Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 11

Èske w pare pou w batize?

Èske w pare pou w batize?

“Batèm nan [...] ap sove nou tou kounye a.” — 1 PYÈ 3:21.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa yon moun dwe fè anvan l kòmanse bati yon kay?

IMAJINE yon moun deside bati yon kay. Li konnen ki kalite kay li vle bati. Èske l dwe kouri al achte materyo pou l kòmanse bati kay la? Non. Anvan l kòmanse, gen yon bagay enpòtan li dwe fè. Li dwe kalkile konbyen kòb sa ap koute l. Poukisa? Se paske l bezwen konnen si l ap gen ase lajan pou l fini kay la. Si l byen kalkile anvan konbyen sa ap koute l, l ap gen plis posiblite pou l fini kay la.

2. Selon Lik 14:27-30, sou ki sa w dwe byen reflechi anvan w batize?

2 Èske lanmou ak rekonesans ou gen pou Jewova fè w anvi batize? Si se sa, ou nan menm sitiyasyon ak mesye ki vle bati kay la. Poukisa nou di sa? Fè yon ti reflechi sou pawòl Jezi te di nou jwenn nan Lik 14:27-30. (Li vèsè yo.) Jezi t ap esplike ki sa sa vle di pou yon moun vin disip li. Pou nou vin disip Jezi nou bezwen aksepte sa “sa ap koute” nou, sa vle di difikilte nou pral jwenn ak sakrifis n ap bezwen fè (Lik 9:23-26; 12:51-53). Kidonk, anvan w batize, ou bezwen byen reflechi sou tout sa sa mande. Konsa, w ap pi byen prepare pou w kontinye sèvi Bondye fidèlman antanke yon kretyen ki batize.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Èske sa vo lapenn pou yon moun batize antanke yon disip Kris? Repons lan se wi! Batèm ouvri pòt pou yon pakèt benediksyon depi kounye a e alavni. Ann egzamine kèk kesyon enpòtan konsènan batèm. Sa ap ede w reponn kesyon ki vin annapre a: “Èske m pare pou m batize?”

SA W DWE KONNEN SOU VE AK BATÈM

4. a) Ki sa vwe Jewova lavi nou vle di? b) Sa sa vle di pou yon moun “nye” tèt li, jan sa parèt nan Matye 16:24?

4 Ki sa vwe Jewova lavi nou vle di? Anvan w batize ou dwe vwe Jewova lavi w. Lè w vwe lavi w, ou fè yon priyè sensè kote w fè Jewova konnen w ap itilize lavi w pou w sèvi l pou toutan. Lè w vwe Bondye lavi w, ou “nye” tèt ou. (Li Matye 16:24.) Kounye a se pou Jewova ou ye, e sa se yon gwo privilèj (Wom. 14:8). Se kòmsi w di l apati kounye a, sa k pi enpòtan pou ou se sèvi l, men se pa fè tèt ou plezi. Lè w vwe Bondye lavi w, ou fè yon ve, sa vle di, ou fè l yon pwomès ki serye. Jewova pa fòse n fè yon ve konsa. Men, lè nou vwe Jewova lavi n, li atann pou nou kenbe pwomès nou fè l la. — Sòm 116:12, 14.

5. Ki rapò ki genyen ant ve ak batèm?

5 Ki rapò ki genyen ant ve ak batèm? Ve w fè a se yon bagay ki pèsonèl ou fè an prive, se yon bagay ki ant ou menm ak Jewova. Batèm se yon bagay ki fèt an piblik, li fèt devan moun, byen souvan nan yon asanble oubyen yon kongrè. Lè w batize, ou montre lòt moun ou deja vwe Jewova lavi w *. Donk, lè w batize, sa montre lòt moun ou renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou e w detèmine pou w sèvi l pou toutan. — Mak 12:30.

6-7. Jan 1 Pyè 3:18-22 montre sa, bay de rezon ki montre l nesesè pou yon moun batize.

6 Èske l vrèman nesesè pou yon moun batize? Annou reflechi sou pawòl nou jwenn nan 1 Pyè 3:18-22. (Li vèsè yo.) Menm jan lach la te montre aklè Noye gen lafwa, batèm ou se yon prèv klè ki montre ou vwe Jewova lavi w. Men, èske l vrèman nesesè pou w batize? Wi. Pyè te montre rezon ki fè l nesesè. Premyèman, batèm nan “ap sove nou”. Batèm kapab sove nou si nan aksyon n nou montre n gen lafwa nan Jezi e nou kwè li te mouri pou nou, li te monte nan syèl e kounye a li “adwat Bondye”.

7 Dezyèmman, batèm pèmèt ou gen “yon konsyans ki klè”. Lè nou vwe Bondye lavi nou e nou batize, nou vin gen yon relasyon espesyal avè l. Lefètke nou repanti toutbonvre e nou gen lafwa nan ranson an, Bondye padone peche nou. Konsa, konsyans nou ka klè devan l.

8. Ki sa k ta dwe fè w pran desizyon pou w batize?

8 Ki sa k ta dwe fè w pran desizyon pou w batize? Lefètke w te byen etidye Bib la, ou vin aprann anpil bagay sou Jewova, sa l renmen ak fason li aji. Sa w te aprann sou li yo te touche kè w e yo te pouse w renmen l anpil. Se lanmou w gen pou Jewova ki dwe pi gwo rezon ki fè w pran desizyon pou w batize.

9. Jan sa parèt nan Matye 28:19, 20, ki sa sa vle di pou w batize nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an?

9 Yon lòt rezon ki fè w pran desizyon pou w batize se paske w te aprann verite ki nan Bib la e kounye a ou aksepte verite sa yo. Fè yon ti reflechi sou pawòl Jezi te di lè l te bay lòd pou nou fè disip la. (Li Matye 28:19, 20.) Selon Jezi, moun k ap batize yo dwe fè sa “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. Ki sa sa vle di? Ou dwe kwè ak tout kè w verite Bib la anseye sou Jewova, sou Jezi, Pitit li a, ak sou lespri sen. Verite sa yo gen anpil fòs e yo ka vrèman touche kè w (Ebre 4:12). Ann egzamine kèk nan yo.

10-11. Ki verite konsènan Papa a ou te aprann e w te aksepte?

10 Fè yon ti reflechi sou verite ou te aprann sou Papa a: Li “rele Jewova”, li se “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a”, e se li “menm sèl ki vrè Dye [a]”. (Sòm 83:18; Eza. 37:16.) Se li ki kreye nou, e se “Jewova ki bay delivrans”. (Sòm 3:8; 36:9.) Li te pran dispozisyon pou sove nou anba peche ak lanmò e l ban nou posiblite pou n gen lavi ki pap janm fini an (Jan 17:3). Ve w fè a ak batèm ou ap montre ou se yon Temwen Jewova (Eza. 43:10-12). W ap vin fè pati yon fanmi frè ak sè nan lemonnantye k ap sèvi Bondye, ki fyè pou yo pote non l e k ap fè lòt moun konnen non sa a. — Sòm 86:12.

11 Ala yon gwo privilèj pou n konprann sa Bib la anseye sou Papa a! Lè w aksepte verite sa yo ki gen anpil valè, kè w ap pouse w vwe Jewova lavi w epi batize.

12-13. Ki verite konsènan Pitit la ou te aprann e w te aksepte?

12 Ki jan w te reyaji lè w te aprann verite ki vin annapre yo konsènan Pitit la? Jezi se dezyèm pèsonaj ki pi enpòtan nan linivè. Li te aksepte bay lavi l kòm ranson pou nou. Lè nou fè aksyon ki montre nou gen lafwa nan ranson an, nou ka jwenn padon pou peche nou, nou ka vin zanmi Bondye, e nou ka gen lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16). Jezi se Gran Prèt nou an. Li vle ede nou jwenn byenfè grasa ranson an e pou n gen yon relasyon sere ak Bondye (Ebre 4:15; 7:24, 25). Se avè l Jewova pral sèvi antanke Wa nan Wayòm Bondye a pou l fè non l vin sen, pou l mete fen nan mechanste, e pou l pote benediksyon pou toutan nan Paradi ki pral genyen an (Mat. 6:9, 10; Rev. 11:15). Jezi se modèl nou (1 Pyè 2:21). Li kite yon egzanp pou nou lefètke l te dakò sèvi ak lavi l pou l fè volonte Bondye. — Jan 4:34.

13 Lè w aksepte sa Bib la anseye sou Jezi, ou vin aprann renmen Pitit Gason Bondye renmen anpil la. Lanmou sa a pouse w sèvi ak lavi w pou w fè volonte Bondye, menm jan Jezi te fè sa. Kidonk, sa fè w anvi vwe Jewova lavi w epi batize.

14-15. Ki verite konsènan lespri sen ou te aprann e w te aksepte?

14 Ki sa w te panse lè w te aprann verite ki vin annapre yo konsènan lespri sen? Li pa yon moun, men li se fòs Bondye itilize pou l aji. Jewova te sèvi ak lespri sen pou l enspire moun ki t ap ekri Bib la, e lespri sen ede n konprann sa nou li nan Bib la e pou n aplike yo (Jan 14:26; 2 Pyè 1:21). Pa mwayen lespri sen, Jewova ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7.) Lespri sen ban nou fòs pou n preche bon nouvèl la, pou n goumen kont tantasyon ak dekourajman, e pou n andire anba eprèv. Li ede n demontre bèl kalite ki fè pati “fwi lespri a”. (Gal. 5:22.) Bondye kontan bay moun ki met konfyans nan li yo lespri sen si yo mande l li ak tout kè yo. — Lik 11:13.

15 Se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke n konnen moun k ap adore Jewova yo kapab konte sou lespri sen pou ede yo nan sèvis y ap ba li a! Lè w aksepte verite ou te aprann konsènan lespri sen yo, sa ap pouse w vwe Bondye lavi w epi batize.

16. Ki sa nou sot aprann nan atik sa a?

16 Lè w pran desizyon pou w vwe Bondye lavi w epi batize se yon desizyon ki enpòtan. Jan n te aprann sa, ou dwe dispoze aksepte difikilte w ap jwenn ak sakrifis sa ap mande. Men, benediksyon w ap jwenn yo ap pi plis lontan pase sakrifis ou pral fè yo. Batèm nan ka sove w, e l ap pèmèt ou gen yon konsyans ki klè devan Bondye. Se lanmou pou Jewova Dye ki dwe prensipal rezon ki pouse w pran desizyon pou w batize. Mete sou sa, ou dwe kwè ak tout kè w verite w te aprann sou Papa a, sou Pitit la, ak sou lespri sen an. Apre w fin reflechi sou sa n sot egzamine nan atik sa a, ki jan w t ap reponn kesyon ki vin annapre a: “Èske m pare pou m batize?”

SA W BEZWEN FÈ ANVAN W BATIZE

17. Bay kèk bagay yon moun bezwen fè anvan l batize.

17 Si w santi w pare pou w batize, se sèten ou gentan fè yon seri bagay pou w ka gen yon bon relasyon ak Jewova *. Piske w etidye Bib la regilyèman, ou vin aprann anpil bagay sou Jewova ak Jezi. Ou vin gen lafwa (Ebre 11:6). Ou gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè nou jwenn nan Bib la, e w vin gen konviksyon lafwa w gen nan sakrifis Jezi a kapab sove w anba peche ak lanmò. Ou repanti pou peche w, ou vrèman regrèt tout bagay mal ou te konn fè yo, e w mande Jewova padone w. Ou chanje lavi w sètadi ou rejte move fason ou te konn ap viv la ak tout fòs e w kòmanse viv yon fason ki fè Bondye plezi (Tra. 3:19). Ou chofe pou w pale ak lòt moun konsènan lafwa w. Ou kalifye pou w vin yon pwoklamatè ki poko batize e w kòmanse preche ak kongregasyon an (Mat. 24:14). Jewova fyè de ou paske w fè tout bagay sa yo ki nesesè. Ou fè kè l kontan anpil. — Pwo. 27:11.

18. Ki lòt bagay ou bezwen fè anvan w batize?

18 Anvan w batize, gen kèk lòt bagay ankò ou bezwen fè. Jan n te aprann sa pi wo a, ou dwe vwe Bondye lavi w. Fè yon priyè ak tout kè w poukont ou pou w pwomèt li w ap sèvi ak lavi w pou w fè volonte l (1 Pyè 4:2). Epi, fè kowòdonatè gwoup ansyen an konnen ou vle batize. L ap mande kèk ansyen pou yo reyini avè w. Ou pa bezwen pè lè y ap pale avè w. Sonje sa, frè sa yo deja konnen w e yo renmen w. Y ap chita avè w pou yo egzamine ansèyman fondamantal ou te aprann nan Bib la. Yo vle asire yo ou konprann ansèyman sa yo e w konn enpòtans ve ak batèm nan genyen. Si yo dakò ou pare, y ap fè w konnen ou kapab batize nan pwochen asanble oswa kongrè k ap fèt la.

SA W PRAL BEZWEN FÈ APRE BATÈM OU

19-20. Ki sa w pral bezwen fè apre batèm ou, e ki jan w ka fè sa?

19 Apre w fin batize, ki sa w ap bezwen fè *? Pa bliye, lè w te vwe Jewova lavi w se yon ve ou te fè, e Jewova atann pou w respekte ve sa a. Se sa k fè, apre w fin batize, ou dwe viv ann amoni ak ve w te fè a. Ki jan w ka fè sa?

20 Rete pwòch ak kongregasyon an. Antanke yon kretyen ki batize, kounye a ou vin fè pati “frè [ak sè] nou yo”. (1 Pyè 2:17.) Frè w ak sè w yo nan kongregasyon an se fanmi w nan lafwa. Lè w asiste reyinyon yo regilyèman, w ap ranfòse relasyon w gen ak yo. Li Pawòl Bondye a epi medite sou sa w li yo chak jou (Sòm 1:1, 2). Lè w fin li yon pòsyon nan Bib la, pran yon ti tan pou w byen reflechi sou sa w li a. Konsa, pawòl sa yo ap touche kè w. “Kontinye priye.” ​(Mat. 26:41). Lè w priye Jewova ak tout kè w, sa ap fè w vin pi pwòch avè l. “Kontinye chèche Wayòm nan an premye.” ​(Mat. 6:33). Ou ka rive fè sa lè w bay travay predikasyon an priyorite nan lavi w. Lè w preche regilyèman, lafwa w ap rete djanm, e w ap ka ede lòt moun jwenn wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. — 1 Tim. 4:16.

21. Ki sa batèm ou ap pèmèt ou jwenn?

21 Desizyon w pran pou w vwe Jewova lavi w epi pou w batize a se desizyon ki pi enpòtan ou te ka pran. Se vre sa koute yon bagay. Men, èske sa vo lapenn? Wi! Kèlkeswa difikilte ou ta jwenn nan monn sa a se “pou yon ti tan e li lejè”. (2 Kor. 4:17.) Yon lòt bò, batèm ou ap pèmèt ou viv yon fason ki ba w plis satisfaksyon depi kounye a e l ap pèmèt ou gen “lavi toutbon” an alavni (1 Tim. 6:19). “Èske m pare pou m batize?” Tanpri, byen reflechi sou repons w ap bay pou kesyon sa a epi priye sou sa.

KANTIK 50 Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m

^ § 5 Èske w ta renmen batize? Si w ta renmen sa, atik sa a fèt espesyalman pou ou. Nou pral egzamine kèk kesyon enpòtan sou sijè sa a. Repons ou pral bay yo ap ede w konnen si w pare pou w batize.

^ § 5 Gade kare ki gen tit “ De kesyon ou dwe reponn jou batèm ou”.

^ § 19 Si w potko fin etidye liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak liv Fason pou n rete nan lanmou Bondye a, yon moun dwe kontinye etidye de liv sa yo avè w jiskaske w fini yo.