Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 19

“Wa nò a” nan tan lafen an

“Wa nò a” nan tan lafen an

“Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit ak wa nò a.” — DÀN. 11:40.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa pwofesi ki nan Bib la fè nou konnen?

KI SA k ap rive pèp Jewova a talè konsa? Nou pa bezwen ap devine. Pwofesi ki nan Bib la ede nou konprann evènman enpòtan ki pral gen efè sou nou tout. Gen youn nan pwofesi sa yo k ap pèmèt nou wè sa kèk nan gouvènman ki gen plis pisans sou tè a pral fè. Pwofesi sa a, ki nan Dànyèl chapit 11, pale sou istwa de pisans ki opoze youn ak lòt: wa nò a ak wa sid la. Pifò nan pwofesi sa a deja reyalize. Donk, nou ka gen konfyans rès la pral reyalize tou.

2. Jan sa parèt nan Jenèz 3:15 ak nan Revelasyon 11:7; 12:17, ki sa nou dwe gen nan lespri nou lè n ap egzamine pwofesi Dànyèl la?

2 Pou nou konprann pwofesi ki nan Dànyèl chapit 11 lan, nou bezwen sonje pwofesi sa a pale sèlman konsènan dirijan ak gouvènman ki te gen yon gwo enpak sou pèp Bondye a. Menm lè pèp Bondye a se sèlman yon ti ponyen nan kantite moun ki gen sou tè a, byen souvan, se sitou yo menm gouvènman ki gen sou tè a pèsekite. Sa k fè sa? Se paske prensipal objektif Satan ak tout sistèm li an se elimine moun k ap sèvi Jewova ak Jezi yo. (Li Jenèz 3:15 ak Revelasyon 11:7; 12:17.) Mete sou sa, pwofesi ki nan liv Dànyèl la dwe ann amoni ak lòt pwofesi ki nan Pawòl Bondye a. Anfèt, nou ka rive byen konprann pwofesi Dànyèl la lè nou konpare l ak lòt pati nan Ekriti yo.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

3 Pandan n ap reflechi sou pwen sa yo, kounye a ann egzamine Dànyèl 11:25-39. Nou pral wè kiyès ki te wa nò a ak wa sid la soti nan ane 1870 rive nan ane 1991, e nou pral wè sa k fè li rezonab pou nou ajiste fason nou te konprann yon pati nan pwofesi sa a. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine Dànyèl 11:40–12:1, e nou pral korije fason nou te konprann sa pati sa a ki nan pwofesi a fè nou konnen sou peryòd ki soti depi ane 1990 yo pou rive nan lagè Amagedon an. Pandan n ap etidye de atik sa yo, l ap bon pou nou egzamine tablo ki gen tit: “De wa ki opoze nan tan lafen an”. Men, toudabò, nou bezwen chèche konnen kiyès ki de wa yo nan pwofesi sa a.

FASON N KA RIVE KONNEN KIYÈS KI WA NÒ A E KIYÈS KI WA SID LA

4. Bay twa bagay k ap ede nou konprann kiyès ki wa nò a e kiyès ki wa sid la.

4 Okòmansman, se pisans politik ki te nan nò ak nan sid peyi Izrayèl yo te rele “wa nò” ak “wa sid”. Sa k fè nou di sa? Men sa zanj ki te pot mesaj bay Dànyèl la te di: “Mwen vini pou m fè w konprann sa k pral rive pèp ou a nan dènye jou yo.” ​(Dàn. 10:14). Jiska fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, se nasyon Izrayèl la ki te pèp Bondye. Men, apati moman sa a, Jewova te montre aklè li te chwazi disip fidèl Jezi yo kòm pèp li. Kidonk, anpil nan pwofesi ki nan Dànyèl chapit 11 lan pa gen rapò ak nasyon Izrayèl la, men yo gen rapò ak disip Kris yo (Tra. 2:1-4; Wom. 9:6-8; Gal. 6:15, 16). Epitou, plizyè dirijan oswa plizyè gouvènman te vin jwe wòl wa nò ak wa sid ofiramezi tan t ap pase. Aktout sa, gen kèk bagay ki te fè tout dirijan sa yo sanble. Premyèman, wa sa yo t ap dirije peyi kote anpil moun ki fè pati pèp Bondye a t ap viv oswa yo te pèsekite yo. Dezyèmman, fason yo te aji ak pèp Bondye a te montre yo rayi Jewova, vrè Dye a. E twazyèmman, de wa yo te nan yon gwo lit youn ak lòt.

5. Èske te gen yon wa nò ak yon wa sid soti 2yèm syèk epòk nou an rive nan fen 19yèm syèk la? Esplike.

5 Rive yon moman nan dezyèm syèk epòk nou an, fo kretyen te kòmanse anvayi vrè kongregasyon kretyen an, yo te adopte yon seri ansèyman payen e yo te kache verite ki nan Pawòl Bondye a. Apati moman sa a rive nan fen 19yèm syèk la, pa t gen okenn gwoup moun ki t ap sèvi Bondye yon fason òganize sou tè a. Fo krisyanis lan ki tankou move zèb te gaye e l te anpeche yo rekonèt vrè kretyen yo (Mat. 13:36-43). Sa k fè li enpòtan pou nou konn sa? Sa montre tout sa nou li konsènan wa nò ak wa sid la pa kapab aplike ak dirijan oswa wayòm ki t ap dirije soti nan yon peryòd nan 2yèm syèk la rive jis nan dezyèm pati 19yèm syèk la. Pèp Bondye a pa t òganize antanke gwoup pou yo ta atake yo *. Men, nou te ka atann wa nò a ak wa sid la t ap reparèt nan fen 19yèm syèk la. Sa k fè sa?

6. Ki lè pèp Bondye a te kòmanse òganize antanke gwoup ankò? Esplike.

6 Apati ane 1870, pèp Bondye a te kòmanse òganize antanke gwoup. Se nan ane sa a Charles Taze Russell ak kolaboratè l yo te vin fòme yon gwoup pou yo etidye Bib la. Frè Russell ak kolaboratè ki te pi pwòch li yo te aji antanke mesaje yo te anonse a ki t ap gen pou “prepare yon chemen” anvan Wayòm Mesi a tabli (Mal. 3:1). Yon lòt fwa ankò, te vin gen yon gwoup moun òganize k ap sèvi Jewova fason ki kòrèk la. Èske te gen pisans mondyal lè sa a ki t ap gen yon gwo enpak sou sèvitè Bondye yo? Ann gade pou n wè.

KIYÈS KI WA SID LA?

7. Kiyès ki te wa sid la pandan yon bon bout tan nan Premye Gè mondyal la?

7 Rive ane 1870, Grann Bretay te vin tounen pi gwo pisans ki gen sou tout tè a, e li te gen lame ki gen plis pisans lan. Yo te prezante pisans sa a kòm yon ti kòn ki pot laviktwa sou twa lòt kòn: Lafrans, Espay ak Peyiba (Dàn. 7:7, 8). E li te kontinye jwe wòl wa sid la pandan yon bon bout tan nan Premye Gè mondyal la. Nan menm epòk sa a, Etazini te vin tounen peyi ki pi rich sou tè a, e li te vin fè yon alyans ak Grann Bretay.

8. Kiyès ki wa sid la pandan peryòd dènye jou yo?

8 Pandan Premye Gè mondyal la, Etazini ak Grann Bretay te vin fè yon alyans militè ki pisan. Nan epòk sa a, Grann Bretay ak Etazini te mete tèt yo ansanm e yo te vin tounen pisans mondyal anglo-ameriken an. Jan Dànyèl te anonse sa, wa sa a te rasanble “yon lame ki gen yon pakèt sòlda vanyan”. (Dàn. 11:25.) Pandan dènye jou yo, se Grann Bretay ansanm ak Etazini ki wa sid la *. Men, kiyès ki jwe wòl wa nò a?

WA NÒ A REPARÈT

9. Ki lè wa nò a te reparèt, e ki jan pwofesi ki nan Dànyèl 11:25 lan te reyalize?

9 Nan ane 1871, ane ki te vin apre Russell ak moun ki t ap kolabore avè l yo te fin fòme gwoup etid biblik yo a, wa nò a te vin reparèt. Pandan ane sa a, Otto von Bismarck te fè plizyè rejyon fè yon sèl e yo te vin tounen yon nasyon pisan ki rele Almay. Wilhelm I te vin premye anperè nasyon sa a, e li te chwazi Bismarck kòm chèf gouvènman l lan *. Pandan plizyè dizèn ane apre sa, Almay te vin yon pisans ki te gen lòt peyi anba dominasyon l. Li te gen kontwòl sou yon seri peyi ann Afrik ak nan Oseyan Pasifik la e l t ap chèche vin gen plis pisans pase Grann Bretay. (Li Dànyèl 11:25.) Anpi alman an te vin gen yon gwo lame ak dezyèm pi gwo lamarin ki gen nan monn nan. Almay te sèvi ak yo kont ènmi l yo nan Premye Gè mondyal la.

10. Ki jan pwofesi ki nan Dànyèl 11:25b, 26 la te reyalize?

10 Kounye a, Dànyèl anonse sa k t apral rive anpi alman an ak lame li te vin genyen an. Pwofesi a te fè konnen wa nò a “pap kanpe”. Sa k fè sa? “Paske y ap fè konplo kont li. Epi, se moun k ap manje bon manje l yo k ap lage l atè.” ​(Dàn. 11:25b, 26a). Nan epòk Dànyèl la, pami moun ki te konn manje “bon manje” wa a te gen moun ki te nan gwo pozisyon ki te konn “travay pou wa a”. (Dàn. 1:5.) De kiyès pwofesi a ap pale la a? L ap pale konsènan moun ki nan gwo pozisyon nan anpi alman an, sa gen ladan l jeneral anperè a te genyen yo ak moun ki te konn ba l konsèy nan domèn militè. E finalman se yo menm ki te lakòz fòm gouvènman sa a kraze *. Nonsèlman pwofesi a te anonse anpi a t ap kraze, men tou li te fè konnen ki jan lagè li t apral fè ak wa sid la t ap fini. Men sa l di konsènan wa nò a: “Y ap kraze lame l la e y ap touye anpil nan sòlda l yo.” ​(Dàn. 11:26b). Jan pwofesi a te di a, nan Premye Gè mondyal la, yo te “kraze” lame alman an e yo te “touye” anpil nan sòlda l yo. Potko janm gen yon gè nan istwa lèzòm ki te lakòz tout moun sa yo mouri.

11. Ki sa wa nò a ak wa sid la te fè?

11 Anrapò ak epòk ki t ap mennen nan Premye Gè mondyal la, men sa Dànyèl 11:27, 28 di konsènan wa nò a ak wa sid la: “Youn ap bay lòt manti pandan yo chita sou menm tab.” Epi, li di wa nò a t ap gen pou l ranmase “yon pakèt machandiz”. Se egzakteman sa k te rive. Almay ak Grann Bretay te fè youn lòt konnen yo vle lapè, men moun te vin wè deklarasyon sa yo se manti lè gè a te eklate an 1914. Pandan plizyè dizèn ane anvan 1914, Almay te vin gen anpil richès, li te vin tounen dezyèm peyi ki pi rich nan monn nan. Apre sa, Almay t al fè lagè ak wa sid la, men li te pèdi gè a. Sa te akonpli pwofesi ki nan Dànyèl 11:29 la ak premye pati vèsè 30 lan.

DE WA YO ATAKE PÈP BONDYE A

12. Ki sa wa nò a ak wa sid la te fè pandan Premye Gè mondyal la?

12 Apati ane 1914, de wa yo te vin antre nan goumen youn ak lòt plis toujou e yo te atake pèp Bondye a plis tou. Pa egzanp, pandan Premye Gè mondyal la, ni gouvènman Almay la, ni gouvènman Grann Bretay la te pèsekite sèvitè Bondye yo ki te refize pran zam. E gouvènman Etazini an te met frè ki te pran latèt nan travay predikasyon an nan prizon. Pèsekisyon sa a te reyalize pwofesi ki nan Revelasyon 11:7-10 la.

13. Ki sa wa nò a te fè nan ane 1930 yo e pandan Dezyèm Gè mondyal la?

13 Annapre, nan ane 1930 yo e sitou pandan Dezyèm Gè mondyal la, wa nò a te atake pèp Bondye a san pitye. Lè pati Nazi a te pran kontwòl Almay, Itlè, ak moun ki te avèk li yo te entèdi travay pèp Bondye a t ap fè a. Opozan yo te touye plizyè santèn sèvitè Jewova e yo te voye plizyè milye lòt nan kan konsantrasyon. Dànyèl te anonse evènman sa yo. Wa nò a “[pa t] respekte kote ki sakre a” e li te fè yo “sispann fè sakrifis yo konn fè chak jou yo” lè l te mete gwo restriksyon sou libète sèvitè Bondye yo genyen pou yo louwe non Jewova aklè (Dàn. 11:30b, 31a). Itlè, lidè wa nò a, te menm fè konnen l ap efase pèp Bondye a ann Almay.

YON NOUVO WA NÒ VIN PARÈT

14. Kiyès ki te jwe wòl wa nò a apre Dezyèm Gè mondyal la? Esplike.

14 Apre Dezyèm Gè mondyal la, gouvènman kominis Inyon sovyetik la te pran kontwòl gwo tèritwa li te pran nan men Almay yo e li te vin tounen wa nò a. Menm jan ak rejim Nazi a, ki te yon rejim bout di, Inyon sovyetik te pèsekite tout moun ki met adorasyon vrè Dye a an premye nan lavi yo.

15. Ki sa wa nò a te fè apre Dezyèm Gè mondyal la?

15 Yon tikras tan apre Dezyèm Gè mondyal la, nouvo wa nò a, Inyon sovyetik ak patizan l yo, te atake pèp Bondye a. Ann amoni ak pwofesi ki nan Revelasyon 12:15-17 la, wa sa a te entèdi travay predikasyon nou an e l te voye plizyè milye sèvitè Jewova ann egzil. Anfèt, pandan dènye jou yo, wa nò a te lage “yon rivyè” pèsekisyon dèyè pèp Bondye a pou yo eseye kanpe travay y ap fè a, men yo pa t reyisi *.

16. Ki jan Inyon sovyetik te akonpli pawòl ki nan Dànyèl 11:37-39 la?

16 Li Dànyèl 11:37-39. Wa nò a pa t montre okenn “respè pou Bondye zansèt li yo” jan pwofesi sa a te anonse sa. Kòman sa? Inyon sovyetik te eseye retire pouvwa relijyon tradisyonèl yo te genyen, paske objektif li se te elimine relijyon. Pou gouvènman sovyetik la te ka fè sa, depi nan ane 1918, li te bay yon lòd ki te sèvi kòm baz pou lekòl yo anseye timoun yo Bondye pa egziste. Nan ki sans wa nò sa a te bay “dye fòtrès yo [...] glwa”? Inyon sovyetik te depanse yon pakèt lajan pou l monte lame l la, e pou l fè plizyè milye zam nikleyè pou l ranfòse pouvwa l. Finalman, ni wa nò a ni wa sid la te vin rasanble yon kantite gwo zam fann fwa ki kont pou yo touye plizyè milya moun!

DE WA YO MET TÈT YO ANSANM

17. Ki sa “bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an” ye?

17 Wa nò a te soutni wa sid la nan yon bagay enpòtan li te vle fè. Yo te “mete bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an nan plas li”. (Dàn. 11:31.) “Bagay ki bay repiyans” lan se Nasyonzini.

18. Poukisa yo prezante Nasyonzini kòm yon “bagay ki bay repiyans”?

18 Yo prezante òganizasyon Nasyonzini kòm yon “bagay ki bay repiyans” paske li fè konnen li kapab met lapè nan monn nan, alòske se Wayòm Bondye a sèlman ki ka fè sa. Mete sou sa, pwofesi a di bagay ki bay repiyans lan “lakòz dezolasyon” paske Nasyonzini pral jwe yon wòl enpòtan nan detwi tout fo relijyon. — Gade tablo ki gen tit “De wa ki opoze nan tan lafen an”.

POUKISA NOU BEZWEN KONN ISTWA SA A?

19-20. a) Poukisa nou bezwen konnen istwa sa a? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

19 Nou bezwen konn istwa sa a paske li montre, depi ane 1870 yo rive nan kòmansman ane 1990 yo, pwofesi Dànyèl te bay anrapò ak wa nò a ak wa sid la te reyalize. Donk, nou ka gen asirans rès pwofesi a ap reyalize tou.

20 Nan ane 1991, Inyon sovyetik te kraze. Donk, kiyès ki jwe wòl wa nò a jodi a? Atik ki vin apre a bay repons kesyon sa a.

KANTIK 128 Andire jiska lafen

^ § 5 Jodi a, nou wè prèv ki montre pwofesi Dànyèl te bay konsènan “wa nò a” ak “wa sid la” kontinye akonpli. Sa k fè nou gen asirans sa a? E poukisa nou bezwen konprann detay sou pwofesi sa a?

^ § 5 Pou rezon yo bay la a, sanble l vin pa apwopriye pou n konsidere Orelyen, yon anperè women (270-275 E.N.), kòm youn nan “wa nò” yo oswa rèn Zenobi (267-272 E.N.) kòm youn nan “wa sid” yo. Sa a se yon ajisteman nan enfòmasyon nou te pibliye nan chapit 13 ak chapit 14 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la.

^ § 9 Nan ane 1890, Wilhelm II, ki te anperè alman lè sa a, te fòse Bismarck kite pouvwa a.

^ § 10 Yo te fè divès bagay ki te lakòz anpi a kraze byen vit. Pa egzanp, yo te sispann soutni anperè alman an, yo te bay yon seri enfòmasyon sekrè anrapò ak sa yo te pèdi nan gè a, e yo te fòse anperè alman an kite pouvwa a.

^ § 15 Jan sa parèt nan Dànyèl 11:34, kretyen ki t ap viv anba dominasyon wa nò a te jwenn yon ti soulajman anba pèsekisyon. Pa egzanp, sa te rive lè Inyon sovyetik te kraze an 1991.