Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 20-21

“Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou”

“Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou”

20:28

Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, ki te pran tèt yo pou yon pakèt afè, te vle pou moun wè yo epi salye yo sou plas piblik.

Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, ki te pran tèt yo pou yon pakèt afè, te vle pou moun wè yo epi fè lwanj pou yo (Mt 23:5-7). Men, Jezi li menm pa t konsa. Labib fè konnen: “Pitit lòm nan pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun.” (Mt 20:28). Èske nou plis konsantre n sou aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a ki ka fè moun wè nou epi fè lwanj pou nou? Yo te konsidere Jezi kòm yon moun ki gen anpil enpòtans paske li te toujou konn ap chèche ede lòt moun. Si nou vle gen enpòtans nan je Jewova, n ap fè efò pou n imite Jezi lè n fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun. Byen souvan, moun pa wè èd sa yo, men Jewova toujou wè yo (Mt 6:1-4). Yon moun ki renmen sèvi moun ap...

  • patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan epi kenbe l nan bon kondisyon

  • pran inisyativ pou l ede moun ki aje yo san wete lòt moun tou

  • fè ofrann pou l soutni enterè Wayòm nan