Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

Pa panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse

Pa panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse

“M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans.” — WOM. 12:3.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Filipyen 2:3, ki jan lè nou gen imilite, sa fè nou gen bon relasyon ak lòt moun?

NOU soumèt anba prensip Jewova yo avèk imilite, piske nou rann nou kont Jewova toujou konnen sa ki pi bon pou nou (Efe. 4:22-24). Imilite fè nou met volonte Jewova anvan volonte pa nou e li fè nou konsidere lòt moun siperyè nou. Sa fè nou vin gen bon relasyon ak Jewova e ak kwayan parèy nou. — Li Filipyen 2:3.

2. Ki sa apot Pòl te rekonèt, e ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Sepandan, si nou pa veye, nou ka kite moun ki nan sistèm Satan an, ki gen ògèy lakay yo e ki egoyis, enfliyanse nou *. Sanble se te yon danje pou kèk moun nan premye syèk epòk nou an, paske men sa apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans.” ​(Wom. 12:3). Pòl te rekonèt li pa mal pou n bay tèt nou valè. Men, imilite ap ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou tèt nou. Atik sa a pral egzamine twa domèn kote imilite ap ede nou evite bay tèt nou twòp valè. Twa domèn sa yo se 1) maryaj nou, 2) privilèj nou gen nan sèvis Jewova a, e 3) fason nou sèvi ak rezo sosyal yo.

DEMONTRE IMILITE NAN MARYAJ NOU

3. Ki sa k fè ka gen sitiyasyon kote de moun marye pa dakò youn ak lòt, e ki jan kèk moun eseye rezoud pwoblèm sa yo?

3 Jewova te vle pou mari ak madanm gen kè kontan nan maryaj yo. Pa gen moun ki pafè, se sa k fè ka gen sitiyasyon kote youn pa dakò ak lòt. Anfèt, nan yon lèt Pòl te ekri, li fè konnen moun ki marye yo ka atann y ap jwenn tribilasyon (1 Kor. 7:28). Gen moun ki remake yo toujou nan diskisyon ak moun yo marye avè l la, e sa ka fè yo di yo pa t fèt youn pou lòt. Si yo kite monn nan enfliyanse yo, yo ka kouri panse se divòs ki solisyon an. Yo ka panse ak tèt yo sèlman e yo ka kwè sèl fason pou yo gen kè kontan se kite sa.

4. Ki sa nou dwe evite fè?

4 Nou dwe evite panse maryaj nou echwe. Nou konnen sèl rezon Bib la bay pou moun divòse se imoralite seksyèl (Mat. 5:32). Donk, lè n ap fè fas ak tribilasyon Pòl te pale nan lèt li te ekri a, nou pa ta dwe kite ògèy lakòz nou kòmanse di tèt nou: ‘Èske maryaj sa a fè m jwenn sa m te bezwen? Èske m jwenn lanmou m merite a? Èske kè m pa t ap pi kontan ak yon lòt moun?’ W ap remake, se ak tèt ou sèlman w ap panse lè w poze kesyon sa yo. Sajès monn nan t ap di w pou w koute kè w e pou w fè sa k ap fè kè w kontan, menmsi sa ta mande pou w kraze maryaj ou. Men sa sajès ki soti nan Bondye a di nou dwe fè: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” ​(Flp. 2:4). Jewova vle w pwoteje maryaj ou, li pa vle w kraze l (Mat. 19:6). Li vle w panse avè l anvan, se pa tèt ou pou w wè an premye.

5. Selon Efezyen 5:33, ki jan yon mari ak madanm dwe aji youn ak lòt?

5 Yon mari ak yon madanm dwe aji youn ak lòt avèk lanmou e avèk respè. (Li Efezyen 5:33.) Labib anseye nou pou nou plis renmen bay olye nou renmen resevwa (Tra. 20:35). Ki kalite k ap ede de moun ki marye pou yo demontre lanmou ak respè? Repons lan se imilite. Mari ak madanm ki gen imilite yo pap chèche avantaj pa yo, men “avantaj pa lòt moun” nan, anpalan de moun yo marye avè l la. — 1 Kor. 10:24.

De moun ki marye ki gen imilite ap travay ansanm tankou yon ekip olye yo opoze youn ak lòt. (Gade paragraf 6.)

6. Ki sa w aprann nan pawòl Steven ak Stephanie te di yo?

6 Imilite ede anpil kretyen ki marye pou yo jwenn plis kè kontan nan maryaj yo. Pa egzanp, gen yon mari ki rele Steven ki di: “Si nou se yon ekip, n ap travay ansanm, sitou lè gen pwoblèm. Olye w di ‘ki sa k pi bon pou mwen?’ w ap di ‘ki sa ki pi bon pou nou?’” Stephanie, madanm li, santi menm bagay la tou. Men sa l di: “Pa gen moun ki ta renmen viv ak yon advèsè. Lè gen pwoblèm, nou chèche konn ki sa k lakòz pwoblèm nan. Apre sa, nou priye, nou fè rechèch e nou pale sou sa. Nou atake pwoblèm nan, nou pa atake youn lòt.” Mari ak madanm yo ap jwenn bonjan byenfè lè yo pa panse yo pi enpòtan pase moun yo marye avè l la.

SÈVI JEWOVA AK ‘YON IMILITE KI KONPLÈ’

7. Ki atitid yon frè ta dwe genyen lè l resevwa yon privilèj nan sèvis Jewova?

7 Se yon privilèj pou n fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova (Sòm 27:4; 84:10). Si yon frè dispoze fè plis nan òganizasyon Jewova a, se yon bon bagay. Anfèt, Bib la di: “Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen.” ​(1 Tim. 3:1). Sepandan, lè li resevwa asiyasyon an, li pa dwe bay tèt li twòp enpòtans (Lik 17:7-10). Li ta dwe gen objektif pou l sèvi lòt moun avèk imilite. — 2 Kor. 12:15.

8. Ki sa nou aprann nan egzanp Dyotrèf, Ozyas ak Absalon?

8 Bib la pale konsènan plizyè moun ki te bay tèt yo twòp enpòtans. Dyotrèf pa t konn limit li. Li te chèche “pran latèt” nan kongregasyon an (3 Jan 9). Ògèy te pouse Ozyas chèche fè yon travay Jewova pa t ba l fè (2 Kwo. 26:16-21). Absalon te aji avèk riz pou l te ka jwenn favè pèp la paske l te vle vin wa (2 Sam. 15:2-6). Jan istwa sa yo montre sa klè nan Bib la, Jewova pa pran plezi nan moun k ap chèche bay tèt yo glwa (Pwo. 25:27). Rive yon lè, ògèy ak anbisyon yo genyen an ap mennen nan katastwòf. — Pwo. 16:18.

9. Ki egzanp Jezi kite pou nou?

9 Kontrèman ak egzanp sa yo ki sèvi kòm avètisman, ann pran egzanp Jezi. “Byenke li te egziste nan menm fòm ak Bondye, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l.” ​(Flp. 2:6). Aktout Jezi se dezyèm moun ki gen plis pouvwa, apre Jewova, li pa bay tèt li plis enpòtans pase sa l genyen. Li te di disip li yo: “Yon moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.” ​(Lik 9:48). Se pa ti benediksyon sa ye pou nou sèvi Jewova ansanm ak pyonye yo, sèvitè ministeryèl yo, ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo ki imite Jezi nan demontre imilite! Si nou gen imilite, n ap demontre plis lanmou pou lòt moun. E Jezi te di vrè sèvitè Bondye yo t ap gen lanmou youn pou lòt. — Jan 13:35.

10. Ki sa w dwe fè si w kwè gen pwoblèm nan kongregasyon an e w santi yo pa fè anyen pou sa?

10 Ki sa w dwe fè si w kwè gen pwoblèm nan kongregasyon an e w santi yo pa fè anyen pou sa? Olye w plenyen, ou ka montre w gen imilite lè w kolabore ak frè ki alatèt yo (Ebre 13:17). Yon bagay ki ka ede w se lè w mande tèt ou: ‘Èske pwoblèm mwen wè yo tèlman grav yo bezwen korije yo? Èske se bon moman pou yo korije yo? Èske se wòl mwen pou m korije yo? Èske toutbonvre m ap chèche fè efò pou gen inite, oswa èske m ap eseye montre se mwen ki pi enpòtan?’

Yo dwe rekonèt moun yo bay responsablite yo nonsèlman kòm moun ki gen kapasite, men tou, kòm moun ki gen imilite. (Gade paragraf 11.) *

11. Selon Efezyen 4:2, 3, ki rezilta w ap jwenn lè w sèvi Jewova avèk imilite?

11 Jewova bay imilite nou plis enpòtans pase kapasite nou genyen e li bay inite nou gen nan mitan nou plis enpòtans pase sa nou reyalize. Se sa k fè nou dwe fè tout sa nou kapab pou n sèvi Jewova avèk imilite. Lè n fè sa, n ap pèmèt gen inite nan kongregasyon an. (Li Efezyen 4:2, 3.) Se pou n chofe nan travay predikasyon an. Chèche mwayen pou n ede lòt moun lè nou aji byen ak yo. Se pou n akeyi tout moun, san wete moun ki pa gen responsablite nan kongregasyon an (Mat. 6:1-4; Lik 14:12-14). Lè w kolabore ak kongregasyon an avèk imilite, se pa kapasite w sèlman y ap wè, men tou y ap wè w se moun ki gen imilite.

MONTRE NOU GEN IMILITE LÈ N AP SÈVI AK REZO SOSYAL YO

12. Èske Labib ankouraje nou pou nou gen zanmi? Esplike.

12 Jewova vle pou nou renmen pase tan ak zanmi nou ak moun nan fanmi nou (Sòm 133:1). Jezi te gen bon zanmi (Jan 15:15). Labib montre avantaj ki genyen lè nou gen bon zanmi (Pwo. 17:17; 18:24). Li fè nou konnen li pa bon pou n met kò nou apa (Pwo. 18:1). Anpil moun panse rezo sosyal yo se yon mwayen pou yo gen anpil zanmi e pou yo pa santi yo poukont yo. Men, nou bezwen pran prekosyon lè n ap sèvi ak mwayen kominikasyon sa a.

13. Sa k fè kèk moun ki sèvi ak rezo sosyal konn gen tandans santi yo poukont yo e yo konn fè depresyon?

13 Gen plizyè etid ki montre moun ki pase yon pakèt tan ap gade sa lòt moun poste sou rezo sosyal kapab finalman santi yo poukont yo e yo ka fè depresyon. Sa k fè sa? Petèt youn nan rezon yo se paske byen souvan moun k ap poste foto sou rezo sosyal yo mete foto yo te pran nan moman ki pi enteresan nan lavi yo, yo poste bèl foto pa yo, foto zanmi yo ak foto bèl kote yo te vizite. Yon moun ki wè foto sa yo ka panse lavi pa l raz. Men sa yon sè ki gen 19 an admèt: “M te kòmanse santi m tris lè m te wè jan lòt jèn yo ap pran plezi yo lè wikenn, alòske mwen menm mwen santi m raz lakay mwen.”

14. Ki jan konsèy ki nan 1 Pyè 3:8 la ka ede nou lè n ap sèvi ak rezo sosyal yo?

14 Nòmalman nou ka sèvi ak rezo sosyal pou n fè bon bagay. Pa egzanp, nou ka sèvi ak yo pou nou kenbe kontak ak fanmi nou ansanm ak zanmi nou. Sepandan, èske w pa wè gen bagay moun yo poste sou rezo sosyal yo se pou yo atire atansyon sou tèt yo? Sanble mesaj yo vle transmèt la se di lòt moun: “Gade m.” Gen kèk moun ki konn menm poste vye kòmantè sal sou foto pa yo oswa sou foto lòt moun poste. Konpòtman sa a tou pa gen anyen pou l wè ak imilite ak afeksyon kretyen yo dwe demontre a. — Li 1 Pyè 3:8.

Si w poste enfòmasyon sou Entènèt, èske sa w poste a bay enpresyon ou se yon moun ki gen ògèy oswa yon moun ki gen imilite? (Gade paragraf 15.)

15. Ki jan Bib la ka ede nou evite bay tèt nou yon pakèt enpòtans?

15 Si w sèvi ak rezo sosyal, mande tèt ou: ‘Èske kòmantè, foto oswa videyo mwen poste yo bay moun enpresyon m pran tèt mwen pou yon pakèt afè? Èske mwen ka fè lòt moun santi yo jalou?’ Men sa Bib la di: “Tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan.” ​(1 Jan 2:16). Gen yon lòt tradiksyon Labib ki mete “awogans nan lavi” pou tradui ekspresyon “egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv.” Kretyen yo pa dwe santi yo enpòtan oswa yo pa dwe ap chèche fè lòt moun admire yo. Yo suiv konsèy Bib la bay ki di: “Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” ​(Gal. 5:26). Si nou gen imilite nou pap vin menm jan ak moun nan monn nan ki gen ògèy e ki vle fè lòt moun kwè yo gen anpil enpòtans.

‘PANSE YON FASON POU W VIN GEN BONSANS’

16. Poukisa nou dwe evite gen ògèy?

16 Nou bezwen gen imilite, paske moun ki gen ògèy se moun ki pa gen “bonsans”. (Wom. 12:3.) Moun ki gen ògèy yo renmen fè kont e yo egoyis. Fason yo panse ak fason yo aji konn lakoz yo fè tèt yo mal e yo konn fè lòt moun soufri. Si yo pa chanje fason yo panse, Satan ap bouche lespri yo e l ap kòwonp li (2 Kor. 4:4; 11:3). Yon lòt bò, yon moun ki gen imilite se yon moun ki gen bonsans. Li wè tèt li yon fason ki ekilibre e ki rezonab, li rekonèt lòt moun siperyè l nan plizyè domèn (Flp. 2:3). Epitou, li konnen “Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la”. (1 Pyè 5:5.) Moun ki gen bonsans yo pa vle Jewova fache ak yo.

17. Ki sa nou dwe fè pou nou kontinye gen imilite?

17 Pou nou kontinye gen imilite nou dwe aplike konsèy Bib la bay ki mande pou nou “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo, e [pou n] abiye nou ak nouvo pèsonalite a”. Sa mande anpil efò. Nou bezwen egzamine egzanp Jezi e n bezwen eseye suiv li pye pou pye (Kol. 3:9, 10; 1 Pyè 2:21). Si nou fè sa n ap jwenn anpil byenfè. Toutpandan n ap fè efò pou nou gen imilite, n ap vin gen pi bon relasyon ak moun nan fanmi nou, n ap kontribye pou gen inite nan kongregasyon an e nou pap itilize rezo sosyal yo pou nou fè tèt nou parèt oswa pou nou fè lòt moun admire nou. Sa k pi enpòtan an, n ap gen benediksyon Jewova ak favè l.

KANTIK 117 Bonte se yon bèl kalite

^ § 5 Jodi a, n ap viv nan yon monn ki chaje ak moun ki gen ògèy e ki egoyis. Nou bezwen fè atansyon pou yo pa detenn sou nou. Atik sa a pral egzamine twa domèn kote nou pa dwe panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon moun ki gen ògèy plis panse ak tèt li olye l panse ak lòt moun. Kidonk, yon moun ki gen ògèy se yon moun ki egoyis. Yon lòt bò, imilite ede yon moun pou l pa egoyis. Yo di yon moun gen imilite lè l pa gen ògèy oswa li pa awogan, e li pa panse li pi enpòtan pase lòt moun.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen k ap bay bèl diskou nan kongrè rejyonal e k ap sipèvize travay lòt frè ap fè kontan pran latèt tou nan travay predikasyon an ak nan netwayaj Sal Wayòm nan.