Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 24

“Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w”

“Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w”

“Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w. M ap fè louwanj pou ou ak tout kè m, o Jewova, Bondye m nan.” — SÒM 86:11, 12.

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa lakrentif pou Bondye ye, e poukisa li enpòtan pou moun ki renmen Jewova yo gen lakrentif sa a?

KRETYEN yo renmen Bondye e yo gen lakrentif pou li tou. Gen kèk moun ki ka panse se yon kontradiksyon. Men, lakrentif sa a pa vle di se pè w pè. Nou pral pale sou yon lòt kalite lakrentif. Moun ki gen kalite lakrentif sa a, gen gwo admirasyon pou Bondye e yo respekte l ak tout kè yo. Yo pa vle fè Papa yo ki nan syèl la fache paske yo pa vle kraze amitye yo gen avè l la. — Sòm 111:10; Pwo. 8:13.

2. Ann amoni ak pawòl wa David te di ki nan Sòm 86:11 lan, sou ki de bagay nou pral pale?

2 Li Sòm 86:11. Lè w reflechi sou pawòl sa yo, ou ka wè wa David ki te fidèl te konprann enpòtans pou l gen lakrentif pou Bondye. Ann wè kòman nou ka aplike pawòl David te di nan priyè l te fè a. Premyèman, nou pral egzamine kèk rezon ki fè nou bezwen gen gwo respè pou non Bondye. Dezyèmman, nou pral wè fason nou ka montre nou gen gwo respè pou non Bondye nan lavi nou chak jou.

SA K FÈ NOU DWE GEN GWO RESPÈ POU NON JEWOVA?

3. Ki eksperyans ki dwe te ede Moyiz kontinye gen gwo respè pou non Bondye?

3 Fè yon ti reflechi sou fason Moyiz te santi l lè l te akokiye kò l nan yon twou wòch e l te fè yon vizyon kote l te wè glwa Jewova k ap pase. Liv Étude perspicace des Écritures la fè konnen “sanble se te eksperyans ki te pi estrawòdinè yon moun te fè anvan Jezi Kris te vin sou tè a”. Men pawòl Moyiz te tande, sandout yon zanj te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche.” ​(Egz. 33:17-23; 34:5-7). Petèt Moyiz te sonje eksperyans sa a lè l t ap sèvi ak non Jewova. Nou pa sezi lefètke annapre Moyiz te fè pèp Izrayèl la, pèp Bondye a, konnen pou yo “gen lakrentif pou non Bondye [...], yon non ki merite pou nou ba li glwa e pou nou respekte l”. — Det. 28:58.

4. Ki kalite lè nou medite sou yo sa ka fè nou gen gwo respè pou Jewova?

4 Lè nou reflechi ak non Bondye ki se Jewova, li bon pou nou medite sou Sila a ki gen non sa a. Nou ta dwe sonje kalite l yo, tankou pisans li, sajès li, jistis li ak lanmou l. Lè nou reflechi sou kalite sa yo ak lòt ankò, sa ka fè nou gen gwo respè pou Bondye. — Sòm 77:11-15.

5-6. a) Ki siyifikasyon non Bondye? b) Selon Egzòd 3:13, 14 ak Ezayi 64:8 ki fason Jewova fè kèlkeswa sa l vle reyalize?

5 Ki sa nou konnen sou siyifikasyon non Bondye? Anpil biblis dakò non Jewova sanble vle di “Li fè vin tounen”. Sa fè n sonje pa gen anyen ki ka anpeche Jewova fè sa l vle, e li ka fè kèlkeswa sa l vle a reyalize. Ki jan?

6 Jewova fè kèlkeswa sa l vle a reyalize lè l vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou l reyalize objektif li. (Li Egzòd 3:13, 14.) Souvan nou jwenn ankourajman pou n reflechi sou bèl aspè sa a nan pèsonalite Bondye. Mete sou sa, Jewova ka fè moun k ap sèvi l yo ki enpafè vin tounen sa k nesesè pou sèvi l e pou reyalize objektif li. (Li Ezayi 64:8.) Konsa, Jewova fè volonte l fèt. Pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif li. — Eza. 46:10, 11.

7. Ki jan nou ka vin gen plis rekonesans pou Papa nou ki nan syèl la?

7 Nou ka vin gen plis rekonesans pou Papa nou an ki nan syèl la lè nou medite sou sa l fè e sou sa l pèmèt nou fè. Pa egzanp, lè nou medite sou mèvèy ki gen nan kreyasyon an, nou rete bouch ouvè devan tout sa Jewova reyalize ak sa l fè vin egziste (Sòm 8:3, 4). E lè nou medite sou sa Jewova pèmèt nou vin tounen pou nou ka fè volonte l, nou vin gen gwo respè pou li. Vrèmanvre, non Jewova se yon non ki estrawòdinè! Li montre tout sa Papa nou an ye, tout sa l fè ak tout sa l pral fè. — Sòm 89:7, 8.

“M AP FÈ MOUN KONNEN NON JEWOVA”

Sa Moyiz te anseye yo te ankourajan. Li te atire atansyon sou non Jewova Dye e sou kiyès Bondye ye. (Gade paragraf 8.) *

8. Ki sa Detewonòm 32:2, 3 fè nou konnen sou fason Jewova konsidere non l?

8 Yon ti tan anvan Izrayelit yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, Bondye te fè Moyiz aprann pawòl ki nan yon chante (Det. 31:19). E Moyiz te dwe montre pèp la chante a. (Li Detewonòm 32:2, 3.) Lè nou medite sou vèsè 2 ak vèsè 3, nou wè aklè Jewova pa vle yo kache non l. Li pa vle yo konsidere l twò sakre pou yo site l. Li vle tout kreyati entèlijan l yo konnen non l! Se te yon gwo privilèj pou pèp la tande Moyiz k ap fè yo konnen Jewova ak non L ki gen glwa! Sa Moyiz te aprann yo a te ranfòse lafwa yo e l te ankouraje yo, menm jan ak lè yon ti lapli ap tonbe sou plant yo. Ki jan nou ka veye pou fason nou anseye a gen menm efè a?

9. Ki jan nou ka patisipe nan fè non Jewova vin sen?

9 Lè n ap preche kay an kay oswa lè n ap fè temwayaj an piblik, nou ka sèvi ak Bib nou pou nou montre moun yo non Bondye se Jewova. Nou ka ofri yo bèl piblikasyon, nou ka montre yo bèl videyo ak lòt bagay ki sou sit Entènèt nou an ki onore Jewova. Nan travay nou, nan lekòl nou, oswa lè n ap vwayaje, nou ka jwenn okazyon pou nou pale konsènan Bondye nou an nou renmen e konsènan kiyès li ye. Lè nou fè moun nou rankontre yo konnen objektif ki plen lanmou Jewova genyen pou lèzòm e pou tè a, nou fè yo konnen yon aspè nan pèsonalite Jewova yo gendwa potko konnen e ki nouvo pou yo. Lè nou fè lòt moun konn laverite sou Papa nou an ki renmen nou, nou patisipe nan fè non Bondye vin pi sen toujou. Nou devwale kèk nan manti ak medizans yo ka konn tande lòt moun ap fè sou Jewova. Nou bay moun yo ansèyman ki pi itil e ki pi ankourajan ki te ka genyen an. — Eza. 65:13, 14.

10. Lè n ap fè etid biblik ak moun yo, poukisa nou bezwen fè plis pase aprann yo sa Bondye mande yo ak prensip li yo?

10 Lè n ap fè etid biblik ak moun yo, nou vle fè etidyan yo konnen non Bondye se Jewova e nou vle ankouraje yo itilize non sa a. Mete sou sa, nou vle ede yo konprann siyifikasyon non Bondye. Èske n ap rive fè sa lè nou annik fè yo konnen enstriksyon Bondye bay yo, prensip li yo ak fason li vle yo aji? Yon bon etidyan ka aprann konnen lwa Bondye yo e li ka menm vin renmen yo. Men, èske etidyan an ap obeyi Jewova paske l renmen l e li konsidere l kòm yon Moun toutbon? Sonje, Èv te konnen lwa Bondye bay, men l pa t vrèman renmen Sila a ki te bay lwa sa a, e Adan pa t vrèman renmen l nonplis (Jen. 3:1-6). Donk, nou dwe fè plis pase aprann lòt moun konn sa Bondye mande yo ak prensip li yo ki jis.

11. Lè n ap anseye etidyan nou yo lwa Bondye yo ak prensip li yo, ki jan nou ka ede yo vin renmen Sila a ki bay lwa sa yo?

11 Sa Jewova mande yo ak prensip li yo se bagay ki toujou nan avantaj nou (Sòm 119:97, 111, 112). Men, etidyan nou yo ka pa wè yo konsa si yo pa konprann Jewova te fè lwa sa yo paske l renmen nou. Donk, nou ka mande etidyan nou yo: “Poukisa w panse Bondye mande moun k ap sèvi l yo pou yo fè yon bagay oswa pou yo pa fè yon bagay? Ki sa sa aprann nou sou Bondye ki se yon Moun reyèl?” Si nou ede etidyan nou yo pou yo panse ak Jewova e pou yo vin gen yon lanmou toutbon pou non l ki gen glwa, li ka pi fasil pou n touche kè yo. Nonsèlman etidyan nou yo ap vin renmen lwa sa yo, men y ap renmen Sila a ki bay lwa sa yo tou (Sòm 119:68). Y ap vin gen plis lafwa e sa ap ede yo andire eprèv ki pi difisil k ap vini yo. — 1 Kor. 3:12-15.

“N AP MACHE NAN NON JEWOVA”

Yon lè David te kite kè l vin divize. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan David te rive kite kè l divize yon lè, e ki rezilta sa te bay?

12 Men yon enfòmasyon ki enpòtan anpil nou jwenn nan Sòm 86:11: “Fè se ak tout kè m.” Se Bondye ki te pouse wa David ekri pawòl sa yo. Pandan tout vi l, li te wè jan l fasil pou yon moun kite kè l vin divize. Yon lè, pandan l te sou do kay li, li te wè madanm yon lòt gason k ap benyen. Nan moman sa a, èske kè l te fè yon sèl oubyen èske kè l te divize? Li te konnen prensip Jewova a ki di: “Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou.” ​(Egz. 20:17). Epoutan, sa klè, li te kontinye gade. Kè l te vin divize. Yon bò, li te gen dezi pou Batcheba, dam li t ap gade a, yon lòt bò, li te vle fè Jewova plezi. Byenke David te gen lontan depi l renmen Jewova e li te gen lakrentif pou li, li te kite dezi egoyis li te genyen an pran tèt li. Lè sa a, David te fè yon seri bagay ki te mal anpil. Li te sal non Jewova. Mete sou sa, David te fè yon seri moun inosan soufri anpil, san wete fanmi l. — 2 Sam. 11:1-5, 14-17; 12:7-12.

13. Ki jan nou fè konnen David te retounen sèvi Jewova ak tout kè l ankò?

13 Jewova te disipline David, e David te retounen gen bon relasyon ak Jewova (2 Sam. 12:13; Sòm 51:2-4, 17). David te sonje pwoblèm ak traka li te lakòz lè li te kite kè l vin divize. Men yon lòt fason nou te ka tradui pawòl li te di nan Sòm 86:11 lan: “Ban mwen yon kè ki pa divize.” Èske Jewova te ede David fè kè l fè yon sèl oswa fè kè l pa divize? Wi, paske annapre Pawòl Jewova a te dekri David kòm yon moun ki te “kontinye sèvi Jewova, Bondye l la, ak tout kè l”. — 1 Wa 11:4; 15:3.

14. Ki sa nou bezwen mande tèt nou e poukisa?

14 Egzanp David la ankourajan e li se yon avètisman pou nou. Lefètke l te tonbe nan yon peche grav se yon avètisman pou sèvitè Bondye yo jodi a. Kit nou fèk kòmanse sèvi Jewova, kit nou gen anpil ane depi n ap sèvi l, nou bezwen mande tèt nou: ‘Èske m fè gwo efò pou m pa kite Satan divize kè m?’

Satan pral chèche fè tout sa l kapab pou l divize kè w. Pa kite l fè sa! (Gade paragraf 15-16.) *

15. Ki jan lakrentif nou gen pou Bondye pwoteje nou lè nou tonbe sou imaj ki ka reveye dezi seksyèl lakay nou?

15 Pa egzanp, ki jan w ap reyaji si w wè yon imaj nan televizyon oswa sou Entènèt ki ka reveye dezi seksyèl lakay ou? Li ka fasil pou w di tèt ou imaj sa a oubyen fim sa a se pa pònografi. Men, èske se pa yon bagay Satan ap itilize pou l eseye divize kè w (2 Kor. 2:11)? Nou ka konpare imaj sa a ak yon ti biren yon moun itilize pou l fann yon gwo bout bwa. Okòmansman, li fè yon fason pou ti pwent lan ki file antre nan bout bwa a. Epi, ofiramezi l ap fè biren an antre pi fon, bout bwa a ap fann de bò. Èske imaj ki reveye dezi seksyèl yo pa sanble ak ti pwent biren an? Si yon moun ap gade bagay sa yo ki parèt san danje, rive yon lè sa ka fè l peche kont Jewova. Kidonk, pinga w kite anyen ki pa kòrèk antre nan kè w! Se pou w gen lakrentif pou non Jewova ak tout kè w!

16. Lè nou jwenn tantasyon, ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

16 Nonsèlman Satan sèvi ak imaj ki ka reveye dezi seksyèl lakay moun, men tou, li mete divès lòt tantasyon devan nou pou fè nou fè sa ki mal. Ki jan n ap reyaji? Li fasil pou nou panse bagay sa yo pa vrèman mal. Pa egzanp nou kapab di tèt nou: ‘Bon, si m fè sa, yo pap eskominye m, sa vle di li pa pi grav pase sa.’ Si nou ta panse konsa, nou t ap twonpe tèt nou nèt. Li t ap pi bon pou nou poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske Satan ap eseye sèvi ak tantasyon sa a pou l divize kè m? Si m kite move dezi sa yo pote m ale, èske m pa t ap sal non Jewova? Èske aksyon sa a ap fè m vin pi pwòch ak Bondye m nan oubyen èske l ap fè m pran distans mwen avè l?’ Medite sou kesyon sa yo. Priye pou w jwenn sajès pou w reponn kesyon sa yo onètman, san w pa twonpe tèt ou (Jak 1:5). Lè w fè sa, sa ka pwoteje w toutbon. Sa ka ba w kouraj pou w rejte tantasyon ou jwenn, jan Jezi te fè sa lè l te di: “Al fè wout ou, Satan!” — Mat. 4:10.

17. Poukisa li pa bon pou kè nou divize? Bay yon egzanp.

17 Li pa bon pou kè nou divize. Imajine yon ekip spò ki gen kèk jwè ki pa antann yo youn ak lòt. Gen nan yo ki vle jwenn glwa pou tèt yo sèlman, kèk nan yo pa vle respekte règ jwèt la, e anpil nan yo pa respekte antrenè a. L ap difisil pou yon ekip konsa genyen yon match. Yon lòt bò, li pi fasil pou yon ekip ki gen tètansanm reyisi. Kè w kapab menm jan ak ekip sa a ki reyisi si gen amoni ant panse w, dezi w ak santiman w nan sèvis w ap bay Jewova a. Pa bliye Satan ta renmen divize kè w. Li ta renmen pou panse w, dezi w ak santiman w pa ale nan menm sans e pou yo dozado ak prensip Jewova yo. Men, se ak tout kè w ou bezwen sèvi Jewova (Mat. 22:36-38). Pa janm kite Satan divize kè w!

18. Ann amoni ak pawòl ki nan Miche 4:5 lan, ki detèminasyon w pran?

18 Menm jan ak David, priye Jewova pou w mande l: “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w.” Fè tout sa w kapab pou w viv ann amoni ak priyè sa a. Chak jou ou bezwen pran detèminasyon pou desizyon w pran, kit yo piti kit yo gwo, montre w gen gwo respè pou non Jewova, yon non ki sen. Antanke Temwen Jewova, lè w fè sa, w ap onore non sa a (Pwo. 27:11). E nou tout ap kapab di menm pawòl pwofèt Miche te di a: “N ap mache nan non Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan.” — Miche 4:5.

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

^ § 5 Nan atik sa a, nou pral konsantre sou yon pati nan priyè wa David te fè ki nan Sòm 86:11, 12. Ki sa gen lakrentif pou non Jewova vle di? Ki rezon nou genyen pou nou gen respè pou gran non sa a? E ki jan lakrentif nou gen pou Bondye ka pwoteje nou pou n pa tonbe nan tantasyon?

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Moyiz te aprann pèp la yon chante ki onore Jewova.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Èv pa t rejte move dezi li te genyen yo. Yon lòt bò, nou rejte imaj oswa mesaj k ap pouse nou gen move dezi e ki ka fè nou sal non Bondye.