Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova sove moun lespri yo kraze

Jewova sove moun lespri yo kraze

Pafwa, tout moun konn santi yo tris. Lè yon moun tris sa pa vle di li pa gen lafwa nan Jewova. Dayè, menm Jewova fè konnen li konn tris pafwa (Jen 6:​5, 6). Men, e si w santi tristès anvayi w souvan oswa menm toutan?

Chèche èd Jewova. Jewova vrèman enterese nan sante mantal nou ak sante emosyonèl nou. Li konnen lè nou kontan ak lè nou tris. Li konprann rezon ki fè nou panse e nou santi nou fason sa a (Sm 7:9b). Sa k pi enpòtan an, Jewova gen sousi pou nou e li ka ede nou fè fas ak santiman tristès nou genyen yo oswa menm ede nou fè fas ak depresyon. — Sm 34:18.

Pran swen sante mantal nou. Emosyon negatif yo ka afekte ni kè kontan nou ni adorasyon n ap bay Jewova a. Se pou rezon sa, nou fè byen lè n pwoteje kè nou, sa vle di moun nou ye pa anndan an. — Pw 4:23.

GADE VIDEYO KI GEN TIT FASON FRÈ AK SÈ YO AP VIV ANPÈ MALGRE DEPRESYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki bagay pratik Nikki te fè pou ede l fè fas ak depresyon?

  • Poukisa Nikki te santi l bezwen èd medikal? — Mt 9:12

  • Nan ki sans Nikki te konte sou Jewova pou ede l?