Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“Men nou! Voye nou!”

“Men nou! Voye nou!”

ÈSKE W ta renmen fè plis nan sèvis ou pou Jewova lè w deplase al viv yon kote ki bezwen plis pwoklamatè, petèt menm nan yon lòt peyi? Si w ta renmen fè sa, istwa frè ak sè Bergame ap ede w anpil.

Jack ak Marie-Line nan sèvis aplentan ansanm depi 1988. Yo se moun ki adapte yo fasil, se poutèt sa yo te aksepte plizyè asiyasyon nan Gwadloup ak Giyàn Fransè. Kounye a, se filyal peyi Lafrans ki sipèvize travay k ap fèt nan toule de zòn sa yo. Ann poze Jack ak Marie-Line kèk kesyon.

Ki sa k te pouse nou antre nan sèvis aplentan?

Marie-Line: Depi m toupiti an Gwadloup, byen souvan, mwen te konn fè jounen ap preche ak manman m ki te yon Temwen zele. Mwen renmen moun, se sa k fè, kou m te fini lekòl nan ane 1985, mwen te pran sèvis pyonye.

Jack: Lè m te jèn, m te gen anpil zanmi ki nan sèvis aplentan, ki te renmen preche. Mwen te konn pran sèvis pyonye oksilyè lè m an vakans. Byen souvan nou te konn pran yon bis lè wikenn pou n al jwenn pyonye yo nan tèritwa yo. Nou te konn preche pandan tout jounen an, apre sa nou te konn al nan lanmè. Mwen te renmen moman sa yo anpil!

Yon ti tan apre m fin marye ak Marie-Line an 1988, m te di tèt mwen, ‘Nou pa gen gwo responsablite, poukisa nou pa fè plis nan sèvis la?’ Mwen te pran sèvis pyonye menm jan ak Marie-Line. Ennan apre, apre nou te fin asiste Lekòl pyonye, yo te nome nou pyonye espesyal. Nou te jwenn anpil bèl asiyasyon Gwadloup anvan yo te mande nou pou n al sèvi Giyàn Fransè.

Nou te chanje asiyasyon plizyè fwa pandan tout ane sa yo. Ki sa k te ede nou adapte nou ak chanjman sa yo?

Marie-Line: Frè nan Betèl Giyàn Fransè yo te konnen vèsè nou pi renmen se Ezayi 6:8. Se sa k fè lè yo rele nou, byen souvan, pou kòmanse, yo te konn fè blag lè yo di nou: “Ki vèsè nou pi renmen ankò?” Lè konsa nou te konnen sa vle di nou pral jwenn yon nouvo asiyasyon. Se sa k fè nou te konn di: “Men nou! Voye nou!”

Nou veye pou nou pa konpare ansyen asiyasyon nou te genyen yo ak asiyasyon nou gen kounye a pou sa pa anpeche nou apresye sa nou genyen kounye a. Mete sou sa, nou fè efò pou nou chèche konn frè ak sè yo.

Jack: Lontan, gen kèk zanmi ki te gen bon entansyon ki te eseye dekouraje nou pou n pa demenaje paske yo te vle nou rete toupre yo. Men, lè nou te kite Gwadloup, gen yon frè ki te fè n sonje pawòl Jezi te di ki nan Matye 13:38: “Jaden an, se monn nan.” Donk, lè nou chanje asiyasyon, nou sonje nou toujou ap sèvi nan menm tèritwa a kèlkeswa kote nou ye. Dayè, se moun yo ak tèritwa a ki pi enpòtan!

Lè nou rive nan yon tèritwa, nou wè moun yo reyisi viv ladan l ak kè kontan. Lè konsa, nou fè efò pou nou viv tankou moun nan zòn nan. Petèt nou pa abitye ak manje yo, men nou manje sa yo manje e nou bwè sa yo bwè, toutpandan nou pran prekosyon ki nesesè pou sante nou. Nou bat pou nou toujou di bagay ki pozitif sou chak asiyasyon nou jwenn.

Marie-Line: Nou aprann anpil bagay nan men frè ak sè k ap viv nan zòn nan. M sonje lè nou te fèk rive Giyàn Fransè. Te vin gen yon gwo lapli ki t ap tonbe, konsa, nou te panse nou t ap oblije ret tann lapli a kanpe anvan nou soti al preche. Epi yon sè te mande m: “Èske w pare pou w soti preche?” Mwen te sezi e m te di l: “Ki jan?” Li te di m: “Pran parapli w, epi nou pral sou bekàn.” Se konsa m te aprann kenbe yon parapli toutpandan m ap kondui yon bekàn. Si m pa t aprann fè sa, m pa t ap janm ka soti preche nan sezon lapli!

Nou te demenaje anviwon 15 fwa. Èske gen kèk konsèy nou ka bay moun k ap demenaje?

Marie-Line: Demenaje ka difisil. Men, li enpòtan pou n gen yon ti kote nou santi nou alèz lè n sot preche.

Jack: Chak fwa nou nan yon nouvo kay, an jeneral, mwen repentire anndan kay la. Frè yo nan filyal la konn sa. Se sa k fè, pafwa lè yo konnen nou pap fè anpil tan nan yon kay yo konn di m: “Jack, ou pa bezwen pentire fwa sa a.”

Marie-Line fò nan prepare demenajman! Li met tout bagay nan yon seri bwat epi l make sou yo “saldeben”, “chanm”, “kuizin”, eksetera. Se sa k fè, lè nou fèk rive nan yon kay, li pi fasil pou nou mete bwat yo nan pyès kote yo dwe ye a. Li fè yon lis ki gen tout sa k nan yon bwat e sa ede nou jwenn sa nou bezwen pi fasil.

Marie-Line: Lefètke nou te aprann byen òganize tout bagay, sa te pèmèt nou kòmanse aktivite nou san pèdi tan.

Ki jan nou jere tan nou pou nou “akonpli sèvis [n]ou nèt”? — 2 Tim. 4:5.

Marie-Line: Lè lendi, nou repoze e nou prepare reyinyon. Epi, nou preche soti madi rive dimanch.

Jack: Se vre nou gen yon kantite lè pou nou fè, men se pa sou sa nou konsantre. Se travay predikasyon an ki pi enpòtan nan lavi nou. Depi nou kite kay la jiskaske nou retounen, nou eseye pale ak tout moun nou rankontre.

Marie-Line: Menm lè n al nan yon ti piknik, pa egzanp, m toujou gen feyè avè m. Gen moun ki vin kote nou e ki mande nou piblikasyon menm lè nou pa di yo nou se Temwen Jewova. Se sa k fè nou veye sou fason nou abiye ak fason nou konpòte nou. Moun yo bay sa enpòtans.

Jack: Yon lòt fason nou bay temwayaj se lè nou montre nou se bon vwazen. Mwen ranmase papye ki atè, mwen mete yo nan poubèl e m pase rato nan lakou a. Sa atire atansyon vwazen nou yo, e pafwa yo konn di nou: “Èske w ka fè m jwenn yon Bib souple?”

Nou te preche souvan nan tèritwa izole. Èske nou sonje yon bagay ki te make nou pandan vwayaj sa yo?

Jack: Gen kèk tèritwa nan Giyàn ki difisil pou w rive ladan yo. Souvan, nou oblije vwayaje sou yon distans 600 kilomèt pandan yon semèn sou move wout. Vwayaj nou te fè nan zòn Senteli, nan forè Amazòn nan, te make m anpil. Sa te pran nou plizyè èdtan pou nou rive nan zòn sa a nan yon machin katpakat e nan yon kannòt. Travay pifò moun ki t ap viv nan zòn sa a se te chèche lò. Kèk nan yo te ban nou ti moso lò kòm ofrann, tèlman yo te kontan resevwa piblikasyon nou yo! Nan aswè, nou te pase youn nan videyo òganizasyon an e anpil moun nan zòn nan te vin gade l.

Marie-Line: Sa pa gen lontan, yo te mande Jack pou l bay diskou Memoryal la nan yon bouk ki rele Kamopi. Pou nou rive la, nou te fè katrèdtan ap vwayaje sou rivyè Oyapòk la nan yon kannòt. Se te yon bèl eksperyans.

Jack: Pati kote dlo rivyè a plat yo ak kote l koule byen vit yo konn danjere. M pa kache di w, lè w ap rive kote ki gen gwo kouran yo sa fè w fremi. Moun k ap mennen kannòt la dwe konn sa l ap fè. Men, se te yon bèl vwayaj. Menm lè se 6 Temwen sèlman ki te la, te gen anviwon 50 moun ki te asiste Memoryal la e te gen kèk Amerendyen pami yo.

Marie-Line: Se kalite bèl eksperyans sa yo k ap tann jèn ki vle fè plis pou Jewova yo. Ou dwe fè Jewova konfyans nan sitiyasyon sa yo e sa ap fòtifye lafwa w. Byen souvan, nou wè men Jewova k ap aji pou nou.

Nou te aprann plizyè lang. Èske se yon don nou genyen pou n aprann lòt lang?

Jack: Non. Mwen te aprann pale lang sa yo paske sa te nesesè. Mwen te dwe kondui etid Toudegad nan lang sranantongo * anvan menm yo te ban m fè lekti Labib! Mwen te mande yon frè ki jan m te degaje m. Li te di m: “Pafwa, gen kèk nan mo yo nou pa t konprann, men, se te trè byen.” Timoun yo te ede m anpil. Lè m te fè erè, yo te di m sa, alòske granmoun yo pap di w sa. Mwen te aprann anpil nan men timoun yo.

Marie-Line: Nan youn nan tèritwa yo, m te gen etid an fransè, pòtigè ak sranantongo. Gen yon sè ki te konseye m pou m kòmanse ak lang ki pi difisil la e pou m fini ak lang m pi abitye a. Sa pa t pran tan pou m konprann se te yon bon konsèy.

Yon jou, mwen te dwe fè yon premye etid nan lang sranantongo ak yon dezyèm nan lang pòtigè. Lè m t ap kòmanse dezyèm etid la, sè ki te avè m nan te di: “Marie-Line, m panse gen yon ti pwoblèm!” Se lè sa a, m rann mwen kont mwen t ap pale sranantongo ak yon Brezilyèn olye m pale pòtigè!

Moun nou te konn kolabore avèk yo renmen nou anpil. Ki jan nou fè vin pwòch frè ak sè yo konsa?

Jack: Pwovèb 11:25 di: “Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache.” Nou toujou dispoze sèvi lòt moun. Anrapò ak antretyen Sal Wayòm nan, gen kèk moun ki te di m: “Kite pwoklamatè yo fè travay sa a.” Men, m reponn: “Ebyen, m se yon pwoklamatè tou. Donk, si gen travay ki pou fèt, m ta renmen patisipe.” Byenke tout moun bezwen gen vi prive yo, nou toujou bat pou n sonje nou pa vle pou vi prive nou anpeche nou fè byen pou lòt moun.

Marie-Line: Nou fè efò pou nou montre nou enterese nan frè n ak sè n yo. Konsa, nou vin konnen lè yo bezwen yon moun pou voye je sou pitit yo oubyen pou al chèche yo lekòl. Lè sa a, nou ka ranje pwogram nou yon fason pou nou disponib pou n ede yo. Se konsa, nou vin gen bon relasyon ak lòt moun paske nou dispoze ede yo lè yo bezwen sa.

Ki benediksyon nou resevwa lefètke n ap sèvi kote ki gen anpil bezwen?

Jack: Sèvis aplentan fè nou jwenn anpil benediksyon. Byen souvan nou jwenn okazyon pou nou admire divès bagay Jewova kreye, e nou pran plezi nan yo. Byenke nou jwenn kèk difikilte, nou santi lespri nou anpè paske nou konnen pèp Bondye a ap soutni nou kèlkeswa kote nou ye.

Lè m te jèn gason, yo te mete m nan prizon Giyàn Fransè paske m pa t vle antre nan lame. Mwen pa t janm imajine mwen t ap retounen yon jou nan peyi sa a antanke misyonè epi m t ap gen otorizasyon pou m vizite prizon yo antanke moun k ap preche bon nouvèl la. Vrèmanvre, Jewova konn bay anpil benediksyon.

Marie-Line: Sa ki ban m plis kè kontan se sèvi lòt moun. Nou kontan lefètke n ap sèvi Jewova. Sa ede n vin pi pwòch youn ak lòt antanke mari ak madanm. Pafwa, Jack konn mande m si nou ka envite yon mari ak madanm ki dekouraje vin manje ak nou. Anpil fwa, m konn reponn: “Se ak sa m t ap panse!” Byen souvan, nou panse menm jan.

Jack: Sa pa gen lontan depi doktè yo wè m gen kansè pwostat. M konnen Marie-Line pa renmen tande lè m di l: “Cheri, si m dwe mouri demen, se vre m pap ‘gen yon bon ti laj’ lè m mouri, men m ap satisfè lefètke m konnen m te sèvi Jewova pandan tout vi m e m te fè sa ki pi enpòtan yo.” — Jen. 25:8.

Marie-Line: Jewova te ouvri yon seri pòt sanzatann pou nou e l te pèmèt nou fè yon seri bagay nou pa t ap janm imajine. Lavi nou te vrèman ranpli ak bon bagay. Kèlkeswa kote òganizasyon Bondye a mande nou pou nou ale, se la nou prale toutpandan n ap mete tout konfyans nou nan Bondye!

^ § 32 Sranantongo se yon melanj anglè, neyèlandè, pòtigè ak lang afriken, se esklav ki te fè lang sa a.