lè Jezi t ap fè fas ak eprèv, li te priye “avèk gwo rèl ak dlo nan je”. (Ebre 5:7.) Priyè sensè li te fè yo te montre li fidèl ak Jewova e sa te fè l gen plis detèminasyon pou l kontinye obeyi l. Pou Jewova, priyè Jezi yo te tankou lansan santi bon. Fason Jezi te viv te fè Papa l plezi anpil e sa te montre Papa l gen dwa pou l dirije antanke Souvren.

8. Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi nan fason l t ap viv?

8 Nou ka imite Jezi lè nou fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova e pou n fidèl avè l. Lè nou jwenn eprèv, nou priye Jewova ak tout kè nou pou l ede nou paske nou vle fè l plezi. Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak fason Jewova ap dirije a. Nou konnen Jewova pap aksepte priyè nou si nou gen yon konduit li kondane. Men, si n ap viv ann amoni ak prensip Jewova yo, nou ka gen asirans priyè nou fè ak tout kè nou ap tankou lansan ki santi bon pou Jewova. E nou mèt sèten fidelite nou ak obeyisans nou ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi. — Pwo. 27:11.

REKONESANS AK LANMOU NOU GEN POU JEWOVA POUSE NOU SÈVI L

(Gade paragraf 9.) *

9. Poukisa yo te konn fè sakrifis kominyon yo?

9 Dezyèm leson: Nou sèvi Jewova paske nou genyen l rekonesans. Pou nou wè sa, annou reflechi sou sakrifis kominyon Izrayelit yo te konn fè, ki te yon lòt aspè enpòtan nan vrè adorasyon an *. Nan liv Levitik la, nou aprann yon Izrayelit te ka fè yon sakrifis kominyon “pou l di Bondye mèsi”. (Lev. 7:11-13, 16-18.) Li pa t fè ofrann sa a paske li te oblije fè l, men paske l te vle fè l. Konsa, se te yon ofrann kè moun nan te pouse l fè paske l renmen Jewova, Bondye l la. Ni moun ki t ap fè ofrann nan, ni fanmi l ansanm ak prèt yo te konn manje vyann bèt yo te ofri kòm sakrifis la. Men, gen kèk pati nan bèt yo te ofri kòm sakrifis la se Jewova sèlman yo te ofri l. Ki pati sa yo?

(Gade paragraf 10.) *

10. Ki sa sakrifis kominyon yo mansyone nan Levitik 3:6, 12, 14-16 yo aprann nou sou sa k te pouse Jezi fè volonte Papa l?

10 Twazyèm leson: Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an paske nou renmen l. Jewova te konsidere grès ki nan yon bèt kòm pati ki pi bon nan bèt la. Li te di gen kèk pati nan bèt la, tankou grenn vant yo, ki te enpòtan anpil. (Li Levitik 3:6, 12, 14-16.) Donk, Jewova te kontan anpil lè kè yon Izrayelit te pouse l ofri l pati ki enpòtan anpil nan bèt la ansanm ak grès la. Yon Izrayelit ki te fè yon ofrann konsa te demontre volonte l genyen pou l ofri Bondye sa l genyen ki pi bon an. Menm jan an tou, Jezi te dispoze ofri Jewova sa l genyen ki pi bon an lefètke l te sèvi L ak tout nanm li paske l te renmen L (Jan 14:31). Jezi te pran plezi fè volonte Bondye. Li te renmen lwa Bondye yo anpil (Sòm 40:8). Se pa ti kontan Jewova dwe te kontan lè l wè Jezi ki dispoze sèvi l ak tout kè l!

Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an paske nou renmen l. (Gade paragraf 11-12.) *

11. Nan ki sans sèvis n ap bay Bondye a tankou sakrifis kominyon, e ki jan sa ka konsole nou?

11 Menm jan ak sakrifis kominyon sa yo, sèvis n ap bay Jewova a montre jan nou renmen l. Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, e nou fè sa paske nou renmen l ak tout kè nou. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè plizyè milyon moun k ap adore l dispoze sèvi l paske yo renmen l anpil e yo renmen fason l ap dirije! Sa konsole nou lè n sonje Jewova wè nonsèlman sa nou fè yo, men tou, sa ki pouse nou aji konsa e li bay sa valè. Pa egzanp, si w granmoun anpil e w vin pa ka fè sa w ta renmen fè, ou mèt gen asirans Jewova konprann ou. Ou ka santi pa gen anpil bagay ou ka fè pou Jewova, men Jewova wè lanmou w gen pou li nan kè w ki pouse w fè sa w kapab. Li kontan aksepte pi bon bagay ou kapab ba li a.

12. Ki jan Jewova te konn konsidere sakrifis kominyon yo e ki asirans sa ban nou?

12 Ki sa nou ka aprann nan sakrifis kominyon ki te konn fèt yo? Pandan dife t ap boule pi bon pati nan bèt la, lafimen an te monte e sa te fè Jewova kontan. Kidonk, ou mèt gen asirans Jewova kontan paske w dispoze sèvi l ak tout nanm ou (Kol. 3:23). Imajine jan l kontan lè l ap gade w. Kèlkeswa sa w fè nan sèvis Jewova, kit li gwo, kit li piti, li bay sa anpil valè e li pap janm bliye sa. — Mat. 6:20; Ebre 6:10.

JEWOVA BENI ÒGANIZASYON L LAN

13. Selon Levitik 9:23, 24, ki jan Jewova te montre li apwouve sèvis prèt yo t ap fè a?

13 Katriyèm leson: Jewova beni pati òganizasyon l lan ki sou tè a. Ann reflechi sou sa k te rive nan ane 1512 anvan epòk nou an, lè yo te monte tabènak la nan pye mòn Sinayi (Egz. 40:17). Moyiz te òganize yon evènman kote Arawon ak pitit gason Arawon yo te vin prèt. Nasyon Izrayèl la te rasanble pou yo wè prèt yo k ap prezante premye sakrifis bèt yo t ap bay yo (Lev. 9:1-5). Ki jan Jewova te montre li apwouve travay prèt yo ki te fèk kòmanse sèvis yo? Pandan Arawon ak Moyiz t ap beni pèp la, Jewova te fè dife boule rès sakrifis ki te sou lotèl la. — Li Levitik 9:23, 24.

14. Poukisa fason Jewova te montre l apwouve Arawon ak pitit gason l yo kòm prèt enterese nou jodi a?

14 Ki sa dife ki te sot nan syèl la te montre? Jewova te voye dife a pou l montre li apwouve Arawon ak pitit li yo pou yo fè sèvis yo antanke prèt e li soutni yo. Lè Izrayelit yo te wè prèv sa a ki te montre Jewova te ansanm ak prèt yo, yo te gen bonjan rezon pou yo ba yo tout sipò yo. Èske sa gen rapò avè n? Wi! Sèvis prèt yo te konn fè ann Izrayèl la te montre t ap gen lòt prèt pi devan ki t ap gen pou yo fè yon travay ki pi enpòtan. Kris, Gran Prèt ki gen plis pouvwa a, gen 144 000 prèt ki wa anmenmtan ki pral sèvi ansanm avè l nan syèl la. — Ebre 4:14; 8:3-5; 10:1.

Jewova beni òganizasyon l lan e l ap gide l. Nou soutni òganizasyon an ak tout kè n. (Gade paragraf 15-17.) *

15-16. Ki jan Jewova montre li apwouve “esklav fidèl ki prevwayan an”?

15 An 1919, Jezi te chwazi yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl antanke “esklav fidèl ki prevwayan an”. Esklav sa a ap dirije travay predikasyon an e li bay disip Kris yo “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Èske w wè prèv klè ki montre Bondye apwouve esklav fidèl ki prevwayan an?

16 Satan ak akolit li yo ap chèche anpeche esklav fidèl la fè travay li. Si se pa t Jewova, li t ap enposib pou esklav la fè travay sa a. Malgre de gè mondyal yo, pèsekisyon san rete, kriz ekonomik ki gen nan lemonnantye ak move tretman, esklav fidèl ki prevwayan an kontinye bay disip Kris ki sou tè a manje nan domèn espirityèl. Reflechi ak pakèt manje espirityèl ki disponib gratis jodi a, nan plis pase 900 lang! Sa se prèv klè ki montre Bondye ap soutni esklav la. Travay predikasyon an se yon lòt prèv ki montre kantite benediksyon Jewova vide sou esklav la. Se toutbon y ap preche bon nouvèl la “sou tout tè a”. (Mat. 24:14.) Pa gen dout, Jewova ap gide òganizasyon l lan jodi a e li beni l anpil.

17. Ki jan nou ka montre n ap soutni òganizasyon Jewova ap itilize a?

17 Li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske m gen rekonesans lefètke m ap kolabore ak pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a?’ Nan epòk Moyiz ak Arawon an, Jewova te fè yon dife sot nan syèl la pou l montre li te apwouve moun li te chwazi yo. Menm jan an tou, Jewova ban nou prèv klè ki montre l ap sèvi ak òganizasyon l lan jodi a. Vrèmanvre, nou gen anpil rezon pou nou demontre obeyisans (1 Tes. 5:18, 19). Ki jan nou ka montre n ap soutni òganizasyon Jewova ap itilize a? Se lè nou aplike konsèy ki baze sou Bib la nou jwenn nan piblikasyon nou yo, nan reyinyon yo, nan asanble yo ak kongrè yo. Mete sou sa, nou ka montre n ap soutni òganizasyon an lè nou fè tout sa n kapab nan travay predikasyon ak ansèyman an. — 1 Kor. 15:58.

18. Ki detèminasyon w pran?

18 Annou pran detèminasyon pou nou aplike leson nou aprann nan liv Levitik la. Nou ta renmen pou Jewova aksepte sakrifis nou fè yo. Nou ta renmen kontinye sèvi Jewova paske nou genyen l rekonesans. Nou ta renmen kontinye bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an paske nou renmen l ak tout kè nou. E nou ta renmen kontinye soutni òganizasyon Jewova a l ap beni jodi a ak tout kè nou. Konsa, n ap montre Jewova nou bay privilèj nou genyen pou nou sèvi l antanke Temwen l lan anpil valè!

KANTIK 96 Liv Bondye a se yon trezò

^ § 5 Liv Levitik la gen ladan l yon seri lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl tan lontan an. Antanke kretyen, nou pa anba lwa sa yo, men nou ka jwenn byenfè grasa yo. Nan atik sa a, nou pral pale sou bonjan leson nou ka aprann nan liv Levitik la.

^ § 4 Yo te konsidere lansan yo te konn boule nan tabènak la kòm yon bagay ki sakre, e nan Izrayèl tan lontan an, yo te konn itilize l sèlman nan adorasyon yo t ap bay Jewova a (Egz. 30:34-38). Pa gen okenn kote ki montre premye kretyen yo te konn boule lansan nan seremoni relijye yo t ap fè.

^ § 9 Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan sakrifis kominyon, gade liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 847.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan jou Pirifikasyon an, Izrayelit ki te gran prèt la te antre Kote ki pi sen an ak lansan ak chabon dife tou limen pou l fè yon bon sant gaye nan espas la. Apre sa, li te antre Kote ki pi sen an ankò ak san bèt li te ofri kòm sakrifis pou peche a.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon Izrayelit ki mennen yon mouton bay yon prèt kòm yon sakrifis kominyon pou l montre rekonesans fanmi l genyen pou sa Jewova fè pou yo.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te montre li renmen Jewova anpil lè l te obeyi kòmandman Bondye yo e l te ede disip li yo pou yo obeyi yo tou.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki granmoun ki bay Jewova sa li genyen ki pi bon an, malgre l pa ka fè tout sa l te konn fè, li bay temwayaj pa mwayen lèt.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: An fevriye 2019, frè Gerrit Lösch ki manm Kolèj santral la te prezante Tradiksyon monn nouvo revize a ann alman devan yon foul moun ki gen rekonesans e ki kontan anpil. Jodi a, pwoklamatè nan peyi Almay yo, menm jan ak de sè sa yo, kontan sèvi ak nouvo Bib la nan travay predikasyon an.