Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

Jewova, Papa nou an, renmen nou anpil

Jewova, Papa nou an, renmen nou anpil

“Kidonk, men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou.’” — MAT. 6:9.

KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa yon moun te dwe fè pou l te ka pale ak wa peyi Pès la?

IMAJINE w ap viv nan peyi Pès sa gen anviwon 2 500 ane. Ou ta renmen pale ak wa peyi a sou yon bagay. Donk, ou ale nan vil Souz, kote wa a abite a. Ou pa t ap janm pran chans pwoche bò kot wa a san pèmisyon l. Si w ta eseye fè sa, ou te ka pèdi lavi w! — Estè 4:11.

2. Ki jan Jewova vle nou santi nou lè nou vle pale avè l?

2 Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova pa tankou wa sa a! Jewova gen plis pouvwa e li pi enpòtan lontan pase kèlkeswa chèf ki egziste a, epoutan, nou ka pale avè l nenpòt ki lè. Jewova vle nou santi nou alèz pou nou pwoche bò kote l. Pa egzanp, menmsi Jewova gen anpil gwo tit tankou Gran Kreyatè, Toupisan, ak Seyè ki Souvren, li vle nou rele l “Papa” lè n ap pale avè l (Mat. 6:9). Se pa ti touchan sa touchan dèske Jewova vle nou santi n pwòch avè l konsa!

3. Poukisa nou ka rele Jewova “Papa”, e sou ki sa atik sa a pral pale?

3 Nou gen rezon rele Jewova “Papa”, paske se li ki ban nou lavi (Sòm 36:9). Piske Jewova se Papa nou, nou dwe obeyi l. Lè nou fè sa l mande nou fè, n ap jwenn anpil benediksyon (Ebre 12:9). Pami benediksyon sa yo, n ap gen lavi ki pap janm fini an, swa nan syèl la, swa sou tè a. Mete sou sa, nou jwenn benediksyon depi kounye a. Atik sa a pral pale sou fason Jewova aji depi kounye a antanke yon Papa ki gen lanmou ak rezon ki fè nou ka sèten li pap janm abandone nou. Men, toudabò, ann egzamine rezon ki fè nou ka gen konfyans Papa nou ki nan syèl la renmen nou anpil e li gen sousi pou nou.

JEWOVA SE YON PAPA KI GEN LANMOU E KI GEN SOUSI POU NOU

Jewova vle pwòch avè n, menm jan yon bon papa vle pwòch ak pitit li. (Gade paragraf 4.)

4. Sa k fè kèk moun twouve l difisil pou yo konsidere Jewova kòm Papa yo?

4 Èske w twouve l difisil pou w konsidere Bondye kòm Papa w? Gen moun ki gendwa santi yo toupiti e yo pa vo anyen devan Jewova. Yo pa kwè Bondye ki Toupisan an gen sousi pou yo pèsonèlman. Epoutan, Papa nou an ki renmen nou, pa vle nou santi nou konsa. Li ban nou lavi e li vle nou vin zanmi l. Apre apot Pòl fin di verite sa a, li te di moun ki t ap koute l nan vil Atèn yo Jewova “pa lwen okenn nan nou”. (Tra. 17:24-29.) Bondye vle nou chak pwoche kote l menm jan yon timoun alèz pou l pwoche bò kot paran l ki renmen l e ki gen sousi pou li.

5. Ki sa nou ka aprann nan eksperyans yon sè te fè?

5 Gen lòt moun ki ka twouve l difisil pou yo konsidere Jewova kòm Papa yo paske papa ki te fè yo a pa t ba yo anpil lanmou ak afeksyon oswa yo pa t fè sa ditou. Men sa yon sè fè konnen: “Papa m te konn joure m anpil.” Ansuit, li di: “Lè m te kòmanse etidye Labib, li te difisil pou m santi m pwòch ak yon Papa ki nan syèl la. Men, lè m vin aprann konnen Jewova, m te vin chanje fason m panse.” Èske w santi w menm jan an? Si se wi, ou mèt sèten ou menm tou ou ka vin konsidere Jewova kòm pi bon Papa ki genyen an.

6. Selon Matye 11:27, bay youn nan fason Jewova ede nou wè l tankou Papa nou ki renmen nou.

6 Youn nan fason Jewova ede nou wè l tankou Papa nou ki renmen nou se lefètke li fè ekri sa Jezi te di yo ak sa l te fè yo nan Bib la. (Li Matye 11:27.) Jezi tèlman gen menm pèsonalite ak Papa l li te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Byen souvan, Jezi te pale sou wòl Jewova jwe antanke yon Papa. Sèlman nan kat Evanjil yo, Jezi te sèvi ak mo Papa a anviwon 165 fwa pou l pale de Jewova. Poukisa Jezi te pale de Jewova anpil konsa? Youn nan rezon yo se pou moun ka kwè Jewova se yon Papa ki gen lanmou. — Jan 17:25, 26.

7. Ki sa nou aprann sou Jewova nan fason li te aji ak Pitit Gason l lan?

7 Annou gade sa nou aprann sou Jewova nan fason li te aji ak Jezi, Pitit Gason l lan. Jewova te toujou koute priyè Jezi yo. Nonsèlman li te tande priyè Jezi yo, men li te reponn yo tou (Jan 11:41, 42). Kèlkeswa eprèv Jezi te jwenn, li te santi Papa l renmen l e l ap ede l. — Lik 22:42, 43.

8. Ki jan Jewova te pran swen Jezi?

8 Jezi te rekonèt se Papa l ki ba l lavi e se Li ki pran swen l lè l te di: “Se grasa Papa a m ap viv.” ​(Jan 6:57). Jezi te fè Papa l konfyans nèt e Jewova te ba l sa l te bezwen pou l viv. Sa k pi enpòtan an, Jewova te ede Jezi ret fidèl. — Mat. 4:4.

9. Ki jan Jewova montre l se yon Papa ki gen anpil lanmou pou Jezi?

9 Antanke yon Papa ki chaje ak lanmou, Jewova te bay Jezi asirans l ap soutni l (Mat. 26:53; Jan 8:16). Menm lè Jewova pa t pwoteje Jezi kont tout bagay ki te ka fè l soufri, li te ede l fè fas ak eprèv yo. Jezi te sèten kèlkeswa soufrans li te ka andire se t ap pou yon ti tan (Ebre 12:2). Jewova te montre li renmen Jezi lefètke l te koute l lè l priye l, li te ba li sa l bezwen, li te ba l fòmasyon e li te ede l (Jan 5:20; 8:28). Kounye a, ann wè ki jan Papa nou ki nan syèl la ede n menm jan an.

FASON PAPA NOU AN KI GEN LANMOU PRAN SWEN NOU

Yon papa ki gen lanmou 1) koute pitit li 2) bay pitit li sa yo gen bezwen 3) bay pitit li fòmasyon e 4) pwoteje pitit li. Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou pran swen nou menm jan an. (Gade paragraf 10-15.) *

10. Selon Sòm 66:19, 20, ki jan Jewova montre l renmen nou?

10 Jewova koute nou lè nou priye l. (Li Sòm 66:19, 20.) Li pa vle nou priye l yon lè konsa, li vle nou priye l souvan (1 Tes. 5:17). Nou ka priye Bondye nou an nenpòt ki lè, kèlkeswa kote nou ye. Li pa janm twò okipe pou l tande nou, li toujou disponib e li toujou koute priyè nou yo avèk atansyon. Lè nou rann nou kont Jewova koute priyè nou yo, n ap renmen l pi plis. Youn nan moun ki te ekri sòm yo te di: “Mwen renmen Jewova paske li tande vwa m.” — Sòm 116:1.

11. Ki jan Jewova reponn priyè nou?

11 Nonsèlman Papa nou an koute priyè nou yo, men tou li reponn yo. Men asirans apot Jan ban nou: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14, 15). Natirèlman, Jewova ka pa reponn priyè nou yo fason nou t ap atann nan. Li konnen sa k pi bon pou nou, se sa k fè pafwa li gendwa pa ban nou sa n mande l la oswa li ka vle nou tann. — 2 Kor. 12:7-9.

12-13. Nan ki sans Papa nou ki nan syèl la ban nou sa nou bezwen?

12 Jewova ban n sa n bezwen. Li aji jan l ta renmen tout papa aji (1 Tim. 5:8). Li bay pitit li sa yo bezwen pou yo viv. Li pa vle pou n ap bay tèt nou pwoblèm pou manje, rad ak kote pou n rete (Mat. 6:32, 33; 7:11). Antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova menm pran dispozisyon pou l satisfè tout bezwen nou alavni.

13 Sa k pi enpòtan an, Jewova ban n sa n bezwen pou nou gen bon relasyon avè l. Pa mwayen Pawòl li a, li fè nou konnen laverite sou li, sou objektif li, sou sans lavi a e sou lavni. Li te montre l enterese nan nou chak lè nou te fèk kòmanse aprann laverite, lè l te sèvi ak paran nou oswa yon lòt moun pou ede nou aprann konnen l. E nou kontinye jwenn bonjan èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an ki gen lanmou oswa nan men lòt frè ak sè ki gen matirite yo. Mete sou sa, Jewova ban nou fòmasyon pa mwayen reyinyon kongregasyon an, kote nou jwenn enstriksyon ansanm ak frè n ak sè n yo. Se fason sa yo ak lòt fason ankò, Jewova montre li se yon Papa ki enterese nan nou tout. — Sòm 32:8.

14. Poukisa Jewova ban nou fòmasyon, e ki jan l fè sa?

14 Jewova ban nou fòmasyon. Kontrèman ak Jezi, nou menm nou enpafè. Se sa k fè Papa nou an ki gen lanmou ban nou disiplin lè sa nesesè, e sa fè pati fòmasyon l ap ban nou an. Men sa Pawòl li a fè nou sonje: “Jewova disipline moun li renmen.” ​(Ebre 12:6, 7). Jewova disipline nou plizyè fason. Pa egzanp, se gendwa yon bagay nou li nan Pawòl li a oswa nou tande nan reyinyon yo ki korije nou. Oswa se gendwa ansyen yo ki ban nou èd nou bezwen an. Kèlkeswa fason Jewova ban nou disiplin, se toujou lanmou ki pouse l fè sa. — Jer. 30:11.

15. Ki jan Jewova pwoteje nou?

15 Jewova ede nou lè n gen pwoblèm. Menm jan yon papa ki gen lanmou ede pitit li lè yo nan moman difisil, se konsa Papa nou ki nan syèl la pran swen nou lè n gen pwoblèm. Li sèvi ak lespri sen pou l pwoteje nou pou anyen pa kraze relasyon nou gen avè l la (Lik 11:13). Jewova pwoteje nou nan domèn afektif tou. Pa egzanp, li ban nou yon esperans estrawòdinè. Esperans li ban nou an ede nou andire difikilte. Fè yon ti reflechi: Kèlkeswa bagay mal ki rive nou, Papa nou an ki renmen nou ap repare sa. Kèlkeswa eprèv nou rankontre se pou yon ti tan yo la, men, benediksyon Jewova bay yo la pou toutan. — 2 Kor. 4:16-18.

PAPA NOU AN PAP JANM ABANDONE NOU

16. Ki sa k te rive lè Adan te dezobeyi Papa l ki gen lanmou an?

16 Nou wè prèv ki montre Jewova renmen nou nan fason li te reyaji lè Adan te dezobeyi a. Lè Adan te dezobeyi Papa l ki nan syèl la, li te pèdi plas li nan fanmi Jewova a ki gen kè kontan, e li te fè desandan l yo pèdi plas sa a tou (Wom. 5:12; 7:14). Men, Jewova te aji pou l ede desandan Adan yo.

17. Ki sa Jewova te fè tousuit apre rebelyon Adan an?

17 Jewova te pini Adan, men, li te bay desandan Adan ki t apral fèt yo yon espwa. Lamenm, li te pwomèt pou moun ki obeyisan yo vin fè pati fanmi l ankò (Jen. 3:15; Wom. 8:20, 21). Jewova te pran dispozisyon sa a sou baz sakrifis ranson Jezi a, Pitit Gason li renmen anpil la. Lefètke Jewova te bay Pitit li a pou nou, sa montre li renmen nou anpil. — Jan 3:16.

Si nou te kite Jewova men nou repanti, Papa nou ki gen lanmou an pare pou l resevwa nou, e li vle fè sa. (Gade paragraf 18.)

18. Sa k fè nou ka gen asirans Jewova konsidere nou kòm pitit li, menmsi nou ta kite l pandan yon tan?

18 Aktout nou enpafè, Jewova vle nou fè pati fanmi l e li pa janm konsidere nou tankou yon chay pou li. Nou ka desevwa Jewova oubyen nou ka kite l pandan yon tan, men li pap janm abandone nou. Jezi te sèvi ak egzanp tigason gaspiyè a pou l montre jan Jewova se yon Papa ki renmen pitit li (Lik 15:11-32). Nan egzanp sa a, papa a pa t janm sispann gen espwa pitit li a ap tounen. Lè pitit la te tounen lakay li, se pa ti kontan papa l te kontan. Si nou ta kite Jewova pandan yon tan men nou repanti, nou ka gen asirans Papa nou an ki renmen nou dispoze resevwa nou e l ap kontan fè sa.

19. Ki jan Jewova pral repare dega Adan te fè a?

19 Papa nou an pral repare tout dega Adan te fè. Apre rebelyon Adan an, Jewova te deside adopte 144 000 moun pami lèzòm pou yo sèvi antanke wa ak prèt nan syèl la ansanm ak Pitit Gason l lan. Nan monn nouvo a, Jezi ak moun ki pral dirije avè l yo pral ede moun ki obeyisan yo pou yo vin pafè. Apre dènye eprèv la, Bondye pral bay moun ki obeyisan yo lavi ki pap janm fini an. Lè sa a, Papa nou an pral kontan wè tè a plen ak pitit gason l ak pitit fi l ki pafè. Se pa ti bèl epòk sa a pral bèl!

20. Ki fason Jewova montre li renmen nou anpil, e sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

20 Jewova montre li renmen nou anpil. Li se pi bon Papa ki genyen an. Li tande priyè nou e li ban nou sa nou bezwen pou nou viv ak sa nou bezwen pou nou gen bon relasyon avè l. Li ban nou fòmasyon e li ede nou. Mete sou sa, li sere yon pakèt benediksyon pou nou. Se pa ti kontan nou kontan konnen Papa nou an renmen nou e li pran swen nou! Atik ki vin apre a pral pale sou fason nou menm, antanke pitit li, nou ka montre nou renmen l tou.

KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an

^ § 5 Byen souvan, nou konsidere Jewova kòm Kreyatè nou e kòm Sila a ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren an. Men, nou gen bonjan rezon pou nou wè l kòm yon Papa ki renmen nou anpil. Atik sa a pral pale sou rezon nou genyen pou n fè sa. Mete sou sa, nou pral wè rezon ki fè nou ka sèten Jewova pap janm abandone nou.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Kat foto ki nan tablo a montre yon papa ak pitit li: yon papa ki pran san l pou l koute pitit gason l k ap pale avè l, yon papa k ap bay pitit fi l sa l bezwen, yon papa k ap bay pitit gason l fòmasyon ak yon papa k ap konsole pitit gason l. Imaj men Jewova ki dèyè kat foto sa yo fè nou sonje Jewova renmen nou menm jan an.