Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 14

Yon atak ki sot nan nò!

Yon atak ki sot nan nò!

“Gen yon nasyon ki vini nan peyi m nan.” — JOW. 1:6.

KANTIK 95 Limyè a vin pi klere

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki metòd frè Russell ak kolaboratè l yo te konn itilize pou yo etidye, e sa k fè metòd sa a te efikas?

SA GEN plis pase santan, frè Charles Taze Russell ak kolaboratè l yo, ki te yon ti gwoup lòt moun ki t ap etidye Pawòl Bondye a, te kòmanse reyini ansanm. Yo te vle wè si yo t ap kapab aprann sa Bib la anseye toutbonvre sou Jewova Dye, sou Jezi Kris, sou sa k pase lè yon moun mouri e sou ranson an. Metòd yo te sèvi pou yo etidye a te senp. Yon moun te poze yon kesyon, apre sa gwoup la te egzamine chak vèsè ki te gen rapò ak sijè a. Finalman, yo te ekri tout sa yo te jwenn nan rechèch yo te fè yo. Grasa benediksyon Jewova, kretyen sensè sa yo te dekouvri anpil verite fondamantal nou kontinye apresye jis jodi a.

2. Lè n ap eseye konprann pwofesi ki nan Bib la, ki sa k ka fè pafwa nou fè erè?

2 Men, byen bonè, etidyan Labib sa yo te rann yo kont li pi difisil lontan pou yon moun konprann yon pwofesi nan Bib la pase pou l konprann yon ansèyman fondamantal ki sot nan Bib la. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske, byen souvan, li pi fasil pou nou konprann pwofesi ki nan Bib la nan moman y ap akonpli oswa apre yo fin akonpli. Men, gen yon lòt rezon. Pou nou byen konprann yon pwofesi, jeneralman nou bezwen egzamine kontèks li. Si nou konsantre sou yon sèl pati nan pwofesi a epi nou vag sou rès la, nou ka fè erè. Lè n reflechi, sanble se sa k rive ak yon pwofesi ki nan liv Jowèl la. Annou egzamine pwofesi sa a, e annou wè poukisa li nesesè pou gen yon ajisteman nan fason nou te konprann li.

3-4. Jis kounye a, kòman nou te konprann pwofesi nou jwenn nan Jowèl 2:7-9 la?

3 Li Jowèl 2:7-9. Jowèl te fè konnen krikèt t apral anvayi peyi Izrayèl e yo t ap ravaje l. Dan yo ak machwè yo sanble ak dan ak machwè lyon, e ti bèt voras sa yo ap devore tout sa yo jwenn (Jow. 1:4, 6). Pandan plizyè ane, nou te di pwofesi sa a gen yon rapò senbolik ak fason pèp Jewova a ap patisipe nan travay predikasyon an menm jan ak yon lame krikèt yo pa ka bloke. Nou te konprann aktivite sa a t ap devaste “peyi” a oswa moun ki anba kontwòl chèf relijye yo *.

4 Si nou te annik li Jowèl 2:7-9 sèlman, esplikasyon sa a te ka sanble kòrèk. Men, lè nou egzamine pwofesi a nan kontèks li, nou wè nou bezwen konprann li yon lòt jan. Ann egzamine kat rezon ki fè sa.

KAT REZON KI FÈ LI NESESÈ POU GEN YON AJISTEMAN

5-6. Ki kesyon nou ka poze lè nou egzamine a) Jowèl 2:20? b) Jowèl 2:25?

5 Toudabò, gade pwomès Jewova te fè anrapò ak krikèt ki t ap anvayi peyi a: “M ap fè moun ki sot nan nò yo [krikèt yo] ale lwen nou.” ​(Jow. 2:20). Si krikèt yo reprezante Temwen Jewova yo k ap obeyi lòd Jezi te bay pou disip li yo preche e pou yo fè disip, poukisa Jewova ta pwomèt l ap fè yo ale (Eze. 33:7-9; Mat. 28:19, 20)? Sa klè, Jewova pap fè sèvitè fidèl li yo ale, men l ap fè yon bagay oswa yon moun ki opoze ak sèvitè l yo ale.

6 N ap jwenn yon dezyèm rezon lè n egzamine sa ki ekri nan Jowèl 2:25. Men sa Jewova di nan vèsè sa a: “Mwen pral fè n rejwenn sa nou te pèdi nan ane krikèt ki konn devore plant yo, krikèt k ap vole ansanm yo, krikèt ki pa gen zèl yo ansanm ak krikèt ki saf yo te manje rekòt nou yo. Se yo ki gwo lame mwen te voye nan mitan nou an.” N ap remake Jewova di “mwen pral fè n rejwenn sa nou te pèdi” akoz ravaj krikèt yo te fè a. Si krikèt yo te reprezante moun k ap preche Wayòm nan, sa t ap vle di mesaj y ap preche a t ap lakòz ravaj. Epoutan, mesaj sa a kapab sove lavi moun e l kapab fè kèk mechan vin repanti (Eze. 33:8, 19). Se pa ti benediksyon sa te ka fè yo jwenn!

7. Ki sans ekspresyon “apre sa” a genyen nan Jowèl 2:28, 29?

7 Li Jowèl 2:28, 29. Ann egzamine yon twazyèm rezon: lòd evènman yo te rive nan pwofesi a. Èske w remake Jewova di: “Apre sa, m ap vide lespri m”, sa ki vle di apre krikèt yo fin fè travay yo te ba yo fè a? Si krikèt yo se moun k ap preche Wayòm Bondye a, poukisa se apre yo fin bay temwayaj Jewova t ap vide lespri l sou yo? An reyalite, san èd lespri sen Bondye ki pisan, yo pa t ap janm ka kontinye preche pandan tout ane sa yo malgre opozisyon e malgre yo konn menm met entèdiksyon sou travay y ap fè a.

Frè Joseph Rutherford ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te pran latèt nan travay predikasyon an te pwoklame jijman Bondye yo kont sistèm mechan sa a avèk fòs. (Gade paragraf 8.)

8. Kiyès krikèt ki nan Revelasyon 9:1-11 yo reprezante? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

8 Li Revelasyon 9:1-11. Kounye a ann egzamine katriyèm rezon an. Anvan sa, nou te konn di krikèt Jowèl te di ki t ap anvayi a gen rapò ak travay predikasyon nou an paske gen yon pwofesi ki sanble avè l nan liv Revelasyon an. Pwofesi sa a pale de yon lame krikèt ki gen figi moun e ki gen “bagay sou tèt yo ki sanble ak kouwòn ki fèt annò”. (Rev. 9:7.) Yo toumante “moun [ki ènmi Bondye yo] ki pa gen so Bondye a sou fwon yo” pandan senk mwa, ki se kantite tan yon krikèt viv nòmalman (Rev. 9:4, 5). Sa sanble dekri sèvitè Jewova yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl la. Yo pwoklame mesaj jijman Bondye bay kont sistèm mechan sa a avèk kran e sa fè moun k ap soutni sistèm nan pa santi yo alèz ditou.

9. Ki gwo diferans ki genyen ant krikèt Jowèl te wè yo ak krikèt Jan te pale de yo a?

9 Nou dwe rekonèt, pwofesi ki nan Revelasyon an sanble nan kèk domèn ak pwofesi Jowèl te ekri a. Men, yo gen gwo diferans. Fè yon ti reflechi: Nan pwofesi Jowèl la, krikèt yo te ravaje tout plant (Jow. 1:4, 6, 7). Nan vizyon Jan an, “yo di [krikèt] yo pou yo pa atake okenn plant ki sou tè a”. (Rev. 9:4.) Krikèt Jowèl te wè yo te sot nan nò (Jow. 2:20). Krikèt Jan te wè yo te sot nan yon twou san fon (Rev. 9:2, 3). Yo te fè krikèt Jowèl te pale de yo a ale. Nan liv Revelasyon an, yo pa fè krikèt yo ale, men yo kite yo fini travay yo t ap fè a. Pa gen anyen ki montre Jewova pa t dakò ak yo. — Gade kare ki gen tit “ Pwofesi ki pale sou krikèt yo: Se vre yo sanble, men yo pa menm”.

10. Bay yon egzanp nan Bib la ki montre krikèt ki nan pwofesi Jowèl la ak krikèt Jan te wè yo ka pa reprezante menm bagay.

10 Gwo diferans ki genyen ant de pwofesi sa yo ede nou konprann yo pa gen rapò youn ak lòt. Èske nou vle di krikèt ki nan pwofesi Jowèl la se pa menm ak krikèt nou jwenn nan liv Revelasyon an? Wi. Nan Bib la, yon bagay konn gen yon sans nan yon kontèks alòske li gen yon lòt sans nan yon lòt kontèks. Pa egzanp, nan Revelasyon 5:5, yo rele Jezi “Lyon ki soti nan tribi Jida a”, alòske nan 1 Pyè 5:8, yo konpare Dyab la ak “yon lyon k ap gwonde”. Piske nouvo konpreyansyon nou vin genyen an pouse nou poze yon seri kesyon, nou bezwen chèche jwenn yon lòt esplikasyon pou pwofesi Jowèl la. Ki sans li kapab genyen?

KI SA PWOFESI SA A VLE DI?

11. Ki jan Jowèl 1:6 ak Jowèl 2:1, 8, 11 ede nou konprann sa krikèt yo reprezante?

11 Lè nou byen egzamine pwofesi Jowèl la nan kontèks li, nou vin konprann pwofèt la t ap anonse atak yon lame t ap fè (Jow. 1:6; 2:1, 8, 11). Jewova te di li t ap itilize “gwo lame” l la (sòlda peyi Babilòn yo) pou l pini Izrayelit ki dezobeyisan yo (Jow. 2:25). Yo byen fèt rele lame ki te vin anvayi peyi Izrayèl la “moun ki sot nan nò yo” paske se nan nò moun Babilòn yo t ap soti pou yo vin anvayi peyi Izrayèl (Jow. 2:20). Yo konpare lame sa a ak yon lame krikèt ki byen òganize. Men sa Jowèl te di y ap fè: “Chak [sòlda] ap avanse nan wout yo. [...] Yo kouri antre anndan vil yo, yo kouri monte sou miray yo. Yo monte sou do kay yo e yo antre nan fenèt yo tankou vòlè.” ​(Jow. 2:8, 9). Èske w ka imajine bagay sa a? Gen sòlda toupatou. Pa gen okenn kote pou moun kache. Pa gen yon moun ki ka chape anba epe moun Babilòn yo!

12. Ki jan pwofesi Jowèl te bay konsènan krikèt yo te reyalize?

12 Nan ane 607 anvan epòk nou an, moun Babilòn yo (oswa moun Kalde yo) te anvayi vil Jerizalèm menm jan ak krikèt. Men sa Bib la fè konnen: “Wa moun Kalde yo [...] te touye jèn gason yo ak kout epe [...]. Li pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim. Bondye te lage tout bagay nan men l. Li te boule kay vrè Dye a, li te kraze miray Jerizalèm nan, li te boule tout fòtrès ki te nan vil la e li te detwi tout bagay ki te gen valè yo.” ​(2 Kwo. 36:17, 19). Lè moun Babilòn yo te fini ak peyi a, sèl sa moun k ap gade yo te ka di: “Peyi a se yon dezè, li pa gen ni moun ni bèt ladan l. Yo lage l nan men moun Kalde yo.” — Jer. 32:43.

13. Esplike sa Jeremi 16:16, 18 vle di.

13 Anviwon 200 ane apre Jowèl te fin bay pwofesi l la, Jewova te sèvi ak Jeremi pou l anonse yon lòt bagay konsènan atak sa a. Li te di yo t ap gen pou yo byen chèche Izrayelit ki lage kò yo nan fè sa k mal yo, e sa t ap pèmèt yo met men sou yo. “‘M ap voye chèche yon pakèt pechè pwason.’ Se sa Jewova di. ‘E yo gen pou yo peche yo. Apre sa, m ap voye chèche yon pakèt chasè. Yo gen pou yo kouri dèyè yo sou tout gwo mòn, sou tout ti mòn, e yo pral chèche yo nan tout twou ki nan mas wòch yo. [...] M ap fè yo peye nèt pou erè yo fè yo, pou peche yo fè yo.’” Ni lanmè a, ni forè yo pap kapab kache Izrayelit ki pa repanti yo anba men moun Babilòn ki vin anvayi yo. — Jer. 16:16, 18.

BAGAY YO AP TOUNEN JAN YO TE YE ANVAN AN

14. Ki lè Jowèl 2:28, 29 te reyalize?

14 Jowèl gen bon nouvèl pou l bay kounye a. Peyi a ap tounen jan l te ye anvan an, l ap pwodui anpil manje ankò (Jow. 2:23-26). Rive yon lè alavni, ap gen yon pakèt manje k ap disponib nan domèn espirityèl. Men sa Jewova di: “M ap vide lespri m sou tout kalite moun. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize [...]. Epi, [...] m ap vide lespri m ata sou esklav mwen yo, gason kou fi.” ​(Jow. 2:28, 29). Jewova pa t vide lespri sen sou Izrayelit yo kou yo te tounen sot Babilòn pou yo vin nan peyi yo. Okontrè, sa te fèt plizyè syèk annapre, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Ki jan nou fè konn sa?

15. Selon Travay 2:16, 17, ki ajisteman Pyè te fè nan Jowèl 2:28 lè l te site l la, e ki sa sa montre?

15 Bondye te gide apot Pyè pou l aplike Jowèl 2:28, 29 ak yon gwo evènman ki te rive nan jou Pannkòt la. Jou sa a, nan zòn nevè dimaten, pa mwayen yon mirak, lespri sen te fè moun ki te resevwa l yo kòmanse pale “sou bagay estrawòdinè Bondye fè”. (Tra. 2:11.) Lespri sen Bondye te fè Pyè sèvi ak mo ki yon ti jan diferan ak mo Jowèl te itilize nan pwofesi l la. Èske w te remake ki chanjman l te fè? (Li Travay 2:16, 17.) Olye Pyè te di “apre sa” lè l t ap kòmanse sitasyon an, li te di: “Nan dènye jou yo” ​(nan kontèks la, se te dènye jou sistèm juif la) Bondye t ap gen pou l vide lespri sen “sou tout kalite moun”. Sa montre anpil tan te pase anvan pwofesi Jowèl la reyalize.

16. Ki efè lespri sen Bondye te gen sou travay predikasyon an nan premye syèk la, e kòman sa ye jodi a?

16 Apre Bondye te fin vide lespri sen yon fason espesyal sou kretyen yo nan premye syèk la, yo te kòmanse yon travay predikasyon ki t ap gen pou l gaye toupatou sou tè a pi devan. Lè apot Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, nan zòn ane 61 epòk nou an, li te ka di travay predikasyon an fèt “tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:23.) Nan epòk Pòl la, “tout kote” te fè referans ak lemonnantye selon sa yo te konnen lè sa a. Avèk èd lespri sen Jewova, ki pisan anpil, travay predikasyon an fèt nan plis peyi nan epòk nou an, li fèt “jis nan dènye bout tè a”! — Tra. 13:47; gade kare ki gen tit “ M ap vide lespri m”.

KI SA K CHANJE?

17. Ki jan sa nou te konprann sou pwofesi Jowèl la anrapò ak krikèt yo chanje?

17 Ki sa k chanje? Kounye a nou pi byen konprann pwofesi ki nan Jowèl 2:7-9 la. Li klè, vèsè sa yo pa fè referans ak travay predikasyon n ap fè avèk zèl la, men yo fè referans ak aktivite lame Babilòn nan lè l te anvayi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an.

18. Ki sa k pa chanje anrapò ak pèp Jewova a?

18 Ki sa k pa chanje? Pèp Jewova a kontinye preche bon nouvèl la toupatou, yo sèvi ak tout metòd yo kapab pou yo fè sa (Mat. 24:14). Pa gen okenn restriksyon gouvènman yo mete ki ka anpeche n obeyi lòd pou nou preche a. Grasa benediksyon Jewova, nou fè sa plis jodi a pase nenpòt lòt epòk, nou preche bon nouvèl Wayòm nan avèk kouraj! Avèk imilite nou kontinye chèche jwenn èd Jewova pou l ede nou konprann pwofesi ki nan Bib la. Nou gen konfyans lè moman an rive, l ap gide nou e l ap ede nou “konprann laverite nèt”. — Jan 16:13.

KANTIK 97 Nou bezwen Pawòl la

^ § 5 Nou gen anpil ane depi nou te kwè pwofesi ki nan Jowèl chapit 1 ak chapit 2 a te anonse predikasyon ki t ap gen pou fèt nan epòk nou an. Men, gen kat bon rezon ki fè li nesesè pou gen yon ajisteman nan fason nou te konprann pati sa a nan pwofesi Jowèl la. Ki rezon sa yo?

^ § 3 Pa egzanp, gade atik ki gen tit “Nou kapab wè sajès Jewova nan sa l kreye” ki parèt nan Toudegad 15 avril 2009, paragraf 14-16.