Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 16

Koute yo, aprann konnen yo e montre konpasyon pou yo

Koute yo, aprann konnen yo e montre konpasyon pou yo

“Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis.” — JAN 7:24.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki verite ankourajan Bib la fè konnen sou Jewova?

ÈSKE W ta renmen moun jije w sou koulè po w, sou figi w oswa sou gwosè w? Se sèten ou pa t ap renmen sa. Donk, se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou konnen Jewova pa jije nou selon sa moun ka wè! Pa egzanp, lè Samyèl t ap gade pitit gason Jese yo, li pa t wè sa Jewova te wè. Jewova te di Samyèl gen youn nan pitit gason Jese yo k ap vin wa Izrayèl. Men, kiyès nan yo? Lè Samyèl te wè Elyab, pi gran pitit gason Jese a, li te di: “Siman se moun Jewova chwazi a ki kanpe devan l la a.” Elyab te sanble ak yon wa. “Men, Jewova di Samyèl: ‘Pa gade sou aparans li ak wotè l, mwen pa chwazi l.’” Ki leson nou aprann? Men sa Jewova di apre sa: “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Sam. 16:1, 6, 7.

2. Selon Jan 7:24, poukisa nou pa dwe jije yon moun sou aparans? Bay yon egzanp.

2 Antanke moun ki enpafè, nou tout gen tandans jije moun sou aparans. (Li Jan 7:24.) Men, aparans yon moun pap pèmèt nou konn tout bagay sou moun sa a. Ann pran yon egzanp. Menm yon doktè ki entèlijan e ki gen anpil eksperyans pa ka annik gade yon malad epi li gentan wè tout sa moun nan genyen. Li dwe byen koute malad la si l vle konn kòman sante l ye, ki jan l santi l oswa ki sa k ap fè l mal. Doktè a ka menm voye malad la fè yon radyografi pou l ka wè si gen yon pwoblèm anndan kò malad la. Si doktè a pa fè sa, li ka di moun nan gen yon pwoblèm epoutan se pa pwoblèm sa a moun nan genyen vre. Menm jan an tou, nou pap byen konprann frè n ak sè n yo si n annik gade yo sou aparans. Nou dwe chèche konnen kiyès yo ye toutbon. Nou pa ka li kè moun, se sa k fè nou pap janm ka byen konprann moun menm jan ak Jewova. Men, nou ka fè tout sa n kapab pou n imite Jewova. Ki jan?

3. Ki jan istwa biblik ki nan atik sa a ap ede nou imite Jewova?

3 Ki jan Jewova aji ak moun k ap adore l yo? Li koute yo. Li byen konprann sa k ap pase nan lavi yo ak sitiyasyon yo. Epi li montre konpasyon pou yo. Pandan n ap egzamine fason Jewova te aji ak Jonas, Eli, Aga ak Lòt, annou gade ki jan nou ka imite Jewova nan fason n ap aji ak frè n ak sè n yo.

BYEN KOUTE

4. Sa k fè nou ta ka mal jije Jonas?

4 Piske nou pa konn tout bagay konsènan sitiyasyon Jonas, nou te ka panse li pa merite pou nou fè l konfyans, e li pa menm fidèl. Li te resevwa yon lòd dirèk nan men Jewova pou l anonse jijman nan vil Niniv. Men, olye Jonas obeyi, li pran yon bato ki pral nan yon lòt direksyon, “pou l ka kouri pou Jewova”. (Jon. 1:1-3.) Èske w t ap bay Jonas yon lòt chans pou l obeyi lòd Jewova te ba l la? Petèt non. Poutan, Jewova te wè gen kèk rezon pou l fè sa. — Jon. 3:1, 2.

5. Ki sa w aprann sou Jonas nan pawòl li te di ki nan Jonas 2:1, 2, 9?

5 Nan priyè Jonas te fè a, li te montre ki moun li ye toutbon. (Li Jonas 2:1, 2, 9.) Se sèten priyè sa a se youn nan pakèt priyè Jonas te fè ki ede nou pou nou pa annik wè l kòm yon moun ki te kouri pou l pa fè yon travay Jewova te ba l fè. Pawòl li yo montre li se yon moun ki gen imilite ak rekonesans, e ki detèmine pou l obeyi Jewova. Nou pa sezi dèske Jewova pa t gade sou fason Jonas te aji. Okontrè, li te reponn priyè l te fè a, e li te kontinye sèvi avè l kòm pwofèt.

Si nou byen konprann yon sitiyasyon, n ap kapab aji avèk plis konpasyon. (Gade paragraf 6.) *

6. Poukisa l bon pou n fè efò pou n byen koute?

6 Pou n byen koute lòt moun, nou bezwen gen imilite ak pasyans. Sa vo lapenn pou nou fè efò nan sans sa a pou omwen twa rezon. Premyèman, sa ka fè nou pa kouri jije lòt moun. Dezyèmman, nou ka chèche konprann santiman frè nou yo ak sa k pouse yo aji, e sa ap ede nou pou nou montre plis konpasyon pou yo. E twazyèmman, nou ka ede moun nan aprann konn tèt li. Pafwa, nou pa vrèman konprann pwòp santiman pa nou toutotan nou pa pale pou nou di sa nou santi (Pwo. 20:5). Men sa yon ansyen ann Azi admèt: “Mwen sonje yon lè m te kouri pale anvan m koute. M te di yon sè li bezwen amelyore kòmantè l ap fè nan reyinyon yo. Annapre, m te aprann li pa konn li byen e li te oblije fè anpil efò pou l fè kòmantè.” Li enpòtan anpil pou chak ansyen “tande sa [yon moun] di” anvan yo bay konsèy! — Pwo. 18:13.

7. Ki sa w aprann nan fason Jewova te aji ak Eli?

7 Gen kèk nan frè n ak sè n yo ki twouve l difisil pou yo di sa yo santi akoz fason yo te leve, kilti yo oswa pèsonalite yo. Ki jan nou ka mete yo alèz pou yo ouvri kè yo ban nou? Sonje fason Jewova te aji ak Eli lè l t ap kouri pou Jezabèl. Sa te pran plizyè jou anvan Eli te fè Papa l ki nan syèl la konnen tout sa k ap trakase l. Jewova te pran san l pou l koute l. Apre sa, li te ankouraje Eli e l te ba l yon travay enpòtan pou l fè (1 Wa 19:1-18). Sa ka mande tan pou frè n ak sè n yo santi yo alèz pou yo pale avèk nou, men se lè yo pale avèk nou n ap kapab konprann jan yo santi yo toutbon. Si nou montre nou gen pasyans menm jan ak Jewova, y ap ka fè nou konfyans. Epi, lè yo dispoze fè nou konnen sa yo santi, nou dwe pran san nou pou nou koute yo.

APRANN KONN FRÈ W AK SÈ W YO

8. Selon Jenèz 16:7-13, ki jan Jewova te ede Aga?

8 Aga, sèvant Sarayi, te aji yon fason ki sòt apre Sarayi te fin bay Abram li kòm madanm. Aga te vin ansent e li te vin ap meprize Sarayi ki pa t fè pitit. Sitiyasyon an te vin tèlman grav, sa te fè Sarayi met Aga deyò (Jen. 16:4-6). Piske nou enpafè, nou ta kapab konsidere Aga kòm yon fi ki mechan e ki te merite sa k te rive l la. Men, se pa konsa Jewova te wè Aga. Li te voye yon zanj li kote l. Lè zanj lan te jwenn Aga, li te ede l korije atitid li e l te beni l. Aga te santi Jewova t ap voye je sou li e Jewova te konnen nan ki sitiyasyon l ye. Se sa k fè l te di li se “yon Bondye ki wè tout sa k ap pase”, e li se “Sila a k ap gade m nan”. — Li Jenèz 16:7-13.

9. Ki sa Bondye te pran an konsiderasyon nan fason l te aji ak Aga?

9 Ki sa Jewova te wè nan Aga? Li te konn tout detay sou lavi Aga ak tout difikilte l te jwenn nan lavi l (Pwo. 15:3). Aga se te yon Ejipsyèn ki t ap viv lakay yon fanmi ebre. Èske sa te konn fè l santi l pa lakay li? Èske l te sonje fanmi l ak peyi l? Se pa t li menm sèl Abram te gen kòm madanm. Pandan yon epòk, gen kèk gason fidèl ki te gen plizyè madanm. Men, se pa t sa Jewova te vle okòmansman (Mat. 19:4-6). Donk, nou pa sezi si yon sitiyasyon konsa lakòz jalouzi ak rayisman nan yon fanmi. Byenke Jewova pa t dakò ak Aga poutèt li te derespekte Sarayi, nou ka sèten li te konprann santiman Aga ak sitiyasyon l.

Chèche konn frè w ak sè w yo pi byen. (Gade paragraf 10-12.) *

10. Ki jan nou ka aprann konnen frè n ak sè n yo pi byen?

10 Nou ka imite Jewova lè nou chèche konprann youn lòt. Chèche konn frè w ak sè w yo pi byen. Pale avèk yo anvan ak apre reyinyon yo, preche avèk yo e si sa posib, envite yo manje avè w. Lè w fè sa, w ap ka vin wè yon sè ki te parèt gen move jan se timid li timid, yon frè ou te panse ki materyalis se akeyi l renmen akeyi moun oswa yon fanmi ki vin nan reyinyon anreta souvan se opozisyon l ap rankontre (Jòb 6:29). Nòmalman, nou pa dwe “mele nan zafè moun”. (1 Tim. 5:13.) Men, li bon pou nou konn kèk bagay sou frè n ak sè n yo e sou sa yo te pase nan lavi yo. Konsa, n ap ka konprann yo pi byen.

11. Poukisa li enpòtan pou ansyen yo byen konn frè ak sè yo?

11 Ansyen yo sitou bezwen byen konn sitiyasyon frè ak sè ki nan kongregasyon yo. Ann pran egzanp yon frè ki rele Artur ki te siveyan sikonskripsyon. Li menm ak yon lòt ansyen t al wè yon sè ki te parèt timid e ki yon jan apa. Men sa Artur di: “Nou te aprann mari sè a te mouri yon ti tan apre yo fin marye. Malgre gwo eprèv sa a, li te rive leve de pitit fi ki renmen Jewova anpil e k ap sèvi l fidèlman. Men, kounye a, li kòmanse pa wè byen, e li fè depresyon. Menm lè sa a, li toujou renmen Jewova anpil e li gen yon lafwa ki solid. Nou te vin konprann nou te gen anpil bagay pou nou aprann nan bèl egzanp sè sa a bay.” ​(Flp. 2:3). Siveyan sikonskripsyon an te suiv egzanp Jewova. Jewova konn mouton l yo ak sa k ap fè yo soufri (Egz. 3:7). Ansyen ki byen konnen frè ak sè yo kapab ede yo pi byen.

12. Ki byenfè yon sè ki rele Yip Yee te jwenn lefètke l te aprann konnen yon sè nan kongregasyon an pi byen?

12 Lè w aprann konnen yon kretyen ou twouve san w pa ale avè l, w ap pi fasil demontre konpasyon pou li. Ann pran yon egzanp. Yon sè ki rele Yip Yee, k ap viv ann Azi, te di: “Gen yon sè nan kongregasyon m nan ki te konn pale fò anpil. Mwen te panse l malelve. Men, lè m te preche avè l, mwen te aprann li te konn ede paran l vann pwason nan yon mache. Li te oblije pale fò pou l atire kliyan.” Men sa Yip Yee di ankò: “Mwen te vin wè, si m vle konprann frè m ak sè m yo, mwen bezwen chèche konnen yo pi byen.” Nou bezwen fè efò si nou vle konn frè n ak sè n yo pi byen. Lè w suiv konsèy ki gen nan Bib la ki mande pou w ouvri kè w byen gran an, w ap imite Jewova ki renmen “tout kalite moun”. — 1 Tim. 2:3, 4; 2 Kor. 6:11-13.

MONTRE W GEN KONPASYON

13. Selon Jenèz 19:15, 16, ki sa zanj yo te fè lè Lòt t ap pèdi tan, e poukisa?

13 Lòt te pran tan pou l obeyi Jewova nan yon moman kote lavi l ak lavi fanmi l te an danje. Gen de zanj ki te vizite Lòt e ki te di l pou l fè fanmi l kite Sodòm. Poukisa? Men sa yo te di: “Nou pral detwi zòn sa a.” ​(Jen. 19:12, 13). Nan demen maten, Lòt ak fanmi l te lakay yo toujou. Donk, zanj yo te avèti Lòt yon dezyèm fwa. Men, Lòt “[t] ap pèdi tan”. Petèt nou ka panse li pa t bay sa Jewova te di l la enpòtans, nou ka menm panse li pa t obeyisan. Men, Jewova pa t dekouraje avè l. “Jewova [te] tèlman gen pitye pou Lòt”, li te fè zanj yo pran men Lòt ak tout fanmi l pou yo fè yo soti nan vil la. — Li Jenèz 19:15, 16.

14. Poukisa Jewova te gen konpasyon pou Lòt?

14 Petèt Jewova te gen plizyè rezon ki fè l te santi l gen konpasyon pou Lòt. Petèt Lòt te renka pou l kite kay li paske l te pè moun ki pa deyò vil la. Te gen lòt danje tou. Petèt Lòt te konnen gen de wa ki te tonbe nan twou ki plen goudwon, nan yon vale ki te toupre a (Jen. 14:8-12). Antanke yon mari ak yon papa, Lòt dwe te enkyè pou fanmi l. Mete sou sa, Lòt te rich, donk, petèt li te gen yon bèl kay nan Sodòm (Jen. 13:5, 6). Nòmalman, pa gen youn nan bagay sa yo ki fè Lòt te gen rezon pou l pa obeyi Jewova san pèdi tan. Men, Jewova pa t rete sou erè Lòt te fè yo, li te konsidere Lòt kòm yon “moun ki jis”. — 2 Pyè 2:7, 8.

Lè nou koute lòt moun, nou ka rive konprann fason pou nou montre nou gen konpasyon. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Olye n kritike yon moun pou sa l fè, ki sa n ta dwe fè?

15 Olye w kritike yon moun pou sa l fè, fè tout sa w kapab pou w konprann ki jan l santi l. Gen yon sè ann Ewòp ki rele Veronica ki te eseye fè sa. Men sa l di: “Gen yon sè ki te toujou parèt move. Li te toujou mete kò l apa. Pafwa, m te konn santi m pè pwoche kote l. Men, m te di tèt mwen: ‘Si m te nan plas li m t ap bezwen gen yon zanmi.’ Donk, mwen te deside al kote l pou m mande l ki jan l santi l. E l te kòmanse ouvri kè l ban mwen! Kounye a mwen pi byen konprann li.”

16. Poukisa nou dwe priye Jewova pou l ede nou mete n nan plas lòt moun?

16 Sèl moun ki konprann nou nèt se Jewova (Pwo. 15:11). Donk, mande l ede w pou w wè lòt moun menm jan avè l e pou w konprann ki jan pou w montre konpasyon pou yo. Lapriyè te ede yon sè ki rele Anzhela pou l gen plis konpasyon. Li te vin gen difikilte pou l antann li ak yon sè nan kongregasyon l lan. Men sa Anzhela fè konnen: “Li te ka fasil pou m pran nan pyèj pou m ap kritike sè a, e pou m ba l vag. Men, m te mande Jewova pou l ede m mete m nan plas sè sa a.” Èske Jewova te reponn priyè Anzhela te fè a? Men sa l di apre sa: “Nou t al preche ansanm e apre sa, nou te fè plizyè èdtan ap pale. M te koute l avèk konpasyon. Kounye a, m vin pi renmen l e m pran detèminasyon pou m ede l.”

17. Ki detèminasyon n ta dwe pran?

17 Ou pa dwe chwazi ki frè oswa ki sè ki merite pou w demontre bonjan konpasyon pou yo. Yo tout ap fè fas ak pwoblèm menm jan ak Jonas, Eli, Aga ak Lòt. Plizyè fwa se yo menm ki lakòz yo gen pwoblèm. An reyalite, sa konn rive nou tout. Donk, li rezonab pou Jewova mande nou pou n gen konpasyon youn pou lòt (1 Pyè 3:8). Lè nou obeyi Jewova, nou kontribye pou gen inite nan bèl fanmi nou fòme toupatou sou tè a ki gen tout kalite moun ladan l. Se sa k fè, nan fason n ap aji youn ak lòt antanke frè ak sè, nou bezwen pran detèminasyon pou nou montre n enterese nan yo e pou n montre konpasyon pou yo.

KANTIK 87 Vini, w ap rejwenn fòs!

^ § 5 Antanke moun ki enpafè, nou gen tandans jije moun byen vit. Jewova li menm “wè sa k nan kè yon moun”. (1 Sam. 16:7.) Atik sa a pral montre ki jan Jewova te byen aji ak Jonas, Eli, Aga ak Lòt. Epi, li pral ede nou pou nou imite Jewova nan fason n ap aji ak frè n ak sè n yo.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Gen yon frè ki granmoun ki kontrarye poutèt yon jèn frè rive anreta nan reyinyon, men annapre, li vin aprann se paske frè a te fè yon aksidan machin ki fè l anreta.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Gen yon siveyan gwoup ki te wè yon sè ki te renmen mete kò l apa, annapre li te vin konprann sè a se yon moun ki timid e ki pa santi l alèz ak moun li pa byen konnen.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè yon sè te chèche konn yon lòt sè pi byen, li te vin konprann sè a pa yon moun ki tchak e ki pa enterese nan moun jan l te panse sa lè l te fèk rankontre l nan Sal Wayòm nan.