Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Sèvi ak paj akèy sit JW.ORG la nan travay predikasyon an

Sèvi ak paj akèy sit JW.ORG la nan travay predikasyon an

Paj akèy sit Entènèt nou an gen atik ak videyo ki fèt pou kapte atansyon moun nan piblik la ki gen kè sensè (Tr 13:48). Souvan, li mete aksan sou sa k ap pase nan nouvèl yo oswa bagay moun yo ap reflechi oswa y ap pale sou yo.

Ki jan w ka sèvi ak paj akèy sit jw.org la nan travay predikasyon an?

  • Al sou sit la regilyèman. Note ki sa ki nan seksyon fè yon koudèy la epi gade pou w wè ki jan w ta ka sèvi avèk yo pou ede yon moun ki enterese. (Pou w jwenn lòt enfòmasyon ki pa gen twò lontan depi yo te poste yo sou paj akèy la, klike sou “gade plis”.) Lè w rete ajou ak sit Entènèt la, sa ap ede w gen nouvo ide pou w itilize nan travay predikasyon an.

  • Sèvi ak atik ansanm ak videyo ki sou paj akèy la pou kòmanse yon konvèsasyon. Sijè sa yo ka ban nou ide sou sa moun nan tèritwa nou yo ka ap reflechi sou yo.

  • Montre moun yo paj akèy la. Mete aksan sou kèk sijè byen presi, epi montre moun nan fason pou l navige sou sit la.

  • Pataje yon lyen. Gen kèk moun ki renka pou yo pale avèk nou fasafas, men yo ka dispoze al vizite sit nou an. Kidonk, pa ezite voye yon lyen paj akèy la oswa yon atik byen presi oubyen yon videyo ki sou paj akèy la pou moun ki enterese yo.