Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

Ou kapab vin “yon gwo rekonfò” pou lòt moun

Ou kapab vin “yon gwo rekonfò” pou lòt moun

“Se yo menm [...] ki konpayon travay mwen pou Wayòm Bondye a, e yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen.” — KOL. 4:11.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sitiyasyon difisil anpil sèvitè Jewova ki fidèl ap viv jodi a?

TOUPATOU sou tè a, gen anpil sèvitè Jewova k ap viv yon seri sitiyasyon difisil, ki menm fè yo soufri. Èske w wè sa nan kongregasyon w lan? Gen kèk kretyen k ap lite anba yon maladi grav oswa ki gen yon moun pa yo ki mouri. Gen lòt k ap soufri akoz yo gen yon moun nan fanmi yo oswa yon bon zanmi yo ki kite laverite. Gen lòt menm ki viktim anba katastwòf natirèl. Tout frè ak sè sa yo bezwen rekonfò. Ki jan nou ka ede yo?

2. Poukisa pafwa apot Pòl te bezwen rekonfò?

2 Apot Pòl te viv yon seri sitiyasyon youn apre lòt ki te met lavi l an danje (2 Kor. 11:23-28). Mete sou sa, li te oblije sipòte “yon pikan nan chè” l, petèt se te yon pwoblèm sante (2 Kor. 12:7). E li te oblije fè fas ak sitiyasyon ki te dekouraje l lè Demas ki te yon konpayon travay li te abandone l paske, selon sa Pòl di: “[Demas te] renmen sistèm ki la kounye a.” ​(2 Tim. 4:10). Pòl se te yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te gen anpil kouraj, li te ede lòt moun san se pa yon enterè l t ap defann. Men, pafwa li te konn santi l dekouraje. — Wom. 9:1, 2.

3. Kiyès ki te bay Pòl rekonfò e ki te ede l?

3 Pòl te jwenn rekonfò ak èd li te bezwen. Ki jan? Se sèten, Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l ba l fòs (2 Kor. 4:7; Flp. 4:13). Jewova te ba l rekonfò tou pa mwayen kretyen parèy li yo. Pòl te fè konnen kèk nan konpayon travay li yo te “yon gwo rekonfò” pou li (Kol. 4:11). Pami moun li te site non yo, gen Aristak, Tichik ak Mak. Yo te bay Pòl fòs, yo te ede l andire. Ki kalite ki te pouse twa kretyen sa yo bay bonjan rekonfò konsa? Ki jan nou ka suiv bèl egzanp yo bay pandan youn ap chèche bay lòt rekonfò ak ankourajman?

SE POU NOU FIDÈL MENM JAN AK ARISTAK

Menm jan ak Aristak, nou ka vin yon zanmi ki fidèl lè n ret ansanm ak frè n ak sè n yo “lè gen malè”. (Gade paragraf 4-5.) *

4. Ki jan Aristak te montre Pòl li se yon zanmi ki fidèl?

4 Aristak, yon kretyen ki moun Masedwàn, nan zòn Tesalonik, te montre Pòl li se yon zanmi ki fidèl. Premye fwa yo pale de Aristak se lè Pòl te vizite Efèz nan twazyèm vwayaj misyonè l t ap fè a. Pandan Aristak te ansanm ak Pòl, gen yon foul moun ki te met men sou li (Tra. 19:29). Lè yo te resi lage l, li pa t chèche pwoteje tèt pa l, men li te ret la ak Pòl. Kèk mwa annapre, nan peyi Lagrès, Aristak te toujou ret bò kote Pòl, menm lè yon seri opozan t ap eseye touye Pòl (Tra. 20:2-4). Ozanviwon ane 58 epòk nou an, lè yo te voye Pòl nan prizon nan vil Wòm, Aristak te fè vwayaj byen long sa a ansanm avè l, e bato te koule avè yo pandan vwayaj la (Tra. 27:1, 2, 41). Lè yo rive Wòm, sanble li te pase kèk tan nan prizon ansanm ak Pòl (Kol. 4:10). Nou pa bezwen mande jan Pòl te santi l jwenn kouraj ak rekonfò nan men yon konpayon fidèl konsa!

5. Selon Pwovèb 17:17, ki jan nou ka montre nou se yon zanmi ki fidèl?

5 Menm jan ak Aristak, nou kapab yon zanmi ki fidèl lè nou rete pwòch frè n ak sè n yo nonsèlman nan bon tan, men tou “lè gen malè”. (Li Pwovèb 17:17.) Menm apre yon eprèv fin pase, frè n ak sè n yo ka toujou bezwen konsolasyon nan men nou. Frances * te pèdi toule de paran l yo nan espas twa mwa akoz yo te fè kansè. Men sa l di: “Mwen panse gwo eprèv yo gen efè sou nou, menm apre anpil tan. E sa touche m lè m wè yon seri zanmi fidèl sonje mwen toujou ap soufri, menm apre kèk tan depi paran m yo mouri.”

6. Ki sa n ap fè si nou fidèl?

6 Lè nou se yon zanmi ki fidèl, sa pouse nou fè sakrifis pou nou ede frè n ak sè n yo. Pa egzanp, doktè te fè yon frè ki rele Peter konnen li gen yon maladi ki grav anpil e li pa lwen mouri. Men sa madanm li ki rele Kathryn di: “Yon mari ak madanm nan kongregasyon nou an te mennen nou kay doktè e se lè sa a nou te vin aprann ki maladi Peter genyen. Depi lè sa a, yo te deside pou yo pa lage nou nan moman difisil sa a, e yo te toujou avèk nou kèlkeswa lè n te bezwen yo.” Se pa ti konsole sa konsole nou lè nou gen vrè zanmi ki ka ede nou andire eprèv nou yo!

MENM JAN AK TICHIK, YO DWE KAPAB FÈ NOU KONFYANS

Menm jan ak Tichik, nou ka vin yon zanmi moun fè konfyans lè lòt moun ap lite anba pwoblèm. (Gade paragraf 7-9.) *

7-8. Selon Kolosyen 4:7-9, ki jan Tichik te montre li se yon moun yo ka fè konfyans?

7 Tichik, yon kretyen ki soti nan tèritwa Azi ki te anba dominasyon Wòm, se te yon moun Pòl te ka fè konfyans toutbon (Tra. 20:4). Ozanviwon ane 55 epòk nou an, Pòl te òganize travay ranmase kòb pou ede kretyen ki te nan Jide yo, e petèt li te mande Tichik ede l nan travay enpòtan sa a (2 Kor. 8:18-20). Annapre, lè yo te met Pòl nan prizon nan vil Wòm premye fwa a, li te itilize Tichik antanke mesaje l. Li te pote lèt ak mesaj ankourajman Pòl te ekri kongregasyon ki te ann Azi yo. — Kol. 4:7-9.

8 Tichik se te yon zanmi Pòl te ka fè konfyans (Tit 3:12). Se pa tout kretyen nan epòk sa a Pòl te ka konte sou yo menm jan ak Tichik. Ozanviwon ane 65 epòk nou an, pandan Pòl te nan prizon dezyèm fwa a, Pòl te fè konnen gen anpil kretyen nan zòn Azi ki te abandone l, petèt paske yo te pè opozan yo (2 Tim. 1:15). Men, Pòl te ka konte sou Tichik e l te ba l yon lòt asiyasyon (2 Tim. 4:12). Se sèten Pòl te kontan gen yon bon zanmi tankou Tichik.

9. Ki jan nou ka imite Tichik?

9 Nou ka imite Tichik lè nou montre nou se yon zanmi moun ka fè konfyans. Pa egzanp, nou pa sèlman pwomèt frè n ak sè n ki nan bezwen yo n ap ede yo, men tou, nou aji pou n ede yo (Mat. 5:37; Lik 16:10). Lè moun ki nan bezwen yo konnen yo ka konte sou nou, sa konsole yo toutbon. Men ki rezon yon sè bay pou l esplike sa. Li di: “Ou pa bay tèt ou plis pwoblèm paske w konnen moun ki di l ap ede w la ap vini nan moman l te di l ap vini pou l fè sa l te pwomèt la.”

10. Jan sa parèt nan Pwovèb 18:24, ki kote moun k ap fè fas ak eprèv oswa tètchaje yo kapab jwenn rekonfò?

10 Moun k ap fè fas ak eprèv oswa tètchaje yo kapab jwenn rekonfò lè yo pale ak yon zanmi yo ka fè konfyans. (Li Pwovèb 18:24.) Men sa yon frè ki rele Bijay te di apre yon pitit gason l te fin eskominye: “M te bezwen pale ak yon moun m te ka fè konfyans.” Gen yon frè ki rele Carlos ki te pèdi yon privilèj li te renmen anpil nan kongregasyon an akoz yon erè li te fè. Men sa l di: “M te bezwen yon moun m te ka santi m alèz pou m pale san m pa t pè pou l pa jije m.” Carlos te vin santi l alèz pou l pale ak ansyen yo, e yo te ede l fè fas ak pwoblèm nan. Epitou, sa te konsole l lè l konnen ansyen yo se moun ki gen bon konprann e yo pa pral rakonte lòt moun sa l di yo a.

11. Ki jan nou ka vin yon zanmi moun fè konfyans?

11 Pou n ka vin yon zanmi moun fè konfyans, nou bezwen gen pasyans. Lè mari Zhanna te kite l, li te jwenn konsolasyon lè l te pale ak bon zanmi l genyen yo. Men sa l di: “Yo te pran tan pou yo koute m, menmsi sanble se menm bagay yo m t ap plede repete.” Nou menm tou, nou ka vin yon bon zanmi lè nou pran tan pou n koute lòt moun.

MENM JAN AK MAK, SE POU N DISPOZE SÈVI LÒT MOUN

Fason Mak te aji byen ak Pòl te ede Pòl andire, e nou menm tou nou ka ede frè n yo lè gen malè. (Gade paragraf 12-14.) *

12. Kiyès Mak te ye, e ki jan l te montre li te dispoze sèvi lòt moun?

12 Mak se te yon kretyen juif ki te moun Jerizalèm. Banabas, ki te kouzen l, se te yon misyonè anpil moun te byen konnen (Kol. 4:10). Sanble fanmi Mak te gen mwayen, poutan Mak pa t bay bagay materyèl premye plas nan lavi l. Pandan tout vi l, li te montre l dispoze sèvi lòt moun e l te kontan fè sa. Pa egzanp, pandan plizyè fwa, Mak te akonpaye apot Pòl ak apot Pyè nan asiyasyon yo, e petèt li te ede yo jwenn sa yo te gen bezwen nan domèn materyèl (Tra. 13:2-5; 1 Pyè 5:13). Pòl te fè konnen Mak se te youn nan “konpayon travay [li] pou Wayòm Bondye a” e l te “yon èd ki [ba l] fòs”. — Kol. 4:10, 11, nòt.

13. Ki jan 2 Timote 4:11 montre Pòl te apresye sèvis fidèl Mak t ap fè a?

13 Mak te vin youn nan bon zanmi Pòl te genyen yo. Pa egzanp, dènye fwa yo te met Pòl nan prizon nan vil Wòm, ozanviwon ane 65 epòk nou an, Pòl te ekri Timote dezyèm lèt li a. Nan lèt sa a, Pòl te mande Timote pou l vin Wòm e pou l mennen Mak ansanm avè l (2 Tim. 4:11). Se sèten Pòl te apresye sèvis fidèl Mak te fè a, se sa k fè l te mande pou Mak la avè l nan moman enpòtan sa a. Mak te ede Pòl plizyè fason, petèt li te fè l jwenn manje ak sa l te bezwen pou l ekri. Sandout, èd ak ankourajman Pòl te jwenn yo te ede l andire rive jis nan dènye moman yo t apral touye l la.

14-15. Ki sa Matye 7:12 ka aprann nou sou fason pou n ede lòt moun?

14 Li Matye 7:12. Lè n nan gwo pwoblèm, se pa ti kontan nou kontan jwenn èd nan men lòt moun! Men sa Ryan, ki te pèdi papa l sanzatann nan yon gwo aksidan, fè konnen: “Gen anpil bagay ou konn fè chak jou ki parèt enposib pou w fè lè w nan lapenn. Lè moun ede w, menmsi sa yo fè pou ou a parèt toupiti, sa vrèman konsole w.”

15 Lè n pran tan pou n byen gade, petèt n ap wè gen plizyè bagay nou ka fè pou n ede lòt moun. Pa egzanp, gen yon sè ki te deside ede Peter ak Kathryn, nou te pale de yo pi wo a, ale nan randevou yo te gen kay doktè. Piske ni Peter ni Kathryn pa t ka kondui ankò, sè a te fè yon pwogram kote moun nan kongregasyon an ki te ofri tèt yo kòm volontè te ka fè woulman pou kondui pou yo. Èske pwogram sa a te ede yo? Men sa Kathryn di: “Nou te santi se kòmsi se yon gwo chay ki te sot sou zepòl nou.” Pa janm bliye sa, nou ka konsole lòt moun menm lè nou fè bagay ki parèt senp oswa toupiti nan je nou.

16. Ki leson enpòtan anrapò ak bay rekonfò nou aprann nan egzanp Mak?

16 Pa gen dout, Mak, ki te yon disip ki t ap viv nan premye syèk la, te yon kretyen ki okipe anpil. Li te gen anpil gwo responsablite nan sèvis la, sa te gen ladan l ekri Evanjil ki pote non l lan. Aktout sa, li te pran tan pou l konsole Pòl, e Pòl te santi l alèz pou l mande l èd. Gen yon sè ki rele Angela ki te gen yon moun nan fanmi l yo te asasinen ki te gen rekonesans pou moun ki te dispoze konsole l yo. Men sa l di: “Lè frè ak sè yo vle ede toutbon, yo se moun ki abòdab. Yo pa sanble moun k ap rale kò yo dèyè oswa ki pè ede moun.” Nou ka mande tèt nou: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki dispoze ede sèvitè Jewova parèy mwen yo?’

NOU PRAN DETÈMINASYON POU N BAY LÒT MOUN REKONFÒ

17. Lè n medite sou 2 Korentyen 1:3, 4, ki jan sa pouse n konsole lòt moun?

17 Li pa difisil pou n jwenn frè ak sè ki bezwen konsolasyon. Nou ka menm sèvi ak pawòl ankourajan lòt moun te di nou pou n konsole moun. Men sa Nino, yon sè ki gen grann li mouri, fè konnen: “Jewova ka sèvi avè n pou l konsole lòt moun si nou kite l sèvi avè n.” ​(Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Men sa Frances, nou te pale de li pi wo a, fè konnen: “Pawòl ki nan 2 Korentyen 1:4 la se laverite toutbon. Menm jan lòt moun te konsole nou se menm jan an tou nou ka konsole lòt moun.”

18. a) Poukisa kèk moun ka yon ti jan renka pou yo konsole lòt moun? b) Ki jan n ka bay lòt moun bonjan konsolasyon? Bay yon egzanp.

18 Nou bezwen pran inisyativ pou n konsole lòt moun menm lè nou gendwa pè. Pa egzanp, nou ka pè paske n pa konn sa pou n di oswa sa pou n fè pou n ede yon moun ki nan yon sitiyasyon difisil. Gen yon ansyen ki rele Paul ki sonje efò kèk moun te fè pou konsole l lè papa l te mouri. Men sa l di: “M te ka wè l pa t fasil pou yo abòde m. Yo pa t fin konnen sa pou yo di m. Men, m te toujou apresye etadespri yo te genyen pou yo konsole m e pou yo ede m.” Nan menm sans lan, men sa yon frè ki rele Tajon te di apre l te fin viv yon gwo tranblemanntè: “Onètman, m pa sonje tout mesaj moun te voye ban mwen apre tranblemanntè a, men m sonje yo te vrèman anvi konnen ki jan mwen ye.” Nou ka bay lòt moun bonjan konsolasyon si nou montre nou enterese nan yo.

19. Poukisa w detèmine pou w vin “yon gwo rekonfò” pou lòt moun?

19 Plis n ap pwoche pi pre fen sistèm sa a, se plis sitiyasyon monn nan ap vin pi mal e lavi a ap vin pi difisil (2 Tim. 3:13). Epitou, n ap kontinye bezwen konsolasyon akoz nou enpafè e nou kontinye ap fè erè. Youn nan rezon ki fè apot Pòl te ka kontinye andire avèk fidelite jiskaske l mouri se paske l te jwenn konsolasyon nan men kretyen parèy li yo. Se pou nou fidèl menm jan ak Aristak, se pou nou vin moun yo ka fè konfyans menm jan ak Tichik, e se pou nou dispoze sèvi lòt moun menm jan ak Mak. Lè n aji konsa, nou ka ede frè n ak sè n yo rete fèm nan lafwa. — 1 Tes. 3:2, 3.

^ § 5 Apot Pòl te fè fas ak anpil difikilte nan lavi l. Nan moman difisil yo, li te gen kèk konpayon travay li ki te vin yon gwo rekonfò pou li. Nou pral wè twa kalite ki te pouse konpayon sa yo bay lòt moun bonjan rekonfò. Nou pral wè tou fason nou ka suiv egzanp yo bay la nan plizyè domèn.

^ § 5 Yo chanje non kèk moun nan atik sa a.

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Aristak ak Pòl te ede youn lòt lè yon bato te koule ak yo.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Tichik te gen responsablite pou l pote lèt Pòl te ekri yo bay kongregasyon yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Mak te ede Pòl divès fason.