Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Metriz: Yon kalite ki enpòtan anpil pou n gen favè Jewova

Metriz: Yon kalite ki enpòtan anpil pou n gen favè Jewova

“Lè yon kouzen m te mare goumen avè m, mwen te kenbe l nan gòj e m t ap eseye toufe l. Mwen te vle touye l.” — Paul.

“Lakay mwen, m te konn fache byen fasil, menmsi m pa t gen bon rezon pou sa. Mwen te konn kraze mèb, jwèt, tout sa k tonbe anba men m.” — Marco.

Nou ka pa rive nan ekstrèm sa yo. Men, nou tout konn gen pwoblèm pou n kontwole tèt nou pafwa. Prensipal rezon ki fè sa se paske nou eritye tandans pou n fè peche a nan men Adan, premye moun nan (Wom. 5:12). Menm jan ak Paul ak Marco, gen kèk moun ki gen pwoblèm pou yo metrize kòlè yo. Gen lòt moun ki ka twouve l difisil pou yo metrize panse yo. Yo ret konsantre sou sa k fè yo pè oswa yo ret ap panse sou bagay ki negatif. Gen lòt moun tou ki ka twouve l difisil pou yo reziste pou yo pa tonbe nan imoralite seksyèl, nan bwè alkòl depase limit oswa nan pran dwòg.

Moun ki kite panse yo, dezi yo ak aksyon yo vin san kontwòl ka gaspiye vi yo. Men, nou ka evite sa. Ki jan? Lè nou chèche gen metriz. Pou nou ka gen metriz, annou konsidere twa kesyon: 1) Ki sa metriz ye? 2) Poukisa se yon bagay ki enpòtan anpil? 3) Ki jan nou ka chèche gen kalite sa a ki fè pati “fwi lespri a”? (Gal. 5:22, 23.) Apre sa, nou pral egzamine sa nou ka fè pèsonèlman si pafwa nou manke metriz.

KI SA METRIZ YE?

Yon moun ki gen metriz se yon moun ki pa aji sou emosyon. Okontrè, li veye pou l pa pale e pou l pa aji fason ki pap fè Bondye plezi.

Sa klè, Jezi te demontre metriz.

Jezi te montre nou ki sa metriz vle di. Labib di: “Lè yo te joure l, li pa t joure tou. Lè li t ap soufri, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la.” ​(1 Pyè 2:23). Jezi te demontre yon metriz konsa lè opozan yo te pase l nan rizib pandan l te sou poto soufrans lan (Mat. 27:39-44). Anvan sa, li te demontre l gen yon metriz estrawòdinè lè chèf relijye ki te opoze avè l yo te eseye pran l nan pyèj nan sa l ap di (Mat. 22:15-22). E li te vrèman bay yon bèl egzanp lè kèk Juif ki te an kòlè te pran wòch pou yo voye dèyè l! Olye Jezi te fè menm jan avèk yo, li te “kache e li [te] soti nan tanp lan”. — Jan 8:57-59.

Èske nou ka suiv egzanp Jezi? Nou kapab, nan yon sèten degre. Men sa apot Pyè te ekri: “Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye.” ​(1 Pyè 2:21). Byenke nou enpafè, nou ka suiv egzanp Jezi pye pou pye nan demontre metriz. Poukisa li enpòtan anpil pou nou fè sa?

POUKISA METRIZ ENPÒTAN ANPIL?

Nou bezwen gen metriz pou n jwenn favè Jewova. Menmsi nou gen lontan depi n ap sèvi Jewova fidèlman, nou ka pèdi relasyon nou gen avè l la si n pa kontwole sa n ap fè ak sa n ap di.

Ann pran egzanp Moyiz ki te “gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a” nan epòk li a (Nonb 12:3). Pandan plizyè dizèn ane, Moyiz te pran pasyans avèk Izrayelit yo ki t ap plenyen. Men, yon jou, li te pèdi metriz li. Li te fè yon sèl kòlè lè yo te plenyen yon lòt fwa ankò paske pa t gen ase dlo. Li te pale rèd ak pèp la, li te di yo: “Tande, bann rebèl! Èske se nan mas wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou?” — Nonb 20:2-11.

Moyiz pa t demontre metriz. Li pa t fè konnen se Jewova ki te fè yo jwenn dlo a pa mwayen yon mirak (Sòm 106:32, 33). Se sa k fè Jewova pa t kite l antre nan Peyi li te pwomèt la (Nonb 20:12). Sandout, Moyiz te regrèt li te pèdi metriz li pou jis li mouri. — Det. 3:23-27.

Ki leson nou aprann? Menmsi nou gen anpil tan nan laverite, nou pa dwe janm pale yon fason derespektan ak moun ki fè nou fache oswa ak moun ki merite korije (Efe. 4:32; Kol. 3:12). Vrèmanvre, tank n ap vin granmoun, se tank li konn vin pi difisil pou nou gen pasyans. Men, sonje Moyiz. Nou pa t ap janm renmen pèdi bèl repitasyon nou gen nan je Jewova a paske nou pa t montre nou gen metriz. Ki sa n ka fè pou nou chèche gen kalite sa a ki enpòtan anpil?

FASON POU N CHÈCHE GEN METRIZ

Priye pou n jwenn lespri sen. Poukisa? Paske metriz fè pati fwi lespri Bondye a, e Jewova bay moun lespri sen si yo mande l li (Lik 11:13). Jewova ka ban nou fòs nou bezwen an pa mwayen lespri l (Flp. 4:13). Li ka ede nou gen lòt aspè nan fwi lespri a tou, tankou lanmou, k ap ede nou gen plis metriz. — 1 Kor. 13:5.

Evite tout bagay ki ka fè w gen mwens metriz.

Evite tout bagay ki ka fè nou pèdi metriz nou. Pa egzanp, rete lwen sit Entènèt ak divètisman k ap pouse moun gen konduit ki pa kòrèk (Efe. 5:3, 4). Anfèt, nou dwe evite tout bagay ki ka fè n anvi fè sa ki mal (Pwo. 22:3; 1 Kor. 6:12). Pa egzanp, yon moun ki konn anvi aji yon fason ki pa pwòp nan domèn seksyèl ka bezwen evite li liv woman ak fim damou nèt.

Nou ka twouve l difisil pou n aplike konsèy sa a. Men, si nou fè efò, Jewova ap ban nou pisans nou bezwen pou nou kontwole tèt nou (2 Pyè 1:5-8). L ap ede nou pou nou kontwole panse nou, pawòl nou ak aksyon nou. Pa egzanp, Paul ak Marco, nou te site pi wo a, te aprann pou yo sispann aji avèk vyolans. Ann pran egzanp yon frè ki te konn fè kòlè fasil lè l ap kondui, e ki te konn menm fè gwo kont ak lòt moun. Ki sa l te fè pou sa? Men sa l di: “Mwen te konn priye anpil chak jou. Mwen te etidye atik ki pale sou metriz e m te eseye sonje yon seri vèsè nan Bib la ki te ka ede m. Menm lè mwen gen plizyè ane depi m ap fè efò nan sans sa a, yon bagay ki toujou ede m se lè m kòmanse chak jounen avèk objektif pou m rete kalm. Mete sou sa, mwen soti bonè pou m al nan randevou m yo yon fason pou m pa oblije ap prese.”

SI NOU PA REYISI KENBE METRIZ NOU

Gen moman kote nou pap reyisi kenbe metriz nou. Lè sa rive, nou ka santi nou wont priye Jewova. Men se nan moman sa a nou plis bezwen priye. Kidonk, priye Jewova san pèdi tan. Sipliye l pou l padone w, chèche èd li, e pran detèminasyon pou w pa fè menm erè a ankò (Sòm 51:9-11). Jewova pap meprize priyè sensè w fè pou w mande l fè w mizèrikòd (Sòm 102:17). Apot Jan fè nou sonje san Pitit Bondye a “pirifye nou anba tout peche”. (1 Jan 1:7; 2:1; Sòm 86:5.) Sonje Jewova mande moun k ap sèvi l yo pou yo padone san rete. Donk, nou ka gen asirans l ap fè menm bagay la pou nou. — Mat. 18:21, 22; Kol. 3:13.

Jewova te fache lè Moyiz te pèdi metriz li nan dezè a pandan yon tan. Men, Jewova te padone l. E Pawòl Bondye a fè konnen Moyiz se youn nan moun ki bay pi bèl egzanp nan demontre lafwa (Det. 34:10; Ebre 11:24-28). Jewova pa t kite Moyiz antre nan Peyi li te pwomèt la, men l ap akeyi Moyiz nan Paradi ki pral gen sou tè a e l ap ba l posiblite pou l viv pou toutan. Nou ka gen menm posiblite sa a si nou kontinye fè efò pou nou chèche gen metriz, yon kalite ki enpòtan anpil. — 1 Kor. 9:25.