Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

“Mwen rele nou zanmi”

“Mwen rele nou zanmi”

“Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” — JAN 15:15.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan w ka vin bon zanmi yon moun?

NÒMALMAN, pou w vin bon zanmi yon moun, ou bezwen pase tan ak moun sa a. Tank youn ap pale ak lòt sou sa nou panse ak sa nou santi, se tank n ap vin zanmi. Men, gen kèk bagay ki fè l pa fasil pou nou vin bon zanmi Jezi. Ki bagay sa yo?

2. Ki premye difikilte nou jwenn?

2 Premye difikilte a sèke nou pa t rankontre Jezi pèsonèlman. Anpil kretyen nan premye syèk la te gen menm difikilte a. Malgre sa, apot Pyè te di: “Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li.” ​(1 Pyè 1:8). Donk, li posib pou nou vin bon zanmi Jezi menmsi nou pa t rankontre l pèsonèlman.

3. Ki dezyèm difikilte nou jwenn?

3 Dezyèm difikilte a sèke nou pa kapab pale ak Jezi. Lè n ap priye, se ak Jewova nou pale. Se vre, nou priye nan non Jezi, men nou pa pale avè l dirèkteman. Anfèt, Jezi pa vle nou priye l. Poukisa? Paske lapriyè se yon fòm adorasyon e se Jewova sèlman nou dwe adore (Mat. 4:10). Aktout sa, nou ka demontre lanmou pou Jezi.

4. Ki twazyèm difikilte nou jwenn, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

4 Twazyèm difikilte a sèke Jezi ap viv nan syèl la, donk, nou pa ka pase tan avè l nan sans literal. Men, nou ka toujou aprann konnen anpil bagay sou Jezi san nou pa bò kote l. Nou pral egzamine kat bagay nou ka fè k ap pèmèt nou vin zanmi l plis toujou. Men, toudabò, ann egzamine rezon ki fè li enpòtan anpil pou nou chèche vin bon zanmi Kris.

POUKISA NOU BEZWEN VIN ZANMI JEZI?

5. Pou ki rezon nou dwe vin zanmi Jezi? (Gade kare ki gen tit “ Lè nou zanmi Jezi n ap vin zanmi Jewova” ak “ Byen konprann wòl Jezi”.)

5 Nou dwe vin zanmi Jezi si nou vle gen bon relasyon ak Jewova. Sa k fè sa? Ann egzamine de rezon sèlman. Premyèman, Jezi te di disip li yo: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen.” ​(Jan 16:27). Men sa l te di tou: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” ​(Jan 14:6). Lè nou chèche vin zanmi Jewova san nou pa chèche gen bon relasyon ak Jezi se kòmsi n t ap eseye antre nan yon kay san n pa pase nan pòt la. Jezi te sèvi ak yon egzanp konsa lè l te pale de tèt li antanke “pòt pou mouton yo pase a”. (Jan 10:7.) Yon dezyèm rezon sèke Jezi te imite kalite Papa l yo yon fason ki pafè. Men sa l te di disip li yo: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Donk, yon bon mwayen pou nou aprann konnen Jewova se lè nou egzamine lavi Jezi. Tank n ap aprann konnen Jezi, se tank n ap vin gen afeksyon pou li. E tank n ap vin zanmi Jezi, se tank n ap vin pi renmen Papa a.

6. Bay yon lòt rezon ki fè nou dwe vin zanmi Jezi. Esplike.

6 Nou dwe vin zanmi Jezi pou Jewova ka reponn priyè nou yo. Sa mande plis pase annik di “nan non Jezi” pou lafòm lè n ap priye. Nou dwe konprann fason Jewova sèvi ak Jezi pou l reponn priyè nou yo. Men sa Jezi te di apot li yo: “Kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l.” ​(Jan 14:13). Byenke se Jewova ki tande priyè nou yo e ki reponn yo, li bay Jezi otorite pou l egzekite desizyon Li pran yo (Mat. 28:18). Donk, anvan Bondye reponn priyè nou, li gade pou l wè si nou aplike konsèy Jezi bay. Pa egzanp, Jezi te di: “Si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” ​(Mat. 6:14, 15). Donk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou trete lòt moun menm jan Jewova ak Jezi trete nou an!

7. Ki moun k ap jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Jezi a?

7 Se sèl moun ki bon zanmi Jezi k ap jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Jezi a. Ki jan nou fè konn sa? Jezi te di li t ap “bay lavi l pou zanmi l”. (Jan 15:13.) Moun fidèl ki t ap viv anvan Jezi te vin sou tè a pral oblije aprann konnen l epi vin renmen l. Gen yon seri gason ak fi, tankou Abraram, Sara, Moyiz ak Rahab, ki pral resisite. Men, menm sèvitè Jewova sa yo ki te jis ap bezwen vin zanmi Jezi pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 17:3; Tra. 24:15; Ebre 11:8-12, 24-26, 31.

8-9. Jan sa parèt nan Jan 15:4, 5, ki sa relasyon nou gen ak Jezi a pèmèt nou fè, e pou ki rezon sa enpòtan?

8 Nou kontan kolabore ansanm ak Jezi nan preche ak anseye bon nouvèl Wayòm nan. Lè Jezi te sou tè a, li te yon anseyan. E depi lè Jezi retounen nan syèl la antanke chèf kongregasyon an, li kontinye dirije travay preche ak anseye a. Li wè efò w fè pou w ede kantite moun ou kapab pou yo aprann konnen ni li menm ni Papa l e li apresye sa. Anfèt, sèl fason nou ka fè travay sa a se grasa èd Jewova ak Jezi. — Li Jan 15:4, 5.

9 Pawòl Bondye a montre aklè nou dwe renmen Jezi pou nou ka fè Jewova plezi e nou dwe kontinye fè sa. Donk, annou egzamine kat bagay nou ka fè pou nou vin zanmi Jezi.

SA NOU KA FÈ POU N VIN ZANMI JEZI

Ou ka vin zanmi Jezi lè w 1) aprann konnen l pi byen, 2) imite fason l panse ak fason l aji, 3) ede frè Kris yo e 4) soutni dispozisyon kongregasyon an pran. (Gade paragraf 10-14.) *

10. Ki premye bagay nou bezwen fè pou nou vin zanmi Jezi?

10 1) Aprann konnen Jezi. Nou ka fè sa lè nou li Matye, Mak, Lik ak Jan, yon seri liv ki nan Bib la. Toutpandan n ap medite sou istwa nan Bib la ki gen rapò ak lavi Jezi, n ap vin renmen Jezi e n ap respekte l paske li te konn demontre bonte nan fason l aji ak moun. Pa egzanp, aktout Jezi te gen otorite sou disip li yo antanke Mèt yo, li pa t konn trete yo tankou esklav. Okontrè, li te konn fè yo konnen sa l panse ak sa l santi (Jan 15:15). Lè yo te tris, Jezi te tris tou, e l te konn kriye ansanm avèk yo (Jan 11:32-36). Menm moun ki te opoze avè l yo te rekonèt li se zanmi moun ki byen reyaji devan mesaj li t ap preche a (Mat. 11:19). Lè nou imite Jezi nan fason l te konn aji ak disip li yo, n ap vin gen pi bon relasyon ak lòt moun n ap santi nou byen, n ap pi kontan e n ap vin gen plis lanmou ak respè pou Kris.

11. Ki dezyèm bagay nou ka fè pou nou vin zanmi Jezi, e pou ki rezon sa enpòtan?

11 2) Imite fason Jezi panse ak fason l aji. Plis nou konnen fason Jezi panse e nou imite l, se plis n ap vin zanmi l (1 Kor. 2:16). Ki jan nou ka imite Jezi? Ann pran yon sèl egzanp. Jezi te plis vle ede lòt moun pase l fè tèt li plezi (Mat. 20:28; Wom. 15:1-3). Piske se fason sa a li te panse, li te konn met enterè lòt moun anvan pa l e li te konn padone moun. Li pa t konn fache fasil pou sa moun di sou li (Jan 1:46, 47). Li pa t konn ret konsantre sou peche lòt moun te fè (1 Tim. 1:12-14). Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:35). Li ta bon pou w mande tèt ou: “Èske m ap suiv egzanp Jezi lè m fè tout sa m kapab pou m viv anpè ak frè m ak sè m yo?”

12. Ki twazyèm bagay nou ka fè pou nou vin zanmi Jezi, e ki jan nou ka fè sa?

12 3) Ede frè Kris yo. Jezi wè sa nou fè pou frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la kòmsi se li n ap ede (Mat. 25:34-40). Pi gwo bagay nou ka fè pou nou ede moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo se lè nou fè anpil efò pou nou patisipe nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan ak travay fè disip Jezi te mande disip li yo pou yo fè a (Mat. 28:19, 20; Tra. 10:42). Se sèlman grasa èd “lòt mouton” yo frè Kris yo kapab reyalize gwo kanpay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye kounye a (Jan 10:16). Si w fè pati lòt mouton yo, chak fwa w patisipe nan travay sa a, ou montre w renmen ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ni Jezi.

13. Ki jan nou ka aplike konsèy Jezi te bay ki nan Lik 16:9 la?

13 Nou fè zanmi ak Jewova ak Jezi tou lè nou itilize lajan nou genyen pou n soutni travay y ap dirije a. (Li Lik 16:9.) Pa egzanp, nou ka bay ofrann pou travay mondyal la. Y ap sèvi ak kòb sa a pou yo soutni travay preche bon nouvèl la k ap fèt nan zòn ki izole, pou yo konstwi lokal k ap soutni vrè adorasyon an e pou yo pran swen lokal sa yo epi pou ede moun ki bezwen èd apre yon katastwòf. Nou ka fè ofrann pou kongregasyon pa nou tou e nou ka ede moun nou konnen ki nan bezwen (Pwo. 19:17). Tout sa se fason nou ka soutni frè Kris yo.

14. Jan sa parèt nan Efezyen 4:15, 16, ki katriyèm bagay nou ka fè pou nou vin zanmi Jezi?

14 4) Soutni dispozisyon kongregasyon an pran. Nou ranfòse relasyon nou gen ak Jezi antanke chèf kongregasyon an lè nou kowopere ak moun li nome pou pran swen nou. (Li Efezyen 4:15, 16.) Pa egzanp, kounye a nou eseye veye pou yo pi byen itilize tout Sal Wayòm yo. Pou sa fèt, gen kèk kongregasyon yo melanje ak lòt kongregasyon e yo pase men nan limit tèritwa yo. Dispozisyon sa a pèmèt nou fè anpil ekonomi ak ofrann nou resevwa yo. Men, anmenmtan, sa mande pou kèk pwoklamatè adapte yo ak chanjman sa yo. Pwoklamatè fidèl sa yo te ka nan yon kongregasyon pandan plizyè ane e petèt yo te fin abitye ak frè ak sè kote yo te ye a. Men, kounye a yo mande yo pou y al nan yon lòt kongregasyon. Se pa ti kontan Jezi dwe kontan lè l wè disip fidèl sa yo soutni dispozisyon sa a!

NOU KA VIN ZANMI JEZI POU TOUTAN

15. Ki jan n ap vin pi bon zanmi Jezi alavni?

15 Kretyen Bondye chwazi grasa lespri sen pou al nan syèl yo gen esperans pou yo ansanm avèk Jezi pou toutan e yo pral dirije ansanm avè l nan Wayòm Bondye a. Lè sa a, yo pral ansanm ak Kris, y ap wè l, y ap pale avè l e y ap pase tan ansanm avè l (Jan 14:2, 3). Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral benefisye lanmou ak atansyon Jezi tou. Menm lè yo pap wè Jezi, relasyon yo gen avè l la ap vin pi solid toutpandan y ap benefisye lavi Jewova ak Jezi pral pèmèt yo jwenn nan. — Eza. 9:6, 7.

16. Ki benediksyon n ap jwenn lefètke nou se zanmi Jezi?

16 Lè nou aksepte envitasyon Jezi fè nou pou nou vin zanmi l, nou jwenn anpil benediksyon. Pa egzanp, nou benefisye lanmou l ak èd li depi kounye a. Nou gen esperans pou nou viv pou toutan. E sa k pi enpòtan an, amitye nou gen ak Jezi a ap pèmèt nou jwenn pi gwo trezò ki genyen an: bon relasyon ak Jewova, Papa Jezi. Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou zanmi Jezi!

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

^ § 5 Apot yo te pase plizyè ane ansanm ak Jezi, yo te konn pale avè l, yo te konn travay avè l e yo te vin bon zanmi l. Jezi vle nou vin zanmi l tou, men nou jwenn yon seri difikilte apot yo pa t jwenn. Atik sa a pral pale sou kèk nan difikilte sa yo e l ap ban nou kèk konsèy sou fason nou ka vin bon zanmi Jezi e pou nou ret bon zanmi l.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: 1) Pandan n ap fè adorasyon an fanmi, nou ka etidye lavi Jezi ak travay li te konn fè. 2) Nou ka fè efò pou nou viv anpè ak frè nou yo nan kongregasyon an. 3) Lè nou fè anpil efò pou nou patisipe nan travay predikasyon an, nou soutni frè Kris yo. 4) Lè yo melanje plizyè kongregasyon, nou bezwen soutni desizyon ansyen yo pran.