Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 20

Kiyès ki “wa nò a” jodi a?

Kiyès ki “wa nò a” jodi a?

“L ap avanse jis li peri, e pap gen pèsonn pou ede l.” — DÀN. 11:45.

KANTIK 95 Limyè a vin pi klere

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

JODI A plis pase nenpòt lòt lè, nou gen plis prèv ki montre n ap viv nan fen dènye jou sistèm sa a. Talè konsa, Jewova ak Jezi Kris pral detwi tout gouvènman ki opoze ak Wayòm nan. Anvan evènman sa a rive, wa nò a ak wa sid la ap kontinye lite youn ak lòt e y ap kontinye bay pèp Bondye a pwoblèm.

2 Nan atik sa a nou pral egzamine pwofesi ki nan Dànyèl 11:40–12:1. Nou pral wè kiyès ki wa nò a kounye a e nou pral pale sou rezon ki fè nou pa bezwen pè pwoblèm k ap vini yo.

YON NOUVO WA NÒ VIN PARÈT

3-4. Kiyès ki parèt antanke wa nò? Esplike.

3 Apre Inyon sovyetik fin kraze an 1991, pèp Bondye a ki nan gwo tèritwa sa a te jwenn “moun k ap ede yo”, sa vle di te gen yon moman kote yo te gen libète (Dàn. 11:34). Konsa, yo te kapab preche alèz, e sa pa t pran anpil tan pou kantite pwoklamatè ki vin gen nan ansyen blòk kominis la vin ogmante pou yo rive plizyè santèn milye. Ofiramezi, Larisi ak patizan l yo te vin parèt antanke wa nò. Jan nou te wè sa nan atik anvan an, pou yon gouvènman ranpli wòl wa nò oswa wa sid, li dwe fè twa bagay: 1) Li dwe gen gwo enpak sou pèp Bondye a, 2) aksyon l dwe montre li se ènmi Jewova ak pèp li a, e 3) li dwe nan konpetisyon ak wa ki opoze avè l la.

4 Remake rezon ki fè nou ka di wa nò a jodi a se Larisi ak patizan l yo. 1) Yo atake pèp Bondye a lè yo entèdi travay predikasyon an e yo pèsekite plizyè santèn milye frè ak sè k ap viv nan tèritwa ki anba kontwòl yo. 2) Aksyon sa yo montre yo rayi Jewova ak pèp li a. 3) Yo nan konpetisyon ak wa sid la, sètadi Pisans mondyal anglo-ameriken an. Ann wè ki jan Larisi ak patizan l yo jwe wòl wa nò a.

WA NÒ A AK WA SID LA KONTINYE LITE

5. Ki peryòd Dànyèl 11:40-43 dekri, e ki sa k rive nan moman sa a?

5 Li Dànyèl 11:40-43. Pati sa a nan pwofesi a ban nou yon apèsi sou tan lafen an. Vèsè sa yo atire atansyon sou chirepit ki gen ant wa nò a ak wa sid la. Jan pwofesi Dànyèl la fè konn sa, nan tan lafen an, wa sid la t ap “nan lit” ak wa nò a, oswa li t ap nan “toke kòn” avè l. — Dàn. 11:40; nòt.

6. Ki prèv ki montre de wa yo ap lite youn ak lòt?

6 Wa nò a ak wa sid la kontinye lite youn ak lòt paske yo chak vle se yo ki pou gen kontwòl monn nan. Pa egzanp, reflechi sou sa k te pase apre Dezyèm Gè mondyal la, lè Inyon sovyetik ak patizan l yo te kòmanse gen enfliyans sou pifò peyi ann Ewòp. Aksyon wa nò a te fè yo te fòse wa sid la fè yon alyans militè entènasyonal ki pote non OTAN. Wa nò a kontinye fè konpetisyon ak wa sid la pou yo wè kiyès nan yo k ap gen pi gwo zam ki koute anpil kòb. Yo lite youn ak lòt tou lè youn soutni ènmi lòt la nan lagè ki fèt ann Afrik, Azi ak ann Amerik latin. Nan dènye ane sa yo, Larisi ak patizan l yo vin gen plis pouvwa toupatou nan monn nan. Mete sou sa, yo nan yon lit ak wa sid la pa mwayen pwogram enfòmatik. Youn ap akize lòt kòmkwa youn sèvi ak pwogram enfòmatik ki gen kapasite pou fè gwo dega nan ekonomi ak nan sistèm politik lòt la. E jan pwofesi Dànyèl la te anonse sa, wa nò a kontinye atake pèp Bondye a. — Dàn. 11:41.

WA NÒ A ANTRE NAN “BÈL PEYI A”

7. Ki sa “Bèl Peyi a” ye?

7 Dànyèl 11:41 di wa nò a ap antre nan “Bèl Peyi a”. Ki sa peyi sa a reprezante? Nan tan lontan, yo te konsidere peyi Izrayèl kòm peyi ki te “pi bèl pase tout lòt peyi yo”. (Eze. 20:6.) Men, sa k te fè peyi sa a gen valè konsa se paske se la yo te konn pratike vrè adorasyon an. Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an “peyi” sa a pa nan yon sèl zòn sou tè a. Sa pa t posib paske pèp Jewova a te gaye sou tout tè a. Okontrè, jodi a “Bèl Peyi a” se tout aktivite pèp Jewova a ap fè, sa gen ladan l adorasyon y ap ba li pa mwayen reyinyon yo ak travay predikasyon an.

8. Ki jan wa nò a te antre nan “Bèl Peyi a”?

8 Pandan dènye jou yo, wa nò a pa sispann antre nan “Bèl Peyi a”. Pa egzanp, lè Almay Nazi te jwe wòl wa nò a, sitou pandan Dezyèm Gè mondyal la, wa sa a te antre nan “Bèl Peyi a” lè l te pèsekite moun k ap sèvi Bondye yo e lè l te touye kèk ladan yo. Apre Dezyèm Gè mondyal la, lè Inyon sovyetik te jwe wòl wa nò a, wa sa a te antre nan “Bèl Peyi a” lè l te pèsekite moun ki t ap sèvi Bondye yo e l te voye yo ann egzil.

9. Nan dènye ane sa yo, ki jan Larisi ak patizan l yo te antre nan “Bèl Peyi a”?

9 Nan dènye ane sa yo, Larisi ak patizan l yo te antre nan “Bèl Peyi a” tou. Ki jan? Nan ane 2017, wa nò ki la kounye a te met entèdiksyon sou travay pèp Jewova a e yo te mete kèk nan frè n ak sè n yo nan prizon. Epitou, li te entèdi piblikasyon nou yo, san wete Tradiksyon monn nouvo a. Mete sou sa, li te sezi biwo filyal nou an ki nan Larisi ansanm ak tout Sal Wayòm yo ak Sal asanble yo. Apre aksyon sa yo, an 2018 Kolèj santral la te idantifye Larisi ak patizan l yo kòm wa nò a. Sepandan, menm lè pèp Jewova a jwenn gwo pèsekisyon, yo refize patisipe nan kèlkeswa mouvman pou jete oswa chanje gouvènman lèzòm yo. Okontrè, yo suiv konsèy Bib la bay pou yo priye pou “tout moun ki nan gwo pozisyon”, sitou lè moun sa yo pran desizyon ki ka gen efè sou libète moun genyen pou yo adore. — 1 Tim. 2:1, 2.

ÈSKE WA NÒ A AP POT LAVIKTWA SOU WA SID LA?

10. Èske wa nò a ap pot laviktwa sou wa sid la? Esplike.

10 Pwofesi ki nan Dànyèl 11:40-45 lan atire atansyon sitou sou aktivite wa nò a. Èske sa vle di l ap pot laviktwa sou wa sid la? Non. Wa sid la ap “vivan” toujou nan moman Jewova ak Jezi ap detwi tout gouvènman lèzòm yo nan lagè Amagedon (Rev. 19:20). Sa k fè nou ka gen asirans sa a? Ann egzamine ki sa pwofesi Dànyèl la ak pwofesi ki nan Revelasyon an montre.

Pandan Amagedon, Wayòm Bondye a, yo konpare ak yon wòch, pral detwi gouvènman lèzòm yo ki parèt la a sou fòm yon kokenn estati. (Gade paragraf 11.)

11. Ki sa Dànyèl 2:43-45 montre? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

11 Li Dànyèl 2:43-45. Pwofèt Dànyèl pale konsènan yon seri gouvènman lèzòm ki te gen yon enpak sou pèp Bondye a. Li pale de yo kòm plizyè pati nan yon gwo estati ki fèt an metal. Li fè konnen pye estati a ki fèt ak fè ki melanje ak ajil reprezante dènye gouvènman ki nan seri gouvènman sa yo. Pye yo reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an. Pwofesi sa a montre Pisans mondyal anglo-ameriken an ap la toujou nan moman Wayòm Bondye a ap frape gouvènman lèzòm yo e l ap detwi yo.

12. Ki sa setyèm tèt bèt sovaj la reprezante, e poukisa li enpòtan pou nou konn sa?

12 Apot Jan pale tou sou yon seri pisans mondyal ki te gen enpak sou pèp Jewova a. Jan dekri gouvènman sa yo kòm yon bèt sovaj ki gen sèt tèt. Setyèm tèt bèt sa a reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an. Li enpòtan pou nou konn sa paske bèt sa a pa vin gen lòt tèt apre sa. Setyèm tèt bèt sa a ap sou pouvwa toujou lè Kris ak lame l yo ki nan syèl la pral detwi l ansanm ak tout bèt la *. — Rev. 13:1, 2; 17:13, 14.

KI SA WA NÒ A PRAL FÈ TALÈ KONSA?

13-14. Kiyès “Gòg, ki soti nan peyi Magòg” ye e ki sa k ka fè l atake pèp Bondye a?

13 Gen yon pwofesi Ezekyèl te ekri ki bay kèk esplikasyon sou sa k ka rive pandan dènye jou wa nò a ak wa sid la. Sanble pwofesi ki nan Ezekyèl 38:10-23; Dànyèl 2:43-45; 11:44–12:1 ak Revelasyon 16:13-16, 21, ap pale konsènan menm peryòd la ak menm evènman yo. Si se vre, men sa nou panse ki pral rive.

14 Yon ti tan apre kòmansman gwo tribilasyon an, “wa ki sou tout tè a” pral met tèt yo ansanm pou yo fè yon gwoup nasyon (Rev. 16:13, 14; 19:19). Gwoup nasyon sa a ap vin tounen sa Ekriti yo rele “Gòg, ki soti nan peyi Magòg”. (Eze. 38:2.) Gwoup nasyon sa a pral atake tout pèp Bondye a e y ap eseye detwi l nèt. Ki sa k pral fè yo fè atak sa a? Anrapò ak moman sa a, apot Jan te wè yon tanpèt lagrèl ki gwo anpil k ap tonbe sou ènmi Bondye yo. Lagrèl senbolik sa a se kapab yon mesaj jijman pèp Jewova a ap bay ki pral frape di. Li posib tou pou mesaj sa a fè Gòg ki soti nan peyi Magòg atake pèp Bondye a nan entansyon pou l disparèt li sou tè a. — Rev. 16:21.

15-16. a) De ki evènman Dànyèl 11:44, 45 gendwa ap pale? b) Ki sa k ap rive wa nò a ak rès nasyon ki fè pati Gòg ki soti nan peyi Magòg?

15 Mesaj sa a ki pral frape di ak dènye atak ènmi Bondye yo pral fè a kapab se menm evènman yo dekri nan Dànyèl 11:44, 45. (Li vèsè yo.) Nan vèsè sa yo, Dànyèl di “gen yon seri mesaj k ap soti nan lès ak nan nò” k ap boulvèse wa nò a k ap soti pandan l “an kòlè anpil”. Wa nò a gen entansyon “detwi [anpil moun]”. Sanble “anpil moun” nan se pèp Jewova a *. Petèt Dànyèl ap pale konsènan dènye atak yo pral fè sou pèp Bondye a.

16 Atak sa a wa nò a ap fè a, ansanm ak rès gouvènman nan monn nan, ap fè Toupisan an fache e sa ap mennen nan lagè Amagedon (Rev. 16:14, 16). Nan moman sa a, wa nò a, ansanm ak rès nasyon yo ki fè pati Gòg ki soti nan peyi Magòg, ap detwi e pap gen “pèsonn pou ede l”. — Dàn. 11:45.

Nan gè Amagedon an, Jezi Kris ak lame l yo ki nan syèl la pral detwi monn mechan Satan ap dirije a, e y ap delivre pèp Bondye a. (Gade paragraf 17.)

17. Kiyès ki Mikayèl “gran prens” yo pale de li nan Dànyèl 12:1 an, e ki sa l pral fè?

17 Vèsè ki vin apre nan istwa Dànyèl rapòte a bay plis detay sou fason wa nò a ak patizan l yo pral detwi ak fason nou pral delivre. (Li Dànyèl 12:1.) Ki sa vèsè sa a vle di? Mikayèl se yon lòt non Kris Jezi, Wa nou an k ap dirije a, genyen. L ap “aji pou byen” pèp Bondye a depi ane 1914 lè l te vin Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Talè konsa, li pral “leve kanpe” sa vle di li pral detwi ènmi l yo nan lagè Amagedon. Lagè sa a se pral dènye pi gwo evènman nan listwa Dànyèl rele “tan kote ap gen anpil malè”. Pwofesi Jan an, ki nan liv Revelasyon an, rele epòk k ap mennen nan batay sa a “gwo tribilasyon an”. — Rev. 6:2; 7:14.

ÈSKE NON W AP “EKRI NAN LIV LA”?

18. Poukisa nou pa bezwen pè sa k pral rive alavni yo?

18 Nou pa bezwen pè sa k pral rive alavni yo paske ni Dànyèl ni Jan fè konnen moun k ap sèvi Jewova ak Jezi yo ap chape pandan gwo tribilasyon an. Dànyèl fè konnen non moun k ap chape yo ap “ekri nan liv la”. (Dàn. 12:1.) Ki jan nou ka fè pou non nou nan liv sa a? Nou dwe montre aklè nou gen lafwa nan Jezi, Ti Mouton Bondye a (Jan 1:29). Nou dwe batize pou nou montre nou vwe Bondye lavi nou (1 Pyè 3:21). E nou dwe montre n ap soutni Wayòm Bondye a lè nou fè tout sa n kapab pou nou ede lòt moun aprann konnen Jewova.

19. Ki sa nou dwe fè depi kounye a, e poukisa?

19 Kounye a se moman pou n gen plis konfyans nan Jewova ak nan òganizasyon l lan ki gen ladan l sèvitè fidèl li yo. Kounye a se moman pou nou soutni Wayòm Bondye a. Si nou fè sa, n ap sove lè Wayòm Bondye a detwi wa nò a ak wa sid la.

KANTIK 149 Yon chan viktwa

^ § 5 Kiyès ki “wa nò a” jodi a, e ki jan l ap peri? Repons kesyon sa yo ka fòtifye lafwa nou e yo ka ede nou prepare pou eprèv nou pral jwenn talè konsa.

^ § 15 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad 15 me 2015, p. 29-30.