Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 9

Kite Jewova soulaje w

Kite Jewova soulaje w

“Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” — SÒM 94:19.

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka fè nou gen tètchaje, e ki efè sa ka gen sou nou?

ÈSKE W konn santi tèt ou chaje *? Petèt ou santi tèt ou chaje akoz yon bagay yon moun di w oswa akoz fason yon moun aji avè w e sa fè w mal. Oubyen ou ka gen tètchaje akoz yon bagay ou te di oswa ou te fè. Pa egzanp, ou ka fè yon peche epi w ap mande tèt ou si Jewova ap janm padone w. Sa k pi rèd la, ou ka kwè se paske w pa gen lafwa oubyen se paske w se yon move moun ki fè w gen anpil tètchaje konsa. Men, èske se vre?

2. Egzanp ki moun Bib la pale de yo ki montre lè nou gen tètchaje sa pa vle di nou manke lafwa?

2 Ann pran egzanp kèk moun Bib la pale de yo. Ana, ki te vin manman pwofèt Samyèl, se te yon dam ki te gen anpil lafwa. Epoutan, li te gen anpil tètchaje lè yon moun lakay li te mal aji avè l (1 Sam. 1:7). Apot Pòl te gen yon lafwa solid, men li te enkyete anpil “pou tout kongregasyon yo”. (2 Kor. 11:28.) Wa David te tèlman gen yon lafwa solid, sa te fè Jewova renmen l anpil (Tra. 13:22). Aktout sa, David te fè yon seri peche grav ki te ba l anpil tètchaje (Sòm 38:4). Jewova te konsole yo chak e li te soulaje yo. Ann wè ki sa n ka aprann nan egzanp moun sa yo.

LESON NOU APRANN NAN EGZANP ANA, YON MOUN KI TE FIDÈL

3. Ki jan pawòl lòt moun di ka fè nou santi n enkyè?

3 Lè moun pale rèd ak nou oubyen yo aji yon fason ki di avè n, sa ka fè nou santi nou enkyè. Sitou si moun sa a se bon zanmi nou oswa fanmi nou. Nou ka pè pou relasyon nou gen ak moun sa a pa tou kraze. Pafwa, moun ki di nou bagay ki fè nou mal la ka pale san reflechi, e nou ka santi kòmsi se yon kout kouto yo ban nou (Pwo. 12:18)! Oswa, yon moun ka menm chwazi di yon seri bagay li konnen k ap fè nou mal. Gen yon jèn sè ki te rankontre yon pwoblèm konsa. Men sa l di: “Sa gen kèk ane, gen yon moun m te panse ki te bon zanmi m ki te kòmanse gaye yon seri manti sou mwen sou Entènèt. Sa te fè m mal e m te santi m enkyè. M te jis pa ka konprann poukisa l fè m mechanste sa a.” Si yon bon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w ta fè w yon bagay ki fè w mal, ou ka aprann anpil bagay nan egzanp Ana.

4. Ki gwo pwoblèm Ana te oblije andire?

4 Ana te oblije andire gwo pwoblèm. Pandan plizyè ane li pa t ka fè pitit (1 Sam. 1:2). Ann Izrayèl, lè yon fi pa t ka fè pitit, yo te kwè se paske Bondye lage malediksyon sou li. Sa te fè l santi l pa vo anyen (Jen. 30:1, 2). Sa k te fè bagay yo pi mal pou Ana sèke mari l te gen yon lòt madanm, ki te rele Penina, ki te fè plizyè pitit pou li. Penina te konsidere Ana kòm ènmi l, e li “te toujou ap fawouche Ana pou fè l fache”. (1 Sam. 1:6.) Okòmansman, sa te fè Ana anpil lapenn. Li te tèlman gen pwoblèm, “li te konn kriye e li te konn ret san manje”. Li te vin “tris anpil”. (1 Sam. 1:7, 10.) Ki jan Ana te rive jwenn konsolasyon?

5. Ki jan lapriyè te ede Ana?

5 Ana te priye Jewova e l te fè l konnen jan l t ap soufri. Lè l te fin priye, li te esplike gran prèt Eli ki sitiyasyon l ap viv. Annapre, Eli di l: “Ale anpè! Se pou Bondye Izrayèl la ba w sa w mande l la!” Ki sa k te vin pase? Ana “ale lakay li, li manje, epi figi l pa t tris ankò”. (1 Sam. 1:17, 18.) Lapriyè te ede Ana santi l anpè.

Menm jan ak Ana, ki jan nou ka vin santi nou anpè ankò, epi konsève lapè sa a? (Gade paragraf 6-10.)

6. Ki leson nou ka aprann sou lapriyè nan egzanp Ana ak nan Filipyen 4:6, 7?

6 Nou ka vin gen lapè ankò si nou pèsevere nan lapriyè. Ana te pase yon bon bout tan ap pale ak Papa l ki nan syèl la (1 Sam. 1:12). Nou menm tou, nou ka fè anpil tan ap pale ak Jewova sou sa ki enkyete nou, sou sa ki fè nou pè oswa lè nou peche. Lè n ap priye, nou pa oblije fè powèm oubyen nou pa oblije toujou ap di bèl pawòl. Pafwa, nou ka menm kriye pandan n ap fè Jewova konnen sa k fè nou soufri. Menm lè sa a, Jewova pap janm bouke tande nou. Nonsèlman nou dwe priye pou pwoblèm nou yo, men tou, nou dwe sonje konsèy nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 la. (Li vèsè yo.) Nan vèsè sa yo, Pòl te montre aklè nou bezwen di Jewova mèsi nan priyè nou yo. Nou gen anpil rezon pou nou di Jewova mèsi. Pa egzanp, nou ka di l mèsi pou lavi ki se yon kado, pou bèl bagay li kreye, pou lanmou fidèl li genyen an e pou bèl esperans li ban nou an. Èske gen lòt leson nou ka aprann nan egzanp Ana?

7. Ki sa Ana ak mari l te konn fè regilyèman?

7 Malgre Ana te gen pwoblèm, li te konn ale ak mari l regilyèman kote yo te konn adore Jewova a nan Silo (1 Sam. 1:1-5). Se pandan Ana te nan tabènak la gran prèt Eli te ankouraje l lè l te di l li swete Jewova ap reponn priyè l. — 1 Sam. 1:9, 17.

8. Ki sa reyinyon yo ka fè pou nou? Esplike.

8 Nou ka vin gen lapè ankò si nou kontinye asiste reyinyon nan kongregasyon an. Nan priyè frè yo fè pou kòmanse reyinyon yo, byen souvan yo mande Jewova pou lespri sen ansanm avèk nou. Lapè fè pati fwi lespri a (Gal. 5:22). Lè nou asiste reyinyon yo menm lè nou anba strès, nou bay Jewova ansanm ak frè n ak sè n yo posiblite pou yo ankouraje nou e pou yo ede nou yon fason pou kè nou ak lespri nou vin anpè ankò. Lapriyè ak reyinyon yo se mwayen prensipal Jewova itilize pou l soulaje nou (Ebre 10:24, 25). Ann fè yon ti pale sou yon lòt leson nou ka aprann nan egzanp Ana.

9. Ki sa k pa t chanje nan sitiyasyon Ana, men ki sa k te chanje?

9 Sa k te lakòz Ana enkyè a pa t disparèt tousuit. Lè Ana te retounen lakay li apre l te sot adore Jewova nan tabènak la, li te toujou oblije viv nan menm kay ak Penina. E Labib pa di si Penina te chanje atitid. Donk, petèt Ana te oblije kontinye sipòte pawòl pike matlòt li a te konn di yo. Men, Ana pa t santi l enkyè ankò e l te kapab santi l anpè. N ap sonje apre Ana te fin kite bagay yo nan men Jewova, li pa t gen tètchaje ankò. Li te kite Jewova konsole l e li te kite l soulaje l. Yon ti tan apre sa, Jewova te reponn priyè Ana e li te pèmèt li gen pwòp pitit pa l. — 1 Sam. 1:19, 20; 2:21.

10. Ki sa nou aprann nan egzanp Ana?

10 Nou ka vin gen lapè ankò menmsi rezon ki fè nou gen tètchaje a toujou la. Menm lè nou priye anpil e nou toujou asiste reyinyon yo, gen kèk pwoblèm ki ka toujou la. Men, egzanp Ana montre pa gen anyen ki ka anpeche Jewova soulaje kè nou lè nou gen enkyetid. Jewova pap janm bliye nou, e rive yon lè l ap rekonpanse nou poutèt nou fidèl. — Ebre 11:6.

LESON NOU APRANN NAN EGZANP APOT PÒL

11. Ki rezon Pòl te genyen pou l santi l enkyè?

11 Pòl te gen anpil rezon pou l santi l enkyè. Pa egzanp, piske l te renmen frè l ak sè l yo, pwoblèm yo te genyen te ba l anpil tètchaje (2 Kor. 2:4; 11:28). Pandan Pòl te apot, li te oblije fè fas ak yon seri opozan ki te bat li e ki te fè mete l nan prizon. Mete sou sa, li te gen yon seri pwoblèm ki te enkyete l, pa egzanp, li te konn “gen [yon] tikras pwovizyon”. (Flp. 4:12.) E lè n sonje nan moman l t ap ekri lèt sa a batiman te deja fè nofraj avè l omwen twa fwa, nou ka imajine jan l te enkyè lè l t ap vwayaje nan batiman (2 Kor. 11:23-27). Ki sa k te ede Pòl fè fas ak enkyetid li yo?

12. Ki sa k te ede Pòl gen mwens enkyetid?

12 Pòl te santi l enkyè pou frè l ak sè l yo lè yo te nan pwoblèm, men li pa t eseye rezoud tout pwoblèm yo poukont li. Pòl te konn limit li. Li te mande kèk lòt moun bay èd pa yo nan pran swen kongregasyon an. Pa egzanp, li te bay kèk moun yo ka fè konfyans, tankou Timote ak Tit anpil responsablite. Pa gen dout, bèl travay frè sa yo te fè te soulaje enkyetid Pòl te genyen yo. — Flp. 2:19, 20; Tit 1:1, 4, 5.

Jan nou aprann sa nan egzanp apot Pòl, ki sa n ka fè pou enkyetid pa anvayi nou? (Gade paragraf 13-15.)

13. Ki jan ansyen yo ka imite Pòl?

13 Mande lòt moun ede w. Menm jan ak Pòl, gen anpil ansyen ki gen lanmou ki santi yo enkyè pou moun ki gen pwoblèm nan kongregasyon an. Men, yon ansyen pa ka ede tout moun nèt nan kongregasyon an. Lè yon ansyen konn limit li, sa ap pouse l pataje responsablite l genyen yo ak lòt gason ki kalifye pou sa epi l ap bay jèn frè yo fòmasyon pou yo pran swen twoupo Bondye a. — 2 Tim. 2:2.

14. Ki sa Pòl pa t pè, e ki sa nou aprann nan egzanp li?

14 Rekonèt ou bezwen konsolasyon. Pòl te gen imilite, se sa k fè li te chèche ankourajman nan men zanmi l yo, e li te jwenn ankourajman sa a. Sa klè, li pa t pè pou yo wè l kòm yon moun ki fèb lefètke l te kite zanmi l yo ankouraje l. Men sa Pòl te di lè l t ap ekri Filemon: “Lè m tande lanmou w genyen, sa ban m anpil kè kontan ak anpil konsolasyon.” ​(Flm. 7). Pòl te pale de plizyè lòt konpayon travay ki te ankouraje l anpil lè l te nan moman difisil (Kol. 4:7-11). Avèk imilite, lè nou rekonèt nou bezwen ankourajman, frè n ak sè n yo ap byen kontan ban nou èd nou bezwen an.

15. Ki jan Pòl te jwenn soulajman lè l te nan sitiyasyon difisil?

15 Konte sou Pawòl Bondye a. Pòl te konnen Ekriti yo t ap konsole l (Wom. 15:4). Mete sou sa, yo t ap ba l sajès pou l fè fas ak nenpòt eprèv (2 Tim. 3:15, 16). Lè Pòl te nan prizon nan vil Wòm yon dezyèm fwa, li te santi li pa t lwen mouri. Ki sa Pòl te fè nan sitiyasyon difisil sa a? Li te mande Timote pou l vin kote l tousuit avèk “woulo yo”. (2 Tim. 4:6, 7, 9, 13.) Poukisa? Paske sanble woulo sa yo se te pòsyon Ekriti ann Ebre yo, e Pòl te ka sèvi avèk yo pou l fè etid pèsonèl li nan Pawòl Bondye a. Lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman menm jan ak Pòl, Jewova ap itilize Ekriti yo pou l soulaje nou, kèlkeswa eprèv nou rankontre.

LESON NOU APRANN NAN EGZANP WA DAVID

Menm jan ak wa David, ki sa k ka ede nou si nou fè yon peche grav? (Gade paragraf 16-19.)

16. Ki jan David te santi l akoz peche grav li te fè yo?

16 David te fè yon bagay ki grav anpil. Li te fè adiltè ak Batcheba, li te fè touye mari l e pandan yon tan, li te eseye kache sa l te fè yo (2 Sam. 12:9). Okòmansman, David pa t koute konsyans li. Sa te fè l pèdi relasyon l te gen ak Jewova e sa te toumante l, li te menm vin malad (Sòm 32:3, 4). Ki sa k te ede David fè fas ak touman li te genyen akoz peche grav li te fè yo, e ki sa k ka ede nou si nou ta fè yon peche grav?

17. Ki jan pawòl ki nan Sòm 51:1-4 yo montre David te repanti toutbon?

17 Priye Bondye pou l padone w. Finalman, David te priye Jewova. Li te regrèt peche l te fè yo e l te konfese yo bay Jewova. (Li Sòm 51:1-4.) Se pa ti soulajman sa te fè l jwenn (Sòm 32:1, 2, 4, 5). Si w fè yon peche grav, pa eseye kache sa. Okontrè, priye Jewova pou w fè l konn tout sa w fè. Apre sa w ap kòmanse santi w soulaje anba tètchaje w te genyen akoz konsyans ou k ap kale w. Men, si w vle retounen vin zanmi Jewova, se pa priye sèlman w dwe priye.

18. Ki jan David te reyaji lè l te jwenn disiplin?

18 Aksepte disiplin. Lè Jewova te voye pwofèt Natan al fè David konnen peche l fè a, David pa t defann tèt li ni li pa t eseye minimize peche l la. Menm moman an, li te admèt li peche nonsèlman kont mari Batcheba, men, sa k pi enpòtan an, li te admèt li peche kont Jewova. David te aksepte disiplin Jewova te ba li, e Jewova te padone l (2 Sam. 12:10-14). Si nou te fè yon peche grav, nou bezwen pale ak moun Jewova mete pou pran swen nou yo (Jak 5:14, 15). Nou pa dwe ap chèche defann tèt nou. Pi vit nou aksepte disiplin nou jwenn nan e nou aplike l, se pi vit n ap vin gen lapè ak kè kontan ankò.

19. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

19 Pran detèminasyon pou w pa refè menm erè yo ankò. Wa David te konnen li te bezwen èd Jewova pou l pa refè menm peche yo (Sòm 51:7, 10, 12). Apre Jewova te fin padone David, David te pran detèminasyon pou l evite move panse. Se sa k fè li te kapab vin santi l anpè ankò.

20. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou padon Jewova?

20 N ap montre nou gen rekonesans pou padon Jewova lè nou priye l pou n mande l padon, lè nou aksepte disiplin e lè nou fè gwo efò pou n pa refè menm erè yo ankò. Lè nou fè sa, n ap kapab vin santi nou anpè ankò. Gen yon frè ki rele James ki te fè yon peche grav e ki te wè sa. Men sa l di: “Lè m te fè ansyen yo konnen peche m te fè a, mwen te santi se kòmsi se yon pwa lou ki sot sou zepòl mwen. M te kòmanse santi lespri m anpè ankò.” Se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke nou konnen “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze”. — Sòm 34:18.

21. Ki jan nou ka kite Jewova soulaje nou?

21 Plis n ap antre pi fon nan dènye jou yo, se plis sitiyasyon ki bay tètchaje yo ap ogmante. Lè w santi w gen enkyetid, priye Jewova san pèdi tan pou l ede w. Pran tan pou w etidye Bib la. Reflechi sou egzanp Ana, Pòl ak David. Mande Papa w ki nan syèl la ede w wè rezon ki fè w santi w gen enkyetid konsa (Sòm 139:23). Kite Jewova pote chay la pou ou, sitou lè chay la twòp pou ou. Si w fè sa, ou ka vin menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te chante yon chante pou Jewova ki di: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” — Sòm 94:19.

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

^ § 5 Pafwa, nou tout konn gen enkyetid akoz pwoblèm nou rankontre. Atik sa a pale sou egzanp twa sèvitè Jewova nan tan biblik yo ki te gen anpil enkyetid. Li pale tou sou fason Jewova te konsole yo chak e l te soulaje yo.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Enkyetid oswa tètchaje se lè yon moun santi l strese oubyen l ap bay tèt li pwoblèm pou yon bagay. Gen yon seri bagay ki ka fè sa, tankou pwoblèm ekonomik, pwoblèm sante, pwoblèm nan fanmi oswa lòt pwoblèm pèsonèl. Nou kapab santi tèt nou chaje tou akoz bagay mal nou te fè lontan oubyen akoz difikilte nou panse nou ka jwenn alavni.