Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Yon seri bèje k ap travay pou byen pèp Jewova a

Yon seri bèje k ap travay pou byen pèp Jewova a

Anpil moun mal wè moun ki gen otorite. E nou ka konprann yo! Istwa lèzòm chaje ak moun ki mal sèvi ak otorite yo nan enterè pa yo (Mi 7:3). Ala nou rekonesan poutèt ansyen yo nan kongregasyon an te pran fòmasyon pou yo sèvi ak otorite yo pou byen pèp Jewova a! — Est 10:3; Mt 20:​25, 26.

Kontrèman ak moun ki gen otorite nan monn sa a, ansyen yo chèche vin siveyan paske yo renmen Jewova ak pèp li a (Jn 21:16; 1P 5:​1-3). Anba direksyon Jezi, bèje sa yo ede chak pwoklamatè pou yo santi yo lakay yo nan mitan fanmi adoratè Jewova yo fòme a, e pou yo rete pwòch ak Jewova. Yo pa pran tan pou yo ede twoupo Jewova a ki bezwen èd espirityèl e pou yo ede lè gen ijans medikal oswa lè yon katastwòf frape. Si w bezwen èd, poukisa w pa pran inisyativ pou w kontakte yon ansyen nan kongregasyon w lan? — Jk 5:14.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ANSYEN YO BYEN PRAN SWEN TWOUPO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan Mariana te jwenn byenfè nan èd ansyen yo te ba li?

  • Ki jan Elias te jwenn byenfè nan èd ansyen yo te ba li?

  • Ki jan eksperyans sa yo gen efè sou fason w wè travay ansyen yo ap fè a?