Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se kounye a pou w chwazi soutni Wayòm Bondye a!

Se kounye a pou w chwazi soutni Wayòm Bondye a!

Imajine gen yon gwo siklòn k ap vin nan zòn kote w rete a. Otorite nan gouvènman an fè pase yon mesaj ann ijans nan nouvèl pou di: “CHAPE POUL NOU! METE KÒ NOU ALABRI KOUNYE A!” Ki sa ki t ap pi bon pou w fè? Se sèten w t ap chèche yon refij pou w sove tèt ou.

Nan yon sans, gen yon gwo “tanpèt” k ap vin sou nou tout. Jezi te rele l yon “gwo tribilasyon”. (Matye 24:21.) Nou pa ka evite tribilasyon sa a, men nou ka fè yon bagay k ap pèmèt nou jwenn pwoteksyon. Ki sa l ye?

Nan Diskou sou mòn nan, Jezi te bay konsèy sa a: “Kidonk, kontinye chèche Wayòm [Bondye a] an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye.” ​(Matye 6:33). Kòman nou ka fè sa?

Chèche Wayòm Bondye a an premye. Sa vle di nou ta dwe konsidere Wayòm Bondye a kòm bagay ki pi enpòtan nan lavi a (Matye 6:25, 32, 33). Sa k fè se konsa nou dwe konsidere l? Paske lèzòm tou senpleman pa kapab rezoud pwoblèm limanite yo. Se sèl Wayòm Bondye a ki kapab fè sa.

Chèche fè sa ki jis nan je Bondye. Nou dwe fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak lwa ak prensip Jewova yo ki jis. Poukisa? Paske si n deside pou tèt nou sa ki byen ak sa ki mal, sa pa prale byen pou nou (Pwovèb 16:25). Yon lòt bò, si n viv selon prensip Bondye yo, non sèlman n ap fè Bondye plezi, men tou n ap jwenn anpil byenfè. — Ezayi 48:17, 18.

Kontinye chèche Wayòm Bondye a an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye. Jezi te fè konnen gen moun ki t ap vin distrè e ki t ap panse yo ka jwenn sekirite lè yo chèche fè plis lajan toutotan yo kapab. Gen lòt ki t ap kite enkyetid lavi a tèlman anvayi yo, yo pa t ap gen tan pou yo chèche Wayòm Bondye a. — Matye 6:19-21, 25-32.

Men, Jezi te pwomèt moun ki soutni Wayòm Bondye a ap jwenn sa yo bezwen kounye a e y ap jwenn benediksyon k ap la pou toutan alavni. — Matye 6:33.

Byenke disip Jezi yo ki t ap viv nan premye syèk la te chèche Wayòm Bondye a an premye e yo te fè sa ki jis nan je Bondye an premye, tout soufrans ak doulè pa t fini pou yo. Sepandan, yo te jwenn pwoteksyon. Kòman?

Yo te viv ann amoni ak prensip Bondye yo, e sa te pwoteje yo anba yon seri pwoblèm moun ki pa t obeyi Bondye te jwenn. Lafwa solid yo te gen nan Wayòm nan ki t ap vini te ede yo fè fas ak pwoblèm yo, menm sa ki te parèt pi difisil yo. Bondye te ba yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou yo andire. — 2 Korentyen 4:7-9.

ÈSKE W AP CHÈCHE WAYÒM NAN AN PREMYE?

Kretyen yo nan premye syèk la te obeyi kòmandman Jezi te bay pou yo chèche Wayòm nan an premye a. Yo te preche bon nouvèl Wayòm nan tout kote yo te ye (Kolosyen 1:23). Èske gen moun k ap fè sa jodi a?

Wi! Temwen Jewova yo konprann pa ret anpil tan pou Wayòm Bondye a mete yon fen nan sistèm sa a. Se sa k fè yo bay tout yo menm pou yo fè sa Jezi te mande a, lè l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Kòman w ap reyaji devan bon nouvèl sa a? Nou ankouraje w pou w fè menm jan ak moun ki t ap viv nan vil Bere, nan Masedwàn, nan premye syèk la. Lè yo te tande bon nouvèl konsènan Wayòm nan apot Pòl t ap preche a, “yo te byen dispoze” e yo te aksepte l. Epi, “yo te konn byen egzamine Ekriti yo” pou yo verifye sa yo te tande yo e yo te aji ann amoni ak sa yo te aprann nan. — Travay 17:11, 12.

Ou ka fè menm bagay la. Lè w kontinye chèche Wayòm Bondye a an premye e w kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, depi kounye a w ap jwenn pwoteksyon, e alavni w ap jwenn lapè ak sekirite nètale.