Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 23

“Se pou non w vin sen”

“Se pou non w vin sen”

“O Jewova, non w ap la pou toutan.” — SÒM 135:13.

KANTIK 10 Louwe Jewova, Bondye nou an!

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki kesyon ki enpòtan anpil pou Temwen Jewova yo?

GEN kesyon ki enpòtan anpil ki konsène nou jodi a, se kesyon dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an ak non Jewova ki dwe vin sen. Antanke Temwen Jewova, nou renmen pale sou sijè enteresan sa yo. Men, sa pa vle di nou ta dwe fè yon diferans ant dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an ak non Bondye ki dwe vin sen, kòmsi youn pa gen rapò ak lòt.

2 Nou tout nou rann nou kont non Bondye dwe vin sen. Mete sou sa, nou te aprann moun dwe rekonèt se fason Jewova dirije a ki pi bon. Toule de kesyon sa yo enpòtan.

3. Ki sa ki makònen ak non Jewova?

3 An reyalite non Jewova gen rapò ak tout bagay ki konsène Bondye nou an, san wete fason l ap dirije. Donk, si nou di kesyon ki pi enpòtan an se pou non Jewova vin sen, se kòmsi nou di tou fason Jewova ap dirije a se pi bon fason an. Non Jewova makònen ak fason l dirije antanke Souvren ki toupisan. — Gade kare ki gen tit “ Yon kesyon enpòtan ki gen plizyè aspè”.

4. Ki sa Sòm 135:13 di sou non Bondye, e ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

4 Non Jewova pa gen parèy. (Li Sòm 135:13.) Poukisa non Bondye gen anpil enpòtans konsa? Ki jan yo te lage vèni sou li pou premye fwa? Ki jan Bondye fè non l vin sen? E ki jan nou ka patisipe nan defann non l? Ann chèche repons kesyon sa yo.

ENPÒTANS YON NON GENYEN

5. Ki sa kèk moun ka di lè yo tande non Bondye dwe vin sen?

5 “Se pou non w vin sen.” ​(Mat. 6:9). Jezi te di sa se bagay ki pi enpòtan nou ta dwe mande lè n ap priye. Men, ki sa pawòl Jezi yo vle di? Fè yon bagay vin sen vle di mete l apa oswa fè l vin pwòp. Men, gen kèk moun ki gendwa di ‘Èske non Jewova pa deja sen e l pa deja pwòp?’ Pou nou jwenn repons kesyon sa a, nou bezwen reflechi sou tout sa yon non reprezante.

6. Ki sa k fè yon non enpòtan?

6 Yon non se pa sèlman yon seri lèt yo ekri sou yon papye oubyen yo pwononse. Gade ki sa Bib la di: “Pito yon moun chwazi [gen] yon non olye l chwazi gen anpil richès.” ​(Pwo. 22:1, nòt; Ekl. 7:1). Poukisa yon non gen enpòtans konsa? Se paske li gen rapò ak yon repitasyon sètadi fason yo konsidere moun ki pote non sa a. Donk, fason yo ekri non yon moun oswa fason yo pwononse l se pa sa k pi enpòtan. Sa k pi enpòtan an se sa k vin nan lespri yon moun lè l wè non sa a oswa lè l tande non sa a.

7. Ki jan yo atake non Bondye?

7 Lè moun bay manti sou Jewova, se repitasyon l yo atake. Lè yo atake repitasyon l, se non l y ap eseye sal. Premye fwa yo te atake non Bondye ak repitasyon l, se te nan kòmansman istwa lèzòm. Ann wè sa nou ka aprann nan atak sa a.

PREMYE FWA YO TE LAGE VÈNI SOU NON BONDYE

8. Ki sa Adan ak Èv te konnen e ki kesyon nou ka poze?

8 Adan ak Èv te konnen non Bondye se Jewova e yo te konnen yon seri verite ki enpòtan anpil sou Sila a ki pote non sa a. Yo te konnen l se Kreyatè a, Sila a ki te ba yo lavi a, ki te ba yo bèl Paradi kote yo t ap viv la e ki te marye yo, yo menm ki te pafè (Jen. 1:26-28; 2:18). Men, èske yo t ap kontinye sèvi ak sèvo yo ki pafè pou yo medite sou tout sa Jewova te fè pou yo? Èske yo t ap kontinye chèche gen plis lanmou ak rekonesans pou Sila a ki pote non sa a? Repons kesyon sa yo te vin parèt aklè lè ènmi Bondye a te pase yo anba eprèv.

9. Selon Jenèz 2:16, 17 ak 3:1-5, ki sa Jewova te di Adan ak Èv, e ki jan Satan te tòde laverite?

9 Li Jenèz 2:16, 17 ak 3:1-5. Satan te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv. Li te fè kòmsi se sèpan an k ap pale. Li te mande Èv: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an?” Kesyon sa a te gen yon manti anba anba ladan l ki te tankou yon pwazon ki kache. An reyalite, Bondye te di yo te kapab manje nan tout pyebwa yo eksepte youn. Adan ak Èv te kapab manje nan tout kalite pyebwa e se pa ni de ni twa pyebwa ki te genyen (Jen. 2:9)! Jewova vrèman donan. Men, Bondye te di Adan ak Èv gen youn nan pyebwa yo li pa pèmèt yo manje fwi ladan l. Donk, kesyon Satan te poze a te tòde laverite. Satan te fè Bondye pase pou yon moun ki pa renmen bay. Èv te ka di tèt li: ‘Èske se pa yon bon bagay Bondye ap anpeche m jwenn?’

10. Ki jan Satan te lage vèni sou non Bondye kareman, e ki rezilta sa te bay?

10 Nan moman sa a, Èv te toujou konsidere Jewova kòm Chèf li. Li te fè Satan konnen lòd klè Bondye te bay la. Èv te di yo pa dwe menm touche pyebwa a. Li te konnen Bondye te avèti yo si yo dezobeyi y ap mouri. Men, Satan te di yo: “Nou pap mouri pyès.” ​(Jen. 3:2-4). Lè sa a, Satan pa t pase akote ankò. Li te lage vèni sou non Bondye kareman, paske l te fè Èv konnen Jewova se yon mantè. Konsa, Satan te vin tounen yon dyab oubyen yon medizan. Satan te twonpe Èv nèt, e Èv te kwè l (1 Tim. 2:14). Li te fè Satan plis konfyans pase Jewova. E sa te vin fè l pi fasil pou Èv pran pi move desizyon an. Li te deside dezobeyi Jewova. Li te kòmanse manje fwi Jewova te ba l lòd pou l pa manje a. Apre sa, li te bay Adan tou. — Jen. 3:6.

11. Ki sa premye paran nou yo te ka fè, men, ki sa yo pa t rive fè?

11 Pandan yon moman, reflechi sou sa Èv te dwe di Satan. Imajine Èv te di Satan: “M pa konn kiyès ou ye, men mwen konnen Papa m, Jewova, epi mwen renmen l e mwen fè l konfyans. Li bay Adan avè m tout sa nou genyen. Ki jan w fè vin di m move bagay sou li? Al fè wout ou!” Se pa ti kontan Jewova t ap kontan tande jan pitit fi l la renmen l e li fidèl avè l (Pwo. 27:11)! Men, ni Èv ni Adan pa t gen lanmou fidèl pou Jewova. Lefètke Adan ak Èv pa t gen lanmou sa a pou Papa yo a, yo pa t defann non l pou yo anpeche yo lage vèni sou li.

12. Ki jan Satan te simen dout nan lespri Èv, e ki sa Adan ak Èv pa t fè?

12 Jan nou sot wè sa, Satan te kòmanse simen dout nan lespri Èv. Li te fè l vin gen dout sou kalite moun Jewova ye. Lè sa a, Adan ak Èv pa t defann non Jewova ak repitasyon l. Yo te koute Satan ki t ap ankouraje yo fè rebelyon kont Papa yo. Satan sèvi ak menm taktik yo jodi a. Li atake non Jewova lè l lage vèni sou li. Li fasil pou moun ki kwè nan manti Satan yo kite manti sa yo fè yo vire do bay prensip jis Jewova yo byen fasil.

JEWOVA FÈ NON L VIN SEN

13. Ki jan Ezekyèl 36:23 met aksan sou mesaj prensipal ki nan Bib la?

13 Èske Jewova aksepte yo lage vèni sou non l san l pa defann tèt li? Non, li pa aksepte sa! Tout Bib la pale sou fason Jewova aji pou l pwòpte non l anba manti yo te lage sou li nan jaden Edenn nan (Jen. 3:15). Anfèt, nou ka rezime mesaj prensipal ki nan Bib la konsa: Jewova fè non l vin sen pa mwayen Wayòm nan Pitit li a ap dirije e li fè vin gen jistis ak lapè sou tè a. N ap jwenn yon seri enfòmasyon nan Bib la k ap ede nou konprann ki jan Jewova fè non l vin sen. — Li Ezekyèl 36:23.

14. Ki jan fason Jewova reyaji devan rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan fè non l vin sen?

14 Satan fè tout sa l kapab pou l anpeche Jewova reyalize objektif Li. Men Satan pa janm reyisi. Bib la montre fason Jewova aji e li montre pa gen pèsonn ki tankou Jewova Dye. Se vre, rebelyon Satan ak tout moun ki met ansanm avèk li yo fè a lakòz Jewova soufri anpil (Sòm 78:40). Men, li jere sitiyasyon an avèk sajès, pasyans ak jistis. Mete sou sa, li montre jan li Toupisan divès fason. Sa k pi enpòtan an, lanmou l parèt nan tout sa l fè (1 Jan 4:8). Jewova pa sispann travay pou l fè non l vin sen.

Satan te bay Èv manti sou Jewova, e pandan plizyè syèk Dyab la kontinye ap lage vèni sou Bondye. (Gade paragraf 9-10, 15.) *

15. Ki jan Satan ap lage vèni sou non Bondye jodi a, e ki rezilta sa bay?

15 Satan kontinye ap lage vèni sou non Bondye jodi a. Li twonpe moun yo lè l fè yo gen dout sou jan Bondye gen pisans, jistis, sajès ak lanmou. Pa egzanp, Satan eseye konvenk moun se pa Jewova ki Kreyatè a. E si moun yo aksepte Bondye egziste, Satan eseye fè yo kwè Bondye ak prensip li yo twò di e yo pa jis. Li menm anseye moun yo Jewova se yon Dye ki gen kè di e ki mechan k ap boule moun nan lanfè. Lè yo kwè nan manti konsa, yo vin gen plis tandans pou yo pa aksepte Jewova kòm yon Chèf ki jis. Toutotan Satan poko detwi, l ap kontinye fè pwopagann l ap fè yo pou l sal non Bondye e l ap eseye fè w vire do bay Jewova tou. Èske l ap reyisi?

KI DESIZYON W NAN GWO KESYON KI SOULVE A?

16. Ki sa w ka fè Adan ak Èv pa t rive fè?

16 Jewova bay moun ki enpafè posiblite pou yo patisipe nan fè non l vin sen. Anfèt, ou ka fè sa Adan ak Èv pa t rive fè a. Malgre n ap viv nan yon monn ki chaje ak moun k ap lage vèni sou Jewova e k ap fè blasfèm, ou gen posiblite pou w pran pozisyon pou laverite e pou w di laverite: Jewova sen, li jis, li bon e li gen lanmou (Eza. 29:23). Ou ka montre ou vle se li ki Chèf ou. Ou ka fè konnen se li menm sèl ki kapab dirije yon fason ki vrèman jis e se dominasyon l lan k ap pote lapè ak kè kontan pou tout kreyasyon an. — Sòm 37:9, 37; 146:5, 6, 10.

17. Ki jan Jezi te fè moun konn non Papa l?

17 Lè nou defann non Jewova, nou suiv egzanp Jezi Kris (Jan 17:26). Jezi te fè konnen non Papa l nonsèlman lè l te itilize non sa a men tou lè l te fè moun yo konnen kiyès Jewova ye toutbon. Pa egzanp, li te demanti Farizyen yo ki te fè konnen Bondye di, li egzijan, li pa renmen moun e li san pitye. Jezi te ede moun yo wè Papa l kòm yon moun ki rezonab, ki gen pasyans, ki gen lanmou e ki renmen padone. Li te ede yo konnen Jewova nan fason l te byen imite kalite Papa l yo nan lavi l chak jou. — Jan 14:9.

18. Ki jan nou ka montre sa yo di sou Jewova yo ak vèni yo lage sou do l la pa laverite?

18 Menm jan ak Jezi, nou ka aprann moun yo sa nou konnen sou Jewova. Konsa y ap vin konn non Jewova ki sen e y ap respekte non l. Nou ka ede moun yo konnen tou jan li se yon Bondye ki gen lanmou ak bonte. Tank n ap fè sa, n ap montre sa yo di sou Jewova yo ak vèni yo lage sou do l la pa laverite. Nou kapab imite Jewova tou. Sa posib menm lè nou enpafè (Efe. 5:1, 2). Lè pawòl nou ak aksyon nou montre moun yo kiyès Jewova ye toutbonvre, nou patisipe nan fè non l vin sen. Nou defann non sa a lè nou ede moun yo konn laverite sou non Bondye *. Epitou, nou montre menm lè nou enpafè, nou kapab rete fidèl. — Jòb 27:5.

Nou vle ede etidyan Labib nou yo konprann jan Jewova se yon Bondye ki gen bonte ak lanmou. (Gade paragraf 18-19.) *

19. Ki jan Ezayi 63:7 ede nou wè sa ki dwe prensipal objektif nou lè n ap anseye?

19 Gen yon lòt bagay nou ka fè pou nou fè non Jewova vin sen. Lè n ap anseye lòt moun verite ki nan Bib la, souvan nou mete aksan sou dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, sa vle di Jewova gen dwa pou l dirije linivè. E se laverite. Men, toutpandan li enpòtan pou nou konsantre sou lwa Bondye bay yo, prensipal objektif nou se pou n ede moun yo aprann renmen Jewova, Papa nou an, e pou yo fidèl avè l. Kidonk, nou bezwen montre moun yo bèl kalite Jewova genyen ki atiran toutpandan n ap met aksan sou Moun ki pote non Jewova a. (Li Ezayi 63:7.) Lè nou anseye fason sa a, n ap ede moun yo renmen Jewova epi obeyi l paske yo vle fidèl avè l.

20. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

20 Kidonk, ki jan nou ka sèten fason nou aji ak fason nou anseye ap ede moun yo reflechi ak bèl kalite Jewova gen lakay li lè yo tande non Jewova, e sa ap atire yo vin sèvi l? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa a.

KANTIK 2 Non ou se Jewova

^ § 5 Ki kesyon enpòtan ki konsène tout kreyati entèlijan? Sa k fè kesyon sa a enpòtan anpil konsa? E ki wòl nou jwe nan reponn kesyon sa a? Lè nou konprann repons kesyon nou poze la yo ak lòt kesyon menm jan an, sa ap ede nou vin gen pi bon relasyon ak Jewova.

^ § 18 Pafwa piblikasyon nou yo te konn di nou pa bezwen defann non Jewova paske pa gen moun ki ka gen dout sou dwa l genyen pou l pote non sa a. Men, nan reyinyon ànyèl 2017 la, yo te bay yon eklèsisman sou pwen sa a. Men sa frè ki t ap prezide a te di: “Tou senpleman, li pa mal pou n di n ap priye pou jistifikasyon non Jewova paske vrèmanvre yo dwe defann repitasyon l.” — Gade pwogram Tele jw pou janvye 2018 la sou jw.org®. Ale nan BIBLIYOTÈK > TELE JW.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Dyab la te lage vèni sou Bondye lè l te fè Èv konnen Bondye se yon mantè. Pandan plizyè syèk, Satan te fè pwopagann pou yon seri manti, tankou ansèyman ki fè kwè Bondye mechan e Bondye pa t kreye lèzòm.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap met aksan sou pèsonalite Bondye pandan l ap kondui yon etid Labib.