Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

“Lespri a li menm bay temwayaj”

“Lespri a li menm bay temwayaj”

“Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye.” — WOM. 8:16.

KANTIK 25 Yon byen espesyal

SA NOU PRAL WÈ *

Nan jou Pannkòt la, Jewova te vide lespri sen l yon fason estrawòdinè sou yon gwoup ki te gen anviwon 120 kretyen. (Gade paragraf 1-2.)

1-2. Ki gwo evènman ki te rive nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an?

NOU nan dimanch maten nan vil Jerizalèm, nan jou Pannkòt la, nan ane 33 epòk nou an. Gen yon gwoup ki gen anviwon 120 disip ki reyini nan chanmòt yon kay (Tra. 1:13-15; 2:1). Kèk jou anvan sa, Jezi te bay disip yo lòd pou yo rete Jerizalèm paske yo t apral resevwa yon kado espesyal (Tra. 1:4, 5). Ki sa k pase annapre?

2 “Bridsoukou, gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid.” Bri a gaye nan tout kay la. Apre sa, gen “yon bann lang, ki tankou dife” ki parèt sou tèt disip yo, e yo tout te vin “ranpli ak lespri sen”. (Tra. 2:2-4.) Se fason estrawòdinè sa a Jewova te vide lespri sen l sou gwoup moun sa a (Tra. 1:8). Yo te vin premye moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen * ki gen esperans pou al dirije ak Jezi nan syèl la.

KI SA K RIVE LÈ BONDYE CHWAZI YON MOUN POU L AL NAN SYÈL?

3. Poukisa moun ki te nan Pannkòt la pa t gen okenn dout Bondye te chwazi yo pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl?

3 Si w te youn nan disip ki te reyini nan chanmòt kay la jou sa a, se sèten ou pa t ap janm bliye sa. Gen yon bagay ki sanble ak yon lang ki tankou dife ki vin poze sou tèt ou, e w kòmanse pale divès lang (Tra. 2:5-12). Ou pa t ap gen okenn dout nan lespri w Bondye te chwazi w pa mwayen lespri sen l. Men, èske se tout moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen ki resevwa envitasyon sa a yon fason estrawòdinè konsa e nan menm moman an nan lavi yo? Non. Ki jan n fè konn sa?

4. Èske tout moun Bondye te chwazi pou al nan syèl ki t ap viv nan premye syèk la te resevwa apèl yo a nan menm moman an nan lavi yo? Esplike.

4 Ann konsidere moman an. Se pa t gwoup moun sa a sèlman, ki te gen anviwon 120 kretyen ladan l, Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Pita nan menm jou sa a, te gen anviwon 3 000 moun ankò ki te resevwa lespri sen Jezi te pwomèt la. Bondye te chwazi yo nan moman batèm yo (Tra. 2:37, 38, 41). Men, nan ane ki te vin apre yo, se pa tout kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl ki te resevwa apèl yo a pandan batèm yo. Samariten yo te resevwa apèl yo a kèk tan apre batèm yo (Tra. 8:14-17). E fason Jewova te chwazi Kònèy ak moun lakay li pa t menm ditou ak lòt yo, yo te resevwa lespri sen anvan menm yo batize. — Tra. 10:44-48.

5. Selon 2 Korentyen 1:21, 22, ki sa k rive lè Bondye chwazi yon moun pa mwayen lespri sen?

5 Mete sou sa, ann konsidere sa k rive lè Bondye chwazi yon moun pa mwayen lespri sen. Gen kèk moun Jewova chwazi pa mwayen lespri sen ki ka twouve l difisil pou yo aksepte sa okòmansman. Yo ka ap mande tèt yo: ‘Poukisa Bondye chwazi m?’ Gen lòt moun ki gendwa pa reyaji fason sa a. Kèlkeswa fason moun sa yo santi yo, men sa apot Pòl te di pou l esplike ki sa k rive tout moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen: “Grasa li, apre nou te fin kwè, Bondye te poze yon so * sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, ki se yon garanti davans sou eritaj nou an.” ​(Efe. 1:13, 14, nòt). Kidonk, Jewova sèvi ak lespri sen l pou l fè kretyen sa yo konnen aklè li chwazi yo. Nan ka sa a, lespri sen se “yon garanti [oswa yon pwomès]” ki ba yo asirans yo pral viv pou toutan nan syèl la, men se pa sou tè a. — Li 2 Korentyen 1:21, 22.

6. Ki sa yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl dwe fè pou l ka resevwa rekonpans li an?

6 Lè Bondye chwazi yon kretyen pou al nan syèl, èske sa vle di wè pa wè l ap resevwa rekonpans sa a? Non. Li gen asirans Bondye chwazi l pou l al nan syèl. Men, li dwe sonje avètisman ki vin annapre a: “Frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe.” ​(2 Pyè 1:10). Kidonk, menmsi Bondye chwazi yon kretyen oswa kretyen sa a resevwa apèl pou l al nan syèl, se sèlman si l rete fidèl l ap jwenn rekonpans lan. — Flp. 3:12-14; Ebre 3:1; Rev. 2:10.

KI JAN YON MOUN FÈ KONNEN SI BONDYE CHWAZI L POU L AL NAN SYÈL?

7. Ki jan moun Bondye chwazi yo fè konnen yo resevwa apèl pou y al nan syèl?

7 Men, ki jan yon moun fè konnen li resevwa apèl pou l al nan syèl? Nou jwenn repons lan byen klè nan pawòl Pòl te di kretyen Wòm yo, “moun yo rele pou vin sen yo”. Li te di yo: “Nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: ‘O Papa, Papa!’ Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye.” ​(Wom. 1:7; 8:15, 16). Donk, pa mwayen lespri sen, Bondye fè kretyen li chwazi yo konnen aklè yo resevwa apèl pou y al nan syèl. — 1 Tes. 2:12.

8. Ki jan 1 Jan 2:20, 27 montre kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa bezwen lòt moun fè yo konnen Bondye chwazi yo toutbon?

8 Jewova pa kite okenn dout nan lespri ak nan kè moun ki resevwa envitasyon pou y al nan syèl yo. (Li 1 Jan 2:20, 27.) Nòmalman, kretyen ki pral nan syèl yo bezwen Jewova anseye yo pa mwayen kongregasyon an menm jan ak tout moun. Men, yo pa bezwen okenn moun fè yo konnen Bondye chwazi yo toutbon. Jewova sèvi ak lespri sen l, ki se pi gwo fòs ki gen nan linivè, pou l montre yo aklè li chwazi yo pou y al nan syèl!

YO “FÈT YON LÒT FWA ANKÒ”

9. Jan nou wè sa nan Efezyen 1:18, lè Jewova chwazi yon moun pou l al nan syèl, ki chanjman ki fèt nan moun sa a?

9 Jodi a, pifò nan sèvitè Bondye yo ka twouve l difisil pou yo konprann sa k rive yon moun lè Bondye chwazi l pou l al nan syèl. Se nòmal piske Bondye pa chwazi yo. Bondye pa t kreye lèzòm pou yo viv nan syèl la, men li te kreye yo pou yo viv sou tè a pou toutan (Jen. 1:28; Sòm 37:29). Men, Jewova chwazi kèk moun pou y al viv nan syèl. Donk, lè l chwazi yo, li chanje esperans yo ak fason yo panse nèt, pou yo ka gen yon gwo anvi pou y al viv nan syèl. — Li Efezyen 1:18.

10. Ki jan yon moun “fèt yon lòt fwa ankò”? (Gade nòt la tou.)

10 Lè Bondye chwazi yon kretyen pa mwayen lespri sen, kretyen sa a “fèt yon lòt fwa ankò *”. Jezi te montre tou li enposib pou byen esplike yon moun Bondye pa chwazi pou al nan syèl ki jan yon moun ki “fèt yon lòt fwa ankò” oswa “ki fèt pa mwayen lespri a” santi l. — Jan 3:3-8.

11. Esplike ki chanjman ki fèt nan lespri yon moun lè Bondye chwazi l pou l al nan syèl.

11 Ki chanjman ki fèt nan lespri yon kretyen lè Bondye chwazi l pou l al nan syèl? Anvan Jewova te chwazi kretyen ki pral viv nan syèl yo, yo te renmen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a. Yo pa t ka tann pou yo viv sou tè a nan moman Jewova pral retire tout mechanste sou li e li pral fè l vin yon paradi. Petèt yo te imajine tèt yo k ap akeyi yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi yo ki te mouri. Men, apre Bondye fin chwazi yo pou y al nan syèl, yo te kòmanse panse yon lòt fason. Sa k fè sa? Se paske esperans pou yo viv sou tè a te toujou bèl nan je yo. Se pa depresyon oswa gwo soufrans ki fè yo vin anvi al nan syèl. Nitou se pa paske yo te santi lavi pou toutan sou tè a t ap raz. Olye de sa, Jewova te sèvi ak lespri sen pou l chanje fason yo panse ak esperans yo te genyen pou yo viv sou tè a.

12. Jan nou wè sa nan 1 Pyè 1:3, 4, ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo konsidere esperans yo genyen an?

12 Yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ka santi li pa merite bèl privilèj sa a. Men, li pa gen okenn dout Jewova chwazi l. Li vrèman kontan e li gen anpil rekonesans pou esperans li genyen pou l al nan syèl la. — Li 1 Pyè 1:3, 4.

13. Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo konsidere lavi yo gen sou tè a?

13 Èske sa vle di moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta renmen mouri? Apot Pòl reponn kesyon sa a. Li te konpare kò lachè yo genyen an ak yon tant e li te di: “Anfèt, nou menm ki nan tant sa a, n ap plenn, nou akable. Paske, se pa vle nou vle retire l, men se mete nou vle mete lòt la, dekwa pou lavi ka fini ak sa ki ka mouri a.” ​(2 Kor. 5:4). Kretyen sa yo pa sispann renmen lavi, kòmkwa yo ta vle mouri tousuit. Okontrè, yo renmen lavi e yo vle sèvi Jewova chak jou avèk fanmi yo ak zanmi yo. Men, kèlkeswa sa y ap fè, yo toujou sonje bèl esperans yo genyen pou lavni an. — 1 Kor. 15:53; 2 Pyè 1:4; 1 Jan 3:2, 3; Rev. 20:6.

ÈSKE JEWOVA CHWAZI W POU W AL NAN SYÈL?

14. Ki sa k pa montre Bondye chwazi yon moun pa mwayen lespri sen?

14 Petèt w ap mande tèt ou si Bondye chwazi w pa mwayen lespri sen. Si sa rive w, reflechi sou kesyon enpòtan ki vin apre yo: Èske w gen yon gwo dezi pou w fè volonte Jewova? Èske w santi w chofe anpil pou w patisipe nan travay predikasyon an? Èske w pran plezi etidye Pawòl Bondye a e w renmen aprann “bagay pwofon Bondye yo”? (1 Kor. 2:10.) Èske w santi Jewova fè w jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? Èske w santi nan fon kè w ou gen responsablite pou w ede lòt moun konn Jewova? Èske w gen prèv Jewova te ede w nan plizyè domèn nan lavi w? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, èske sa vle di Bondye chwazi w pou w al nan syèl? Non. Sa k fè sa? Se paske tout sèvitè Bondye kapab santi yo konsa, kit Bondye chwazi yo pou y al nan syèl kit li pa chwazi yo. Jewova ka sèvi ak lespri sen pou l ede nenpòt nan sèvitè l yo nan domèn sa yo, kèlkeswa esperans yo genyen. Anfèt, si w ap mande tèt ou èske Bondye chwazi w pa mwayen lespri sen, sa sèlman gentan montre li pa chwazi w. Moun ki resevwa apèl pou al nan syèl yo pa konn ap mande tèt yo si Jewova chwazi yo oubyen si l pa chwazi yo! Yo konnen!

Jewova te sèvi ak lespri sen pou l bay Abraram, Sara, David ak Jan ki te konn batize moun nan pisans pou yo fè yon seri bagay estrawòdinè, men li pa t sèvi ak lespri sa a pou l ba yo esperans pou y al viv nan syèl. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Ki jan nou fè konnen se pa tout moun ki resevwa lespri sen Bondye chwazi pou al nan syèl?

15 Nan Bib la, nou jwenn egzanp anpil moun ki gen lafwa ki te resevwa lespri sen, men ki pa t gen esperans pou y al viv nan syèl. Lespri sen te konn gide David (1 Sam. 16:13). Lespri sen te ede l konprann yon seri bagay pwofon sou Jewova e li te pèmèt li ekri kèk pòsyon nan Bib la (Mak 12:36). Malgre sa, apot Pyè te di David “pa t monte nan syèl”. (Tra. 2:34.) Jan ki te konn batize moun nan te “ranpli ak lespri sen”. (Lik 1:13-16.) Jezi te di pa gen moun ki gen plis enpòtans pase Jan, men apre sa, li te di Jan pa t ap nan Wayòm syèl la (Mat. 11:10, 11). Jewova te sèvi ak lespri sen pou l bay mesye sa yo pisans pou yo fè yon seri bagay estrawòdinè, men, li pa t itilize lespri sa a pou l chwazi yo pou y al viv nan syèl. Èske sa vle di moun sa yo pa t fidèl menm jan ak moun yo chwazi pou al dirije nan syèl la? Non. Sa montre tou senpleman Jewova pral resisite yo pou yo viv nan Paradi a sou tè a. — Jan 5:28, 29; Tra. 24:15.

16. Ki rekonpans pifò nan sèvitè Bondye yo ap tann jodi a?

16 Pifò sèvitè Bondye k ap viv sou tè a jodi a pa gen esperans pou y al viv nan syèl. Menm jan ak Abraram, Sara, David, Jan ki te konn batize moun nan ansanm ak anpil lòt gason ak fi nan tan biblik yo, y ap tann pou yo viv sou tè a lè Wayòm Bondye a pral dirije. — Ebre 11:10.

17. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Piske toujou gen kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a jodi a, nòmalman gen kèk kesyon nou ka ap poze tèt nou (Rev. 12:17). Pa egzanp, ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe wè tèt yo? Si yon moun nan kongregasyon an kòmanse manje nan pen an epi bwè nan diven an nan Memoryal la, ki jan w dwe wè moun sa a? E si kantite moun ki fè konnen Bondye chwazi yo pou y al nan syèl kontinye ogmante, èske sa ta dwe ba w pwoblèm? N ap reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 5 Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova bay kèk kretyen yon bèl esperans, anpalan de esperans pou y al dirije ak Pitit Gason l lan nan syèl la. Men, ki jan kretyen sa yo fè konnen yo chwazi yo pou bèl privilèj sa a? Ki sa k rive lè yon moun resevwa envitasyon sa a? Atik sa a ki baze sou yon atik ki te parèt nan Toudegad janvye 2016 pral reponn kesyon enteresan sa yo.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Chwazi pa mwayen lespri sen: Jewova sèvi ak lespri sen l lè l ap chwazi yon moun pou al dirije ak Jezi nan syèl la. Pa mwayen lespri sen, Bondye fè moun sa a yon pwomès pou lavni, oswa li ba l “yon garanti davans”. (Efe. 1:13, 14.) Kretyen sa yo ka di lespri sen “[ba yo] temwayaj” oswa li montre yo aklè rekonpans pa yo a se nan syèl la li ye. — Wom. 8:16.

^ § 5 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: So. Lè yo poze so sou yon moun sa pa vle di so a ap rete nètale. Se sèlman si li rete fidèl pou jis li mouri oubyen yon ti tan anvan gwo tribilasyon an kòmanse so sa a ap rete nètale. — Efe. 4:30; Rev. 7:2-4; gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad avril 2016 (fransè).

^ § 10 Pou n jwenn plis esplikasyon sou sa “fèt yon lòt fwa ankò” vle di, gade Toudegad 1ye avril 2009, paj 21-30.

KANTIK 27 Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Kit yo mete nou nan prizon pou lafwa nou, kit nou lib pou nou preche e pou nou anseye laverite, nou ka espere viv sou tè a lè Wayòm Bondye a pral dirije.