Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 21

Èske w apresye kado Bondye ban nou yo?

Èske w apresye kado Bondye ban nou yo?

“Ou fè anpil bagay, o Jewova, Bondye m nan. Ou fè bèl aksyon pou nou e w gen bèl objektif pou nou.” — SÒM 40:5.

KANTIK 5 Travay Bondye estrawòdinè

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Selon Sòm 40:5, ki kado Jewova ban nou, e poukisa nou pral egzamine yo?

JEWOVA se yon Bondye ki donan. Reflechi ak kèk nan kado li ban nou yo: bèl tè nou an ki san parèy, sèvo nou ki fèt yon fason estrawòdinè, ak Labib, Pawòl li a ki gen anpil valè. Grasa twa kado sa yo, Jewova pèmèt nou jwenn yon kote pou nou abite, li ban nou kapasite pou nou reflechi e pou nou kominike e li ede nou jwenn repons pou kesyon ki pi enpòtan nou ta ka poze yo. — Li Sòm 40:5.

2 Nan atik sa a, nou pral fè yon ti pale sou twa kado sa yo. Plis nou reflechi sou yo, se plis n ap apresye yo e n ap vin pi anvi fè Jewova, Kreyatè nou an ki renmen nou anpil la, plezi (Rev. 4:11). Mete sou sa, n ap rive ede moun yo te twonpe ak fo doktrin yo rele evolisyon an pi byen.

PLANÈT NOU AN SAN PARÈY

3. Sa k fè tè a san parèy?

3 Sajès Bondye parèt aklè nan fason li fè tè a, kote n ap viv la (Wom. 1:20; Ebre 3:4). Se pa planèt nou an sèlman k ap vire toutotou solèy la, men tè a san parèy paske li ranpli tout kondisyon pou pèmèt lèzòm kontinye viv.

4. Poukisa nou ka di kèlkeswa bato lòm fè pa ka parèt devan tè a?

4 Nou ka konpare tè a ki nan lespas ak yon bato k ap flote sou gwo lanmè. Men, gen yon gwo diferans ant tè nou an ak yon bato moun fè ki chaje ak moun. Pa egzanp, konbyen tan moun ki nan yon bato ka kontinye viv si se yo ki ta dwe fè oksijèn pou yo respire, manje pou yo manje ak dlo pou yo bwè, e si yo pa gen posiblite pou yo jete okenn fatra ki gen nan bato a? Sa pa t ap pran tan pou moun ki nan bato sa a mouri. Poutan, tè a gen plizyè milya moun ak bèt k ap viv sou li. Se li ki fè tout oksijèn, tout manje ak tout dlo nou bezwen e nou pa manke okenn nan bagay sa yo ki enpòtan anpil. Fatra k ap fèt sou tè a pa al vide nan lespas, epoutan, tè a rete bèl e moun ka kontinye viv sou li. Ki jan sa fè posib? Jewova te fè tè a ak kapasite pou l transfòme menm sa k pa bon ankò pou fè yo vin tounen bagay ki itil. Nou pral fè yon ti pale sou de fason estrawòdinè li pèmèt oksijèn ak dlo renouvle.

5. Ki fason oksijèn renouvle, e ki sa sa montre?

5 Oksijèn se yon gaz moun ak bèt bezwen pou yo kontinye viv. Dapre kalkil ki fèt, moun ak bèt respire san milya tòn oksijèn nan yon ane. Menm kreyati sa yo, lè y ap respire, yo rale oksijèn e sa yo pouse met deyò a se yon gaz ki rele gaz kabonik. Men, kreyati vivan sa yo pa janm rive sèvi ak tout oksijèn ki genyen an e atmosfè a pa janm vin gen twòp gaz kabonik ladan l. Sa k fè sa? Paske Jewova kreye plant yo, soti nan gwo pyebwa rive nan ti plant ki toupiti ki nan lanmè, ki kapte gaz kabonik e ki lage oksijèn nan lè a. Fason oksijèn nan renouvle montre toutbonvre pawòl ki nan Travay 17:24, 25 ki di: “Bondye [...] bay tout moun lavi ak souf” la se laverite.

6. Ki jan dlo renouvle, e ki sa sa montre? (Gade kare ki gen tit “ Fason dlo renouvle se yon kado Jewova bay”.)

6 Dlo egziste sou fòm likid sou tè a paske planèt nou an nan yon distans ideyal parapò ak solèy la. Si tè a te yon tikras pi pre solèy la, tout dlo ki gen sou tè a t ap tounen vapè e tè a t ap tounen yon bout wòch byen cho ki pa gen lavi sou li. Si tè a te yon tikras pi lwen solèy la, tout dlo t ap tounen glas e tè a t ap vin yon gwo boul glas. Kòm Jewova mete tè a nan yon distans ki ideyal parapò ak solèy la, dlo kapab renouvle e sa pèmèt gen lavi. Solèy la chofe dlo ki nan lanmè a ak dlo ki sou tè a e li fè yo tounen vapè pou yo tounen nyaj. Donk, chak ane, se plizyè milyon doum dlo solèy la fè tounen vapè. Dlo sa a rete nan atmosfè a pou anviwon dis jou anvan l tonbe sou fòm lapli oswa nèj. Finalman, dlo a retounen al nan lanmè oswa nan lòt kote ki gen dlo sou tè a, se konsa dlo renouvle. Fason estrawòdinè dlo renouvle montre Jewova gen anpil sajès ak anpil pisans. — Jòb 36:27, 28; Ekl. 1:7.

7. Bay kèk fason nou ka montre nou gen rekonesans pou kado Sòm 115:16 pale de li a.

7 Ki jan nou ka vin gen plis rekonesans pou planèt estrawòdinè nou an ak tout sa li pèmèt nou jwenn? (Li Sòm 115:16.) Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou pran tan pou nou reflechi sou bagay Jewova fè yo. Sa ap pouse nou di Jewova mèsi chak jou pou bon bagay li ban nou. Epitou, nou montre nou apresye tè a lè nou fè efò pou nou kenbe kote n ap viv la pwòp.

SÈVO NOU ESTRAWÒDINÈ

8. Sa k fè nou ka di fason sèvo nou fèt se yon mèvèy?

8 Fason sèvo lòm fèt se yon mèvèy. Lè w te nan vant manman w, sèvo w te devlope selon yon plan ki byen kalkile, e chak minit li te vin gen plizyè milye nouvo selil! Moun k ap fè rechèch yo panse sèvo yon granmoun gen prèske 100 milya selil espesyal ki rele newòn. Selil sa yo fòme sèvo nou ki peze anviwon 3,30 liv. Ann fè yon ti pale sou kèk nan kapasite estrawòdinè sèvo a genyen.

9. Ki sa k pwouve w kapasite nou genyen pou nou pale a se yon kado Bondye ban nou?

9 Kapasite nou genyen pou nou pale a se yon mirak. Fè yon ti reflechi sou tout sa ki fèt lè w ap pale. Chak fwa w di yon mo, se sèvo w ki fè plis pase 100 mis ou gen nan lang ou, gòj ou, bouch ou, machwè w ak pwatrin ou fè mouvman. Tout mis sa yo dwe bouje nan moman yo dwe bouje a pou pawòl w ap di ka soti klè. Konsènan kapasite moun genyen pou yo pale divès lang, gen yon etid yo te fè an 2019 ki montre tibebe ki fèk fèt kapab rekonèt chak mo. Dekouvèt sa a pwouve sa anpil moun k ap fè rechèch kwè: nou fèt ak kapasite pou nou rekonèt lang e pou nou aprann yo. Vrèmanvre, kapasite nou genyen pou nou pale a se yon kado Bondye ban nou. — Egz. 4:11.

10. Ki jan n ka montre nou gen rekonesans pou kapasite nou genyen pou nou pale a ki se yon kado Bondye ban nou?

10 Youn nan fason nou ka montre nou apresye kado Bondye ban nou pou nou pale a se lè nou esplike moun ki sezi poutèt nou pa aksepte ansèyman sou evolisyon an rezon ki fè nou kwè nan Bondye (Sòm 9:1; 1 Pyè 3:15). Moun k ap fè pwomosyon pou doktrin sa a ka kwè se yon aksidan ki fè tè a ak tout sa k ap viv sou li egziste. Si nou sèvi ak Bib la ak kèk nan pwen nou te egzamine nan atik sa a, n ap ka defann Papa nou ki nan syèl la e n ap ka esplike moun ki dispoze koute yo rezon ki fè nou gen konviksyon se Jewova ki kreye syèl la ak tè a. — Sòm 102:25; Eza. 40:25, 26.

11. Bay youn nan rezon ki fè sèvo nou estrawòdinè.

11 Memwa nou estrawòdinè. Gen yon ekriven nan tan lontan ki te fè konnen sèvo lòm gen kapasite pou l sonje yon kantite enfòmasyon ki ka plen 20 milyon liv. Men, kounye a, gen moun ki panse memwa nou ka pran pi plis enfòmasyon pase sa. Ki kapasite estrawòdinè sa pèmèt lèzòm genyen?

12. Ki jan kapasite nou genyen pou nou aprann yon seri leson moral fè nou pa menm ak bèt yo?

12 Pami tout kreyati ki sou tè a, se sèlman lèzòm ki gen kapasite pou yo aprann yon seri leson moral lè yo sonje yon seri evènman ki te pase e lè yo analize evènman sa yo. Konsa, nou ka vin gen pi bon prensip e nou ka chanje fason nou panse ak fason n viv (1 Kor. 6:9-11; Kol. 3:9, 10). Anfèt, nou ka fòme konsyans nou pou n ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Nou ka aprann demontre lanmou, konpasyon ak mizèrikòd. E nou ka aprann imite jistis Jewova.

13. Ann amoni ak Sòm 77:11, 12, ki jan nou dwe sèvi ak memwa nou ki se yon kado?

13 Youn nan fason nou ka montre nou apresye memwa nou ki se yon kado se lè nou fè efò pou n sonje tout moman Jewova te ede nou e l te konsole nou. Sa ap fè nou vin gen plis asirans l ap ede nou alavni tou. (Li Sòm 77:11, 12; 78:4, 7.) Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou sonje bon bagay lòt moun fè pou nou ak lè nou gen rekonesans pou sa yo fè pou nou. Gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen moun ki gen rekonesans yo pi fasil gen kè kontan. Li bon tou pou nou chwazi bliye kèk bagay, menm jan ak Jewova. Pa egzanp, Jewova gen yon memwa ki san fay, men, si nou repanti, li chwazi padone nou e li chwazi bliye erè nou fè yo (Sòm 25:7; 130:3, 4). Li vle nou fè menm bagay la pou lòt moun lè yo regrèt erè yo fè ki ban nou lapenn. — Mat. 6:14; Lik 17:3, 4.

Nou montre nou gen rekonesans pou sèvo nou ki se yon kado lè nou sèvi avè l pou nou onore Jewova. (Gade paragraf 14.) *

14. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sèvo nou ki se yon kado estrawòdinè?

14 Nou ka montre nou gen rekonesans pou sèvo nou ki se yon kado estrawòdinè, lè nou sèvi avè l pou nou onore Sila a ki ban nou l lan. Gen kèk moun ki chwazi sèvi ak sèvo yo yon fason ki egoyis, sa vle di pou yo tabli pwòp prensip pa yo anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Men, piske se Jewova ki kreye nou, li rezonab pou n atann prensip pa l yo pi bon pase nenpòt prensip nou te ka fikse pou tèt nou (Wom. 12:1, 2). Lè nou suiv prensip li yo, nou viv anpè (Eza. 48:17, 18). Mete sou sa, nou vin gen yon objektif ki klè nan lavi nou pou nou onore Kreyatè nou an, Papa nou an, e pou n fè kè l kontan. — Pwo. 27:11.

LABIB SE YON KADO KI SAN PARÈY

15. Ki jan Labib ki se yon kado montre jan Jewova renmen lèzòm?

15 Bib la se yon kado Bondye ban nou ki montre jan l renmen nou. Papa nou ki nan syèl la te pouse yon seri mesye ekri Bib la paske li gen anpil sousi pou pitit li yo ki sou tè a. Pa mwayen Bib la, Jewova reponn kesyon ki pi enpòtan nou ka poze, pa egzanp: Ki kote n soti? Poukisa n ap viv? Ki sa demen sere pou nou? Jewova vle tout pitit li yo konnen repons kesyon sa yo, se sa k fè, pandan plizyè syèk, li te fè moun tradui Bib la nan anpil lang. Jodi a, tout Bib la oswa kèk pati ladan l disponib nan plis pase 3 000 lang! Bib la se liv yo plis tradui e yo plis distribye nan tout listwa. Kèlkeswa kote moun ap viv, kèlkeswa lang yo pale, pifò moun gen posiblite pou yo aprann mesaj ki nan Bib la nan lang manman yo. — Gade kare ki gen tit “Fason Bib la vin disponib nan divès lang afriken”.

16. Selon Matye 28:19, 20, ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou Bib la?

16 Nou ka montre nou gen rekonesans pou Bib la lè nou li l chak jou, lè nou medite sou sa li anseye e lè nou fè tout sa n kapab pou nou aplike sa nou aprann yo. Mete sou sa, nou montre Bondye nou gen rekonesans lè nou fè tout sa n kapab pou nou pataje mesaj ki ladan l lan ak kantite moun nou kapab. — Sòm 1:1-3; Mat. 24:14; Li Matye 28:19, 20.

17. Konsènan ki kalite kado nou sot pale nan atik sa a, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Nan atik sa a, nou sot pale konsènan yon seri kado Bondye ban nou, tankou tè a kote n ap viv la, sèvo nou ki fèt yon fason estrawòdinè ak Labib, Pawòl Bondye fè ekri a. Men, gen yon seri lòt kado Jewova ban nou, nou pa ka wè ak je nou. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale konsènan trezò sa yo moun pa ka wè.

KANTIK 12 Gran Dye, Jewova

^ § 5 Atik sa a pral ede nou montre plis rekonesans pou Jewova e li pral ede nou apresye twa nan kado li ban nou yo plis toujou. Mete sou sa, l ap ede nou rezone ak moun ki pa fin kwè Bondye egziste.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap aprann yon lòt lang pou l ka anseye moun ki sot nan lòt peyi verite ki nan Pawòl Bondye a.