Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 8

Ann kontinye chèche viv anpè lè n goumen kont anvi

Ann kontinye chèche viv anpè lè n goumen kont anvi

“Annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt.” — WOM. 14:19.

KANTIK 113 Bondye ban nou lapè kòm kado

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki efè anvi te genyen sou moun nan fanmi Jozèf?

JAKÒB te renmen tout pitit gason l yo, men li te pi renmen Jozèf ki te gen 17 an. Ki efè sa te gen sou frè Jozèf yo? Yo te vin jalou sò Jozèf, e sa te fè yo vin rayi l. Jozèf pa t fè anyen pou frè l yo rayi l. Aktout sa, yo te vann Jozèf kòm esklav epi yo te bay papa yo manti, yo te di l se yon bèt sovaj ki touye pitit li renmen anpil la. Anvi te lakòz frè Jozèf yo detwi lapè ki te gen nan fanmi an e yo te fè papa yo anpil lapenn. — Jen. 37:3, 4, 27-34.

2. Selon Galat 5:19-21, sa k fè anvye sò moun se yon bagay ki danjere anpil?

2 Nan Bib la, anvye sò moun * fè pati “zèv lachè” ki mennen nan lanmò e ki ka fè yon moun pa benefisye Wayòm Bondye a. (Li Galat 5:19-21.) Byen souvan, anvi konn lakòz yon seri sitiyasyon ki menm jan ak pwazon, tankou hinghang, goumen ak kòlè san kontwòl.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Egzanp frè Jozèf yo montre fason anvi ka kraze bon relasyon ki gen nan yon fanmi e l ka detwi lapè ki te gen nan fanmi sa a. Byenke nou gendwa pa janm fè sa frè Jozèf yo te fè a, kè nou tout enpafè e li trèt (Jer. 17:9). Donk, sa pa etone nou si n ta wè pafwa nou gen tandans pou n anvye sò moun. Ann egzamine kèk egzanp nan Bib la ki sèvi nou avètisman ki ka ede nou wè sa k ka fè anvi jèmen nan kè nou. Apre sa, nou pral egzamine kèk bagay nou ka fè pou nou goumen kont anvi ak kèk fason nou ka travay pou gen lapè.

KI SA K KA FÈ NOU ANVYE SÒ MOUN?

4. Poukisa moun peyi Filisti yo te anvye sò Izarak?

4 Richès. Izarak te rich, e moun peyi Filisti yo te rayi l pou sa (Jen. 26:12-14). Yo te menm bouche pi Izarak te bezwen pou l bay bèt li yo dlo (Jen. 26:15, 16, 27). Menm jan ak moun peyi Filisti yo, gen moun jodi a ki vin anvye sò moun ki gen plis byen pase yo. Yo pa annik anvye sa lòt moun posede, men tou yo pa ta renmen moun sa yo kontinye gen bagay sa yo.

5. Poukisa chèf relijye yo te anvye sò Jezi?

5 Lè anpil moun apresye yon moun. Chèf relijye juif yo te anvye sò Jezi paske anpil moun te apresye Jezi (Mat. 7:28, 29). Jezi se te reprezantan Bondye e li te konn anseye laverite. Aktout sa, chèf relijye sa yo te gaye manti sou Jezi pou yo te ka sal repitasyon l (Mak 15:10; Jan 11:47, 48; 12:12, 13, 19). Ki leson ki sèvi nou avètisman nou ka aprann nan istwa sa a? Nou bezwen goumen kont tout tandans ki ka fè nou anvye sò moun ki gen yon seri kalite ki fè moun nan kongregasyon an renmen yo. Yon lòt bò, nou bezwen fè efò pou nou imite bèl kalite yo genyen yo. — 1 Kor. 11:1; 3 Jan 11.

6. Ki jan Dyotrèf te montre li anvye sò moun?

6 Responsablite nan kongregasyon an. Nan premye syèk la, Dyotrèf te anvye sò moun ki te alatèt kongregasyon an. Li te vle “pran latèt” nan kongregasyon an, se sa k fè li te gaye yon seri vye pawòl sou apot Jan ak lòt frè ki gen responsablite pou l sal repitasyon yo (3 Jan 9, 10). Byenke nou pap janm fè sa Dyotrèf te fè a, nou menm tou nou ka kòmanse anvye sò yon kretyen parèy nou ki resevwa yon asiyasyon nou te espere jwenn, sitou si nou santi nou kalifye menm jan avè l pou nou fè travay sa a.

Kè nou tankou bon tè e bèl kalite nou genyen yo tankou bèl flè. Men, anvi tankou move zèb. Anvi ka anpeche nou vin gen yon seri bèl kalite, tankou lanmou, konpasyon ak bonte. (Gade paragraf 7.)

7. Ki efè anvi ka gen sou nou?

7 Anvi tankou move zèb. Yonfwa grenn zèb sa a fè rasin nan kè nou, li ka difisil pou nou elimine l. Anvi fè moun vin gen lòt santiman negatif, tankou jalouzi, ògèy ak egoyis. Anvi ka anpeche nou gen yon seri bèl kalite, tankou lanmou, konpasyon ak bonte. Kou nou rann nou kont anvi kòmanse jèmen nan kè nou, nou bezwen derasinen l. Ki jan nou ka goumen kont anvi?

SE POU N CHÈCHE GEN IMILITE EPI APRANN KONTANTE N

Ki jan nou ka goumen kont anvi ki tankou yon move zèb? Grasa èd lespri sen Bondye, nou ka derasinen anvi, n ap chèche gen imilite e n ap aprann kontante nou ak sa nou genyen. (Gade paragraf 8-9.)

8. Ki kalite ki ka ede nou goumen kont anvi?

8 Nou ka goumen kont anvi lè nou chèche gen imilite e nou aprann kontante n ak sa n genyen. Lè kè n ranpli ak bèl kalite sa yo pap ret plas pou anvi. Imilite ap ede nou pou n pa pran tèt nou pou yon pakèt afè. Yon moun ki gen imilite pa santi li merite gen plis bagay pase tout moun (Gal. 6:3, 4). Yon moun ki konn kontante l satisfè ak sa l genyen e li pa konpare tèt li ak lòt moun (1 Tim. 6:7, 8). Lè yon moun ki gen imilite e ki konn kontante l ak sa l genyen wè yon lòt moun resevwa yon bon bagay, li kontan pou moun nan.

9. Selon Galat 5:16 ak Filipyen 2:3, 4, ki sa lespri sen ap ede nou fè?

9 Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab goumen kont dezi lachè sa a ki se anvi e n bezwen chèche gen imilite epi aprann kontante nou. (Li Galat 5:16; Filipyen 2:3, 4.) Lespri sen Jewova ka ede n egzamine panse ak entansyon ki pi pwofon nou genyen yo. Grasa èd Bondye, nou ka elimine panse ak santiman ki pa bon lakay nou e n ka ranplase yo ak panse ak santiman ki ankourajan (Sòm 26:2; 51:10). Ann egzamine egzanp Moyiz ak Pòl, de mesye ki pa t kite tandans pou yo anvye sò moun pran rasin nan kè yo.

Yon jèn Izrayelit ki kouri al kot Moyiz ak Jozye pou fè yo konnen gen de mesye nan kan an k ap aji tankou pwofèt. Jozye mande Moyiz pou l fè mesye yo sispann, men, Moyiz pa dakò. Okontrè, li fè Jozye konnen li kontan dèske Jewova mete lespri L sou de mesye yo. (Gade paragraf 10.)

10. Ki sitiyasyon ki te ka tounen yon eprèv pou Moyiz? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

10 Moyiz te gen anpil otorite sou pèp Bondye a, men li pa t anpeche lòt moun gen privilèj sa a. Pa egzanp, yon lè, Jewova te pran yon pati nan lespri sen li te mete sou Moyiz la e li te bay yon gwoup ansyen nan pèp Izrayèl la ki te kanpe toupre tant reyinyon an lespri sa a. Yon ti tan apre sa, Moyiz te aprann gen de ansyen ki pa t vin nan tant reyinyon an ki te resevwa lespri sen tou e ki te kòmanse aji tankou pwofèt. Ki jan l te reyaji lè Jozye te mande l pou l anpeche de ansyen yo fè sa? Moyiz pa t vin jalou lefètke Jewova te sèvi ak mesye sa yo tou. Men, avèk imilite, li te rejwi avèk yo pou privilèj yo te vin genyen an (Nonb 11:24-29). Ki leson nou ka aprann nan men Moyiz?

Ki jan ansyen yo ka chèche gen imilite menm jan ak Moyiz? (Gade paragraf 11-12.) *

11. Ki jan ansyen yo ka imite Moyiz?

11 Si w se yon ansyen, èske sa deja rive yo mande w bay yon moun fòmasyon pou l ka fè yon travay ou renmen fè nan kongregasyon an? Pa egzanp, ou gendwa renmen privilèj pou w kondui etid Toudegad la chak semèn. Men, si w gen imilite menm jan ak Moyiz, ou pap santi w vin gen mwens enpòtans si yo ta mande w bay yon lòt frè fòmasyon yon fason pou l ka fè travay sa a alavni. Okontrè, w ap kontan ede frè w la.

12. Ki jan anpil kretyen jodi a montre yo konn kontante yo e yo gen imilite?

12 Ann egzamine yon lòt sitiyasyon anpil frè ki aje ap rankontre. Pandan plizyè dizèn ane, yo te sèvi kòm kowòdonatè gwoup ansyen. Men, lè yo vin gen 80 an, yo dakò pou se yon lòt moun ki gen responsablite sa a. Avèk imilite, siveyan sikonskripsyon ki gen 70 an yo aksepte remèt privilèj sa a e yo aksepte resevwa yon asiyasyon nan yon lòt fòm sèvis. Nan ane ki sot pase yo, anpil manm fanmi Betèl toupatou sou tè a te vin gen lòt asiyasyon nan tèritwa a. Frè ak sè fidèl sa yo pa rayi sò moun k ap fè travay yo te konn fè yo.

13. Ki sa k te ka fè Pòl anvye sò 12 apot yo?

13 Apot Pòl se yon lòt bèl egzanp antanke moun ki te aprann kontante l e ki te gen imilite. Pòl pa t kite anvi grandi nan kè l. Li te travay di nan sèvis la, men l te fè konnen avèk imilite: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot.” ​(1 Kor. 15:9, 10). Douz apot Jezi yo te suiv li pandan sèvis li sou tè a, men, se jis apre lanmò Jezi e apre Jezi fin resisite Pòl te vin kretyen. Menm lè yo te chwazi Pòl pou l vin “apot nasyon yo”, li pa t janm vin fè pati 12 apot yo (Wom. 11:13; Tra. 1:21-26). Olye Pòl te anvye sò 12 mesye sa yo poutèt yo te pwòch ak Jezi, li te kontante l ak sa l te genyen.

14. Ki sa n ap fè si nou se moun ki konn kontante nou e si nou gen imilite?

14 Si nou se moun ki konn kontante nou e nou gen imilite, menm jan ak Pòl, n ap gen respè pou moun Jewova bay otorite (Tra. 21:20-26). Se Jewova ki pran dispozisyon pou ansyen yo pran latèt nan kongregasyon an. Se vre yo enpafè, men, Jewova fè konnen yo se “gason kòm kado”. (Efe. 4:8, 11.) Lè nou respekte ansyen yo e nou montre nou gen imilite lè nou suiv direksyon yo bay, n ap ret pwòch ak Jewova e n ap viv anpè ak kretyen parèy nou yo.

“KONTINYE CHÈCHE BAGAY K AP FÈ NOU VIV ANPÈ”

15. Ki sa nou bezwen fè?

15 Kote ki gen anvi pa ka gen lapè. Nou bezwen derasinen anvi nou gen nan kè nou tankou move zèb e nou dwe evite fè lòt moun vin gen anvi nan kè yo. Nou dwe fè bagay enpòtan sa yo si nou vle obeyi lòd Jewova bay pou nou “chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt”. (Wom. 14:19.) Ki sa nou ka fè pou nou ede lòt moun goumen kont anvi e ki jan nou ka travay pou gen lapè?

16. Ki jan nou ka ede lòt moun goumen kont anvi?

16 Atitid nou ak aksyon nou ka gen gwo efè sou lòt moun. Monn nan vle nou fè “egzibisyon” ak bagay nou posede (1 Jan 2:16). Men, atitid sa a ka fè lòt moun gen anvi. Youn nan fason nou ka evite fè lòt moun vin gen anvi se lè nou evite plede pale sou sa nou genyen oubyen sou sa nou pral achte. Yon lòt fason nou ka evite fè moun gen anvi se fason nou konpòte n lè nou gen privilèj nan kongregasyon an. Si n ap atire atansyon lòt moun sou privilèj nou genyen, nou ka ap prepare teren pou anvi fè rasin nan kè yo. Yon lòt bò, lè nou montre nou enterese toutbon nan lòt moun e nou rekonèt bon bagay yo fè, n ap ede yo aprann kontante yo ak sa yo genyen e n ap pèmèt gen inite ak lapè nan kongregasyon an.

17. Ki sa frè Jozèf yo te rive fè e poukisa?

17 Nou ka genyen konba n ap mennen kont anvi a! Ann retounen sou egzanp frè Jozèf yo. Plizyè ane apre yo te fin mal aji ak Jozèf, yo te rankontre l nan peyi Ejip. Anvan Jozèf te fè frè l yo konnen kiyès li ye toutbon, li te teste yo pou l wè si yo chanje. Li te fè prepare manje pou yo, e nan okazyon sa a, li te bay Benjamen, pi piti frè yo a, plis manje pase lòt yo (Jen. 43:33, 34). Men, lè sa a, pa gen anyen ki te montre frè l yo te anvye sò Benjamen. Okontrè, yo te montre yo gen bonjan sousi pou frè yo a e pou Jakòb, papa yo (Jen. 44:30-34). Piske frè Jozèf yo te sispann gen anvi, yo te kontribye pou gen lapè nan fanmi an ankò (Jen. 45:4, 15). Menm jan an tou, si nou retire tout tras anvi nou gen nan kè nou, n ap kontribye pou kontinye gen lapè nan fanmi nou ak nan kongregasyon nou.

18. Selon Jak 3:17, 18, ki sa n ap jwenn si nou travay pou gen lapè?

18 Jewova vle nou goumen kont anvi e li vle nou kontinye chèche lapè. Nou dwe fè anpil efò pou nou fè de bagay sa yo. Jan n te wè sa nan atik sa a, nou gen tandans pou nou gen anvi (Jak 4:5). E monn nan ki toutotou nou ap ankouraje moun gen anvi. Men, si nou chèche gen imilite, nou kontante n ak sa nou genyen e nou gen rekonesans, nou pap kite plas pou anvi. Okontrè, n ap travay pou gen lapè e sa ap pèmèt nou vin gen anpil bèl kalite lakay nou. — Li Jak 3:17, 18.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

^ § 5 Òganizasyon Jewova a se yon òganizasyon ki gen lapè. Men, nou ka kraze lapè sa a si nou kite anvi pran rasin nan kè nou. Nan atik sa a, nou pral chèche wè ki sa k fè moun gen anvi. Epitou, nou pral egzamine fason nou kapab goumen kont defo sa a ak fason nou ka travay pou gen lapè.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Jan Bib la montre sa, anvi ka lakòz yon moun vle gen sa lòt moun posede e li ka fè l vle pran sa lòt moun genyen.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon gwoup ansyen reyini, yo mande yon frè ki granmoun ki te konn kondui etid Toudegad la nan kongregasyon an pou l bay yon jèn ansyen fòmasyon pou l fè travay sa a. Byenke frè ki granmoun nan renmen travay sa a, li soutni desizyon ansyen yo pran an ak tout kè l lè l bay jèn frè a bonjan sijesyon ak lè l felisite l ak tout kè l.