Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou

Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou

Se vre kretyen yo pa sou Lalwa Moyiz la, sepandan sa pa anpeche de pi gwo kòmandman ki mande pou n renmen Bondye ak pwochen nou yo rezime sa Jewova ap atann de nou jis jounen jodi a (Mt 22:37-39). Nou pa tou fèt ak lanmou sa a, nou dwe fè efò pou n genyen l. Ki jan n ka rive genyen l? Youn nan pi bon fason an se lè nou li Labib chak jou. Lè n medite sou divès aspè ki gen nan pèsonalite Bondye, jan sa parèt nan Bib la, nou rive wè “tout bon bagay Jewova gen lakay li”. (Sm 27:4.) Kòm rezilta, nou vin renmen l pi plis epi nou vin plis wè bagay yo menm jan avè l. Anplis de sa, sa pouse n obeyi kòmandman Bondye yo, san wete kòmandman ki mande pou n renmen lòt moun opwen nou dispoze fè sakrifis pou yo (Jan 13:34, 35; 1J 5:3). Men twa fason w ka itilize pou w fè lekti Labib ou vin pi enteresan:

  • Sèvi ak imajinasyon w epi viv sa w ap li a. Eseye wè tèt ou nan sèn nan. Ki sa w wè, ki sa w tande e ki sant ou pran? Ki jan w panse moun y ap pale de yo nan istwa a santi yo?

  • Itilize divès fason pou w li. Men kèk opsyon: Ou ka li awotvwa, ou ka koute yon anrejistreman odyo pandan w ap suiv nan bib ou. Ou ka li yon istwa ki pale sou yon moun nan Bib la oswa sou yon sijè olye pou w li chapit yo nan lòd yo ye a. Pa egzanp, sèvi ak Apendis A7 oswa B12 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a pou w li sou lavi Jezi. Li tout chapit tèks pou jounen an soti a. Li Bib la nan lòd yo te ekri l la.

  • Pa annik li pou li. Li pi bon lontan pou w li menmsi se yon chapit chak jou nan objektif pou w konprann epi medite sou sa w li a, olye pou w li yon pakèt chapit jis pou w ka di w te li. Egzamine kontèks la. Egzamine tout ti detay yo epi sèvi ak kat yo e ak referans ki nan mitan chak paj yo. Fè rechèch sou omwen yon bagay ou pa konprann. Si sa posib, pase plizoumwen menm kantite tan ou fè ap li a pou w ka medite.